Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn : Jewova pap bliye travay nou !

Jèn : Jewova pap bliye travay nou !

Jèn : Jewova pap bliye travay nou !

“ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” — EBRE 6:10.

1. Ki jan lèt pou Ebre yo ak liv Malaki a montre Jewova se yon Bondye ki apresye sèvis ou antanke kretyen ?

ÈSKE sa deja rive pou w fè yon jès ak yon moun e moun nan pa menm di w mèsi ? Nanpwen bagay ki ka fè w mal konsa, lè w fin fè yon bagay pou yon moun e ou wè li pa bay sa okenn enpòtans oubyen, yon lòt bagay ki ka pi rèd toujou, ou rann ou kont moun nan pa dòmi reve ou te fè yon bagay pou li. Jewova pa konsa ditou li menm. Lè nou sèvi l ak tout kè nou, li pa bliye sa. Gade ki sa Bib la di : “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” ​(Ebre 6:10). Èske w konprann ki sa sa vle di ? Si pou Bondye ta bliye sa w deja fè e sa w ap kontinye fè nan sèvis li, li t ap konsidere sa kòm yon enjistis bò kote pa l, li t ap konsidere sa kòm yon peche. Se yon Bondye ki vrèman konn apresye sa moun fè ! — Malaki 3:10.

2. Ki sa ki fè sèvi Jewova se yon privilèj ki vrèman espesyal ?

2 Ou gen yon bèl opòtinite pou w adore, wi, pou w sèvi Bondye sa a, yon Bondye ki gen anpil rekonesans. Piske gen anviwon sis milya moun k ap viv sou tè a e se sèlman sis milyon nan yo ki kwayan menm jan avè w, nou ka di ou gen yon privilèj ki pa rete ak tout privilèj. Anplis de sa, lefètke ou gen posiblite tande mesaj bon nouvèl la e pou w reyaji byen, se yon prèv ki montre Jewova enterese nan ou. Annefè, Jezi te di : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l. ” ​(Jan 6:44). Wi, Jewova ede chak grenn moun pou yo tire pwofi nan sakrifis Kris la.

Montre rekonesans ou pou gwo privilèj ou genyen an

3. Ki jan pitit Kora yo te eksprime jan yo apresye privilèj yo genyen pou yo sèvi Jewova ?

Jan nou te wè sa nan lòt atik la, antanke jèn ou nan yon pozisyon san parèy pou w fè kè Jewova kontan (Pwovèb 27:11). Se yon privilèj ou pa dwe janm minimize. Nan youn nan sòm enspire pitit Kora yo te ekri, yo montre ki jan yo apresye privilèj yo genyen pou sèvi Jewova. Men ki sa yo ekri : “ Yon jou nan lakou w pi bon pase mil jou lòt kote. Mwen te chwazi rete nan papòt kay Bondye mwen an pase pou m sikile anba tant mechanste. ” — Sòm 84:10.

4. a) Ki sa ki ka fè kèk moun santi sèvi Jewova diminye libète yo ? b) Nan ki sans Jewova montre li tou prèt pou li remake sèvitè l ki fidèl e pou l rekonpanse yo ?

4 Èske se konsa ou konsidere privilèj ou genyen pou w sèvi Papa w ki nan syèl la ? Se vre, pafwa sanble lè yon moun ap sèvi Jewova, sa diminye nan libète l. Se vre tou, pou yon moun viv ann akò ak prensip nou jwenn nan Bib la, sa mande yon sèten sakrifis. Men, an definitif, kèlkeswa sa Jewova mande w, se pou byen w (Sòm 1:1-3). Mete sou sa, li wè efò w ap fè e li dispoze montre w li apresye fidelite w. Anfèt, dapre Pòl, Jewova “ tounen sila a ki rekonpanse moun k ap chèche l toutbonvre ”. (Ebre 11:6.) Jewova ap chèche okazyon pou l fè sa. Nan tan lontan, gen yon pwofèt ann Izrayèl ki te di konsa : “ Kanta pou Jewova, je l ap pwonmennen sou tout tè a pou l ka montre fòs li an favè moun k ap sèvi l avèk yon kè ki konplè. ” — 2 Kwonik 16:9.

5. a) Site youn nan pi bon fason ou ka montre w ap sèvi Jewova avèk yon kè ki konplè. b) Poukisa li ka parèt difisil pou w pale de kwayans ou ?

