Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Bondye se lanmou ”

“ Bondye se lanmou ”

“ Bondye se lanmou ”

“ Yon moun ki pa gen lanmou pa rive konn Bondye, paske Bondye se lanmou. ” — 1 JAN 4:8.

1-3. a) Ki sa Bib la di sou lanmou, yon kalite ki nan Jewova, e nan ki sans sa l di a se yon bagay ki espesyal ? b) Poukisa Bib la di : “ Bondye se lanmou ? ”

TOUT kalite Jewova yo san parèy, yo pa gen okenn fay e yo atiran. Men, pami yo tout, se lanmou ki pi atiran. Pa gen anyen ankò ki ka atire nou sou Jewova avèk fòs konsa tankou lanmou. Erezman, lanmou se prensipal kalite Jewova. Ki jan nou fè konn sa ?

2 Gen yon bagay Bib la di sou lanmou, li pa di l sou okenn lòt kalite Jewova yo. Bib la pa di Bondye se pisans oswa li se jistis oswa menm li se sajès. Li posede kalite sa yo, e se nan li menm yo toule twa soti. Toutfwa, konsènan lanmou, Bib la di yon bagay ki pi pwofon. Nan 1 Jan 4:8, li di : “ Bondye se lanmou. ” Wi, Jewova plen ak lanmou, se lanmou menm li ye. An gwo, nou ta ka wè bagay yo konsa : pisans Jewova ba l kapasite pou l aji, jistis li ak sajès li gide l nan fason l ap aji. Men se lanmou Jewova ki pouse l aji. E nou toujou wè lanmou l nan fason li sèvi ak lòt kalite l yo.

3 Byen souvan, yo di Jewova se lanmou anpèsòn. Se pou rezon sa a, si nou vle aprann konnen sa k rele renmen, nou dwe aprann konnen Jewova. Kidonk, annou egzamine kèk aspè nan lanmou Jewova, yon lanmou ki pa gen parèy.

Pi gwo jès lanmou an

4, 5. a) Ki pi gwo demonstrasyon lanmou nou jwenn nan tout listwa ? b) Poukisa nou ka di Jewova Dye ak Pitit li a ini ak chenn lanmou ki pi solid ki te janm egziste a ?

4 Jewova demontre lanmou yon pakèt fason, men gen youn ladan yo ki depase tout lòt yo. Ki sa l ye ? Se voye l te voye Pitit li a pou l soufri pou nou e pou l mouri pou nou. Nou ka di san ezite se pi gwo demonstrasyon lanmou nan tout listwa. Poukisa nou ka di sa ?

5 Bib la rele Jezi “ premye nan tout kreyasyon ” an (Kolosyen 1:15). Fè yon ti reflechi : Pitit Jewova a te egziste anvan linivè fizik la. Nan ka sa a, konbyen tan Papa a ak Pitit la te fè ansanm ? Gen kèk syantifik ki estime linivè a gen 13 milya lane. Sepandan, menmsi estimasyon sa a kòrèk, li twò piti pou l reprezante dire lavi premye Pitit Jewova a ! Ki sa l t ap fè pandan tout tan sa yo ? Pitit la t ap sèvi ak kè kontan kòm “ ouvriye abil ” Papa l (Pwovèb 8:30 ; Jan 1:3). Jewova ak Pitit Gason l lan te travay ansanm pou fè tout lòt bagay egziste. Nou pa bezwen mande si yo te pase kèk bon moman nan kè kontan ! Kiyès pami nou ki ka vrèman pretann li konprann pisans yon lyen ki la depi tout tan sa a ? Sa klè, Jewova Dye ak Pitit li a ini pa mwayen pi gwo lyen ki te janm egziste a.

