Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anvan sa, apre sa : Yon move pase, yon bèl avni

Anvan sa, apre sa : Yon move pase, yon bèl avni

“ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou ”

Anvan sa, apre sa : Yon move pase, yon bèl avni

“PAWÒL Bondye a vivan e li gen pouvwa, li pi file pase yon epe ki file de bò [...] e li kapab disènen lide ak entansyon ki nan kè a. ” ​(Ebre 4:12). Se sa apot Pòl di sou pouvwa mesaj Bondye a genyen pou l penetre nan yon moun. Sitou nan premye syèk epòk nou an, pouvwa mesaj Bondye a genyen pou l touche kè moun te parèt klè. Malgre te gen enfliyans malsen nan epòk la, moun ki te vin kretyen yo te abiye yo ak nouvo pèsonalite a. — Women 1:28, 29 ; Kolosyen 3:8-10.

Pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l transfòme moun, jan sa ekri nan Bib la, parèt byen klè jodi a tou. Ann pran egzanp Richard, yon mesye bèl wotè, byen kosto. Richard te gen yon tanperaman vyolan. Li te konn goumen pou ti krik ti krak. Vyolans te soti pou fini ak lavi li. Richard te menm antre nan yon klib kote yo te konn fè bòks. Li te antrene anpil, e li te vin yon chanpyon nan kategori pwa lou nan zòn Wèsfali, ann Almay. Richard te konn bwè anpil tou, e byen souvan li te konn nan gwo batay. Yon lè, nan batay konsa, gen yon moun ki mouri e sa te fè Richard manke pran prizon.

Ki jan maryaj Richard te ye ? Richard di : “ Anvan mwen menm ak Heike te etidye Labib nou chak te mennen lavi nou jan nou vle. Heike te konn pase anpil tan avèk zanmi fi parèy li, pandan mwen menm mwen te konn ap pran plezi m nan bagay mwen renmen, sitou bòks ak espò nan dlo. ”

Lè Richard ak Heike te kòmanse etidye Labib avèk Temwen Jewova yo, Richard te santi li gen gwo pwoblèm paske li te panse li pa t ap janm ka fè chanjman ki nesesè yo pou l konfòme vi li ak prensip wo nivo ki nan Pawòl Bondye a. Sepandan, tank li t ap vin konn Jewova Dye pi byen se tank li te vin pi anvi fè l plezi. Richard vin rann li kont Jewova pa ni apwouve moun ki renmen vyolans ni moun ki sèvi avèk vyolans kòm divètisman. Richard te aprann “ kèlkeswa moun ki renmen vyolans, nanm Li [Jewova] rayi l vrèman. ” — Sòm 11:5.

Anplis de sa, esperans lavi etènèl nan yon paradi sou tè a te atire ni Richard ni Heike. Yo te vle la ansanm nan paradi a (Izayi 65:21-23) ! Envitasyon ki di : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou ” an te fè gwo efè sou Richard (Jak 4:8). Li te pran an konsiderasyon konsèy enspire ki di : “ Pa anvye sò moun vyolan an, nitou pa chwazi okenn nan wout li yo. Paske moun ki magouyè a se yon bagay ki detestab pou Jewova, men entimite Li se ak moun ki dwat. ” — Pwovèb 3:31, 32.

Malgre Richard te anvi chanje abitid li yo ak tout fòs, li te reyalize li pa t ka fè sa ak pwòp fòs li. Li te vin wè nesesite pou l chèche èd Bondye nan lapriyè. Konsa, li te aji ann amoni ak pawòl Jezi te di apot Li yo : “ Priye nètale, pou nou pa antre nan tantasyon. Annefè, lespri a vijilan, men lachè a fèb. ” — Matye 26:41.

Apre l fin aprann kòman Jewova konsidere vyolans ansanm ak kòlè san kontwòl, Richard te vin konprann aklè, bòks la se yon espò pa ki aseptab. Avèk èd li te jwenn nan men Jewova ansanm ak ankourajman moun ki t ap etidye Labib avèk li yo, Richard te sispann fè vyolans. Li te abandone bòks la ak gwo batay li te konn fè yo, e li te deside amelyore vi familyal li. Men sa Richard te deklare : “ Laverite m aprann nan Bib la ede m fè yon kanpe pou m reflechi anvan m aji. ” Kounye a, li se yon siveyan ki gen karaktè dou nan kongregasyon Temwen Jewova yo. Li kontinye pou l di : “ Se prensip lanmou ak respè ki gide m kounye a nan relasyon m ak madanm mwen e ak pitit mwen yo. Kòm rezilta, fanmi an vin pwòch youn ak lòt. ”

Moun ki mal enfòme konn akize Temwen Jewova yo kòm moun k ap kraze fanmi. Sepandan, egzanp Richard a ak lòt ankò montre se pa vre. An reyalite, laverite ki nan Bib la kapab fè lavi fanmi yo vin ekilibre e li kapab bay moun ki te gen yon move pase yon bèl avni. — Jeremi 29:11.

[Antrefilè nan paj 31]

“ Esperans paradi sou tè a ban m motivasyon pou m chanje. ”

[Kare nan paj 31]

Prensip biblik yo ann aksyon

Labib kapab gen gwo enfliyans sou lavi moun. Men kèk prensip biblik ki te ede moun vyolan pou yo chanje :

“ Yon moun ki pa prese fè kòlè pi bon pase yon nonm ki gen pisans, e yon moun ki metrize lespri l pi bon pase youn k ap pran yon vil. ” ​(Pwovèb 16:32). Kòlè san kontwòl se siy feblès, se pa siy fòs.

“ Klèvwayans yon nonm sètènman retade kòlè l. ” ​(Pwovèb 19:11). Lè gen klèvwayans ak konpreyansyon sa ede moun wè pi lwen pase aparans nan yon sitiyasyon ki konn lakòz konfwontasyon, e sa kapab evite moun fache twò vit.

‘ Pa fè zanmitay ak okenn moun ki renmen fè kòlè pou w pa vin abitye ak wout li yo. ’ ​(Pwovèb 22:24, 25). Kretyen ki saj yo evite asosye ak moun ki renmen fè kòlè.