Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Gade ! Men Bondye nou an ”

“ Gade ! Men Bondye nou an ”

“ Gade ! Men Bondye nou an ”

De atik etid sa yo baze sou liv Approchez-vous de Jéhovah a ki te parèt nan kongrè distri yo te fè nan lemonnantye an 2002/2003. — Gade atik “ Li ranpli yon twou vid nan kè m ”, ki parèt nan paj 31 an.

“ Gade ! Men Bondye nou an. Nou met espwa nan li, epi li pral sove nou. Men Jewova. ” — IZAYI 25:9.

1, 2. a) Ki jan Jewova te rele patriyach Abraram, e ki sa sa ta ka fè nou ap mande tèt nou ? b) Ki jan Bib la ban nou asirans li posib pou nou gen yon relasyon sere sere ak Bondye ?

‘ ZANMI mwen. ’ Se fason sa a Jewova, li menm ki kreye syèl la ak tè a, te pale de patriyach Abraram (Izayi 41:8). Èske w imajine sa : yon senp òm fè zanmi ak Souvren Seyè linivè a ! Petèt w ap mande tèt ou : ‘ Èske li posib pou mwen vin pwòch Bondye menm jan an tou ? ’

2 Bib la ban nou asirans li posib pou nou gen yon relasyon sere sere ak Bondye. Abraram te rive gen yon relasyon konsa ak Bondye paske l te “ mete lafwa nan Jewova ”. (Jak 2:23.) Jodi a tou, ‘ entimite Jewova se avèk moun ki dwat ’. (Pwovèb 3:32.) Men ankourajman Bib la ban nou nan Jak 4:8 : “ Pwoche bò kote Bondye e l ap pwoche bò kote nou. ” Pa gen dout nan sa, si nou pran dispozisyon pou nou pwoche bò kote Jewova, li pap ret endiferan. An reyalite, l ap pwoche bò kote nou. Men, èske pawòl enspire sa yo vle di se nou menm pechè, nou menm moun ki gen defo, ki fè premye pa a ? Pa ditou. Rezon ki fè li posib pou nou vin entim avèk Jewova, se sèlman paske Bondye nou an ki renmen nou pran de dispozisyon enpòtan. — Sòm 25:14.

3. Ki de dispozisyon Jewova pran pou l pèmèt nou vin zanmi l ?

3 Toudabò, Jewova pran dispozisyon pou Jezi “ bay nanm li kòm ranson pou anpil moun ”. (Matye 20:28.) Sakrifis ranson sa a fè li vin posib pou nou pwoche bò kote Bondye. Men sa Bib la di : “ Kanta nou menm, nou renmen, paske li te renmen nou an premye. ” (1 Jan 4:19). Wi, piske Bondye “ te renmen nou an premye ”, li poze baz pou nou ka vin zanmi l. Dezyèmman, Jewova fè nou konnen l. Lè n ap fè zanmi, lyen an baze sou konnen nou byen konnen lòt moun nan, sou admirasyon ak respè nou genyen pou pèsonalite li. Reflechi sou sa sa vle di. Si Jewova se te yon Bondye ki t ap kache kiyès li ye, yon Bondye moun pa ka konnen, nou pa t ap janm ka pwoche bò kote l. Okontrè, olye pou Jewova kache kiyès li ye, li vle pou nou rive konnen l (Izayi 45:19). Nan Pawòl li Labib, li itilize mo nou ka konprann pou l revele nou kiyès li ye, e sa a se yon prèv ki montre non sèlman li renmen nou, men tou li vle pou nou konnen l e pou nou renmen l antanke Papa nou ki nan syèl la.

4. Ki sa n ap santi parapò ak Jewova tank n ap vin konnen kalite l yo pi byen ?

4 Èske w janm wè yon timoun piti k ap montre zanmi l yo papa l, epi tou natirèlman, ak kè kontan, li fyè pou l di : “ Men papi m ” ? Adoratè Bondye yo gen tout rezon yo pou yo gen menm santiman an pou Jewova. Bib la predi gen yon lè k ap rive kote moun ki fidèl yo pral di pawòl sa yo : “ Gade ! Men Bondye nou an. ” ​(Izayi 25:8, 9). Plis nou vin konprann kalite Jewova yo pi byen, se plis n ap santi nou genyen pi bon Papa ak pi bon Zanmi nou te ka imajine. Wi, lè nou byen konprann kalite Jewova yo, sa ban nou anpil rezon pou nou pwoche pi pre l toujou. Donk, annou egzamine ki fason Bib la revele prensipal kalite Jewova yo : pisans, jistis, sajès ak lanmou. Nan atik sa a, n ap pale sou twa premye kalite sa yo.

