Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kris ap pale ak kongregasyon yo

Kris ap pale ak kongregasyon yo

Kris ap pale ak kongregasyon yo

“ Men sa moun ki kenbe sèt etwal yo nan men dwat li a [...] di. ” — REVELASYON 2:1.

1, 2. Poukisa nou ta dwe enterese nan sa Kris te di sèt kongregasyon ann Azi Minè yo ?

JEZI KRIS, sèl Pitit Jewova fè a, se li menm ki Chèf kongregasyon an. Pou li ka kenbe kongregasyon disip wen li yo san tach, Kris egzèse otorite li nan fason l ap kòmande yo ak nan fason l ap korije yo (Efezyen 5:21-27). Nou jwenn egzanp konsa nan Revelasyon chapit 2 ak chapit 3, nan mesaj ki gen fòs ak lanmou Jezi te voye bay sèt kongregasyon nan Azi Minè.

2 Anvan apot Jan te tande mesaj Jezi te voye bay sèt kongregasyon yo, li te resevwa yon vizyon sou “ jou Seyè a ”. (Revelasyon 1:10.) “ Jou ” sa a te kòmanse lè Wayòm mesyanik la te tabli an 1914. Donk, sa Kris te di kongregasyon yo vin gen yon enpòtans kapital nan dènye jou sa yo. Ankourajman ak konsèy li te bay yo ede nou fè fas ak tan difisil sa yo. — 2 Timote 3:1-5.

3. “ Etwal ” yo, “ zanj ” yo, ak “ chandelye annò ” apot Jan te wè yo, ki sans senbolik yo genyen ?

Jan te gen yon vizyon sou Jezi Kris glorifye ki “ kenbe sèt etwal yo nan men dwat li ” e k ap “ mache nan mitan sèt chandelye annò yo ”, oswa kongregasyon yo. “ Etwal ” yo se “ zanj ki nan sèt kongregasyon yo ”. (Revelasyon 1:20 ; 2:1.) Pafwa, etwal konn senbolize kreyati anjelik espirityèl yo. Men, Kris pa t ap sèvi ak yon imen pou l voye mesaj bay kreyati espirityèl. Donk, lojikman, “ etwal ” sa yo reprezante siveyan wen yo, oswa kolèj ansyen yo. Tèm “ zanj ” lan gen rapò ak wòl yo jwe antanke mesaje. Piske òganizasyon Bondye a etann li, “ entandan fidèl la ” nonmen gason kalifye pami “ lòt mouton ” Jezi yo pou yo sèvi antanke siveyan. — Lik 12:42-44 ; Jan 10:16.

4. Kòman ansyen yo tire pwofi lè yo koute avèk atansyon sa Kris di kongregasyon yo ?

4 “ Etwal ” yo nan men dwat Jezi, sa vle di yo anba pouvwa l, yo sou kontwòl li, yo benefisye favè l ak pwoteksyon l. Donk, yo gen kont pou rann li. Lè ansyen nan epòk nou an suiv konsèy Jezi te bay sèt kongregasyon yo, sa pèmèt yo wè kòman yo kapab jere sitiyasyon ki sanble ak sitiyasyon kongregasyon sa yo. Se sèten, tout kretyen bezwen koute Pitit Bondye a (Mak 9:7). Ebyen, ki sa nou ka aprann lè nou koute avèk atansyon pandan Kris ap pale ak kongregasyon yo ?

Ak zanj Efèz la

5. Ki kalite vil Efèz te ye ?

5 Jezi te felisite kongregasyon Efèz la e l te blame l tou (li Revelasyon 2:1-7). Gwo gwo tanp deyès Atemis la te tabli kò l nan sant komèsyal ak sant relijye ki rich ki te egziste nan pati lwès Azi Minè a. Malgre Efèz te plen ak imoralite, fo relijyon ak maji, Bondye te beni ministè apot Pòl ak lòt moun nan vil sa a. — Travay chapit 19.

6. Nan ki sans kretyen ki fidèl yo jounen jodi a sanble ak kretyen Efèz yo ?

6 Kris te felisite kongregasyon Efèz la lè l te di : “ Mwen konnen sa w fè, mwen konnen travay ou ak andirans ou, ou pa kapab sipòte move moun, ou pase anba eprèv moun ki di yo se apot, e ki pa sa vre, e ou dekouvri yo se mantè. ” Menm jan an tou, jodi a, kongregasyon vrè disip Jezi yo gen repitasyon moun ki fè bon aksyon, ki travay di e ki gen andirans.Yo pa tolere fo frè ki vle fè tèt yo pase pou apot (2 Korentyen 11:13, 26). Menm jan ak Efezyen yo, kretyen fidèl yo jodi a “ pa kapab tolere move moun ”. Pou yo ka konsève pwòpte nan adorasyon Jewova a e pou yo pwoteje kongregasyon an, yo pa frekante aposta ki pa repanti. — Galat 2:4, 5 ; 2 Jan 8-11.