5 Youn nan pi bon fason ou ka montre w ap sèvi Jewova avèk yon kè ki konplè, se lè ou pale de li ak lòt moun. Èske w te deja jwenn opòtinite pou w pale de kwayans ou ak elèv ki nan menm lekòl avè w ? O kòmansman, sa ka mete kè w sou biskèt, sa ka menm kraponnen w. Ou kapab ap reflechi ou di : ‘ E si yo bat plezi avè m ? E si yo twouve relijyon m nan dwòl ? ’ Jezi te rekonèt se pa tout moun ki t ap byen resevwa mesaj Wayòm nan (Jan 15:20). Sepandan, sa pa vle di ou kondane pou moun toujou ap pase w nan rizib e pou moun toujou meprize w. Okontrè, gen anpil jèn Temwen ki rive fè moun tande yo e ki rive fè lòt jèn parèy yo respekte yo paske yo defann kwayans yo.

“ Jewova ap ede nou ”

6, 7. a) Ki opòtinite yon jèn 17 an te jwenn pou l pale de kwayans li ak kondisip li ? b) Ki sa eksperyans Jennifer te fè a aprann ou ?

6 Men, ki jan w ka jwenn kouraj pou w pale de kwayans ou ? Poukisa ou pa pran rezolisyon pou w pa kache sa w ye, pou w dirèk, lè moun poze w kesyon sou relijyon ? Ann pran egzanp Jennifer, yon jèn sè 17 an. Li di : “ M te nan poz midi nan lekòl la. Ti medam ki te chita sou menm tab avè m yo te tonbe pale de relijyon, e gen youn nan yo ki mande m nan ki relijyon mwen ye. ” Èske Jennifer te santi l mal alèz lè yo poze l kesyon sa a ? Jennifer reponn : “ Wi, m te mal alèz paske m pa t konn ki reyaksyon m t apral jwenn. ” Ki sa Jennifer te fè ? Tande sa l di : “ Mwen te di yo m se Temwen Jewova. Lè yo tande sa yo sezi. Aparamman yo menm tou yo te kwè Temwen Jewova se moun ki dwòl. Sa te pouse yo poze m kesyon, e m te gen okazyon klarifye ide kwochi yo te genyen sou nou. Menm apre sa, tanzantan gen kèk nan ti medam yo ki toujou vin abòde m pou yo poze m kesyon. ”

7 Èske Jennifer te regrèt dèske li te pwofite okazyon ki te prezante a pou l te pale de kwayans li ? Non, okontrè. Gade ki sa l di : “ Lè nou te fin manje, m te santi yon sèl satisfaksyon. Kounye a, medam sa yo konprann Temwen Jewova yo pi byen. ” Ki konsèy Jennifer bay ? Yon konsèy tou senp : “ Si w twouve li difisil pou w pale de fwa w ak kondisip ou oswa ak pwofesè ou, fè yon ti priye Jewova. L ap ede w. W ap kontan dèske w te sezi okazyon ki te prezante devan w pou w pale de kwayans ou. ” — 1 Pyè 3:15.

8. a) Lè Neyemya te twouve l nan yon sitiyasyon li pa t atann, ki jan lapriyè te ede l ? b) Site kèk sitiyasyon ki ka prezante nan lekòl ou kote ou ka bezwen priye Jewova nan kè w.

8 Remake Jennifer bay konsèy pou nou ‘ fè yon ti priye Jewova ’ lè nou jwenn opòtinite pou nou pale de kwayans nou. Se egzakteman sa Neyemya te fè lè l te twouve l nan yon sitiyasyon li pa t atann. Se te nan epòk li t ap travay kòm sèvè bwason wa peyi Pès ki te rele Atazèsès la. Tout moun te ka wè Neyemya te gen yon pwoblèm k ap toumante l. Li te gen pwoblèm paske li te aprann nan ki sitiyasyon Juif yo t ap viv, avèk mi Jerizalèm ki te fin dekonstonbre, avèk pòt vil la ki te fin kraze. Wa a te remake enkyetid Neyemya, e li te mande l sa k ap pase. Anvan Neyemya reponn, li te priye pou Bondye gide l. Lè l fini, avèk kouraj, li te mande wa a pou l pèmèt li retounen Jerizalèm pou l al rebati vil la ki te fin kraze. Atazèsès te agreye rekèt Neyemya a (Neyemya 2:1-8). Ki leson nou ka tire nan istwa sa a ? Si w santi kè w sou biskèt lè w jwenn opòtinite pou w pale de kwayans ou, pa neglije fè yon ti priye tou kout, nan kè w. Men ki pawòl apot Pyè ekri : “ Lage tout tèt chaje nou sou Jewova, paske li gen sousi pou nou. ” — 1 Pyè 5:7 ; Sòm 55:22.

