Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Soupe Seyè a enpòtan anpil pou ou

Soupe Seyè a enpòtan anpil pou ou

Soupe Seyè a enpòtan anpil pou ou

KI SIYIFIKASYON Soupe Seyè a genyen pou ou ? Èske l ap toujou gen enpòtans pou ou ? Pou nou jwenn repons kesyon sa yo, toudabò, annou kite Jezi Kris li menm di nou ki enpòtans li te bay evènman espesyal sa a.

Jou swa 14 Nizan 33 nan epòk nou an, Jezi ak 12 apot li yo te reyini nan yon chanmòt nan Jerizalèm pou yo fete Pak la, yon fèt yo te konn selebre chak ane. Apre yo te fin manje manje ki te prepare pou Pak la, Jida, trèt la, te kite chanm nan pou l al trayi Jezi (Jan 13:21, 26-30). Jezi te kòmanse “ Soupe Seyè a ” avèk 11 apot ki te rete yo (1 Korentyen 11:20). Yo rele repa sa a Memoryal tou, piske Jezi te mande disip li yo pou yo ‘ fè sa kòm yon memoryal pou li ’. Se sèl evènman kretyen yo resevwa lòd pou yo komemore. — 1 Korentyen 11:24, Bible de Jérusalem.

Dapre sa diksyonè ki rele Webster’s la di, yon memoryal se yon bagay ki ede yon moun “ konsève yon souvni ” oswa “ kenbe yon souvni byen vivan ” nan lespri l. Nan kèk zòn, yo fè yon moniman oswa yo chwazi yon jou espesyal pou yo komemore yon evènman ki gen anpil enpòtans oswa pou yo montre yo sonje yon moun ki enpòtan. Se nan sans sa a Jezi te mete Memoryal la sou pye, yon repa ki t ap tankou yon èd memwa ki t apral ede disip li yo sonje kokenn enpòtans evènman ki te pase jou sa a genyen. Memoryal la t ap fè jenerasyon ki t ap vini apre yo sonje tout enpòtans sa Jezi te fè jou swa sa a. Espesyalman, sa t ap ede yo konprann siyifikasyon senbòl li te itilize yo. Men, ki senbòl oswa ki anblèm Jezi te itilize ? Ki sa yo reprezante ? Annou egzamine sa Bib la rapòte sou sa k te pase jou swa sa a, nan ane 33 nan epòk nou an.

Yon seri senbòl ki sakre

“ Li te pran yon pen, li di Bondye mèsi e etan l ap ba yo l, li di : ‘ Sa a reprezante kò mwen pral bay pou nou an. Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ’ ” — Lik 22:19.

Lè Jezi te pran pen an epi l di “ sa a reprezante kò mwen ”, li te vle di pen san ledven an se yon senbòl ki reprezante pwòp chè l ki san peche, chè li te bay “ pou monn nan ka jwenn lavi ”. (Jan 6:51.) Gen kèk tradiksyon Labib ki di : “ Sa se [an grèk, estin] kò mwen. ” Men, dapre sa Joseph Thayer di nan Greek-English Lexicon of the New Testament, vèb sa a konn vle di “ siyifi ”. Li gen sans reprezante oubyen senbolize yon bagay. — Matye 26:26, nòt anba paj.

Se menm bagay la tou pou koup diven an. Jezi di : “ Koup sa a reprezante alyans tounèf la grasa san mwen ki pral koule pou nou. ” — Lik 22:20.

Dapre sa liv Matye a rapòte, men sa Jezi te di anpalan de koup la : “ Sa a reprezante san mwen, ‘ san alyans lan ’ ki gen pou koule pou anpil moun, pou padon peche yo. ” ​(Matye 26:28). Jezi te sèvi ak diven ki nan koup la kòm yon senbòl ki reprezante san l. San l ki t apral koule a se te baz “ yon alyans tounèf ” an favè disip ki wen ak lespri sen yo, yo menm ki t apral reye kòm wa e kòm prèt ansanm avèk li nan syèl la. — Jeremi 31:31-33 ; Jan 14:2, 3 ; 2 Korentyen 5:5 ; Revelasyon 1:5, 6 ; 5:9, 10 ; 20:4, 6.

