Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Chwazi lavi etènèl

Chwazi lavi etènèl

Chwazi lavi etènèl

OPARAVAN, moun pa t janm gen tout posiblite konsa pou yo chwazi. Pa egzanp, byen souvan se chwazi nou chwazi rad n ap mete, manje n ap manje, kote n ap travay ak kote n ap viv. Nan anpil kote sou tè a, li nòmal tou pou yon moun chwazi moun l ap marye. Sepandan, Labib prezante yon chwa ki depase tout lòt chwa, e tout moun gen posiblite pou yo fè chwa sa a.

Labib di : “ Yon moun ki pran pozisyon fèm pou ladwati, li nan liy pou jwenn lavi, men yon moun k ap pousuiv sa ki mal, li nan liy pou jwenn pwòp lanmò l. ” ​(Pwovèb 11:19). E Jezi Kris te deklare : “ Men sa lavi etènèl la siyifi : se pou yo aprann konnen w, ou menm, sèl vrè Bondye a ak sila ou te voye a, Jezi Kris. ” — Jan 17:3.

Wi, Kreyatè nou an ban nou mwayen pou n chwazi wout ki kapab mennen nan lavi etènèl la ! Ki sa nou dwe fè pou n jwenn lavi etènèl ?

Dapre Labib ‘ gen lavi nan wout ladwati a ’. (Pwovèb 12:28.) Nou kapab pami moun dwat yo ki sou wout lavi etènèl la. Ki jan ? Se lè nou asire nou lavi nou ann amoni ak volonte Bondye ansanm ak kòmandman li yo (Matye 7:13, 14). Pakonsekan, annou fè bon chwa a pou n resevwa lavi etènèl, kado Bondye ap bay la. — Women 6:23.