Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Soupe Seyè a : Ki sa l ye ?

Soupe Seyè a : Ki sa l ye ?

Soupe Seyè a : Ki sa l ye ?

KI PREMYE bagay ki pase nan tèt ou lè w tande moun ap pale de “ Soupe Seyè a ” ? Gen anpil moun, se bèl tablo atis pent ki rele Léonard de Vinci a ki vin nan tèt yo, yon tablo li te fè sou yon mi nan vil Milan ann Itali (1452-1519). Yon bagay ki sèten, sèke depi plizyè syèk, kit se atis, ekriven, mizisyen, yo tout yo sèvi ak Soupe Seyè a kòm tèm nan travay y ap fè.

Ki sa Soupe Seyè a ye menm ? Ki sans li genyen pou nou menm k ap viv nan 21yèm syèk la ? Si w al gade nan ansiklopedi oswa nan diksyonè, w ap aprann Soupe Seyè a, oubyen Dènye Soupe a jan kèk moun konn rele l, se repa Jezi te pran ansanm ak apot li yo anvan l te bay vi l an sakrifis. Piske se te dènye soupe Jezi te pran ak disip fidèl li yo, se sa k fè yo abitye rele l Dènye Soupe. E kòm se Seyè a Jezi Kris li menm ki te vini avèk repa sa a pou premye fwa, non Soupe Seyè a byen tonbe.

Pandan syèk ki pase yo, yon pakèt moun sakrifye lavi yo pou sa yo konsidere kòm yon bon koz. Gen nan lanmò sa yo ki pwofitab pou kèk moun pou yon ti tan. Men lè w byen gade, pa gen okenn konparezon posib ant lanmò pa yo ak lanmò pa Jezi, menmsi yo te mouri pou yon bon koz. Anplis de sa, pa gen okenn moun ki mouri nan listwa lèzòm, yon listwa tèt chaje, pou lanmò l ta pwofitab pou lemonnantye menm jan ak lanmò Jezi. Poukisa nou di sa ?

Pou nou jwenn repons kesyon sa a, e pou nou ede w konprann ki siyifikasyon Soupe Seyè a gen pou ou, nou envite w li atik ki vin apre a.