Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou !

Rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou !

Rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou !

“ Pran pozisyon nou, rete trankil, epi gade ki jan Jewova ap sove nou. ” — 2 KWONIK 20:17.

1, 2. Poukisa atak “ Gòg ki soti nan peyi Magòg ” la, atak ki tou pre rive a, ap gen pi gwo konsekans pase menas teworis entènasyonal la ?

TEWORIS ! Anpil moun pale de li kòm yon atak kont kominote mondyal la, pou n pa di kont sivilizasyon an menm. Se nòmal pou yon moun pran yon tèl menas oserye. Men yon lòt bò, gen yon lòt atak k ap gen pi gwo konsekans pase teworis. Epoutan, monn nan pa menm sousye l de sa menm. Se ki atak sa a ?

2 Se atak “ Gòg ki sot nan peyi Magòg ” la. Bib la pale de atak sa a nan Ezekyèl chapit 38. Èske nou egzajere lè nou di atak sa a ap gen pi gwo konsekans pase menas entènasyonal teworis la reprezante a ? Pa ditou, paske atak Gòg la ap plis pase yon atak kont gouvènman imen yo. Se yon atak kont gouvènman selès Bondye a ! Sepandan, Kreyatè a pa menm avèk lèzòm ki petèt jwenn yon ti siksè tou piti nan debat y ap debat kont atak ki fèt sou sistèm yo a. Kreyatè a li menm, san okenn pwoblèm, kapab okipe l de atak Gòg la, k ap yon atak ki pi vyolan toujou.

Yon atak kont Gouvènman Bondye a

3. Ki sa yo envite dirijan imen yo pou yo fè depi 1914, e ki jan yo reyaji ?

3 Batay ant Wa Bondye met dirije kounye a ak sistèm mechan Satan an kòmanse depi lè Wayòm Bondye a tabli nan syèl la an 1914. Nan moman sa a, dirijan imen yo te jwenn avètisman pou yo soumèt yo anba dirijan Bondye chwazi a. Men, yo refize fè sa, jan sa te deja predi : “ Wa latè yo pran pozisyon yo, gwo chèf yo yo menm mete tèt yo ansanm pou fè yon sèl kont Jewova e kont wen li a, yo di : ‘ Ann kase lànyè yo mare nou yo, ann voye kòd yo mare nou yo jete lwen nou ! ’ ” ​(Sòm 2:1-3). Reziste y ap reziste ak Wayòm nan k ap gouvène a pral rive aklè nan dènye limit li pandan atak Gòg Magòg la.

4, 5. Piske gouvènman Bondye a envizib e se nan syèl la li ye, ki jan lèzòm ka fè rive goumen kont li ?

4 Petèt n ap mande ki jan lèzòm ka fè ap goumen kont yon gouvènman selès ki envizib. Labib revele nou yo fòme gouvènman sa a ak “ san karannkat mil moun yo te achte sou tè a ”, mete avèk “ Timouton ” an, Kris Jezi (Revelasyon 14:1, 3 ; Jan 1:29). Yo pale de nouvo gouvènman sa a ki nan syèl la kòm yon “ syèl tounèf ” e moun sou tè a li pral dirije yo, y ap rele yo yon “ tè tounèf ”. (Izayi 65:17 ; 2 Pyè 3:13.) Pifò nan 144 000 dirijan adjwen Kris yo deja konplete kous terès yo avèk fidelite. Konsa, yo pwouve yo diy pou yo andose nouvo responsablite y ap genyen nan syèl la.

5 Toutfwa, gen yon ti rès nan 144 000 la ki toujou sou tè a. Pami plis pase 15 000 000 moun ki te asiste selebrasyon Soupe Seyè a pou ane 2002 a, se sèlman 8760 ladan yo ki te demontre esperans yo pou responsablite selès sa a yo te chwazi yo a. Nenpòt moun ki oze atake rès moun ki gen pou fè pati Wayòm nan, an reyalite, se Wayòm Bondye a l atake. — Revelasyon 12:17.