6. Lè Jezi t ap batize, ki jan Jewova te fè moun konnen santiman l genyen pou Pitit li a ?

6 Sepandan, Jewova voye Pitit li a sou tè a pou l fèt tankou yon tibebe. Sa siyifi, pandan kèk dizèn lane, Jewova te oblije pèdi asosyasyon entim li te genyen nan syèl la avèk Pitit li a li renmen an. Se avèk anpil atansyon Li te ret nan syèl la ap obsève Jezi ki t ap grandi antanke moun pafè. Lè Jezi vin gen 30 an, li batize. Se nan okazyon sa a, Papa a te pale pèsonèlman etan l nan syèl la. Men sa l te di : “ Sa a se Pitit mwen m renmen anpil la, mwen apwouve l. ” (Matye 3:17). Sa dwe te rejwi kè Papa a anpil pou l wè jan Jezi te reyalize fidèlman tout sa k te pwofetize sou li yo, e li te fè tout sa yo te mande l pou l fè ! — Jan 5:36 ; 17:4.

7, 8. a) Ki sa Jezi te oblije andire jou ki te 14 Nizan 33 nan epòk nou an, e ki jan sa te afekte Papa l ? b) Poukisa Jewova te pèmèt Pitit li a soufri, e li te pèmèt li mouri ?

7 Men, ki jan Jewova te santi l jou ki te 14 Nizan 33 nan epòk nou an, lè yo te trayi Jezi, e lè yon foul moun ankòlè te arete l ? Ki jan l te santi l lè yo t ap pase Jezi nan rizib, lè yo t ap krache sou li, e yo t ap ba l kout pwen ? Ki jan l te santi l lè yo t ap filange do Jezi ak kout fwèt ? Ki jan Jewova te santi l lè yo te kloure men Jezi ak pye l sou yon poto, e yo te kite l pann konsa, etan yo t ap meprize l ? Ki santiman Papa a te genyen pandan Pitit li a li renmen an t ap rele l osekou nan transpò lanmò ? Ki jan Jewova te santi l lè Jezi te rann dènye souf li, e lè pou premye fwa depi kòmansman kreyasyon an, Pitit li cheri anpil la te sispann egziste ? — Matye 26:14-16, 46, 47, 56, 59, 67 ; 27:26, 38-44, 46 ; Jan 19:1.

8 Piske Jewova gen santiman, doulè l dwe te santi akoz lanmò Pitit li a se yon bagay nou pa ka fin esplike. Sa nou ka esplike, se sa k te pouse l pèmèt sa rive. Poukisa Papa a te aksepte pran yon soufrans konsa ? Nan Jan 3:16, Jewova revele nou yon bagay estrawòdinè. Se yon vèsè ki tèlman enpòtan, gen moun ki rele l ti Levanjil. Men sa l di : “ Bondye tèlman renmen lemonn, li bay sèl Pitit li fè a, poutèt pou nenpòt moun ki mete lafwa nan li pa detwi, men pou l gen lavi etènèl. ” Donk, se lanmou ki te motive Bondye. Nou pa janm wè moun demontre lanmou nan fason sa a.

Fason Jewova ban nou asirans li renmen nou

9. Ki sa Satan ta renmen fè nou kwè konsènan pwennvi Jewova sou nou, men, ki asirans Jewova ban nou ?

9 Toutfwa, gen yon gwo kesyon pou n poze : Èske Bondye renmen nou chak pèsonèlman ? Gen moun ki ka dakò Bondye renmen limanite an jeneral, tankou Jan 3:16 di sa. Men ofon, yo panse : ‘ Mwen menm, Bondye pa t ap janm ka renmen m pèsonèlman. ’ An reyalite, se Satan Ledyab ki chofe pou fè nou kwè Jewova pa ni renmen nou, ni ban nou valè. Yon lòt bò, kèlkeswa jan nou ta panse moun pa ka renmen nou oswa nou pa vo anyen, Jewova ban nou asirans sa a : chak sèvitè fidèl li yo gen valè pou li.

10, 11. Ki jan egzanp Jezi te pran sou kit yo montre nou gen valè nan je Jewova ?

