Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Koute sa lespri a di !

Koute sa lespri a di !

Koute sa lespri a di !

“ Se pou moun ki gen yon zòrèy tande sa lespri a di kongregasyon yo. ” — REVELASYON 3:22.

1, 2. Ki konsèy ki parèt detanzantan nan mesaj Jezi te bay sèt kongregasyon yo mansyone nan liv Revelasyon an ?

SÈVITÈ Jewova yo dwe koute avèk atansyon pawòl enspire Jezi Kris te voye bay sèt kongregasyon yo mansyone nan liv Revelasyon an, yon liv ki nan Bib la. An reyalite, chak mesaj sa yo gen konsèy sa a : “ Se pou moun ki gen yon zòrèy tande sa lespri a di kongregasyon yo. ” — Revelasyon 2:7, 11, 17, 29 ; 3:6, 13, 22.

2 Nou deja konsidere mesaj Jezi te voye bay zanj oswa siveyan yo nan Efèz, nan Smin ak nan Pègam. Kòman nou kapab tire pwofi nan sa l te di kat lòt kongregasyon yo pa mwayen lespri sen ?

Zanj Tiyati a

3. Ki kote Tiyati te ye, e akoz ki pwodui yo te sitou konnen l ?

3 “ Pitit Bondye a ” felisite kongregasyon Tiyati e li blame l tou (li Revelasyon 2:18-29). Yo te konstwi Tiyati (li rele Akisa kounye a) bò kote yon ti rivyè ki al tonbe nan rivyè Gediz (ansyen Èmis) ki nan lwès Azi Minè. Te gen anpil metye atizana nan vil la e sa te rann li selèb. Moun ki te konn fè tenti yo te konn sèvi ak rasin madè kòm baz pou yo fè ekalat oswa poup ki te trè koni. Lidi se te “ yon machann poup, nan vil Tiyati ”. Li te vin kretyen pandan Pòl t ap vizite yon zòn an Grès ki rele Filip. — Travay 16:12-15.

4. Pou ki sa yo te felisite kongregasyon Tiyati ?

4 Jezi felisite kongregasyon Tiyati pou bon aksyon l yo, pou lanmou l, pou lafwa l, pou andirans li ak travay li nan ministè a. Anfèt, ‘ sa yo fè kounye a te plis pase sa yo te konn fè anvan yo ’. Menmsi nou gen bon repitasyon, sepandan, nou pa dwe janm montre nou neglijan konsènan moralite nou.

5-7. a) Kiyès “ madanm sa a, Jezabèl ” te ye, e ki sa ki te dwe fèt konsènan enfliyans li ? b) Ki sa mesaj Kris te voye bay kongregasyon Tiyati a ede medam ki gen atachman pou Bondye yo fè ?

5 Kongregasyon Tiyati te tolere idolatri, fo ansèyman ak imoralite seksyèl. Nan mitan l te gen “ madanm sa a, Jezabèl ”. Petèt se te yon seri medam ki gen pèsonalite ki sanble ak pèsonalite Jezabèl, rèn mechan wayòm dis tribi Izrayèl la. Gen yon seri biblis ki fè konprann ‘ pwofetès ’ Tiyati a te eseye konvenk kretyen yo pou yo adore dye ak deyès asosyasyon komèsan yo e pou yo patisipe nan fèt kote ki gen manje yo sakrifye bay zidòl. Pa kite pyès moun k ap pran pòz pwofetès yo eseye jwe lòt moun anndan kongregasyon an jodi a !

6 Kris ‘ te prèske lage Jezabèl, madanm nan, sou kabann moun malad, e moun k ap fè adiltè avèk li yo, li t apral lage yo nan yon gwo tribilasyon, amwenske yo repanti de aksyon li yo ’. Siveyan yo pa ta dwe janm lage bay jan de ansèyman ak enfliyans mechan sa yo, e okenn kretyen pa bezwen komèt fònikasyon espirityèl oswa fizik oubyen lage kò l nan idolatri pou l ka rann li kont “ bagay pwofon Satan yo ” pa bon menm. Si nou koute avètisman Jezi yo, ‘ n ap kenbe sa nou genyen an fèm, ’ e peche pap gen pouvwa sou nou. Etandone wen ki resisite yo te rejte yon seri pratik ki kontrè ak volonte Bondye, yo te rejte dezi seksyèl imoral ak objektif pèsonèl, wen sa yo resevwa “ pouvwa sou nasyon yo ” e yo pral mete ak Kris pou kraze yo miyèt moso. Kongregasyon yo jounen jodi a gen yon seri etwal senbolik, e yo pral remèt wen yo “ etwal dimaten k ap briye a ”, anpalan de mesye marye a, Jezi Kris, lè yo resisite pou y al nan syèl la. — Revelasyon 22:16.