Diven ki nan koup la fè moun sonje se san Jezi ki t apral koule a, ki t ap sèvi kòm baz “ pou padon peche yo ” e sa t ap ouvè wout pou moun ki patisipe nan anblèm yo resevwa apèl pou y al viv nan syèl la, antanke moun ki gen menm eritaj ak Kris. Natirèlman, se moun ki resevwa apèl selès la sèlman ki gen dwa patisipe nan pen an ak nan diven an lè Memoryal la ap fèt, e kantite moun sa yo limite. — Lik 12:32 ; Efezyen 1:13, 14 ; Ebre 9:22 ; 1 Pyè 1:3, 4.

Men, e tout lòt moun ki disip Jezi, men ki pa nan alyans tounèf la ? Moun sa yo se “ lòt mouton ” Seyè a yo ye. Esperans yo se pa pou y al reye avèk li nan syèl la, men se pou y al viv alèz nan yon paradi sou tè a pou toutan (Jan 10:16 ; Lik 23:43 ; Revelasyon 21:3, 4). Antanke “ yon gwo foul moun ” ki fidèl, ‘ y ap bay Bondye yon sèvis sakre lajounen kou lannuit ’. Yo byen kontan dèske yo gen posiblite asiste Soupe Seyè a e yo rekonesan pou sa. Nan pawòl yo ak nan aksyon yo, se kòmsi yo di : “ Si nou sove, se grasa Bondye nou an ki chita sou twòn nan e se grasa Ti Mouton an. ” — Revelasyon 7:9, 10, 14, 15.

Chak ki lè ?

“ Kontinye fè sa pou nou montre nou sonje m. ” — Lik 22:19.

Chak ki lè nou ta dwe selebre Memoryal la pou nou montre nou sonje lanmò Kris ? Jezi pa t bay presizyon sou sa. Sepandan, piske li te mete Soupe Seyè a sou pye yon 14 Nizan, jou swa Pak la, yon fèt Izrayelit yo te konn selebre chak ane, san dout Jezi te atann li pou yo selebre Memoryal la menm jan an. Tou kòm se chak ane Izrayelit yo te konn selebre delivrans yo anba esklavaj ann Ejip, se chak ane kretyen yo tou komemore delivrans yo anba esklavaj peche ak lanmò. — Egzòd 12:11, 17 ; Women 5:20, 21.

Selebre yon evènman enpòtan chak ane se yon bagay moun abitye fè. Pa egzanp, ann konsidere lè de moun ki marye ap fete anivèsè maryaj yo oubyen lè yon peyi ap selebre yon evènman enpòtan nan istwa l. Jeneralman yo selebre evènman an yon fwa chak ane, nan dat evènman an te pase a.\ Yon remak ki enteresan pou nou fè, sèke pandan plizyè syèk apre Jezi, anpil moun ki te konsidere tèt yo kòm kretyen, yo te rele yo Quartodeciman, non ki siyifi “ katòzyèm ”, poutèt yo te konn selebre lanmò Jezi yon fwa chak ane, jou 14 Nizan an.

Yon seremoni ki senp, men ki pwofon

Apot Pòl esplike lè disip Jezi yo selebre Soupe Seyè a, sa pèmèt yo “ kontinye anonse lanmò Seyè a ”. (1 Korentyen 11:26.) Donk, komemorasyon sa a t ap chita sou wòl enpòtan Jezi jwe, grasa lanmò li, nan reyalizasyon pwogram Bondye.

Jezi Kris te rete fidèl jiska lamò. Konsa, li te defann Jewova Dye, li te montre se yon Kreyatè ki gen sajès ak amou e li te montre se yon Souvren ki gen jistis. Kontrèman ak sa Satan te di, e kontrèman ak sa Adan te fè, Jezi te pwouve li posib pou yon moun rete fidèl devan Bondye menm lè li anba gwo gwo presyon. — Jòb 2:4, 5.