“ Pisans li gran anpil ”

5. Poukisa se sèl Jewova ki merite pou yo rele l “ Toupisan ”, e ki jan l sèvi ak kokenn pisans li an ?

5 ‘ Pisans Jewova gran anpil. ’ ​(Jòb 37:23). Jeremi 10:6 di : “ Pa gen tankou w, o Jewova, nan okenn sans. Ou gran e non w gran an pisans. ” Kontrèman ak nenpòt lòt kreyati, Jewova gen yon pisans ki san limit. Se pou rezon sa a se li menm sèl yo rele “ Toupisan ”. (Revelasyon 15:3.) Jewova sèvi ak kokenn pisans li an pou l kreye, pou l detwi, pou l pwoteje e pou l retabli. Annou pran de egzanp sèlman : pisans li genyen pou l kreye ak pisans li genyen pou l pwoteje moun.

6, 7. Ki pisans solèy la, e ki verite enpòtan sa vin temwaye ?

6 Lè w kanpe deyò, nan yon jounen ki gen yon bèl solèy, ki sa w santi sou po w ? Se chalè solèy la ou santi. Men, an reyalite, sa w santi sou po w la, se rezilta pisans Jewova genyen pou l kreye. Ki kantite pisans ki genyen nan solèy la ? Anndan nwayo l, li fè yon tanperati anviwon 15 milyon degre Sèlsiyis. Si w te ka pran yon ti moso nan nwayo a gwosè yon tèt zepeng, e ou ta mete l sou tè a, ou pa t ap an sekirite si w ta rete nan yon distans ki mwens pase 140 kilomèt parapò ak etensèl dife sa a, li t ap boule w ! Chak segonn, solèy la degaje menm kantite enèji ki t ap degaje si plizyè santèn milyon bonm nikleyè ta eksploze ansanm. Sepandan, distans tè a rete pandan l ap vire arebò kokenn founèz tèmonikleyè sa a, se egzakteman distans sa a ki nesesè. Si solèy la te twò pre, dlo ki sou tè a t ap tounen vapè. Si l te twò lwen, dlo ki sou tè a t ap tounen glas. Ni youn ni lòt nan de ekstrèm sa yo pa t ap pèmèt gen lavi sou planèt nou an.

7 Menmsi lavi moun yo depann de solèy la, anpil moun pa enterese konn wòl li ditou. Konsa, yo rate ansèyman solèy la te ka ba yo. Men sa Sòm 74:16 di konsènan Jewova : “ Ou [...] te prepare sous limyè a, wi solèy la. ” Wi, solèy la glorifye Jewova, “ Sila a ki fè syèl la ak tè a ”. (Sòm 146:6.) Malgre sa, solèy la se sèlman youn nan divès kreyasyon ki ka anseye nou sou kokenn pisans Jewova. Plis nou aprann sou pisans Jewova genyen pou l kreye, se plis n ap vin gen yon gwo gwo admirasyon pou li.

8, 9. a) Ki imaj touchan ki montre nou volonte Jewova genyen pou l pwoteje adoratè l yo e pou l pran swen yo ? b) Ki jan yon bèje ki t ap viv nan tan biblik yo te konn pran swen twoupo li, e ki sa sa aprann nou sou Gran Bèje nou an ?

8 Jewova sèvi ak gran pisans li an tou pou l pwoteje sèvitè l yo e pou l pran swen yo. Bib la sèvi ak yon seri imaj vivan, ki touchan, pou l dekri pwomès Jewova fè pou l pwoteje nou e pou l pran swen nou. Ann pran egzanp Izayi 40:11. Nan vèsè sa a, Jewova konpare tèt li ak yon bèje, e pèp li a, li konpare l ak mouton. Men sa nou li : “ Tankou yon bèje, l ap pran swen twoupo pa l la. Se li menm ak bra pa l k ap sanble ti mouton yo e l ap kenbe yo sou lestomak li. L ap mennen sa ki nouris yo avèk prekosyon. ” Èske w ka imajine deskripsyon yo fè nan vèsè sa a ?