7, 8. Ki gwo pwoblèm ki te egziste nan kongregasyon Efèz la, e kòman nou kapab fè fas ak yon sitiyasyon konsa ?

7 Epoutan, kretyen Efèz yo te gen yon gwo pwoblèm. Jezi te di yo : “ Men sa mwen genyen kont ou : ou kite lanmou w te genyen okòmansman an. ” Manm kongregasyon an te bezwen fè premye amou yo te genyen pou Jewova a reviv (Mak 12:28-30; Efezyen 2:4; 5:1, 2). Nou menm tou, nou dwe veye pou nou pa pèdi premye amou nou te genyen pou Bondye a (3 Jan 3). Men, ki sa nou dwe fè si yon seri bagay tankou anvi gen richès materyèl oswa kouri dèyè plezi ta vin domine lavi nou (1 Timote 4:8 ; 6:9, 10) ? Lè sa a nou ta dwe priye avèk fòs pou nou jwenn èd nan men Bondye pou nou ranplase tandans sa yo avèk yon lanmou pou Jewova ki byen solid e avèk yon rekonesans pou tout sa li menm ak Pitit li a fè pou nou. — 1 Jan 4:10, 16.

8 Kris te ankouraje Efezyen yo konsa : “ Sonje kote w soti pou w tonbe la a, se pou w repanti e se pou w fè aksyon ou te konn fè lontan yo. ” Ki sa ki t ap pase si yo pa t fè sa ? Jezi di : “ Si se pa sa, m ap vin kote w, e m ap retire chandelye w la nan plas li. ” Si tout brebi yo ta pèdi premye amou yo te genyen an, “ chandelye ” a, oswa kongregasyon an pa t ap egziste ankò. Pakonsekan, antanke kretyen ki zele, nou dwe lite pou nou kenbe kongregasyon an klere nan yon sans espirityèl. — Matye 5:14-16.

9. Kòman nou ta dwe konsidere tandans pou fòme sèk ?

9 Erezman pou yo, Efezyen yo te rayi “ aksyon sèk Nikola a ”. Apa sa yo di nan liv Revelasyon an, nou pa fin twò konnen ni orijin, ni ansèyman, ni pratik sèk sa a. Sepandan, piske Jezi te kondane zafè suiv moun nan, menm jan ak kretyen Efèz yo, nou bezwen kontinye rayi tandans pou fòme sèk. — Matye 23:10.

10. Ki avni ki rezève pou moun ki tande sa lespri a di ?

10 Jezi te di : “ Se pou moun ki gen yon zòrèy tande sa lespri a di kongregasyon yo. ” Lè Jezi te sou tè a, li te pale anba pouvwa lespri Bondye (Izayi 61:1 ; Lik 4:16-21). Nou ta dwe koute avèk atansyon sa Bondye di kounye a pa mwayen li menm grasa lespri sen. Anba direksyon lespri a, Jezi te fè pwomès sa a : “ Moun ki pote laviktwa a, m ap pèmèt li manje nan pyebwa lavi a, pyebwa ki nan paradi Bondye a. ” Pou moun ki wen yo, ki tande sa lespri a di, sa siyifi imòtalite nan “ paradi Bondye ” ki nan syèl la, nan prezans Jewova menm. “ Gwo foul ” la, li menm tou ki koute sa lespri a di, pral viv nan paradi sou tè a kote yo pral bwè nan “ yon gwo larivyè dlo lavi ” e yo pral jwenn lasante nan “ fèy pyebwa ” ki arebò rivyè a. — Revelasyon 7:9 ; 22:1, 2 ; Lik 23:43.

11. Kòman nou ta kapab ankouraje lòt moun pou yo gen lanmou pou Jewova ?

11 Efezyen yo te pèdi premye amou yo. Men, ki sa nou dwe fè si yon sitiyasyon konsa ap devlope nan yon kongregasyon jodi a ? Annou chak ankouraje lòt moun gen lanmou pou Jewova lè nou pale sou fason li aji avèk amou. Nou kapab di jan nou rekonesan pou lanmou Bondye montre lè li ban nou ranson an pa mwayen Pitit li a li renmen anpil la (Jan 3:16 ; Women 5:8). Lè sa posib, nou kapab pale de lanmou Bondye nan kòmantè nou ak nan patisipasyon nou genyen nan reyinyon yo. Nou ka montre lanmou nou genyen pèsonèlman pou Jewova lè nou louwe non li nan ministè nou (Sòm 145:10-13). Vrèman, pawòl nou ak aksyon nou ka jwe yon gwo wòl pou reveye oswa fòtifye premye amou kongregasyon an.