10 Pa egzanp, reflechi sou pawòl Jezi te di nan Matye 10:29-31. Jezi t ap bay yon egzanp, pou l montre jan disip li yo gen valè. Men sa l te di : “ Èske yo pa vann de kit pou yon penich ki prèske pa gen valè ? Epoutan, pa gen youn nan yo k ap sot tonbe atè san Papa nou pa konn sa. Men, ata branch cheve nan tèt nou li konte. Se sa k fè, nou pa bezwen pè : nou vo plis pase anpil kit. ” Reflechi sou sans pawòl sa yo te genyen pou moun ki t ap koute Jezi nan premye syèk la !

11 Nan epòk Jezi te sou tè a, zwazo ki te pi bon mache yo te konn vann pou moun manje se te kit. Pou yon ti penich ki prèske pa gen valè, yon moun te ka achte de kit. Men, annapre, Jezi te di, selon Lik 12:6, 7, si yon moun te gen de penich, se pa kat kit sèlman li t ap ka achte, men li t ap ka achte senk. Yo te bay zwazo anplis la kòm degi, kòmsi li pa t gen valè ditou. Petèt, nan je lèzòm, zwazo sa yo pa t gen valè, men, ki jan Kreyatè a te wè yo ? Jezi di : “ Nanpwen youn ladan yo [menm sa yo bay kòm degi a] Bondye bliye. ” Petèt, kounye a nou kòmanse konprann sa Jezi te vle di. Piske Jewova bay yon senp kit tout valè sa a, yon moun dwe gen plis valè nan je l lontan pase sa ! Tankou Jezi te di sa, Jewova konnen tout ti detay sou nou. Anfèt, li konte menm branch cheve ki nan tèt nou !

12. Poukisa nou mèt sèten Jezi pa t egzajere lè l te di yo ka kontwole kantite cheve ki nan tèt nou ?

12 Gen moun ki ka sipoze Jezi te egzajere nan egzanp sa a. Men, annou reflechi sou kesyon rezirèksyon an. Fòk Jewova konnen nou fen e byen pou l ka kreye nou ankò ! Li tèlman ban nou valè, li sonje tout detay nou gen nan nou, san wete kòd jenetik konplike nou an, ansanm ak tout sa nou te konnen ak tout eksperyans nou te fè. Si nou t ap fè konparezon, kontwole kantite cheve ki nan tèt yon moun, (an mwayèn, tèt yon moun gen anviwon 100 000 branch cheve) se yon senp ti travay sa ye. Vrèmanvre, nan yon bèl fason, pawòl Jezi yo ban nou asirans Jewova pran swen nou chak pèsonèlman !

13. Ki jan egzanp wa Yewochafat la montre nou Jewova ap chèche sa ki bon lakay nou menmsi nou enpafè ?

13 Bib la revele yon lòt bagay ki ban nou asirans Jewova renmen nou. Se bagay ki bon lakay nou l ap chèche, e se sa l bay valè. Ann pran egzanp wa Yewochafat, ki te yon bon wa. Yon lè, wa a te fè yon sotiz, e yon pwofèt Jewova te di l : “ Se poutèt sa, Jewova an pèsòn gen endiyasyon kont ou. ” Sa bay a panse ! Men, mesaj Jewova a pa t rete la. Li kontinye pou l di : “ Toutfwa, yo jwenn bon bagay nan ou. ” ​(2 Kwonik 19:1-3). Donk, kòlè Jewova, yon kòlè ki jis, pa t anpeche l wè “ bon bagay ” lakay Yewochafat. Èske sa pa rekonfòtan pou nou konnen Bondye nou an ap chèche sa ki bon lakay nou menmsi nou enpafè ?

Yon Bondye ki ‘ tou pare pou l padone ’

14. Lè nou komèt yon peche, ki santiman ki kapab tounen yon pwa lou pou nou, men, ki jan nou ka jwenn padon nan men Jewova ?

