Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Premye kretyen yo fas a lwa Moyiz la

Premye kretyen yo fas a lwa Moyiz la

Premye kretyen yo fas a lwa Moyiz la

“ Lalwa vin tounen yon pedagòg k ap mennen nou bay Kris. ”— GALAT 3:24.

1, 2. Yon Izrayelit ki te suiv Lwa Moyiz la avèk swen t ap jwenn anpil byenfè. Site kèk nan byenfè sa yo.

AN 1513 anvan epòk nou an, Jewova te bay Izrayelit yo yon kòd lwa. Li te di pèp la si yo obeyi sa l di yo, li t ap beni yo, yo t ap jwenn kè kontan, e yo t ap satisfè ak lavi yo. — Egzòd 19:5, 6.

2 Yo rele kòd lwa sa a Lwa Moyiz oswa tou senpleman “ Lalwa ” e se yon kòd lwa ‘ ki te sakre, ki te jis e ki te bon ’. (Women 7:12.) Li te favorize yon seri bèl kalite tankou dousè, onètete, moralite, e li te aprann Izrayelit yo viv ak moun (Egzòd 23:4, 5 ; Levitik 19:14 ; Detewonòm 15:13-15 ; 22:10, 22). Lalwa te pouse Juif yo pou youn renmen lòt (Levitik 19:18). Anmenmtan, piske Janti yo pa t moun ki te soumèt devan Lalwa, Izrayelit yo pa t fèt pou yo frekante yo, nitou yo pa t fèt pou yo marye ak fi ki pa Izrayelit (Detewonòm 7:3, 4). Lwa Moyiz la te tankou yon “ mi ” ki te separe Juif ak Janti, e se sa ki te anpeche pratik ak filozofi lòt nasyon yo kontamine pèp Bondye a. — Efezyen 2:14, 15 ; Jan 18:28.

3. Piske pa gen pèsonn ki te ka suiv Lalwa san fay, ki efè li te genyen sou Izrayelit yo ?

3 Sepandan, menm Juif ki te pran plis swen pou l suiv sa Lalwa di yo pa t rive fè sa san fay. Èske se te paske Jewova te twò egzijan ? Non, se pa sa. Youn nan rezon ki fè Bondye te bay Izrayelit yo Lalwa, se te “ pou fè peche parèt byen klè ”. (Galat 3:19.) Lalwa te fè Juif ki te sensè yo pran konsyans de eta yo, li te fè yo wè yo vrèman bezwen yon Sovè. E lè Sovè sa a te vini, Juif fidèl yo te kontan. Delivrans yo anba malediksyon peche ak lanmò te prèske rive. — Jan 1:29.

4. Nan ki sans Lalwa te yon “ pedagòg k ap mennen nou bay Kris ” ?

4 Lwa Moyiz la pa t fèt pou l dire nètale. Nan lèt apot Pòl te ekri kretyen Galat yo, li te pale de dispozisyon sa a kòm yon “ pedagòg k ap mennen nou bay Kris ”. (Galat 3:24.) Nan tan lontan, yon pedagòg se moun ki te konn mennen yon timoun lekòl e se li menm tou ki te konn al chèche l. Se pa li menm ki te mèt la. Li te sèlman konn mennen timoun nan bay mèt la. Se menm bagay pou Lwa Moyiz la. Li te la pou l mennen Juif ki te gen krent pou Bondye yo bay Kris. Jezi te pwomèt disip li yo li t ap ansanm avèk yo “ chak jou jiskaske sistèm de choz la fini ”. (Matye 28:20.) Kidonk, yon fwa yo te fin fòme kongregasyon kretyen an, yo te vin pa bezwen Lalwa, “ pedagòg ” la, ankò (Women 10:4 ; Galat 3:25). Malerezman, gen kèk kretyen Juif ki te mal pou yo konprann pwen enpòtan sa a. Konsa, yo te kontinye suiv yon seri egzijans ki te gen nan Lalwa, menm apre Jezi te fin resisite. Toutfwa, gen lòt ki te ajiste fason yo panse, e se yon bèl egzanp yo kite pou nou jodi a. Ann wè ki jan.