Ak zanj Smin nan

12. Ki sa listwa rapòte sou Smin ak sou pratik relijye ki te genyen nan zòn sa a ?

12 Kris, “ ‘ Premye ak Dènye a ’, li menm ki te mouri e ki retounen viv ankò ” pa mwayen rezirèksyon an, te felisite kongregasyon Smin (li Revelasyon 2:8-11). Yo te bati Smin ( jodi a Izmi nan peyi Tiki ) nan kot lwès Azi Minè. Grèk yo te okipe vil la, men Lidyen yo te detwi l nan zòn 580 yo anvan epòk nou an. Dirijan ki te vin apre Aleksann Legran yo te rekonstwi Smin nan yon lòt anplasman. Li te vin tounen yon pati nan pwovens Wòm ki ann Azi a, e se te yon sant komèsyal ki t ap byen mache e ki te selèb akoz bèl bilding piblik li te genyen. Tanp li a yo dedye bay Tibè Seza a te fè vil sa a tounen sant adorasyon anperè a. Adoratè yo te dwe boule yon pense lansan epi yo te dwe di : “ Seza se Seyè ”. Kretyen yo pa ta ka fè sa paske pou yo menm, ‘ Se Jezi ki Seyè ’. Poutèt sa, yo te soufri anba tribilasyon. — Women 10:9.

13. Malgre kretyen Smin yo te pòv materyèlman, nan ki sans yo te rich ?

13 Apa tribilasyon, kretyen Smin yo te andire pòvrete, petèt yo te soufri anba sanksyon ekonomik paske yo pa t antre nan adorasyon anperè a. Sèvitè Jewova jounen jodi a pa epaye anba menm pèsekisyon sa yo (Revelasyon 13:16, 17). Moun ki menm jan ak kretyen Smin yo, menmsi yo pòv materyèlman, yo rich espirityèlman, e se sa ki vrèman enpòtan ! — Pwovèb 10:22 ; 3 Jan 2.

14, 15. Ki rekonfò moun ki wen yo kapab jwenn nan Revelasyon 2:10 ?

14 Majorite Juif nan Smin se te “ yon sinagòg Satan ” paske yo te kenbe nan tradisyon ki pa gen rapò ak Ekriti yo, yo te rejte Pitit Bondye a, e yo te blasfeme disip li yo ki wen ak lespri (Women 2:28, 29). Men, ala konsolasyon moun ki wen yo kapab jwenn nan pawòl Kris di annapre yo ! Li di : “ Ou pa bezwen pè bagay ki pral fè w soufri yo. Gade ! Dyab la pral kontinye voye kèk nan nou nan prizon, pou nou ka jwenn yon eprèv total e pou nou ka jwenn tribilasyon pandan dis jou. Se pou w montre w fidèl menm devan lanmò, e m ap ba ou kouwòn lavi a. ” — Revelasyon 2: 10.

15 Jezi pa t pè mouri pou soutni souvrènte Jewova (Filipyen 2:5-8). Malgre kounye a, Satan ap fè rès wen yo lagè, yo pa pè bagay yo dwe soufri antanke gwoup, tankou : tribilasyon, prizon oswa lanmò vyolan (Revelasyon 12:17). Yo pral venk monn nan. E olye pou se yon kouwòn flè ki ka fennen ki tankou kouwòn moun ki genyen nan jwèt payen yo te konn mete, Kris pwomèt wen resisite yo “ kouwòn lavi a ” antanke kreyati imòtèl nan syèl la. Ala yon kado ki pa gen pri !

16. Si nou nan yon kongregasyon ki sanble ak kongregasyon ki te nan Smin nan, sou ki kesyon nou ta dwe konsantre atansyon nou ?