Soupe Seyè a fè nou sonje, avèk rekonesans, lanmou Jezi, lanmou ki te pouse l sakrifye tèt li pou nou. Malgre Jezi te anba gwo eprèv li te toujou obeyi Papa l nan tout ti detay. Konsa, li te an mezi bay pwòp vi l antanke moun pafè pou l peye gwo dèt peche Adan te kite a. Tankou Jezi li menm di sa, li te vini “ pou l bay nanm li kòm ranson pou anpil moun ”. (Matye 20:28.) Sa vin fè tout moun ki mete fwa nan Jezi ka jwenn padon pou peche yo e y ap resevwa lavi etènèl ann amoni ak pwogram Jewova te genyen pou lèzòm depi okòmansman. — Women 5:6, 8, 12, 18, 19 ; 6:23 ; 1 Timote 2:5, 6. *

Tout sa nou sot wè la a demontre yon lòt bagay : li demontre Jewova gen anpil bonte e li fè nou anpil favè, yon favè nou pa merite, lè l pran dispozisyon pou pèmèt lèzòm jwenn delivrans. Men sa Bib la di : “ Nan ka pa nou, se pa mwayen sa a Bondye te montre li renmen nou, paske Bondye te voye sèl pitit li te fè a nan monn nan, pou nou ka jwenn lavi grasa li. Lanmou nan ka sa a, se pa nou ki te renmen Bondye, men se li ki te renmen nou e ki te voye pitit li a kòm sakrifis li bay ann echanj pou peche nou. ” — 1 Jan 4:9, 10.

Wi, Memoryal la se yon evènman estrawòdinè. Li tèlman senp, li tèlman pratik, yo rive komemore l toupatou sou tè a nan divès kalite sikonstans. Yon lòt bò, li ase senbolik pou l konsève sans li nan lespri moun, aktout gen lontan depi y ap fè l.

Enpòtans li genyen pou ou

Lè Seyè nou an, Jezi Kris, te bay vi l pou nou, se te yon gwo sakrifis ni pou li menm ni pou papa l, Jewova. Kòm Jezi te pafè, li pa t eritye peche menm jan ak nou (Women 5:12 ; Ebre 7:26). Li te gen dwa pou l viv san l pa janm mouri. Yo pa t ka menm fòse l bay vi l san l pa dakò. Men sa l te di sou sa : “ Pa gen pyès moun ki pran [vi m] nan men m, men se mwen menm ki deside bay li ak pwòp volonte m. ” — Jan 10:18.

Men, antanke moun pafè, Jezi te bay vi l kòm sakrifis ak pwòp volonte l. Li te fè sa pou “ li te ka aneyanti, grasa lanmò li, sila ki gen mwayen pou fè moun mouri a, anpalan de Dyab la e pou l te ka libere tout moun ki, pandan tout vi yo, te nan esklavaj paske yo te pè lanmò ”. (Ebre 2:14, 15.) Lanmou Jezi, wi, lanmou ki te pouse l bay vi l an sakrifis pou nou an, parèt pi klè toujou lè nou konsidere ki kalite lanmò li te sibi. Li te byen konsyan nan ki pwen li t ap gen pou l soufri, anvan l mouri. — Matye 17:22 ; 20:17-19.