Chanjman enteresan nan fason kretyen yo konprann laverite

5. Ki enstriksyon Pyè te resevwa nan yon vizyon, e poukisa li te choke ?

5 Nan ane 36 epòk nou an, apot Pyè te fè yon vizyon estrawòdinè. Nan vizyon sa a, li te wè yon seri zwazo ak yon seri lòt bèt ki te enpwòp selon Lalwa. E li te tande yon vwa soti nan syèl la ki di l pou l touye bèt sa yo e pou l manje yo. Pyè te santi l choke ! Li pa t janm konn “ manje anyen ki kontamine e ki enpwòp ”. Men, vwa a di l konsa : “ Sa Bondye pirifye, ou menm, sispann di li kontamine. ” ​(Travay 10:9-15). Olye pou Pyè te rete kole sou sa Lalwa di, li te pito ajiste fason l panse. Sa te pèmèt li konprann yon pwen enpòtan an rapò ak pwogram Bondye.

6, 7. Ki sa k te ede Pyè konprann li te ka preche Janti yo, e ki lòt bagay ankò petèt li te vin konprann ?

6 Men sa k te pase. Gen twa mesye ki te al nan kay Pyè te fè ladesant lan. Yo te al mande l pou l al lakay Kònèy, yon Janti ki pa t sikonsi men ki te gen krent pou Bondye. Pyè te fè mesye yo rantre kote l te rete a e li te pran swen yo. Nan demen, piske Pyè te konprann vizyon an, li te akonpaye mesye yo lakay Kònèy. Lè Pyè rive, li ba yo yon temwayaj konplè sou Jezi Kris. Se nan okazyon sa a li te di : “ Vrèman, mwen rann mwen kont Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, Bondye pran plezi nan li. ” Kònèy ak tout moun lakay li ak kèk bon zanmi l, te mete lafwa yo nan Jezi, e “ lespri sen [te] desann sou tout moun ki t ap tande pawòl la ”. Piske Pyè te rekonèt men Jewova nan kesyon an, li “ te bay lòd pou yo batize nan non Jezi Kris ”. — Travay 10:17-48.

7 Kounye a, menm Janti ki pa t obsève Lwa Moyiz la te ka vin disip Jezi Kris. Ki sa ki te ede Pyè konprann sa ? Disènman espirityèl. Pou Jewova montre li apwouve Janti yo, ki pa t sikonsi, li te simaye lespri sen l sou yo. E etandone se te konsa, disènman Pyè te fè l wè pa t gen okenn pwoblèm pou yo te batize. Anmenmtan tou, Pyè te rann li kont moun sa yo ki vin kretyen, Bondye pa t mande pou yo suiv Lwa Moyiz la kòm yon kondisyon pou yo ranpli anvan yo batize. Si w t ap viv nan epòk la, èske w t ap fè menm jan ak Pyè, èske w t ap dispoze ajiste pwennvi w ?

Gen moun ki te kontinye suiv “ pedagòg ” la

8. Ki pwennvi kèk kretyen ki t ap viv Jerizalèm te genyen sou sikonsizyon ki pa t menm ak pwennvi Pyè, e poukisa sa te konsa ?

8 Lè Pyè sot kay Kònèy, li te al Jerizalèm. Nouvèl la te gentan gaye : Janti yo, aktout yo pa t sikonsi, te “ resevwa pawòl Bondye a ”. E te gen yon valè Juif, disip Jezi, ki pa t dakò avèk sa (Travay 11:1-3). “ Moun ki te pou sikonsizyon yo ” te rekonèt Janti ta ka vin disip Jezi, men pou yo sove, fòk yo suiv Lwa Moyiz la. Yon lòt bò, nan zòn kote te gen plis Janti pase kretyen ki juif, moun pa t konn plede fè diskisyon sou sikonsizyon. E pandan 13 an, chak moun te rete ak pwennvi yo (1 Korentyen 1:10). Sa dwe te yon gwo eprèv pou premye kretyen yo, sitou pou Janti ki t ap viv nan zòn ki te gen anpil Juif !

9. Poukisa li te enpòtan pou yo regle kesyon sikonsizyon an ?

9 Finalman, nan ane 49 nan epòk nou an, kesyon an te rive nan dènye bout li, lè kèk kretyen Jerizalèm te al Antyòch Siri, yon tèritwa Pòl t ap preche. Yo te kòmanse anseye moun ki nan zòn nan, dapre Lalwa, Janti ki konvèti yo te sipoze sikonsi. Te gen gwo divizyon ak gwo pale anpil ant yo menm ak Pòl ak Banabas. Si kesyon an pa t tranche, ou mèt si gen kretyen ki t ap trebiche kanmenm, kit yo te Janti, kit yo te Juif. Donk, yo te pran dispozisyon pou Pòl ak kèk lòt frè te monte Jerizalèm pou y al mande kolèj santral la di yon mo definitif sou kesyon an. — Travay 15:1, 2, 24.