16 Kit esperans nou selès oswa terès, ki sa nou dwe fè si nou ta nan yon kongregasyon ki sanble ak kongregasyon ki te nan Smin nan ? Ebyen se pou nou ede konpayon nou yo pou yo konsantre yo sou prensipal rezon ki fè Bondye pèmèt pèsekisyon : kesyon souvrènte inivèsèl la. Tout Temwen Jewova ki kenbe entegrite yo, yo bay prèv Satan se yon mantè e yo demontre menm yon imen ki jwenn pèsekisyon kapab defann tennfas dwa Bondye genyen pou l dirije antanke Souvren inivèsèl (Pwovèb 27:11). Annou ankouraje lòt kretyen yo pou yo andire pèsekisyon, e kòm rezilta y ap toujou gen ‘ privilèj pou yo bay [Jewova] yon sèvis sakre san yo pa pè, avèk fidelite ak ladwati devan li tout vi yo ’ e pou tout tan. — Lik 1:68, 69, 74, 75.

Ak zanj Pègam nan

17, 18. Pègam se te yon sant pou ki kalite adorasyon, e ki sa ki ta ka rive moun ki refize patisipe nan idolatri konsa ?

17 Kongregasyon Pègam te resevwa felisitasyon e li te resevwa koreksyon tou (li Revelasyon 2:12-17). Pègam te o nò Smin, e te gen anviwon 80 kilomèt ki te separe yo. Vil la te chaje ak relijyon payen. Sanble astwològ kaldeyen yo te kouri kite Babilòn vin Pègam. Tanp yon fo dye gerizon ak lamedsin yo te rele Asklepiyis te gen gwo renome nan Pègam. Moun malad te konn vin ladan l pa bann e pa pakèt. Yo te rele Pègam ak tanp li a ki konsakre nan adorasyon Seza Ogis la, “ sant prensipal adorasyon anperè a nan moman anpi a te fèk kòmanse ”. — Encyclopædia Britannica, 1959, volim 17, paj 507.

18 Nan Pègam te gen yon otèl yo te dedye bay Zes. Vil la se te yon baz kote Dyab la t ap pouse moun adore moun parèy yo. Li pa etonan pou yo di kongregasyon ki te la a te abite kote “ twòn Satan ” an te ye a ! Refize adore anperè a ta ka koz lanmò yon moun k ap soutni souvrènte Jewova. Monn nan toujou anba pouvwa Dyab la, e moun toujou ap adore anblèm nasyonal yo (1 Jan 5:19). Depi nan premye syèk la rive jodi a, yo matirize anpil kretyen fidèl, menm jan ak moun sa a Kris te pale de li lè l te di: “ Antipas, temwen mwen an, yon moun fidèl, li menm yo te touye bò kote nou ”. Se sèten Jewova Dye ak Jezi Kris pa bliye sèvitè fidèl konsa. — 1 Jan 5:21.

19. Ki sa Balaram te fè, e kont ki sa tout kretyen dwe sou pinga yo ?

19 Kris te pale tou de “ ansèyman Balaram nan ”. Etandone li te afre dèyè avantaj materyèl, fo pwofèt Balaram te eseye modi Izrayèl. Lè Bondye vire malediksyon l lan fè l tounen benediksyon, Balaram te mete ak Balak wa mowabit la e avèk riz, li te rale anpil Izrayelit nan idolatri ak imoralite seksyèl. Ansyen yo bezwen fèm pou sa ki dwat menm jan ak Fineyas, ki te aji kont manèv Balaram yo (Nonb 22:1–25:15 ; 2 Pyè 2:15, 16 ; Jid 11). Anfèt, tout kretyen dwe sou pinga yo fas ak idolatri ak imoralite seksyèl ki kapab fofile antre anndan kongregasyon an. — Jid 3, 4.

20. Si yon kretyen ta kòmanse ap nouri panse aposta nan lespri l, ki sa li ta dwe fè ?

20 Kongregasyon Pègam te gen gwo malè pandye sou tèt li paske li te tolere nan mitan l “ moun ki kenbe ansèyman sèk Nikola a fèm ”. Kris te di kongregasyon an : “ Repanti. Si se pa sa, m ap vin sou ou byen vit, e m ap fè lagè avèk yo ak epe byen long ki nan bouch mwen an. ” Zafè sèk la soti pou bay kretyen yo pwoblèm nan domèn espirityèl, e moun ki deside ankouraje divizyon ak sèk pap eritye Wayòm Bondye a (Women 16:17, 18 ; 1 Korentyen 1:10 ; Galat 5:19-21). Si yon kretyen ta kòmanse ap nouri panse aposta nan lespri l e si li ta gen entansyon gaye panse sa yo, li ta dwe kite Kris ba l yon avètisman ! Pou l sove tèt li anba dezas, li ta dwe repanti e li ta dwe chèche èd espirityèl nan men ansyen nan kongregasyon an (Jak 5:13-18). Li trèzenpòtan pou yon moun aji san pèdi tan, paske Jezi ap vini vit pou l egzekite jijman an.