Wa a ap fin konplete viktwa l la

6. Ki jan Jewova ak Kris konsidere opoze yo opoze ak pèp Jewova Dye a ?

6 Men jan yo te predi reyaksyon Jewova lè li wè yo opoze ak Wayòm li tabli a : “ Sila a menm ki chita nan syèl la pral pran ri. Jewova li menm pral pase yo nan rizib. Nan epòk sa a l ap pale ak yo pandan l ankòlè e se pandan l fache anpil l ap twouble yo, antan l ap di : ‘ Se mwen menm menm ki mete wa pa m nan chita sou Siyon, montay sakre mwen an. ’ ” ​(Sòm 2:4-6). Lè a rive kounye a pou Kris, anba direksyon Jewova, “ fin konplete viktwa l ”. (Revelasyon 6:2.) Men, ki jan Jewova konsidere opoze yo opoze ak pèp li a pandan viktwa final la ? Jewova konsidere se kòmsi se ak li menm ansanm ak Wa k ap gouvène li chwazi a yo opoze. Men sa l di : “ Moun ki touche nou, se gla je mwen li touche. ” ​(Zekarya 2:8). Ak konviksyon, Jezi te deklare li konsidere sa yon moun fè pou frè wen li yo se pou li moun nan fè l, men, sa yon moun pa fè pou yo tou, se pou li moun nan pa fè l. — Matye 25:40, 45.

7. Pou ki rezon moun ki fè pati “ gwo foul ” Revelasyon 7:9 pale a ap sibi kòlè Gòg ?

7 Sètènman, moun ki aktif pou soutni rès wen yo, yo menm tou, yo pral sibi kòlè Gòg. Moun sa yo ki pral fè pati “ tè tounèf ” Bondye a se ‘ yon gwo foul ki soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ’. (Revelasyon 7:9.) Yo di yo “ kanpe devan twòn nan e devan Timouton an, abiye ak wòb blan ”. Donk, ni Bondye ni Kris Jezi apwouve pozisyon yo ye a. ‘ Yo gen branch palmye nan men yo ’, y ap salye Jewova kòm Souvren lejitim linivè a, k ap egzèse dominasyon l pa mwayen Wa li mete sou twòn nan, Jezi Kris, “ Timouton Bondye ” a. — Jan 1:29, 36.

8. Ki sa atak Gòg la pral pouse Kris fè, e ki rezilta sa ap bay ?

8 Atak Gòg la pral pouse Wa Bondye met sou twòn nan aji e l ap pouse l fè lagè Amagedòn nan (Revelasyon 16:14, 16). Moun ki te refize rekonèt souvrènte Jewova pral detwi. Men, moun ki t ap sibi tribilasyon paske yo te fidèl ak Wayòm Bondye a pral jwenn soulajman pou toutan. Nan sans sa a, men sa apot Pòl te ekri : “ Sa se yon prèv jijman Bondye a jis, ki fè yo vin jije nou merite wayòm Bondye a, wayòm n ap soufri vrèman pou li a. Sa ki konte nan ka sa a, sèke li jis nan je Bondye pou l fè moun ki t ap fè nou pase anba tribilasyon yo sibi tribilasyon tou, men, nou menm k ap sibi tribilasyon, n ap jwenn soulajman avèk nou nan moman revelasyon Seyè Jezi nan syèl la avèk zanj pisan li yo nan yon gwo flanm dife, pou l fè vanjans lan vini sou moun ki pa konnen Bondye e sou moun ki pa obeyi bon nouvèl konsènan Jezi, Seyè nou an. ”— 2 Tesalonisyen 1:5-8.

9, 10. a) Ki jan Jewova te bay Jida laviktwa devan yon gwo ènmi ? b) Ki sa kretyen jodi a dwe kontinye fè ?

9 Pandan gwo tribilasyon k ap vini an, k ap debouche sou Amagedòn nan, Kris pral fè lagè kont tout sa ki mal. Men, disip li yo pap bezwen goumen, menm jan sa pa t nesesè pou abitan de tribi Wayòm Jida yo, sa gen plis pase 2 900 ane. Batay la se batay Jewova li ye, e l ap ranpòte laviktwa. Men sa nou li nan Bib la : “ Jewova te mete moun ann anbiskad kont pitit Amòn yo ak pa Mowab yo ak pa moun rejyon mòn Seyi yo ki t ap vin nan Jida, epi youn te pran batay ak lòt. E pitit Amòn ak pitit Mowab yo te leve kanpe kont moun rejyon mòn Seyi yo pou detwi yo e pou disparèt yo, epi imedyatman yo te fini ak moun Seyi yo, yo chak te ede lòt touye konpayèl li. Men kanta Jida, li rive nan toudegad la ki nan dezè a. Lè yo vire tèt yo nan direksyon foul la, ebyen, men yo la, kadav yo blayi atè, san pèsonn pa chape. ” — 2 Kwonik 20:22-24.