Apre diskisyon, antant

10. Site kèk nan pwen kolèj santral la te egzamine anvan l te pran yon desizyon konsènan Janti yo.

10 Kolèj santral la te òganize yon reyinyon, e nan reyinyon sa a sanble gen kèk moun ki te plede an favè sikonsizyon, tandiske genyen ki te kont li. Men, tout moun te mete santiman yo de kote. Apre yo te fin fè règ diskisyon yo, gen de apot, Pyè ak Pòl, ki te pran lapawòl, e yo te pale de siy Jewova te reyalize pami kretyen ki pa t sikonsi yo. Yo te esplike ki jan Bondye te simaye lespri sen sou Janti yo, ki pa t sikonsi. An reyalite, se kòmsi yo te di : ‘ Èske kretyen yo gen rezon pou yo rejte moun Bondye aksepte ? ’ Apre sa, Jak, youn nan disip yo, te li yon pasaj nan Ekriti yo ki te ede asistans lan wè pwennvi Jewova sou kesyon an. — Travay 15:4-17.

11. Lè kolèj santral la t ap pran desizyon konsènan sikonsizyon an, ki sa yo pa t kite enfliyanse yo ? Ki sa k montre Jewova te beni desizyon yo a ?

11 Kounye a tout je te brake sou kolèj santral la. Ki desizyon yo t apral pran ? Lefètke yo te Juif, èske sa t apral fè yo panche pou sikonsizyon ? Non. Piske mesye sa yo te fidèl, yo te deside kite Pawòl Bondye ak lespri sen l gide yo nan desizyon yo te gen pou yo pran an. Apre kolèj santral la te fin tande tout sa frè yo te gen pou yo di sou kesyon an, tout manm yo te dakò sou pwen sa a : li pa t nesesè pou Janti ki te vin kretyen yo sikonsi ni pou yo suiv sa Lwa Moyiz la te di. Lè frè yo aprann ki desizyon ki te soti, yo te kontan, e ‘ chak jou ki pase, kongregasyon yo te kontinye ogmante an kantite ’. Kretyen sa yo, ki pa t gen pwoblèm pou yo soumèt anba yon direksyon teyokratik ki klè, te jwenn anpil benediksyon : yo te jwenn yon repons solid, yon repons ki chita sou Pawòl Bondye a (Travay 15:19-23, 28, 29; 16:1-5). Men, gen yon kesyon enpòtan ki potko jwenn repons.

E kretyen ki te Juif yo ?

12. Ki kesyon ki potko jwenn repons ?

12 Kolèj santral la te klè sou pwen sa a : kretyen ki pa t Juif yo pa t bezwen sikonsi. Men, e sa ki te Juif yo ? Nan desizyon kolèj santral la te pran an, li pa t di anyen sou sa.

13. Gen moun ki te fè kwè, pou yon moun sove, li nesesè pou l suiv sa Lwa Moyiz la di. Poukisa yo pa t gen rezon di sa ?

13 Gen kèk kretyen Juif ki te “ zele pou Lalwa ”, ki te kontinye sikonsi pitit yo, e ki te kontinye obsève kèk lòt aspè nan Lalwa (Travay 21:20). Gen lòt ki te al pi lwen toujou : yo te menm kwè pou yon kretyen Juif sove, fòk li obsève tout Lalwa. Yo pa t gen okenn rezon pou yo panse konsa. Ki jan, pa egzanp, yon kretyen ta janm ka ofri yon bèt an sakrifis pou peche l padone ? Sakrifis Jezi a te anile tout sakrifis sa yo. Ki sa nou ka di sou kòmandman nan Lalwa ki te mande pou Juif yo pa frekante moun ki nan lòt nasyon yo ? Pa bliye : disip yo te resevwa misyon pou yo anseye moun lòt nasyon yo tout sa Jezi te anseye yo. Kòman yo t ap fè pou yo suiv lòd sa a si yo pa t gen okenn relasyon ak Janti yo (Matye 28:19, 20 ; Travay 1:8 ; 10:28) ? * Nou pa gen okenn prèv kolèj santral la te regle kesyon sa a. Men, aktout sa, yo pa t kite kongregasyon yo san direksyon.