“ Pare pou n defann nou ”

9. Ki jan Leah, ki te gen 13 an, te rive plase 23 liv Les jeunes s’interrogent ?

9 Ann egzamine yon lòt eksperyans. Leah se yon sè ki gen 13 an. Yon jou li t ap li liv Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques la * nan rekreyasyon lekòl li. Li di : “ Gen moun ki te kòmanse gade m, e sa w tande a, yon bann elèv te vin antoure m. Yo te kòmanse poze kesyon sou liv la. ” Nan fen jounen an, te gen kat nan ti medam yo ki te mande Leah yon liv Les jeunes s’interrogent. Yo pa t pran lontan pou yo te kòmanse montre lòt elèv sa ki gen nan liv sa a, e elèv sa yo te vle gen pa yo tou. Nan kèk semèn sèlman, Leah te plase kondisip li yo ansanm ak zanmi yo 23 liv Les jeunes s’interrogent. Èske li te fasil pou Leah pale lè moun te vle konnen ki liv li t ap li ? Pa kwè sa. Tande ki sa li admèt : “ O kòmansman, m te santi kè m ap bat. Sepandan, m te priye Jewova e m te konnen li te avè m. ”

10, 11. Ki jan yon jèn Izrayelit te rive ede yon chèf nan lame peyi Siri a aprann konnen Jewova, e ki chanjman chèf sa a te fè nan lavi l ?

10 Siman eksperyans Leah te fè a raple w yon lòt eksperyans ki sanble avè l, nou vle pale de tifi izrayelit ki te twouve l an kaptivite nan peyi Siri a. Naamàn, yon chèf nan lame Siri a, te gen lèp. Petèt se te madan Naamàn ki te kòmanse konvèsasyon an, men antouka sa te pouse tipitit la pale de kwayans li. Men ki sa li te di : “ Si seyè m nan te sèlman ale devan pwofèt ki nan Samari a ! Pwofèt la t ap delivre l anba maladi lèp li a. ” — 2 Wa 5:1-3.

11 Grasa kouraj tipitit la, Naamàn te rive reyalize “ pa gen Bondye okenn kote sou tè a, anwetan ann Izrayèl ”. Li te menm pran rezolisyon pou li pa “ fè olokos ni sakrifis bay lòt dye anwetan bay Jewova ”. (2 Wa 5:15, 17.) Nou mèt si Jewova te beni kouraj tipitit sa a. Li kapab beni w tou, e se sa menm l ap fè pou jèn yo jodi a. Leah te viv sa. Apre yon ti tan, genyen nan kondisip li yo ki te abòde l pou yo di l ki jan liv Les jeunes s’interrogent la te ede yo amelyore konpòtman yo. Leah di : “ Sa te fè m kontan, paske m te santi m t ap ede moun aprann plis bagay sou Jewova, m te santi m t ap ede yo chanje fason y ap viv. ”

12. Ki jan ou ka jwenn kouraj pou w defann fwa w ?

12 Ou menm tou, ou ka fè eksperyans ki sanble ak eksperyans Jennifer ak Leah te fè yo. Suiv egzòtasyon Pyè te bay la. Pyè te di antanke kretyen nou ta dwe “ toujou pare pou n defann nou chak fwa yon moun mande nou rezon ki fè nou gen espwa ki nan nou an. Men, se pou nou fè sa avèk dousè e avèk anpil respè ”. (1 Pyè 3:15.) Ki jan ou ka rive fè sa ? Se lè ou fè menm jan ak kretyen ki t ap viv nan premye syèk yo, yo menm ki te priye Jewova pou l ede yo preche “ avèk anpil kran ”. (Travay 4:29.) Epi, pran kouraj, pale ak lòt moun de kwayans ou. W a sezi wè rezilta w ap jwenn si w fè sa. Anplis de sa, w ap rive fè kè Jewova kontan.