10 Se te egzakteman jan Jewova te predi l la : “ Nou pap bezwen batay. ” ​(2 Kwonik 20:17). Sa a tou trase modèl pou kretyen yo suiv lè Jezi Kris avanse pou l “ fin konplete viktwa l ”. Pandan tan sa a, y ap kontinye konbat lemal, pa avèk zam chanèl, men avèk zam espirityèl. Konsa, y “ ap kontinye venk lemal avèk lebyen ”. — Women 6:13 ; 12:17-21 ; 13:12 ; 2 Korentyen 10:3-5.

Kiyès k ap alatèt atak Gòg la ?

11. a) Ak ki gwoup moun Gòg pral sèvi pou mennen atak li yo ? b) Ki sa rete vijilan espirityèlman vle di ?

11 Gòg ki soti nan peyi Magòg la se Satan Ledyab nan pozisyon rabese li ye depi 1914 la. Piske li se yon kreyati espirityèl, li pa kapab mennen atak li yo dirèkteman, men l ap sèvi avèk yon seri gwoup moun pou l mennen aksyon l yo. Gwoup moun sa yo, se kiyès y ap ye ? Labib pa ban nou detay, men li ban nou kèk enfòmasyon ki ka ede nou idantifye kiyès y ap ye. Pandan evènman nan monn nan ap pran plas yo nan akonplisman pwofesi Labib yo, n ap vin gen, tikras pa tikras, yon imaj k ap vin pi klè. Pèp Jewova a ap evite fè devinèt, men yo rete vijilan nan domèn espirityèl, yo byen okouran de evènman politik ak evènman relijye ki tonbe daplon ak akonplisman pwofesi Labib yo.

12, 13. Ki jan pwofèt Danyèl predi dènye atak ki pral fèt kont pèp Bondye a ?

12 Pwofèt Danyèl bay plis limyè toujou sou dènye atak kont pèp Bondye a. Li ekri : “ Li [wa nò a] ap soti ak gwo kòlè pou l kraze brize e pou l kondane anpil moun pou yo detwi. E l ap plante tant palè li yo ant gwo lanmè a ak montay sakre Dekorasyon an. ” — Danyèl 11:44, 45.

13 Nan epòk Bib la t ap ekri, “ gwo lanmè a ” se te lanmè Mediterane, e “ montay sakre ” a se te Siyon. Se de li menm Jewova t ap pale, lè l di : “ Se mwen menm menm ki mete wa pa m nan chita sou Siyon, montay sakre mwen an. ” ​(Sòm 2:6 ; Jozye 1:4). Donk, nan yon sans espirityèl, tè ki “ ant gwo lanmè a ak montay sakre ” a reprezante domèn aktivite espirityèl kretyen wen yo, yon domèn k ap kontinye etann li. Yo pa asosye yo ankò ak lanmè moun ki lwen Bondye yo, e y ap tann avèk enpasyans pou yo dirije avèk Kris Jezi nan Wayòm selès la. Nan akonplisman pwofesi Danyèl la, li klè se sèvitè wen Bondye yo ansanm ak konpayon fidèl yo, ki fòme gwo foul moun nan wa nò a pral vize lè l ap lanse atak sovaj li a. — Izayi 57:20 ; Ebre 12:22 ; Revelasyon 14:1.

Ki jan sèvitè Bondye yo pral reyaji ?

14. Ki twa bagay pèp Bondye a ap fè lè yo atake l ?

14 Yon fwa yo anba atak, ki sa sèvitè Bondye yo sipoze fè ? La ankò, reyaksyon nasyon Bondye a nan epòk Yewochafat la trase modèl la. Remake sitwayen yo te resevwa lòd pou yo fè twa bagay : 1) pran pozisyon yo, 2) rete trankil, epi 3) gade ki jan Jewova ap sove yo. Ki jan pèp Bondye a pral aji ann amoni ak pawòl sa yo ? — 2 Kwonik 20:17.

15. Pran pozisyon yo, ki sa sa vle di pou pèp Jewova a ?

15 Pran pozisyon yo : Sèvitè Bondye yo ap kontinye kenbe pozisyon yo yon fason fèm, sa vle di y ap kontinye rete aktif pou yo soutni Wayòm Bondye a. Y ap kontinye kenbe pozisyon net yo a antanke kretyen. Y ap ‘ fèm, san yo pa brannen ’ nan sèvis fidèl y ap bay Jewova a e y ap kontinye louwe Jewova piblikman pou bonte nan kè li (1 Korentyen 15:58 ; Sòm 118:28, 29). Ni presyon kounye a ni sa k ap vini pa ka sekwe yo nan pozisyon moun Bondye apwouve yo ye a.