14. Konsènan Lalwa, ki enstriksyon lèt enspire Pòl te ekri yo te gen ladan yo ?

14 Kretyen yo te vin konprann sa pou yo fè. Direksyon sa a pa t vini sou fòm lèt kolèj santral la te voye, men li te vini sou fòm lèt enspire apot yo te ekri. Pa egzanp, apot Pòl te voye yon kokenn mesaj bay Juif ak Janti ki te abite nan vil Wòm yo. Nan lèt sa a, li esplike yo moun ki Juif toutbonvre a “ se anndan l li Juif, e sikonsizyon l lan se nan kè li ye, pa mwayen lespri ”. (Women 2:28, 29.) Nan menm lèt la, Pòl pran yon bèl egzanp pou l montre kretyen yo pa anba Lalwa ankò. Li fè yo wè yon fi pa ka gen de mari alafwa. Men, si mari l mouri, li lib pou l remarye. Lè Pòl fin di sa, li montre yo, dapre egzanp lan, kretyen wen yo pa ta ka ap obsève Lalwa epi pou, anmenmtan, y ap suiv Kris. Yo te sipoze “ mouri kanta Lalwa ” pou yo te ka vin viv ann inyon ak Kris. — Women 7:1-5.

Yo te mal pou konprann

15, 16. Poukisa gen kèk kretyen Juif ki pa t rive konprann pozisyon yo parapò ak Lalwa, e ki sa sa montre konsènan nesesite pou nou rete je klè nan domèn espirityèl ?

15 Piske pyès moun pa t ka kontrekare rezònman Pòl te fè a, poukisa te gen kèk kretyen Juif ki te mal pou konprann ? Youn nan rezon ki te fè sa, se paske yo te manke disènman espirityèl. Pa egzanp, yo te neglije manje manje espirityèl ki solid (Ebre 5:11-14). Epitou, yo pa t konn asiste reyinyon regilyèman (Ebre 10:23-25). Yon lòt rezon ki fè kèk nan yo pa t konprann, se jan Lalwa te ye a. Se te yon kòd lwa ki te santre sou bagay je te ka wè, sou bagay moun te ka santi, men te ka touche, tankou tanp lan ak pretriz la. Li te pi fasil pou yon moun ki pa t espirityèl aksepte Lalwa, tan pou l te dakò ak prensip ki genyen nan krisyanis la, prensip ki pi pwofon e ki baze sou reyalite moun pa ka wè. — 2 Korentyen 4:18.

16 Toutfwa, gen yon lòt rezon ki fè swadizan kretyen sa yo te pi dispoze suiv Lalwa. Pòl te pale de rezon sa a nan lèt li te ekri kretyen Galat yo. Pòl montre mesye sa yo te vle fè moun wè yo kòm moun respektab, manm yon gwo relijyon. Olye pou yo te rete apa, yo te dispoze fè prèske tout kalite konpwomi pou sosyete a te ka aksepte yo. Sa k te gen plis enpòtans pou yo se te pou moun apwouve yo, se pa t pou Bondye apwouve yo. — Galat 6:12.

17. Ki lè kretyen Juif yo te vin gen yon konpreyansyon klè sou kesyon obsève Lalwa a ?

17 Kretyen ki gen disènman e ki etidye lèt enspire Pòl ak lòt ekriven te ekri nan Labib, vin konprann ki pozisyon yo dwe genyen parapò ak Lalwa. Sepandan, se te jis nan ane 70 nan epòk nou an tout kretyen Juif t apral vin gen yon bonjan konpreyansyon sou Lwa Moyiz la. Nan ane sa a, Jewova te pèmèt yo detwi Jerizalèm, tanp lan ansanm ak tout rejis ki te bay detay sou pretriz la. Sa te vin rann li enposib pou yon moun obsève tout ti detay ki te gen rapò ak Lalwa.

Leson pou nou jodi a

18, 19. a) Ki etadespri nou dwe devlope e ki etadespri nou dwe evite si nou vle rete an bòn sante nan domèn espirityèl ? b) Ki sa egzanp Pòl la montre nou an rapò ak nesesite pou nou suiv enstriksyon frè responsab yo ban nou (gade kare ki nan paj 17 la) ?