Videyo, rechèch ak ekspoze

13. Ki okazyon kèk jèn konn pwofite pou yo bay yon temwayaj (gade kare ki nan paj 13 ak sa ki nan paj 14 la) ?

13 Gen anpil jèn ki sèvi ak kasèt videyo pou yo pale de kwayans yo avèk elèv ki nan menm lekòl ak yo oswa avèk pwofesè yo. Pafwa tou, lekòl la konn bay fè rechèch oswa ekspoze sou yon sijè. Gen jèn ki konn twouve se yon opòtinite yo genyen pou yo fè louwanj pou Jewova. Pa egzanp, nan yon kou sou istwa jeneral, gen de jèn Temwen Jewova 15 an ki te gen yon devwa pou yo prezante sou youn nan relijyon ki genyen nan monn nan. Frè yo te met tèt yo ansanm pou yo fè disètasyon yo a sou Temwen Jewova yo. Yo te sèvi ak liv Les Témoins de Jéhovah : Prédicateurs du Royaume de Dieu. * Yo te gen pou yo prezante yon ekspoze 5 minit tou. Apre ekspoze a, ni pwofesè a ni lòt elèv yo te tèlman gen kesyon, de timesye yo te pase 20 minit ankò devan klas la. Menm apre sa, e pandan plizyè semèn ankò, kondisip frè yo te kontinye ap poze kesyon sou Temwen Jewova !

14, 15. a) Poukisa se yon pyèj lè moun pè moun ? b) Poukisa ou ta dwe gen konviksyon se yon bon bagay pou w pataje kwayans ou ak lòt moun ?

14 Jan eksperyans nou sot egzamine la yo montre sa, ou ka jwenn anpil benediksyon si w pale de kwayans ou, de konviksyon w antanke Temwen Jewova, ak moun ou rankontre. Gen moun ki pè moun, men ou menm, pa kite sa fè w rate privilèj ak jwa ou genyen pou w ede moun konnen Jewova. Men ki sa Bib la deklare : “ Lè w tranble devan moun, se la a pyèj la ye ! Men moun ki met konfyans yo nan Jewova ap jwenn pwoteksyon. ” — Pwovèb 29:25.

15 Pa bliye : antanke jèn kretyen, ou gen yon bagay jèn ki nan menm laj avè w pa konn sa yo ta bay pou yo genyen. Ki sa l ye ? Yon pi bon kalite lavi depi jodi a e, pou demen, esperans lavi ki pap janm fini an (1 Timote 4:8). Yon pwen enteresan pou nou note, sèke, Ozetazini, yon peyi ou ta panse an jeneral pa gen moun ki vrèman enterese nan kesyon relijyon, yon peyi kote moun yo plis kwè nan aktivite yo, gen yon ankèt yo te fè ki montre omwen mwatye nan jèn yo bay relijyon anpil enpòtans. Menm ankèt sa a revele gen anviwon 33 pousan nan jèn yo ki panse lafwa se “ bagay ki pi enpòtan ” nan lavi yo. Se menm sitiyasyon an ki egziste nan anpil lòt peyi. Ou gen dwa wè timoun lekòl ki nan menm laj avè w yo ta byen renmen tande sa w gen pou aprann yo nan Bib la.

Antanke jèn, pwoche bò kote Jewova

16. Pou yon moun fè Jewova plezi, li bezwen pale de li ak lòt moun. Apa de sa ki sa li dwe fè ankò ?

16 Natirèlman, pou w rive fè kè Jewova kontan, se vre sa mande pou w pale de li, men se pa sa sèlman. Sa mande tou pou w konfòme vi w ak sa Bondye mande. Apot Jan te ekri : “ Men sa lanmou pou Bondye vle di : se pou nou obsève kòmandman l yo. E poutan kòmandman l yo pa lou. ” ​(1 Jan 5:3). Ou gen pou w rann ou kont sa ki di nan vèsè sa a se laverite si w pwoche bò kote Jewova. Ki jan ?

17. Ki jan w ka pwoche bò kote Jewova ?

17 Kreye tan pou w li Bib la, kreye tan pou w li piblikasyon biblik yo. Tank ou ogmante konesans ou sou Jewova se tank l ap fasil pou w obeyi l e pou w pale de li ak lòt moun. Jezi te di : “ Yon bon moun rale bon bagay soti nan bon trezò li genyen nan kè l, men yon move moun rale move bagay soti nan move trezò li genyen. Paske se dapre tout sa ki nan kè a bouch la pale. ” ​(Lik 6:45). Donk, ranpli kè w avèk bon bagay. Sa w panse si w ta mete sa nan objektif ou ? Petèt ou ta ka rive prepare reyinyon w pou semèn k ap vini an. Lòt objektif ou ta ka fikse se ta pou w fè yon kòmantè tou kout, yon kòmantè ki soti nan kè w. Natirèlman, li enpòtan tou pou w mete sa w aprann yo an pratik nan lavi w. — Filipyen 4:9.