16. Sou ki rapò sèvitè Jewova yo dwe rete trankil ?

16 Rete trankil : Sèvitè Jewova yo pap eseye sove tèt yo yo menm, men y ap mete konfyans yo nan Jewova je fèmen. Se li menm sèl ki kapab sove sèvitè li yo anba konfizyon monn sa a, e li pwomèt l ap fè sa (Izayi 43:10, 11 ; 54:15 ; Lamantasyon 3:26). Mete konfyans nan Jewova pral vle di tou mete konfyans nan mwayen ki vizib l ap sèvi aklè jodi a depi plis pase santan pou akonpli pwogram li yo. Plis pase nenpòt ki lè, jodi a vrè kretyen yo bezwen mete konfyans yo nan adoratè parèy yo Jewova ak Wa li a k ap dirije a otorize pou pran latèt. Gason ki fidèl sa yo se yo ki pral dirije pèp Bondye a. Inyore direksyon yo bay kapab mennen nan dezas. — Matye 24:45-47 ; Ebre 13:7, 17.

17. Poukisa sèvitè Jewova ki fidèl yo pral kapab gade ki jan Jewova ap sove yo ?

17 Gade ki jan Jewova ap sove nou : Sove se pral rekonpans tout moun ki te kenbe pozisyon entegrite yo e ki te gen konfyans nan Jewova pou delivre yo. Jiskaske moman final la rive, wi, toutotan yo kapab, y ap kontinye anonse jou jijman Jewova a. Tout kreyasyon an dwe rekonèt se Jewova ki vrè Dye a e li gen sèvitè fidèl sou tè a. Pap janm bezwen gen yon kontestasyon pwolonje konsènan souvrènte lejitim Jewova ankò. — Ezekyèl 33:33 ; 36:23.

18, 19. a) Ki jan chan laviktwa ki nan Egzòd chapit 15 lan montre santiman moun k ap chape anba atak Gòg la ? b) Ki sa ki apwopriye pou sèvitè Bondye yo fè kounye a ?

18 Sèvitè Bondye yo pral antre nan monn nouvo a ak yon fòs tounèf, y ap swaf pou yo chante yon chan laviktwa, menm jan ak Izrayelit nan tan lontan yo apre delivrans yo nan lanmè Wouj la. Kit se yo chak apa, kit se an gwoup, yo pral demontre yon rekonesans etènèl pou pwoteksyon Jewova ba yo, etan y ap repete pawòl sa yo yo te deja di sa fè lontan : “ M ap chante pou Jewova, paske li vin elve byen wo. [...] Jewova se yon gèrye. Non l se Jewova. [...] Men dwat ou, o Jewova, ka kraze yon ènmi pakanpak. E nan abondans siperyorite w la, ou ka kraze moun ki leve kont ou. Ou voye dife kòlè w la, li devore yo tankou pay. [...] Ou menm, nan bonte nan kè w, ou kondui pèp la ou ramne a. Wi, nan fòs ou, w ap kondui yo san mank nan zòn sakre ou rete a. [...] W ap mennen yo e w ap plante yo nan montay eritaj ou a, nan zòn fiks ou prepare pou w abite a, o Jewova. Se yon sangtyè, o Jewova, ou tabli avèk men w. Jewova pral dirije kòm wa pou tan endefini, wi, pou toutan. ” — Egzòd 15:1-19.

19 Kounye a, posiblite pou moun gen vi etènèl la pi klè pase nenpòt ki lè anvan sa. Donk, se yon moman ki vrèman apwopriye pou sèvitè Bondye yo demontre atachman yo genyen pou Jewova e pou yo renouvle detèminasyon yo pou sèvi l kòm Wa etènèl yo. — 1 Kwonik 29:11-13.

Èske w ka esplike ?

• Poukisa Gòg pral dirije atak li a kont kretyen wen yo ak lòt mouton yo ?

• Ki jan sèvitè Bondye yo pral pran pozisyon yo ?

• Rete trankil : sa sa vle di ?

• Ki jan sèvitè Jewova Dye yo pral gade jan l ap sove yo ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Jewova te bay Yewochafat ansanm ak pèp li a laviktwa san yo pa t bezwen batay.

[Foto nan paj 27]

Wen yo ak lòt mouton yo ap kolabore pou soutni souvrènte Jewova.

[Foto nan paj 29]

Menm jan ak Izrayelit nan tan lontan yo, talè konsa, sèvitè Bondye yo pral chante yon chan laviktwa.