Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble ”

“ Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble ”

“ Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble ”

“ Nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble. [...] Jewova ap avèk nou. ” — 2 KWONIK 20:17.

1. Ki efè teworis fè sou moun yo, e poukisa krent yo a nòmal ?

TEWORIS ! Depi yon moun tande mo a sèlman kè l kase. Li santi l pa an sekirite, li santi l san sekou. Mo sa a reveye lakay ou yon seri santiman ki melanje ansanm tankou panik, tristès ak kòlè. Se yon mo ki dekri sa anpil moun krenn ki pral toumante limanite nan ane k ap vini yo. Piske gen kèk peyi depi plizyè dizèn lane k ap konbat teworis sou tout fòm li, e yo pa jwenn gwo rezilta, sa bay plis rezon toujou pou moun pè.

2. Ki pwennvi Temwen Jewova yo sou pwoblèm teworis la, e ki kesyon sa soulve ?

2 Malgre tou, gen bonjan rezon pou moun espere. Temwen Jewova yo, ki aktif nan travay predikasyon an nan 234 peyi ak tèritwa sou tè a, yo menm yo pa gen dout bagay yo ap chanje an byen. Olye pou yo ta krenn pou teworis pa janm elimine, yo gen konfyans sa pral fini talè konsa. Èske li reyalis pou yon moun pataje pwennvi yo a ? Kiyès k ap reyisi debarase lemonn anba flewo sa a, e ki jan sa ap rive fèt ? Piske nou tout, petèt, nou sibi vyolans sou yon fòm kèlkonk, li ta bon pou nou egzamine sou ki sa etadespri optimis yo a chita.

3. Ki sitiyasyon ki egziste ki lakòz moun pè, e ki sa ki predi pou epòk pa nou an ?

3 Jodi a, moun yo pè, y ap tranble pou anpil rezon. Reflechi sou kantite moun ki pa kapab pran swen tèt yo ankò paske yo granmoun anpil, oswa moun k ap depafini anba maladi ki pa gen tretman, oubyen fanmi k ap bat dlo pou fè bè pou yo jwenn nesesite lavi a. Reflechi sou lavi a li menm, jan nou pa ka fye l. Kit se nan yon aksidan, kit se nan yon dezas, lanmò sibit sanble yon malè pandye ki tou pare pou disparèt tout sa ki chè pou nou. Laperèz ak enkyetid sa yo, met sou kantite konfli pèsonalite ak lòt desepsyon ankò fè tan n ap viv la koresponn egzakteman ak sa apot Pòl te dekri a. Li di : “ Aprann sa, nan dènye jou yo, pral gen tan ki di e ki difisil pou moun sipòte. Paske lèzòm ap zanmi pwòp tèt pa yo, [...] san afeksyon natirèl, san lespri antant, medizan, san metriz, fewòs, san lanmou pou sa ki byen. ” — 2 Timote 3:1-3.

4. Ki kote pozitif ki genyen nan tablo tris nou jwenn nan 2 Timote 3:1-3 ?

4 Byenke vèsè sa a bay yon tablo ki tris, men li bay espwa tou. Ou remake tan difisil yo dwe egziste “ nan dènye jou ” sistèm de choz sa a, sistèm mechan Satan an. Sa vle di soulajman an toupre, e talè konsa, dominasyon Wayòm pafè Bondye a, Wayòm Jezi te anseye disip li yo pou yo priye pou li a, pral ranplase monn mechan sa a (Matye 6:9, 10). Wayòm sa a se gouvènman selès Bondye a. Pwofèt Danyèl di li “ pap janm tonbe ”, okontrè, “ li pral krabinen tout wayòm [lèzòm] sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” — Danyèl 2:44.