18. Menmsi ou jwenn opozisyon, ki asirans ou ka genyen ?

18 Rekonpans yon moun jwenn lè l ap sèvi Jewova se rekonpans k ap dire lontan, wi se rekonpans k ap rete pou tout tan. Se vre, sa ka rive tanzantan ou jwenn opozisyon oswa moun ka pase w nan rizib poutèt ou se Temwen Jewova. Men, sonje Moyiz. Labib di li te “ kite je l fikse la sou rekonpans li t apral jwenn nan ”. (Ebre 11:24-26.) Ou menm tou, ou ka gen menm asirans lan : Jewova ap rekonpanse w pou efò w ap fè pou w aprann konnen l pi byen e pou w pale de li ak lòt moun. Wi, li pa gen dwa ‘ bliye travay ou ak lanmou ou demontre pou non l ’ ! — Ebre 6:10.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

^ § 13 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w sonje ?

• Poukisa ou ka kwè Jewova bay sèvis ou anpil valè ?

• Site kèk nan metòd kèk jèn twouve ki byen mache pou yo preche nan lekòl yo ?

• Ki jan ou ka jwenn kouraj pou w pale de laverite ak kondisip ou ?

• Ki jan w ka pwoche bò kote Jewova ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 13]

Menm timoun ki tou piti fè louwanj pou Jewova !

Menm timoun ki poko adolesan gen posiblite pale de laverite nan lekòl yo. Gade jan eksperyans ki vin apre yo montre sa.

Amber te gen dizan. Klas li a, 5yèm ane, t ap li yon liv sou masak Nazi yo te fè sou Juif yo nan epòk 2yèm Gè mondyal la. Lè Amber wè sa, li pote kasèt videyo Les triangles violets a bay madam nan. Madam nan te sezi aprann sou rejim Nazi a Temwen Jewova yo te jwenn anpil pèsekisyon yo menm tou. Madam nan te fè tout klas la wè videyo a.

Alexa te gen 8 an lè l te ekri yon lèt pou l esplike klas li a rezon ki fè li pa fete Nwèl. Sa te tèlman enpresyone madam nan, li te mande Alexa pou l li lèt la non sèlman devan klas li a, men tou pou l li l devan de lòt klas ankò. Men ki sa Alexa te di nan fen lèt li a : “ Yo aprann mwen pou m respekte moun ki pa gen menm kwayans avè m. E m vle di nou mèsi dèske nou respekte desizyon m pou m pa patisipe nan fèt Nwèl. ”

Eric te fèk rantre nan premye ane fondamantal. Yon ti tan apre, li te pote liv Recueil d’histoires bibliques la lekòl la, e li te mande pèmisyon pou l montre kondisip li yo l. Madam nan di l konsa : “ Sa w panse si w ta li yon istwa pou tout klas la pito ? ” Se sa Eric te fè. Lè l fini, li te mande tout moun ki ta renmen resevwa youn nan liv sa a, pou yo leve men yo. Dizuit moun te leve men yo, e ata pwofesè a te leve men l tou ! Eric santi kounye a li gen pwòp tèritwa pa l.

Whitney, ki gen 9 an, apresye bwochi Les Témoins de Jéhovah et l’instruction * an anpil. Men sa l di : “ Chak ane, se manman m ki konn bay pwofesè m yo bwochi a. Men, ane sa a, se mwen menm ki bay li ak men pa m. Grasa bwochi sa a, madam nan te nome m meyè ‘ elèv pou semèn nan. ’ ”

[Nòt anba paj]

^ § 56 Tout piblikasyon yo mansyone nan atik sa a se Temwen Jewova ki pibliye yo.

[Kare/Foto nan paj 14]

Okazyon kèk jèn konn pwofite pou yo pale de kwayans yo

Gen kèk jèn, lè yo ba yo fè yon rechèch oswa yo mande yo fè yon ekspoze nan klas yo, ki chwazi yon sijè ki ka pèmèt yo pale de laverite.

Gen jèn ki pote yon kasèt videyo pou pwofesè yo oswa yon piblikasyon ki gen rapò ak sijè y ap trete nan klas la.

Gen kèk lòt tou ki konn ap li Labib oswa yon piblikasyon biblik pandan rekreyasyon e lòt jèn konn abòde yo pou poze yo kesyon.

[Foto nan paj 11]

Frè ak sè ki gen eksperyans ka bay jèn yo fòmasyon pou yo sèvi Jewova.