9 Nan tout bèt ki egziste, pa gen anpil ki san defans menm jan ak mouton. Nan epòk biblik yo, bèje yo te bezwen mete kouraj sou yo pou yo pwoteje mouton yo kont lou, kont lous e kont lyon (1 Samyèl 17:34-36 ; Jan 10:10-13). Men gendelè tou, pou bèje yo te pwoteje twoupo a e pou yo te pran swen l, sa te mande tandrès. Pa egzanp, lè yon femèl mouton te metba yon kote ki lwen pak la, ki jan bèje a te konn fè pou l pwoteje timouton san defans ki fèk fèt la ? Li te konn pote l sou “ lestomak ” li, anndan rad li, petèt pandan plizyè jou. Men, ki jan ti mouton an t ap fè rive sou lestomak bèje a ? Ti mouton an te ka pwoche bò kote l e li te ka menm teke pye l. Men, se bèje a ki te oblije bese, e ki te oblije lonje men l pou li pran ti mouton an pou l mete l an sekirite sou lestomak li. Ala yon bèl imaj ki montre volonte Gran Bèje nou an genyen pou l pwoteje sèvitè l yo e pou l pran swen yo !

10. Ki pwoteksyon Jewova bay jodi a, e poukisa yon pwoteksyon konsa espesyalman enpòtan ?

10 Jewova pa kontante l pou l sèlman pwomèt l ap pwoteje nou. Nan epòk biblik yo, li te fè mirak pou l demontre li kapab “ delivre moun ki gen atachman pou Bondye yo anba eprèv ”. (2 Pyè 2:9.) E jodi a ? Se vre, Jewova pa sèvi ak pisans li pou l pwoteje nou anba tout kalamite ki gen jodi a. Sepandan, li ban nou yon bagay ki pi enpòtan : yon pwoteksyon espirityèl. Bondye nou an ki renmen nou pwoteje nou anba danje ki ta ka menase espirityalite nou. Pou l fè sa, li ban nou tout sa nou bezwen pou nou andire eprèv e pou nou prezève relasyon nou genyen avèk li. Men sa nou li nan Lik 11:13 : “ Si nou menm, malgre nou mechan, nou konnen pou nou bay pitit nou bonjan kado, alewè pou Papa a ki nan syèl la ! Tout moun ki mande l lespri sen, l ap ba yo l. ” Kokenn fòs sa a ka ede nou fè fas ak nenpòt eprèv oswa nenpòt pwoblèm nou ka rankontre (2 Korentyen 4:7). Donk, Jewova ap travay pou prezève lavi nou, pa pou kèk ane sèlman, men pou letènite. An reyalite, avèk espwa sa a nan tèt nou, nou ka konsidere kèlkeswa soufrans ki gen nan sistèm sa a, se ‘ pou yon ti tan l la e li lejè ’. (2 Korentyen 4:17.) Èske nou pa santi yon Bondye konsa atire nou, yon Bondye ki sitèlman renmen nou li sèvi ak pisans li nan enterè nou ?

“ Jewova renmen jistis ”

11, 12. a) Poukisa jistis Jewova atire nou sou li ? b) Ki konklizyon David te tire konsènan jistis Jewova, e ki jan pawòl enspire sa yo ka rekonfòte nou ?

11 Jewova fè sa ki kòrèk, sa ki jis, e li toujou aji konsa san paspouki. Jistis Bondye, se pa yon kalite ki frèt, ki rijid, ki repousan. Okontrè, se yon bèl kalite ki atire nou sou Jewova. Bib la dekri aklè jan kalite sa a kapab touche kè moun. Se poutèt sa nou pral egzamine twa fason Jewova montre jistis li.

12 Premyèman, jistis Jewova pouse l aji ak sèvitè l yo avèk fidelite. Salmis David te vin apresye pèsonèlman aspè sa a nan jistis Jewova. Dapre eksperyans pèsonèl David ak etid li te fè sou fason Jewova aji, ki konklizyon l te tire ? Men sa li te deklare : “ Jewova renmen jistis e li pap abandone fidèl li yo. L ap pwoteje yo kanmenm pou tan endefini. ” ​(Sòm 37:28). Ala yon asirans ki rekonfòtan ! Bondye nou an pa gendwa janm abandone moun ki kontinye ap sèvi l fidèl, menm pou yon ti moman. Kidonk, nou ka gen konfyans l ap toujou rete pwòch nou, l ap toujou pran swen nou avèk tandrès. Se jistis li ki ban nou garanti sa a. — Pwovèb 2:7, 8.