Netralite kretyen yo dozado ak teworis

5. Tou dènyèman la a, ki sa nasyon yo te fè pou fè fas ak menas teworis la ?

5 Nan espas plizyè dizèn ane, teworis deja touye plizyè milye moun. Men, lemonnantye vin pran konsyans plis toujou de danje sa a apre atak ki te fèt Nouyòk ak Wachintonn jou 11 septanm 2001 an. Piske teworis la pran yon gwo dimansyon e li toupatou, nasyon tout kote sou tè a met tèt yo ansanm pou yo konbat li. Pa egzanp, selon nouvèl laprès bay, jou ki te 4 desanm 2001 an, “ minis ki soti nan 55 peyi ann Ewòp, ann Amerik di Nò ak ann Azi santral, yo tout te adopte yon plan ” ki t ap pèmèt yo byen dirije efò yo. Te gen yon gwo fonksyonè ameriken ki te fè elòj pou aksyon sa a kòmkwa li bay efò pou kontrekare teworis la “ plis jarèt toujou ”. Menm kote a, plizyè santèn milyon moun vin bay patisipasyon yo nan sa jounal The New York Times rele “ kòmansman yon batay istorik ”. N ap gad pou n wè ki siksè tout efò sa yo ap pote. Sepandan, lagè kont vye zak teworis yo fè anpil moun santi yo pè e y ap viv nan kè sote. Men se pa menm bagay pou moun ki mete konfyans yo nan Jewova.

6. a) Poukisa anpil moun twouve pafwa li difisil pou yo aksepte pozisyon net Temwen Jewova yo pran an ? b) Anrapò ak aktivite politik, se ki egzanp Jezi te kite pou disip li yo ?

6 Temwen Jewova yo gen repitasyon moun ki net nan domèn politik. Byenke pifò moun kapab dispoze aksepte pozisyon yo a nan tan lapè, men yo vin mwen toleran lè gen yon sikonstans estrawòdinè ki prezante. Souvan, laperèz ak dout ki gen nan peryòd lagè reveye gwo santiman nasyonalis. Sa ka fè li difisil pou kèk moun konprann poukisa yon moun pa vle sipòte mouvman nasyonal popilè yo. Toutfwa, vrè kretyen yo konnen yo dwe obeyi kòmandman Jezi te bay pou “ nou pa fè pati monn nan ”. (Jan 15:19 ; 17:14-16 ; 18:36 ; Jak 4:4.) Sa egzije pou yo rete net nan zafè politik ak nan zafè sosyal monn nan. Jezi li menm te trase yon bèl egzanp. Lè w konsidere sajès pafè ak kapasite san parèy li te genyen, li te ka fè anpil bagay pou amelyore sitiyasyon lèzòm nan epòk li a. Poutan, li te refize patisipe nan politik. Nan kòmansman ministè li, li te rejte ak tout fòs pwopozisyon Satan te fè l pou l domine sou tout wayòm nan monn nan. Annapre, avèk detèminasyon li te rale kò l lè pèp la te vle pran l pou ba li yon pòs politik. — Matye 4:8-10 ; Jan 6:14, 15.

7, 8. a) Ki sa pozisyon net Temwen Jewova yo pa vle di, e poukisa ? b) Ki jan Women 13:1, 2 ekate tout patisipasyon nan aktivite vyolan kont gouvènman yo ?

7 Pozisyon net Temwen Jewova yo pa vle di poutèt sa yo dakò ak zak vyolans k ap fèt oswa yo fèmen je sou yo. Si yo ta fè sa, yo t ap kontredi sa yo pretann yo ye a, sèvitè “ Bondye lanmou an, Bondye lapè a ”. (2 Korentyen 13:11.) Yo konnen ki sa Jewova panse de vyolans. Men sa salmis la te ekri : “ Jewova li menm egzamine ni moun ki dwat ni moun ki mechan, e kèlkeswa moun ki renmen vyolans, nanm Li rayi l vrèman. ” ​(Sòm 11:5). Yo okouran tou de sa Jezi te di apot Pyè a : “ Mete epe w nan plas li, paske tout moun ki pran epe ap peri anba epe. ” — Matye 26:52.