14 Lè nou komèt yon peche, dekourajman, lawont ak santiman koupab ki anvayi nou ka fè nou panse nou pap janm diy pou nou sèvi Jewova. Men, pa bliye Jewova ‘ tou pare pou l padone ’. (Sòm 86:5.) Wi, si nou repanti pou peche nou yo e si nou fè bonjan efò pou nou pa rekòmanse ladan yo, nou kapab jwenn padon nan men Jewova. Reflechi sou fason Bib la dekri bèl aspè sa a nan lanmou Jewova.

15. Nan ki distans Jewova mete peche nou yo parapò a nou menm ?

15 Salmis David te itilize yon bèl ekspresyon pou l dekri jan Jewova konn padone. Men sa l di : “ Menm jan kote solèy leve a byen lwen ak kote solèy kouche a, se konsa li wete peche nou yo, li voye yo jete byen lwen nou. ” ​(Se nou menm ki mete mo yo ann italik. Sòm 103:12, Bib la.) Ki distans ki genyen ant kote solèy la leve ak kote l kouche ? Nan yon sans, kote solèy la leve a toujou nan distans ki pi lwen nou ta ka imajine parapò ak kote l kouche a. De pwen sa yo pap janm ka rankontre. Gen yon biblis ki fè konnen ekspresyon sa a siyifi “ pi lwen otank posib, pi lwen nou ta ka imajine ”. Pawòl enspire David yo fè nou konnen lè Jewova padone nou, li mete peche nou yo lwen nou otan nou ka imajine.

16. Lè Jewova padone peche nou, poukisa nou kapab gen asirans li konsidere nou pwòp apre sa ?

16 Èske sa konn rive w ap eseye retire yon tach nan yon rad ki gen yon koulè pal ? Petèt, malgre tout sa w fè, tach la toujou rete vizib. Gade ki jan Jewova dekri kapasite l genyen pou l padone : “ Menm lè peche nou yo ta tankou ekalat, y ap vin blan tankou lanèj. Menm lè yo ta wouj anpil tankou twal kramwazi, y ap vin tankou lèn. ” ​(Izayi 1:18). Mo “ ekalat ” la gen rapò ak yon koulè wouj vif. * “ Kramwazi ” a se te youn nan koulè wouj poup yo te konn sèvi pou kolore. Si se ak pwòp efò pa nou, nou pap janm ka retire tach peche a kite. Epoutan, Jewova ka pran peche ki tankou ekalat ak kramwazi e li ka fè yo vin blan tankou lanèj oswa lèn ki pa kolore. Donk, lè Jewova padone peche nou, nou pa bezwen santi n ap pote tach peche sa yo tout rès vi nou.

17. Nan ki sans Jewova voye peche nou yo jete dèyè do l ?

17 Izkiya te konpoze yon chante rekonesans ki trè touchan apre l te fin chape anba yon maladi mòtèl. Men sa l te di Jewova : “ Ou voye tout peche m yo jete dèyè do w. ” ​(Izayi 38:17). La a, yo dekri Jewova kòmkwa li pran peche yon moun ki te mal aji e ki repanti, e li voye peche sa yo jete dèyè do Li kote Li pap wè yo ankò ni Li pap teni kont de yo ditou ankò. Selon yon ouvraj, yo ka rann ide a konsa : “ Ou fè [peche m] yo vin tankou yo pa t janm egziste. ” Èske sa pa rekonfòtan ?

18. Ki jan pwofèt Mika montre lè Jewova padone nou, Li retire peche nou nèt ?

18 Nan yon pwomès restorasyon, pwofèt Mika te eksprime konviksyon l kote l fè konnen Jewova t ap padone pèp li a ki repanti. Men sa l te di : “ Kiyès ki yon Bondye tankou w, [...] ki konn pase sou peche rès eritaj li a fè ? [...] E w ap voye tout peche yo fè yo jete nan fon lanmè. ” ​(Mika 7:18, 19). Imajine ki siyifikasyon pawòl sa yo te genyen pou moun ki t ap viv nan tan biblik yo. Èske te gen yon ti chans pou yo te rejwenn yon bagay yo te fin lanse “ nan fon lanmè ” ? Kidonk, pawòl Mika yo montre lè Jewova padone nou, li retire peche nou nèt.