Memoryal la raple nou tou pi gwo lanmou pyès moun pa janm rive demontre : lanmou Jewova, Papa nou ki nan syèl la, manifeste anvè nou. Lè Jewova t ap tande “ gwo rèl ” Jezi, lè l t ap gade “ dlo k ap koule nan je ” l nan jaden Jetsemane a, lè l wè jan yo te fin devore l ak kout fwèt, anvan yo kloure l sou poto a avèk britalite, epi ti kras pa ti kras pou l wè Jezi mouri apre l te fin soufri règ soufri l, wi, nou pa bezwen mande jan sa te fè Jewova mal, li menm ki “ chaje ak tandrès ak afeksyon e ki gen mizerikòd ”. (Jak 5:11, nòt anba paj ; Ebre 5:7 ; Jan 3:16 ; 1 Jan 4:7, 8.) Menm jodi a, alòske gen plizyè syèk ki pase depi Jezi mouri, kè anpil moun fè yo mal lè yo annik reflechi sou sa k te pase a.

Ala yon gwo pri Jewova ak Jezi Kris te peye pou nou menm ki pechè (Women 3:23) ! Chak jou nan lavi a, nou gen pou nou fè fas ak yon reyalite ki fè nou mal : peche nou gen nan nou menm nan ak enpèfeksyon ki lakay nou. Sepandan, si nou gen lafwa nan sakrifis Jezi te bay kòm ranson pou nou an, nou kapab priye Jewova pou l padone nou (1 Jan 2:1, 2). Sa vin fè l posib pou nou pale ak Bondye san nou pa pè, ak kè kontan ak yon konsyans ki klè (Ebre 4:14-16 ; 9:13, 14). Sa ki pi bèl ankò, sèke nou gen espwa nou pral viv pou toutan nan yon paradi sou tè a (Jan 17:3 ; Revelasyon 21:3, 4). Tout benediksyon sa yo vin posib grasa gwo sakrifis Jezi te fè lè l te aksepte bay vi l pou nou.

Montre rekonesans ou pou Soupe Seyè a

Pa gen dout nan sa : Soupe Seyè a se yon bèl fason Bondye montre ‘ favè estrawòdinè li genyen, favè nou pa merite ’. E lè Jewova te pran dispozisyon pou l bay ranson an, an reyalite se yon ‘ kado gratis li ban nou, yon kado nou pa ka dekri ’, e sa te posib grasa lanmou ki te pouse Jezi bay vi l an sakrifis pou nou (2 Korentyen 9:14, 15). Èske bonte Bondye manifeste anvè nou grasa Jezi Kris la pa ta dwe pouse nou toujou montre rekonesans nou ?

Nou sèten se sa w ap fè. Nou envite w vin asiste Memoryal lanmò Jezi a ansanm ak Temwen Jewova yo. Ane sa a, Memoryal la ap fèt mèkredi 16 avril, apre solèy la fin kouche. Temwen Jewova nan zòn bò lakay ou ap byen kontan fè w konnen ki kote ak ki lè y ap selebre evènman enpòtan sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 19 Pou ou ka jwenn plis enfòmasyon sou ranson an, nou envite ou li liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Kare/Foto nan paj 6]

“ SA A SE KÒ MWEN ” OUBYEN “ SA A REPREZANTE KÒ MWEN ”. KIYÈS NAN DE A KI PI BON ?

Lè Jezi te di ‘ mwen se pòt la ’ e “ mwen se vrè pye rezen an ”, pyès moun pa t ka sipoze li se yon pòt toutbon oswa li se yon pye rezen toutbon (Jan 10:7 ; 15:1). Menm jan an tou, lè Bible de Jérusalem site pawòl sa yo Jezi te di a : “ Koup sa a se Alyans tounèf la ”, nou pap di se koup la menm ki alyans tounèf la. Donk, lè Jezi te di pen an “ se ” kò li, pa t gen okenn dout sa te vle di pen an reprezante kò li. Se poutèt sa tradiksyon Labib Charles B. Williams lan di :“ Sa a reprezante kò mwen .” — Lik 22:19, 20.

[Foto nan paj 5]

Pen san ledven an ak diven an se senbòl ki apwopriye pou reprezante kò Jezi ki te san peche ak san l ki te koule pou nou.

[Foto nan paj 7]

Memoryal la fè nou sonje kokenn lanmou Jewova Dye ak Jezi Kris te montre yo gen pou nou.