8 Byenke listwa montre aklè fo kretyen yo konn pran “ epe ” souvan, men Temwen Jewova yo pa fè sa. Yo pa nan okenn aktivite konsa. Yo obeyi lòd Women 13:1, 2 a fidèlman. Men sa vèsè sa yo di : “ Se pou tout nanm soumèt anba otorite siperyè yo, paske pa gen otorite esepte si Bondye bay. Otorite ki egziste yo se Bondye ki mete yo nan pozisyon yo youn pa rapò ak lòt. Se sa k fè moun ki leve kanpe kont otorite leve kanpe kont dispozisyon Bondye. Moun ki leve kanpe kont li pral resevwa yon jijman pou yo menm. ”

9. Ki de fason Temwen Jewova yo ap konbat teworis ?

9 Sepandan, piske teworis la tèlman pa bon, èske Temwen Jewova yo pa ta ka fè kèk bagay pou konbat li ? Wi yo ta kapab, e yo fè sa. Premyèman, yo pa pran pa nan okenn aktivite konsa. Dezyèmman, yo anseye moun prensip kretyen ki pèmèt moun ki suiv prensip sa yo elimine tout kalite vyolans lakay yo *. Ane pase, Temwen yo pase 1 202 381 302 èdtan ap ede moun aprann viv kòm kretyen. Se pa t yon tan pèdi, paske kòm rezilta travay sa a, 265 469 moun te batize pou vin Temwen Jewova. Konsa, moun sa yo montre piblikman yo rejte vyolans a tout fòs.

10. Ki espwa ki genyen pou vyolans rive efase nan monn n ap viv jodi a ?

10 Anplis de sa, Temwen Jewova yo rekonèt yo menm pou kont yo, yo pa kapab delivre monn nan anba sa ki mal. Se pou sa yo met tout konfyans yo nan sèl moun ki kapab la, Jewova Dye (Sòm 83:18). Malgre efò sensè lèzòm ap fè, yo pa kapab kaba vyolans. Yon ekriven biblik enspire avèti nou konsènan epòk nou an, “ dènye jou yo ”. Li di : “ Mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye gen pou vin pi mal plis toujou, y ap egare moun e yo menm pou kò yo yo egare. ” ​(2 Timote 3:1, 13). Lè nou konsidere sa Labib di a, posiblite pou lèzòm rive genyen batay kont lemal la pa an favè yo. Yon lòt bò, se sou Jewova nou konte pou li retire vyolans nèt nèt e pou tout tan. — Sòm 37:1, 2, 9-11 ; Pwovèb 24:19, 20 ; Izayi 60:18.

Nou pa pè devan atak ki pre rive a

11. Ki etap Jewova deja franchi pou l elimine vyolans ?

11 Piske Bondye lapè a rayi vyolans, nou ka konprann poukisa li pran inisyativ pou l detwi rasin ki lakòz vyolans lan, Satan Ledyab. Anfèt, Li deja imilye Satan lè li fè l sibi yon defèt nan men akanj Mikayèl, Kris Jezi, Wa Bondye te fèk mete sou twòn nan. Men jan Labib pale de sa : “ Lagè pete nan syèl la : Mikayèl ak zanj li yo batay ak dragon an, e dragon an mete ak zanj li yo pou yo batay, men li pa t pote laviktwa, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. Donk, yo pimpe gwo dragon an desann, sèpan ki te la o kòmansman an, li menm yo rele Dyab la oswa Satan an, li menm k ap twonpe tout latè ki abite. Yo pimpe l desann sou tè a, e yo pimpe zanj li yo desann ansanm avèk li. ” — Revelasyon 12:7-9.

12, 13. a) Poukisa ane 1914 la remakab ? b) Ki sa pwofesi Ezekyèl la predi konsènan moun k ap soutni Wayòm Bondye a ?