7 Kongregasyon Tiyati te resevwa avètisman pou l pa tolere move enfliyans medam aposta yo. Mesaj enspire Kris te bay kongregasyon yo ede medam ki gen atachman pou Bondye yo pou yo rete nan plas Bondye mete yo jodi a. Yo pap eseye egzèse otorite sou gason e yo pap itilize riz pou atire okenn frè nan fònikasyon espirityèl oswa fizik (1 Timote 2:12). Olye de sa, medam sa yo bay egzanp nan bèl aksyon yo ak nan sèvis yo pandan y ap fè louwanj pou Bondye (Sòm 68:11 ; 1 Pyè 3:1-6). Si kongregasyon an kenbe sa l genyen, tankou doktrin ak konduit ki pwòp epi li bay sèvis Wayòm nan valè, Kris ap vini ak bonjan benediksyon, li pap vini ak pinisyon.

Zanj Sad la

8. a) Ki kote Sad te ye, epi bay kèk detay nou gen sou li ? b) Poukisa kongregasyon Sad te bezwen èd ?

8 Kongregasyon Sad te bezwen èd prese prese paske li te mouri espirityèlman (li Revelasyon 3:1-6). Sad te o sid Tiyati, e te gen anviwon 50 kilomèt ki te separe yo. Se te yon vil ki te gen anpil aktivite. Komès, tè ki te bay rannman, rad an lenn ak kapèt an lenn yo te pwodui, tout sa te kontribye pou fè l vin yon vil ki rich. Vil sa a te gen anviwon 50 000 moun ki te abite ladan l. Selon sa istoryen Jozèf di, Sad te gen yon gwo kominote juif nan premye syèk anvan epòk nou an. Nan mitan debri vil sa a yo jwenn yon sinagòg ak yon tanp Atemis, yon deyès efezyen.

9. Ki sa k ta dwe fèt si sèvis nou se ta pou lafòm n ap fè l ?

9 Kris te di zanj ki nan kongregasyon Sad la konsa : “ Mwen konnen sa w fè. Mwen konnen ou pote non moun ki vivan, men ou mouri. ” Ki sa k t ap pase si nou ta gen repitasyon moun ki je klè espirityèlman alòske n ap kabicha pou sa ki gen rapò ak privilèj nou antanke kretyen, epi sèvis nou se pou lafòm n ap fè l e li “ prèt pou mouri ” espirityèlman ? Nan ka sa a, nou bezwen ‘ kontinye sonje ki jan nou te resevwa mesaj Wayòm nan e ki jan nou te tande l’, e nou dwe ranmase kouraj nou nan sèvis sakre a. San mank, nou ta dwe kòmanse patisipe toutbon nan reyinyon yo ak tout kè nou (Ebre 10:24, 25). Kris te avèti kongregasyon Sad konsa : “ M ap vini tankou yon vòlè, amwenske w reveye w, e ou pap konnen ditou a ki lè m ap vin sou ou. ” Èske avètisman sa yo itil pou jodi a ? Talè konsa nou pral gen kont pou nou rann.

10. Menm nan yon sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon Sad la, ki sa ki ta kapab vrè pou anpil kretyen ?

10 Menm nan yon sitiyasyon ki sanble ak sa k t ap pase nan Sad la, te ka gen kèk moun ki ‘ pa sal rad sou yo e ki kapab mache avèk Kris avèk rad blan sou yo, paske yo diy ’. Yo kenbe idantite yo antanke kretyen, yo rete pwòp, san yo pa gen salte moral oswa salte relijye ki nan monn sa a (Jak 1:27). Donk, ‘ pa gen anyen ki pou fè Jezi efase non yo nan liv lavi a, men l ap rekonèt yo devan Papa l ak devan zanj yo. ’ Etandone yo deklare yo diy pou mache avèk Kris, klas madan marye l la, wen yo, pral abiye ak yon len fen ki klere, ki pwòp ki senbolize aksyon dwat sen Bondye yo fè (Revelasyon 19:8). Bèl privilèj sèvis k ap tann yo nan syèl la ankouraje yo venk monn sa a. Gen benediksyon tou k ap tann moun ki espere viv pou toutan sou tè a. Non yo ekri tou nan liv lavi a.