21, 22. Kiyès ki patisipe nan “ màn kache a ”, e ki sa sa senbolize ?

21 Kretyen wen ki fidèl yo ansanm ak konpayon yo ki fidèl ak yo pa bezwen pè jijman k ap vini an. Benediksyon ap tann tout moun ki koute konsèy Jezi bay pa mwayen lespri sen Bondye. Pa egzanp, wen yo ki venk monn nan pral jwenn envitasyon pou yo manje enpe nan “ màn kache a ” e yo pral ba yo “ yon ti wòch blan ” ki gen “ yon nouvo non ”.

22 Bondye te bay màn pou soutni Izrayelit yo diran 40 ane yo te pase ap monte desann nan dezè a. Yo te konsève enpe nan “ pen ” sa a nan yon ja annò anndan lach alyans lan epi yo te kache l nan Trè Sen an ki nan tabènak la, kote, grasa yon mirak, te gen yon limyè ki te senbolize prezans Jewova (Egzòd 16:14, 15, 23, 26, 33 ; 26:34 ; Ebre 9:3, 4). Pèsonn moun pa t gen dwa manje màn kache sa a. Sepandan, lè disip wen Jezi yo resisite, yo vin gen imòtalite, e se sa manje yo manje “ màn kache a ” senbolize. — 1 Korentyen 15:53-57.

23. Ki sa “ ti wòch blan ” an ak “ non nouvo ” a siyifi ?

23 Nan tribinal women yo, yon ti wòch nwa te vle di kondanasyon, lè se youn ki blan, sa te vle di liberasyon. Lè Jezi bay kretyen wen ki pote laviktwa yo “ yon ti wòch blan ”, sa lese konprann li konsidere yo inosan, yo sen e yo pwòp. Piske Women yo te konn sèvi tou ak ti wòch kòm tikè pou patisipe nan evènman enpòtan, ti wòch blan an kapab vle di moun ki wen yo ap jwenn yon plas nan syèl la nan maryaj Timouton an (Revelasyon 19:7-9). Pa gen dout, “ non nouvo ” a siyifi privilèj pou yo vin ini avèk Jezi antanke eritye ansanm avè l nan Wayòm syèl la. Tout sa pa manke pa ankouraje wen yo ansanm ak konpayon yo ki nan sèvis Jewova a e ki espere viv nan yon paradi sou tè a !

24. Ki pozisyon nou ta dwe pran anrapò ak apostazi ?

24 Li saj pou nou sonje aposta yo te mete kongregasyon Pègam nan andanje. Si gen yon sitiyasyon konsa k ap menase sante espirityèl kongregasyon kote nou ye a, se pou nou rejte apostazi konplètman e se pou nou kontinye mache nan laverite (Jan 8:32, 44 ; 3 Jan 4). Piske fo anseyan oswa lòt moun ki gen panchan pou apostazi kapab kòwonp tout yon kongregasyon, nou dwe kenbe yon pozisyon fèm kont apostazi e nou pap janm pèmèt rezònman mechan anpeche nou obeyi laverite. — Galat 5:7-12 ; 2 Jan 8-11.

25. Mesaj Kris voye bay ki kongregasyon yo pral diskite nan atik ki vin apre a ?

25 Jan nou sot wè l la a, pawòl felisitasyon ak konsèy Jezi Kris glorifye te bay twa nan sèt kongregasyon nan Azi Minè a pouse nou reflechi anpil anpil. Sepandan, etandone lespri sen ap gide Jezi, li gen anpil bagay pou l di kat kongregasyon ki rete yo tou. Mesaj sa yo, ki pou kongregasyon Tiyati, Sad, Filadèlfi ak Lawodise, yo pral diskite yo nan atik ki vin apre a.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou ta dwe koute avèk atansyon sa Kris di kongregasyon yo ?

• Ki èd nou kapab bay pou nou fè premye amou yon kongregasyon reviv ?

• Poukisa yo te kapab di kretyen nan Smin ki te pòv materyèlman yo yo te rich vrèman ?

• Lè nou reflechi sou sitiyasyon ki te gen nan kongregasyon Pègam nan, kòman nou ta dwe konsidere panse aposta yo ?

[Kesyon]

[Kat jeyografik nan paj 8]

(Gade peryodik la)

LAGRÈS

AZI MINÈ

Efèz

Smin

Pègam

Tiyati

Sad

Filadèlfi

Lawodise

[Foto nan paj 10]

“ Gwo foul ” la pral viv nan paradi sou tè a.

[Foto nan paj 11]

Kretyen yo pèsekite yo venk monn nan.