13. Kòman Jewova te demontre aklè nan Lalwa l te bay pèp Izrayèl la li te gen sousi pou moun ki defavorize yo ?

13 Dezyèmman, jistis Bondye sansib devan bezwen moun ki aflije. Nou ka wè aklè sousi Bondye gen pou moun ki defavorize yo nan Lalwa Bondye te bay pèp Izrayèl la. Pa egzanp, Lalwa te prevwa dispozisyon pou vèv yo ak òfelen yo jwenn sa yo bezwen (Detewonòm 24:17-21). Jewova te rekonèt ki jan lavi a te ka difisil pou moun sa yo. Konsa, li te vin tounen yon Papa, yon Jij, ak yon Pwotektè pou yo (Detewonòm 10:17, 18). Li te avèti Izrayelit yo pou l fè yo konnen, si yo ta maltrete medam yo ansanm ak timoun yo, ki deja san defans, lè yo rele osekou, l ap tande yo. Nan Egzòd 22:22-24, li di : “ Kòlè m pral flanbe toutbonvre. ” Kòlè pa youn nan kalite enpòtan Jewova genyen, men, li gen rezon pou l fache lè moun ap fè espre pou yo fè enjistis, sitou si viktim yo se moun ki san defans. — Sòm 103:6.

14. Bay yon prèv klè ki montre Jewova pa gen paspouki ?

14 Twazyèmman, nan Detewonòm 10:17, Bib la ban nou asirans Jewova “ pa nan paspouki ak pèsonn nitou li pa aksepte kado sou kote ”. Kontrèman ak anpil moun ki gen pouvwa oswa ki gen gwo pozisyon, Jewova pa kite richès materyèl oswa aparans enfliyanse l. Li pa ni gen prejije, ni gen paspouki. Men yon bèl egzanp nou jwenn ki montre li pa gen patipri : posiblite pou moun vin fè pati vrè adoratè l yo e pou yo jwenn lavi etènèl, se pa yon privilèj ki rezève pou yon ti gwoup moun apa. Okontrè, Travay 10:34, 35 di : “ Bondye pa gen patipri, men, nan tout nasyon, yon moun ki gen krentif pou li e ki pratike sa ki jis, li pran plezi nan li. ” Se yon posiblite ki la pou tout moun, kèlkeswa ran sosyal li, koulè po l, oswa peyi kote l ap viv. Èske se pa sa ki vrè jistis la nan nivo ki pi wo a ? Wi, lè nou pi byen konprann jistis Jewova, sa atire nou sou li !

“ O ala pwofon [...] sajès [...] Bondye pwofon ! ”

15. Ki sa sajès la ye, e ki jan Jewova demontre li gen sajès ?

15 Apot Pòl te santi l oblije di pawòl sa yo ki nan Women 11:33 : “ O ala pwofon [...] sajès ak konesans Bondye pwofon ! ” Wi, lè nou konsidere divès aspè kokenn sajès Jewova a gen ladan l, se nòmal pou nou koube nou byen ba devan l. Men, ki jan nou ka defini kalite sa a ? Sajès mete konesans, disènman, ak konpreyansyon ansanm, pou pwodui yon rezilta. Piske Jewova gen yon gwo konesans, e li gen yon konpreyansyon ki pwofon, li toujou pran meyè desizyon posib, e li reyalize yo pa mwayen pi bon aksyon yon moun ka anvizaje.

16, 17. Ki jan bagay Jewova kreye yo bay prèv li gen anpil sajès ? Bay yon egzanp.

16 Ki prèv presi ki montre kokenn sajès Jewova genyen ? Men sa Sòm 104:24 di : “ Ou fè anpil bagay, o Jewova ! Yo tout ou fè yo avèk sajès. Tè a chaje ak sa w pwodui. ” Vrèmanvre, tank n ap aprann konnen bagay Jewova fè yo, se tank sajès li enpresyone nou. Pa egzanp, gade ki jan savan yo aprann anpil lè yo etidye sa Jewova kreye ! Yo menm vini ak yon syans yo rele byomimetik, kote y ap chèche kopye sa k ap fèt nan lanati.

17 Pa egzanp, ou gendwa wè yon twal areyen enpresyone w tèlman l bèl. Li tèlman byen fèt, se yon mèvèy. Ti fil tou fen ki fè l yo pi solid pase yon moso fil asye ki ta menm gwosè avèk yo e yo pi fò pase fil ki fè yon jilèpabal. Ki sa sa vle di egzakteman ? Sa vle di si w ta gwosi yon ti fil areyen jiskaske li vin gwosè fisèl yon filè pèch, menm yon avyon k ap vole ak tout vitès pa t ap ka chire filè pèch sa a. Wi, Jewova fè tout bagay sa yo “ avèk sajès ”.