11. Ki sa nou ta dwe fè si n ap kabicha espirityèlman ?

11 Pa gen okenn nan nou ki ta renmen nan eta espirityèl tris kongregasyon Sad te ye a. Men, ki sa nou dwe fè si nou ta dekouvri n ap kabicha espirityèlman ? Nou dwe aji rapid pou byen nou. Sipozon nou atire nan yon wout ki pa ann akò ak volonte Bondye oswa n ap neglije reyinyon nou oswa predikasyon nou. Annou chèche èd Jewova nan priyè nou fè ak tout kè nou (Filipyen 4:6, 7, 13). Lekti Labib chak jou ak etid Ekriti yo ak piblikasyon “ entandan fidèl la ” ap ede nou rete veyatif nan domèn espirityèl (Lik 12:42-44). Lè sa a, n ap menm jan ak moun Sad yo Kris te dakò avèk yo a, e n ap yon ankourajman pou lòt kretyen yo.

Zanj Filadèlfi a

12. Kòman w ta dekri sitiyasyon relijye ki te gen nan Filadèlfi nan tan lontan an ?

12 Jezi te felisite kongregasyon Filadèlfi (li Revelasyon 3:7-13). Filadèlfi (li rele Alacheyi jodi a) se te sant yon rejyon rantab ki te konn bay diven nan lwès Azi Minè. Anfèt, dye ki t ap domine zòn sa a se te Dyonisiyis, dye diven an. Aparamman, Juif nan Filadèlfi yo t ap eseye konvenk kretyen juif ki te nan zòn sa a pou yo kenbe kèk pratik nan Lalwa Moyiz la oswa pou yo retounen ladan yo, men yo pa t reyisi.

13. Kòman Kris te itilize “ kle David la ” ?

13 Kris “ gen kle David la ”, e konsa, yo konfye l tout enterè Wayòm nan ak administrasyon mezon lafwa a (Izayi 22:22 ; Lik 1:32). Jezi te sèvi ak kle sa a pou l ouvri posiblite ak privilèj ki gen rapò ak Wayòm nan pou kretyen nan Filadèlfi ak nan lòt kote ankò. Depi 1919, li mete devan “ entandan fidèl la ” “ yon gwo pòt ” okenn opozan pa kapab fèmen, ki mennen nan predikasyon Wayòm nan (1 Korentyen 16:9 ; Kolosyen 4:2-4). Se sèten, pòt ki mennen nan privilèj ki gen rapò ak Wayòm nan te fèmen pou moun ki fè pati “ sinagòg Satan an ”, paske yo pa Izrayelit espirityèl.

14. a) Ki pwomès Jezi te fè kongregasyon Filadèlfi ? b) Ki jan nou ka evite febli diran “ lè eprèv la ” ?

14 Jezi te fè kretyen Filadèlfi yo pwomès sa a : “ Piske nou te kenbe pawòl konsènan andirans mwen an, m ap pwoteje nou tou nan lè eprèv la ki gen pou vini sou tout kò tè a kote moun abite. ” Predikasyon mande pou n gen kalite andirans Jezi te montre a. Li pa t janm lage bay ènmi yo, men li te kenbe djanm nan fè volonte Papa l. Se sa ki fè, Kris te resisite pou lavi imòtèl nan syèl la. Si nou kenbe fèm nan desizyon nou pou nou adore Jewova e si nou soutni Wayòm nan lè nou preche bon nouvèl la, sa ap anpeche nou febli diran peryòd eprèv la, sa vle di nan “ lè eprèv la ”. N ap ‘ kontinye kenbe sa Kris ban nou an fèm ’ lè nou lite pou nou ogmante enterè Wayòm nan. Kòm rezilta, sa ap pèmèt kretyen wen yo resevwa yon kouwòn selès ki pa gen pri e konpayon fidèl kretyen wen yo ap benefisye lavi etènèl sou tè a.

15. Ki sa yo egzije de moun ki pral tounen ‘ pilye nan tanp Bondye a ’ ?

15 Kris te kontinye pou l di : “ Moun ki pote laviktwa a, m ap fè l tounen yon pilye nan tanp Bondye m nan, [...] e m ap ekri non Bondye m nan ak non vil Bondye m nan sou li, nouvèl Jerizalèm nan ki desann sot nan syèl la bò kote Bondye m nan, ansanm ak non tounèf mwen an. ” Siveyan ki wen yo dwe soutni vrè adorasyon an. Yo dwe rete nan plas yo antanke manm “ nouvèl Jerizalèm nan ” lè yo preche Wayòm Bondye a e lè yo rete pwòp espirityèlman. Sa enpòtan si yo ta renmen yo se pilye nan tanp selès glorifye a e si yo gen pou yo pote non vil Bondye a antanke sitwayen selès vil sa a e pou yo pote non Kris kòm madan marye l. Toutbonvre, yo dwe gen zòrèy pou yo “ tande sa lespri a di kongregasyon yo. ”