“ Konpasyon Bondye nou an, yon konpasyon ki mache ak tandrès ”

19, 20. a) Ki sans vèb ebre ki tradui ekspresyon “ demontre mizerikòd ” oswa “ gen pitye ” a genyen ? b) Ki jan Bib la sèvi ak santiman yon manman genyen pou tibebe l pou l anseye nou sou konpasyon Jewova genyen ?

19 Konpasyon se yon lòt aspè nan lanmou Jewova. Ki sa konpasyon an ye ? Nan Bib la, gen yon rapò sere sere ant konpasyon ak mizerikòd. Plizyè mo ebre ak mo grèk bay sans konpasyon an. Pa egzanp, byen souvan, vèb ebre raham nan tradui ekspresyon “ demontre mizerikòd ”, oswa “ gen pitye ”. Mo ebre sa a Jewova aplike pou li menm nan, gen rapò ak mo ki siyifi “ matris ” la, e yo ka dekri l kòm “ konpasyon yon manman ” genyen.

20 Bib la sèvi ak santiman yon manman genyen pou tibebe l pou l anseye nou sou konpasyon Jewova. Izayi 49:15 di : “ Èske yon dam ka bliye tibebe li, pou l pa gen konpasyon [raham] pou pitit ki sot nan zantray li? Wi, yo ka bliye, men mwen pap bliye w. ” ​(The Amplified Bible). Li difisil pou nou imajine yon manman ki nouris pou l ta bliye nouri tibebe l, pou l ta bliye pran swen l. An reyalite, tibebe a san defans. Lajounen kou lannuit, li bezwen pou manman l pran ka l. Sepandan, malerezman, nou konn tande manman ki neglije pitit yo, espesyalman nan ‘ tan di ’ sa yo n ap viv la a (2 Timote 3:1, 3). Jewova li menm li deklare : “ Mwen pap bliye w ! ” Konpasyon Jewova genyen pou sèvitè l yo, yon konpasyon ki mache ak tandrès, pi fò lontan pase santiman natirèl ki gen plis tandrès nou ka imajine, anpalan de santiman yon manman gen pou pitit li.

21, 22. Ki eksperyans Izrayelit yo te fè ann Ejip, e ki jan Jewova te reponn rèl yo ?

21 Ki jan Jewova demontre li gen konpasyon, menm jan ak yon paran ki renmen pitit li ? Nou ka wè kalite sa a nan fason li te konn boule ak nasyon Izrayèl la. Nan fen 16yèm syèk anvan epòk nou an, plizyè milyon Izrayelit te ann esklavaj ann Ejip, kote yo t ap toupizi yo byen toupizi (Egzòd 1:11, 14). Pandan Izrayelit yo te nan detrès, yo kriye nan pye Jewova. Ki jan Bondye ki gen konpasyon an te reponn ?

22 Kè Jewova te touche. Men sa l te di : “ Mwen wè tray pèp mwen an ki ann Ejip, e m tande rèl yo [...] mwen byen konnen doulè y ap sibi yo. ” ​(Egzòd 3:7). Jewova pa t ka wè pèp li a k ap soufri oswa tande yo k ap rele san li menm li pa t santi anyen. Jewova se yon Dye ki konn mete l nan plas moun. Kalite sa a sanble ak konpasyon. Toutfwa, Jewova pa t kontante l gen santiman pou pèp li a. Li te motive pou l aji nan enterè yo. Izayi 63:9 di : “ Nan lanmou l ak nan konpasyon l li menm anpèsòn te rachte yo. ” Avèk “ yon men fò ”, li sove Izrayelit yo fè yo kite Ejip (Detewonòm 4:34). Apre sa, li fè mirak pou ba yo manje e li mennen yo nan yon peyi ki pwodui anpil e ki rele yo chè mèt chè mètrès.