18. Ki jan nou ka wè sajès Jewova nan sèvi li sèvi ak moun pou l fè ekri Pawòl li Labib ?

18 Pi gwo prèv nou genyen sou sajès Jewova, se nan Pawòl li Labib nou jwenn li. Bon konsèy nou jwenn nan Bib la montre toutbonvre ki pi bon fason nou kapab viv (Izayi 48:17). Men, nou kapab wè nan ki pwen sajès Jewova se yon bagay ki san parèy nan fason li te fè ekri Bib la. Sa k fè nou di sa ? Jewova, nan sajès li, sèvi ak moun pou l fè ekri Pawòl li . Si l te sèvi ak zanj pou l ekri Pawòl enspire a, èske Bib la t ap toujou atiran menm jan an ? Se vre, zanj yo te ka dekri Jewova nan nivo elve pa yo e yo te ka eksprime pwòp atachman yo pou li. Men pa bliye, kreyati espirityèl pafè yo gen plis konesans, plis eksperyans, plis fòs lontan pase nou. Donk, èske nou t ap anmezi pou nou wè tèt nou nan sa yo t ap ekri yo ? — Ebre 2:6, 7.

19. Ki egzanp ki montre lefètke Bondye sèvi ak moun pou l fè ekri Bib la, sa rann li trè touchan e trè kaptivan ?

19 Lefètke Bondye sèvi ak moun pou l fè ekri Bib la, sa rann li trè touchan e trè kaptivan. Ekriven yo se moun ki te gen menm santiman avèk nou. Piske yo te enpafè, yo te konn sibi menm presyon e yo te konn jwenn menm pwoblèm avèk nou. Gen kèk kote, yo te konn di “ mwen ”, lè y ap pale de santiman yo, lè y ap pale de pwoblèm yo te rankontre (2 Korentyen 12:7-10). Donk, yo ekri mo okenn zanj pa ta ka eksprime. Pa egzanp, annou pran pawòl David ekri nan Sòm 51 an. Selon sa yo ekri anlè tèt sòm sa a, David te konpoze l apre li te fin komèt yon peche grav. Li te ouvri kè l pou l montre jan sa te fè l mal. Li te sipliye Jewova pou Jewova padone l. Men ki sa nou li nan vèsè 2 ak vèsè 3 a : “ Lave m byen lave pou w wete fot mwen fè a. Pwòpte m pou w wete peche m. Paske, transgresyon m yo, mwen menm mwen konnen yo. E se tout tan peche m nan devan m. ” Remake ki sa vèsè 5 lan di : “ Gade ! M te deja gen fot nan mwen, lè manman m te fè m nan doulè, e depi lè manman m te fèk genyen m nan vant li, peche te nan mwen. ” E vèsè 17 la ajoute : “ Sakrifis ki pou Bondye se yon espri brize. Yon kè ki brize, ki kraze, o Bondye ou pap meprize l. ” Èske nou pa santi tout soufrans ekriven an ? Kiyès ankò, si se pa yon moun enpafè, ki ta ka eksprime yon seri santiman konsa ?

20, 21. a) Poukisa nou ka di, menmsi yo sèvi ak moun pou ekri Bib la, se sajès Jewova ki ladan l ? b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a ?

20 Jewova sèvi ak moun enpafè sa yo pou li ban nou egzakteman sa nou bezwen an : yon liv ‘ Bondye enspire ’, men ki toujou rete ak anprent lèzòm ladan l (2 Timote 3:16). Wi, se lespri sen ki te gide ekriven sa yo. Donk, se sajès Jewova yo te rapòte, se pa t sajès pa yo. Sajès sa a, nou ka fè l konfyans san gade dèyè. Sajès Jewova sitèlman depase sajès pa nou, men ki egzòtasyon li ban nou avèk amou : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pinga w apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat pou ou. ” ​(Pwovèb 3:5, 6). Si nou suiv konsèy saj sa a, n ap pwoche pi pre Bondye nou an ki posede yon sajès san parèy.

21 Nan tout kalite Jewova posede, lanmou se kalite ki pi bèl e ki pi atiran. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan Jewova demontre lanmou.

Èske nou sonje ?

Ki sa Jewova fè pou nou ka vin entim avè l ?

Bay kèk egzanp ki montre pouvwa Jewova genyen pou l kreye e pou l pwoteje.

Ki fason Jewova demontre jistis li ?

Ki jan sajès Jewova parèt nan sa l kreye, e ki jan sajès li parèt nan Bib la ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21]

Menm jan ak yon bèje k ap pote yon timouton sou lestomak li, Jewova pran swen mouton pa l yo avèk tandrès.

[Foto nan paj 24]

Sajès Jewova parèt nan fason Bib la te ekri.