Zanj Lawodise a

16. Bay kèk detay konsènan Lawodise.

16 Kris te blame kongregasyon Lawodise ki te twò kwè nan tèt li (li Revelasyon 3:14-22). Lawodise se te yon vil ki te twouve l a 150 kilomèt a lès Efèz nan kafou wout prensipal yo ki nan vale rivyè Likis la. Lawodise te gen gwo izin ak gwo bank ki t ap mache trè byen. Rad yo te fè avèk lèn nwa ki te gen nan rejyon sa a te trè koni. Antanke syèj yon gwo lekòl lamedsin, petèt Lawodise te pwodui remèd je yo konnen kòm poud frijyen. Asklepiyis, yon dye lamedsin, se te youn nan prensipal dye vil la. Sanble Lawodise te gen yon bon kantite Juif, e aparamman, kèk ladan yo te gen bon ti kou kòb.

17. Poukisa yo te blame moun Lawodise yo ?

17 Lè Jezi ap adrese l ak kongregasyon Lawodise pa mwayen “ zanj ” li a, li pale avèk otorite antanke “ temwen fidèl e veridik, kòmansman kreyasyon Bondye a ”. (Kolosyen 1:13-16.) Yo te blame moun Lawodise yo paske espirityèlman yo ‘ pa t ni frèt ni cho ’. Piske yo te tyèd, Kris t apral vomi yo sot nan bouch li. Li pa ta dwe difisil pou yo pou yo konprann pwen sa a. Tou pre Yerapolis te gen sous dlo cho, e Kolòs te gen dlo frèt. Sepandan, piske yo te oblije kondui dlo a al Lawodise sou yon bèl distans, sanble li te tyèd lè l rive nan vil la. Pandan l nan wout, yo voye l nan yon gwo kanal. Tou pre Lawodise, li pase nan plizyè dren ki fèt ak wòch yo te kole ansanm.

18, 19. Kòman nou kapab ede kretyen jounen jodi a ki menm jan ak moun Lawodise yo ?

18 Moun jodi a ki sanble ak moun Lawodise yo, yo pa ni ase cho pou yo chofe, ni ase frèt pou yo rafrechi. Menm jan ak yon dlo tyèd, y ap voye yo jete sot anndan bouch ! Jezi pa bezwen yo antanke pòtpawòl li, antanke ‘ anbasadè wen k ap travay nan plas Kris ’. (2 Korentyen 5:20.) Amwenske yo repanti, y ap pèdi privilèj yo antanke pwoklamatè. Moun Lawodise t ap chèche rich sou tè a, e ‘ yo pa t konnen yo nan yon eta mizerab, yo fè moun gen pitye pou yo, yo pòv, yo avèg e yo toutouni. ’ Pou yo ka sot nan eta pòvrete, eta je pete ak eta toutouni espirityèl yo ye a, moun ki menm jan avèk yo jodi a bezwen achte nan men Kris ‘ lò pirifye ’ lafwa ki pase anba eprèv la, “ rad blan ” ki mache ak ladwati, ak “ remèd je ” k ap amelyore vizyon espirityèl yo. Siveyan kretyen yo byen kontan ede moun sa yo pou yo pran konsyans de bezwen espirityèl yo yon fason pou yo retounen vin “ rich nan lafwa ”. (Jak 2:5 ; Matye 5:3.) Pakonsekan, siveyan yo bezwen ede moun sa yo mete “ remèd je ” espirityèl la yon fason pou yo aksepte ansèyman Jezi yo, konsèy li bay, egzanp li, atitid mantal li te genyen e pou yo konfòme vi yo avèk yo. Sa a se yon remèd efikas kont “ dezi lachè, dezi je ak egzibisyon mwayen yon moun genyen pou l viv ”. — 1 Jan 2:15-17.

19 Jezi reprann tout moun li gen afeksyon pou yo e li disipline yo. Siveyan ki anba l yo dwe fè menm bagay la avèk tandrès (Travay 20:28, 29). Moun Lawodise yo te bezwen ‘ zele, e yo te bezwen repanti ’, yo te bezwen fè chanjman nan panse yo ak nan jan y ap viv. Èske gen nan nou ki vin abitye ak yon stil lavi kote nou mete sèvis sakre n ap bay Bondye a nan yon plas ki pa gen gwo enpòtans nan lavi nou ? Si se konsa, annou ‘ achte remèd je nan men Jezi ’ yon fason pou nou ka wè enpòtans pou nou chèche Wayòm nan avèk zèl an premye. — Matye 6:33.