12 Kwonoloji Bib la ak evènman k ap pase nan monn nan tonbe dakò pou endike ane 1914 kòm ane lagè sa a te fèt nan syèl la. Depi lè sa a, kondisyon monn nan ap vin pi mal chak jou pi plis. Revelasyon 12:12 esplike poukisa. Li di : “ Se poutèt sa, nou menm syèl, e nou menm ki abite nan syèl, nou mèt rejwi ! Malè pou latè ak lanmè paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gran firè, piske li konnen peryòd tan li rete a kout. ”

13 Nou ka konprann sa, kòlè Dyab la dirije tou dwat prensipalman sou adoratè wen Bondye yo ak konpayon yo, “ lòt mouton yo ” ​(Jan 10:16 ; Revelasyon 12:17). Opozisyon sa a pral rive nan bout li lè Dyab la pral lanse yon gwo atak kont tout moun k ap soutni Wayòm Bondye tabli a e ki plase konfyans yo nan li. L ap met tout zam li deyò nan atak sa a, atak Ezekyèl chapit 38 pale de li kòm atak “ Gòg ki sot nan peyi Magòg ” la.

14. Ki pwoteksyon Temwen Jewova yo te benefisye nan tan ki pase yo, e èske sa ap toujou fèt konsa ?

14 Apre yo fin met Satan deyò nan syèl la, pèp Bondye a konn jwenn pwoteksyon kont atak Satan grasa efò kèk eleman politik, jan Revelasyon 12:15, 16 dekri sa nan yon langaj senbolik. Fwa sa a, nan dènye atak Satan an, Labib fè konnen se pa yon òganizasyon lèzòm k ap vin pran defans moun ki met konfyans yo nan Jewova. Èske sa ta dwe fè kretyen yo pè oswa fè yo tranble ? Now, pa ditou !

15, 16. a) Ki jan pawòl asirans Jewova te di pèp li a nan epòk Yewochafat la bay kretyen jodi a rezon pou yo rete optimis ? b) Ki modèl Yewochafat ak tout pèp la kite pou sèvitè Bondye k ap viv jodi a ?

15 Bondye ap soutni pèp li a san mank, menm jan li te fè sa pou nasyon l lan nan epòk wa Yewochafat. Nou li : “ Tout Jida ak tout moun ki abite Jerizalèm ansanm ak wa Yewochafat, koute ! Men sa Jewova di nou : ‘ Nou pa bezwen pè, ni nou pa bezwen tranble poutèt gwo foul sa a, paske batay la se pa batay pa nou, men se batay Bondye li ye. [...]. Nou pap bezwen batay nan okazyon sa a. Pran pozisyon nou, rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou. O Jida ak Jerizalèm, nou pa bezwen pè ni nou pa bezwen tranble. Demen, mache kontre yo, epi Jewova ap avèk nou. ’ ” — 2 Kwonik 20:15-17.

16 Yo te asire pèp Jida a li pa t ap bezwen goumen. Menm jan an, lè Gòg Magòg pral atake sèvitè Bondye yo, yo pap pran zam pou defann tèt yo. Okontrè, y ap ‘ rete trankil e y ap gade ki jan Jewova ap sove yo ’. Natirèlman, rete trankil pa vle di pap fè anyen menm, menm jan pèp Bondye nan epòk Yewochafat la pa t rete inaktif nèt. Men sa nou li : “ Lè sa a, Yewochafat pwostène fas anba e tout Jida ansanm ak tout moun k ap viv Jerizalèm, yo menm tou yo tonbe devan Jewova pou yo rann Jewova omaj. [...] Anplis de sa, li [Yewochafat] fè yon brase lide ak pèp la e li mete chantè pou Jewova ak moun ki gen abiman sakre sou yo k ap bay louwanj pandan y ap mache devan mesye ki gen zam yo, e yo t ap di : ‘ Annou bay Jewova louwanj, paske bonte nan kè li la pou tan endefini. ’ ” ​(2 Kwonik 20:18-21). Wi, menm devan atak ènmi yo, pèp la te kontinye ap louwe Jewova. Sa tou trase modèl pou Temwen Jewova yo suiv lè Gòg lanse atak li a kont yo.