18 Apre nou fin egzamine detay sa yo ki te rive sa gen lontan, petèt w ap mande w : ‘ Si m t ap viv nan epòk sa a, e tikras pa tikras yo bay plis detay sou volonte Bondye, ki jan m t ap reyaji ? Èske m t ap rete kole sou tradisyon ? Oubyen èske m t ap montre mwen pasyan jiskaske pwen an ta vin klè pou mwen ? E lè finalman li vin klè, èske m t ap pran pozisyon ak tout kè m pou laverite ? ’

19 Natirèlman, li difisil pou nou konnen ki jan nou t ap reyaji si nou t ap viv nan epòk la. Men, nou ka poze tèt nou kesyon sa a : ‘ Ki reyaksyon m genyen jodi a lè m jwenn eklèsisman sou kèk ansèyman biblik (Matye 24:45) ? Lè m jwenn enstriksyon ki baze sou Bib la, èske m aplike yo nan lavi m ? Èske mwen rete kole sou sa lalwa di oubyen èske m chèche wè si m konprann espri ki kache dèyè l (1 Korentyen 14:20) ? Avèk pasyans, èske m ret tann Jewova lè repons yon seri kesyon yon ti jan mal pou vini ? ’ Li enpòtan anpil pou nou byen sèvi ak manje espirityèl ki disponib jodi a yon fason pou “ anyen pa janm pote n ale ”. (Ebre 2:1.) Jewova sèvi ak Pawòl li, lespri li ak òganizasyon li genyen sou tè a pou l ban nou enstriksyon. Lè l ap ban nou enstriksyon sa yo, annou koute avèk atansyon. Si nou fè sa, Jewova ap beni nou. L ap fè nou jwenn yon vi ki pap janm fini, yon vi k ap pote kè kontan ak satisfaksyon pou nou.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Lè Pyè te vizite Antyòch Siri, li te pwofite pase yon ti tan ak kèk frè ki pa t Juif. Sepandan, lè kèk kretyen Juif ki sot Jerizalèm te rive, Pyè “ te rale kò l, li [te] deside deplase, paske li te pè sila yo ki te nan gwoup moun ki sikonsi yo ”. Nou pa bezwen mande nan ki pwen Janti sa yo te santi yo ofanse, lè apot la, yon apot tout moun te respekte, te refize manje avèk yo. — Galat 2:11-13.

Ki sa w ta di ?

• Nan ki sans Lwa Moyiz la te tankou yon ‘ pedagòg k ap mennen moun bay Kris ’ ?

• Ki jan w ta esplike diferans ki te genyen nan fason Pyè ak “ moun ki te pou sikonsizyon ” yo te reyaji lè te vin gen chanjman nan fason yo te konprann laverite ?

• Ki sa w aprann sou fason Jewova revele laverite jodi a ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 17]

Yon eprèv kote Pòl te reyaji avèk imilite

Nan ane 56 nan epòk nou an, apre yon vwayaj misyonè ki te byen reyisi, Pòl te rive Jerizalèm. Te gen yon eprèv ki t ap tann li la. Li te di kretyen yo pa t anba Lalwa ankò e nouvèl la te gentan rive nan zòn nan. Ansyen yo te pè pou sa Pòl te di konsènan Lalwa a pa t fè kretyen Juif ki te fèk konvèti yo trebiche, e yo te pè pou sa pa t fè Juif sa yo panse kretyen yo manke respè pou dispozisyon Jewova pran yo. Te gen kat Juif nan kongregasyon an ki te fè yon ve, petèt se te yon ve nazireya. Yo te bezwen al nan tanp lan pou yo te fè tout sa ki te gen rapò ak ve yo te fè a.

Se konsa ansyen yo te mande Pòl akonpaye kat kretyen sa yo nan tanp lan. Yo te mande l tou pou l kouvri depans mesye yo. Lè sa a, Pòl te gentan ekri omwen de lèt enspire kote l te montre li pa nesesè pou yon moun suiv Lalwa pou l sove. Toutfwa, Pòl te gen konsiderasyon pou konsyans lòt moun. Anvan sa, tande ki pawòl li te di : “ Pou moun ki anba Lalwa, m vin tankou yon moun ki anba Lalwa [...] pou m ka ramne moun ki anba Lalwa yo. ” ​(1 Korentyen 9:20-23). Pòl pa t ap janm dakò fè konpwomi lè gen gwo prensip biblik ki enplike, men, nan sitiyasyon sa a, li te santi pa gen pwoblèm pou l soumèt devan sa ansyen yo te mande a (Travay 21:15-26). Pa t gen okenn mal nan sa. Pawòl Bondye a pa t entèdi moun fè ve, e yo te konn itilize tanp lan pou vrè adorasyon an, yo pa t konn itilize l pou idolatri. Nan objektif pou Pòl pa t fè pyès moun trebiche, li te fè sa yo te mande l la (1 Korentyen 8:13). Pa gen dout nan sa : sa te mande anpil imilite pou Pòl te soumèt li. Èske sa pa ogmante apresyasyon nou pou li ?

[Foto nan paj 14, 15]

Pandan anpil ane, kretyen yo pa t gen menm pwennvi sou Lwa Moyiz la.