20, 21. Jodi a, kiyès ki reponn kòrèkteman lè Jezi “ frape ”, e ki esperans yo genyen ?

20 Men sa Jezi di : “ Gade ! Mwen kanpe devan pòt la m ap frape. Si yon moun tande vwa m e li ouvri pòt la, m ap antre lakay li e m ap soupe avèk li e l ap soupe avèk mwen. ” Byen souvan, Jezi te konn transmèt enstriksyon espirityèl pandan l ap manje ak lòt moun (Lik 5:29-39 ; 7:36-50 ; 14:1-24). Men kounye a l ap frape pòt kongregasyon yo ki menm jan ak kongregasyon Lawodise. Èske moun ki nan kongregasyon sa yo ap reponn li, èske y ap fè afeksyon yo reviv pou li, èske y ap akeyi l nan mitan yo, èske y ap kite l anseye yo ? Si yo fè sa, Kris ap fè yon festen avèk yo nan enterè espirityèl yo.

21 Nan yon sans senbolik, “ lòt mouton ” yo jounen jodi a envite Jezi rantre lakay yo e yon aksyon konsa ap mennen nan lavi etènèl (Jan 10:16 ; Matye 25:34-40, 46). Chak wen ki pote laviktwa, Kris ap ba yo privilèj pou yo ‘ chita avè l sou twòn li a, menm jan li te pote laviktwa e li te chita ak Papa l sou twòn Li a ’. Wi, wen ki pote laviktwa yo, Jezi pwomèt yo yon rekonpans estrawòdinè, yon twòn ansanm avè l adwat Papa l nan syèl la. Lòt mouton ki pote laviktwa yo ap tann yon plas mayifik sou tè a anba dominasyon Wayòm nan.

Leson pou nou tout

22, 23. a) Ki jan tout kretyen ka tire pwofi nan pawòl Jezi te di sèt kongregasyon yo ? b) Ki sa ki ta dwe detèminasyon nou ?

22 Pa gen dout nan sa, tout kretyen kapab tire anpil pwofi nan pawòl Jezi te di sèt kongregasyon Azi minè yo. Pa egzanp, lè ansyen ki gen lanmou lakay yo remake Kris te bay felisitasyon ki apwopriye, yo santi yo pouse pou yo felisite moun e pou yo felisite kongregasyon k ap mache byen espirityèlman. Kote ki gen feblès, ansyen yo ede konpayon yo pou yo aplike remèd ki nan Bib la. Nou tout, nou kapab kontinye tire pwofi nan diferan aspè ki gen nan konsèy Kris te bay sèt kongregasyon yo, toutotan n ap lapriyè pou nou mete yo an pratik, e n ap fè sa san delè. *

23 Nan dènye jou sa yo, se pa lemoman pou moun satisfè de tèt yo, pou yo lage kò yo nan materyalis, oswa pou yo kite lòt bagay vin lakòz yo bay Bondye yon sèvis pou lafòm. Pakonsekan, se pou tout kongregasyon kontinye briye tankou chandelye Jezi konsève nan plas yo. Antanke kretyen ki fidèl, nou dwe toujou deside pou nou konsantre atansyon nou lè Jezi ap pale epi pou nou koute sa lespri a di. Lè sa a n ap gen yon jwa k ap dire antanke moun k ap pote limyè pou glwa Jewova.

[Nòt anba paj]

^ § 22 Yo analize Revelasyon 2:1–3:22 tou, soti nan chapit 7 rive nan chapit 13 liv La Révélation : le grand dénouement est proche ! la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Kiyès “ madanm sa a, Jezabèl ” te ye, e poukisa medam ki gen atachman pou Bondye yo pa imite l ?

• Ki kondisyon ki te egziste nan kongregasyon Sad, e ki sa nou ka fè pou nou evite vin menm jan ak anpil kretyen ki t ap viv nan zòn sa a ?

• Ki pwomès Jezi te fè kongregasyon Filadèlfi, e kòman pwomès sa yo aplikab pou jodi a ?

• Poukisa yo te blame moun Lawodise yo, men ki espwa ki genyen pou kretyen ki zele yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 14]

Nou dwe evite move chemen ‘ madanm ki rele Jezabèl la ’.

[Foto nan paj 16]

Jezi mete devan disip li yo “ yon gwo pòt ” ki pèmèt yo jwenn privilèj nan Wayòm nan.

[Foto nan paj 18]

Èske w akeyi Jezi, èske w koute l ?