17, 18. a) Ki atitid pozitif Temwen Jewova k ap viv jodi a genyen anrapò ak atak Gòg la ? b) Ki rapèl yo te fè jèn yo dènyèman ?

17 Jiska atak Gòg la, e menm apre atak la kòmanse, Temwen Jewova yo ap kontinye soutni Wayòm Bondye a. Y ap kontinye jwenn fòs ak pwoteksyon lè yo rete kole avèk plis pase 94 600 kongregasyon ki sou tout tè a (Izayi 26:20). Ala yon bon moman pou louwe Jewova ak kouraj ! Pandan y ap tann atak Gòg la ki vanse rive a, yo pap fè bak dèske yo pè. Non, okontrè, sa ankouraje yo pou yo ogmante sakrifis louwanj yo otan yo kapab. — Sòm 146:2.

18 Gen plizyè milye jèn nan lemonnantye ki demontre atitid pozitif sa a yon bèl fason lè yo pran sèvis a plen tan. Pou fè wè tout valè sa genyen pou moun chwazi yon lavi konsa, yon feyè ki rele Jeunes gens — Qu’allez-vous faire de votre vie ? te parèt nan asanble distri 2002 a. Tout kretyen yo, ni jèn ni granmoun, yo rekonesan pou rapèl sa yo ki byen tonbe. — Sòm 119:14, 24, 99, 119, 129, 146.

19, 20. a) Poukisa kretyen yo pa gen rezon pou yo ni pè ni tranble ? b) Ki sa atik ki vin apre a pral fè ?

19 Malgre jan sitiyasyon an ye nan monn nan, kretyen yo pa bezwen pè ni yo pa bezwen tranble. Yo konnen talè konsa Wayòm Jewova a pral elimine vyolans sou tout fòm yon fwa pou tout. Yo jwenn konsolasyon tou paske yo konnen moun ki pèdi vi yo akoz vyolans pral rejwenn li ankò pa mwayen rezirèksyon. Pandan rezirèksyon an ap bay yon kantite moun premye okazyon pou yo aprann konnen Jewova, l ap bay lòt moun posiblite pou yo kontinye sèvi Jewova. — Travay 24:15.

20 Antanke vrè kretyen, nou konnen nou bezwen kenbe netralite nou e nou detèmine pou nou fè sa. Nou vle kenbe fèm bèl pèspektiv nou genyen pou nou “ rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou ”. Atik ki vin apre a pral fòtifye lafwa nou, piske li pral fè nou pran konsyans yon seri evènman nan epòk nou an k ap pote plis limyè tikras pa tikras sou akonplisman pwofesi ki nan Bib la.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Pou w jwenn egzanp moun ki abandone vyolans nan vi yo pou yo ka vin Temwen Jewova, gade nan Réveillez-vous ! 22 mas 1990, paj 21 ; 8 out 1991, paj 18 ; ak La Tour de Garde 1ye janvye 1996, paj 5 ; 1ye out 1998, paj 5.

Ki jan nou ta esplike sa ?

• Ki sa k fè anpil moun pesimis konsa jodi a ?

• Poukisa Temwen Jewova yo optimis konsènan lavni ?

• Ki sa Jewova deja fè konsènan rasin tout vyolans ?

• Poukisa pa gen okenn rezon pou nou pè atak Gòg la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 20]

Jezi trase yon bèl egzanp netralite pou kretyen.

[Foto nan paj 23]

Plizyè milye jèn Temwen pran sèvis a plen tan ak kè kontan.

[Liy kredi pou foto nan paj 19]

UN PHOTO 186226/M. Grafman