23. a) Ki jan pawòl salmis la ban nou asirans Jewova enterese anpil nan nou chak pèsonèlman ? b) Ki fason Jewova ban nou èd li ?

23 Jewova pa sèlman demontre konpasyon pou pèp li a antanke gwoup. Bondye nou ki gen lanmou an enterese anpil nan nou chak pèsonèlman. Li byen okouran tout ti soufrans n ap andire. Salmis la te di : “ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li nan direksyon moun k ap rele osekou yo. Jewova toupre moun ki santi yo kraze nan kè yo. E moun ki santi yo kraze nan lespri yo, l ap sove yo. ” ​(Sòm 34:15, 18). Ki jan Jewova ede nou chak pèsonèlman ? Li pa oblije retire sa k ap fè nou soufri a. Men li pran yon pakèt dispozisyon pou moun k ap rele l osekou yo. Pawòl li bay konsèy ki itil ki ka ede nou kòrèkteman. Nan kongregasyon an, li ban nou siveyan ki kalifye espirityèlman, e k ap fè efò pou reflete konpasyon l etan y ap ede lòt moun (Jak 5:14, 15). ‘ Tout moun ki mande Jewova lespri sen, l ap ba yo l ’, antanke Sila “ ki konn tande lapriyè ” a (Sòm 65:2 ; Lik 11:13). Tout dispozisyon sa yo demontre “ konpasyon Bondye nou an, yon konpasyon ki mache ak tandrès ”. — Lik 1:78.

24. Ki jan n ap reyaji devan lanmou Jewova ?

24 Èske sa pa estrawòdinè pou nou egzamine lanmou Papa nou ki nan syèl la ? Nan atik anvan an, yo te raple nou ki jan, avèk amou, Jewova demontre pisans li, jistis li ak sajès li pou byen nou. E nan atik sa a, nou sot wè ki jan, nan fason estrawòdinè, Jewova demontre lanmou l dirèkteman pou limanite, e pou nou chak pèsonèlman. Kounye a, nou chak ki la a nou ta dwe mande tèt nou : ‘ Ki jan m ap reyaji devan lanmou Jewova ? ’ Nou swete pou nou fè sa pandan nou renmen l ak tout kè nou, ak tout lespri nou, ak tout nanm nou e ak tout fòs nou (Mak 12:29, 30). Nou swete pou fason n ap viv lavi nou chak jou reflete dezi nou genyen ak tout kè nou pou nou pwoche pi pre Jewova toujou. E nou swete pou Jewova, Bondye lanmou an, pwoche pi pre nou toujou, pou tout letènite ! — Jak 4:8.

[Nòt anba paj]

^ § 16 Gen yon biblis ki fè konnen ekalat la se yon koulè ki “ pap blanchi oubyen ki pap pali. Ni lawouze, ni lapli, ni lave, ni sèvi avè l anpil pa ka retire koulè sa a. ”

Èske nou sonje ?

Ki jan nou fè konnen lanmou se prensipal kalite Jewova ?

Poukisa nou ka di voye Jewova te voye Pitit li a pou l soufri e pou l mouri pou nou an, se pi gran demonstrasyon lanmou ki janm fèt ?

Ki jan Jewova ban nou asirans li renmen nou chak pèsonèlman ?

Ki fason vivan Bib la dekri jan Jewova konn padone ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 26]

“ Bondye [...] bay sèl Pitit li fè a. ”

[Foto nan paj 27]

“ Nou vo plis pase anpil kit. ”

[Liy kredi]

J. Heidecker/VIREO

[Foto nan paj 29]

Santiman yon manman pou tibebe l ka ede nou konprann konpasyon Jewova.