Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lanmou endispansab

Lanmou endispansab

Lanmou endispansab

KÈLKESWA laj nou, kilti nou, lang nou, oswa ras nou, nou tout nou gen yon gwo bezwen lanmou. Si bezwen sa a pa satisfè, kè nou pa kontan. Gen yon chèchè nan lamedsin ki te ekri pawòl sa yo : “ Lanmou ak entimite se baz sa ki rann nou malad ak sa ki fè nou santi nou byen, sa ki lakòz tristès ak sa ki bay kè kontan, sa ki fè nou soufri ak sa ki pote gerizon. Si yon medikaman ki fèk parèt te gen menm efè a, prèske tout doktè nan peyi a t ap rekòmande l pou moun y ap swaye. Se t ap yon erè pwofesyonèl pou yo pa ta preskri l. ”

Malgre sa, sosyete modèn nan, espesyalman laprès ak moun ki sèvi modèl popilè yo, souvan li plis mete aksan sou richès, sou pouvwa, sou glwa e sou sèks olye pou li mete aksan sou bezwen moun genyen pou yon bonjan relasyon ki baze sou lanmou. Anpil anseyan ap ensiste sou objektif ak karyè pwofàn e yo fè konnen se bagay sa yo toudabò ki montre si yon moun reyisi. An reyalite, edikasyon ak devlopman talan lakay yon moun, se bagay ki enpòtan, men èske sa ta dwe tèlman akapare yon moun, sa fè l pa gen tan pou fanmi l ak zanmi l ? Gen yon ekriven byen fòme nan tan lontan, yon moun ki te fò nan obsève fason moun ye, ki te konpare moun ki gen don men ki pa gen lanmou ak “ yon moso metal k ap sonnen oswa yon senbal k ap fè bri ”. (1 Korentyen 13:1.) Yon moun konsa kapab vin rich, li kapab menm vin selèb, men li pap janm vrèman gen kè kontan.

Jezi Kris, ki te byen konn lòm e ki te gen yon afeksyon espesyal pou moun, te mete lanmou pou Bondye ak lanmou pou pwochen nan sant ansèyman l lan. Men sa l te di : “ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w. [...] Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ” ​(Matye 22:37-39). Se sèlman moun ki suiv pawòl sa yo k ap vrèman suiv Jezi. Se poutèt sa li di : “ Se konsa tout moun ap konnen nou se disip mwen, si nou gen lanmou nan mitan nou. ” — Jan 13:35.

Sepandan, kòman yon moun kapab kite lanmou grandi nan li nan monn jodi a ? E kòman paran yo kapab anseye pitit yo lanmou ? Atik k ap vin apre a pral reponn kesyon sa yo.

[Foto nan paj 3]

Li difisil pou nou kite lanmou grandi nan nou nan yon monn kote se afreman k ap domine.