Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou imite Bondye verite a

Annou imite Bondye verite a

Annou imite Bondye verite a

“ Tankou pitit yo renmen anpil, se pou nou tounen moun k ap imite Bondye. ”— EFEZYEN 5:1.

1. Ki sa kèk moun panse konsènan laverite, e poukisa rezònman yo a gen fay ?

“ SA K laverite a ? ” ​(Jan 18:38). Se kesyon sa a Pons Pilat te poze avèk yon ton meprizan sa gen prèske 2000 an. Kesyon sa a ta vle fè konprann kòmkwa laverite twò difisil pou jwenn, yon moun pa bezwen ap chèche l. Anpil moun jodi a t ap dakò. Yo menm atake kesyon verite a. Ou ka konn tande yo di chak moun deside sa ki verite pou li, oubyen verite se bagay ki relatif, oubyen tou sa ki verite jodi ap chanje demen. Rezònman sa yo gen fay. Vrè objektif rechèch ak edikasyon se aprann sa ki reyèl, sa ki vre konsènan monn n ap viv ladan l lan. Laverite se pa yon afè opinyon pèsonèl. Pa egzanp, swa nanm moun pa ka mouri oubyen l ka mouri. Swa Satan egziste oubyen l pa egziste. Swa lavi a gen yon bi oswa l pa genyen. Nan chak ka sa yo, se yon sèl repons ki kapab kòrèk. Youn vre, lòt la fo, toule de pa ka vre.

2. Nan ki sans Jewova se Bondye verite a, e ki kesyon nou pral debat kounye a ?

2 Nan atik anvan an, nou te wè Jewova se Bondye verite a. Li konnen laverite sou tout bagay. Jewova toujou veridik, kontrèman ak advèsè li a, Satan Ledyab ki toujou ap twonpe moun. Met sou sa, Jewova revele laverite bay lòt moun san mezire. Men egzòtasyon apot Pòl te bay kretyen yo : “ Antanke pitit yo renmen anpil, se pou nou vin moun k ap imite Bondye. ” ​(Efezyen 5:1). Antanke Temwen Jewova, ki jan nou ka imite l nan sa ki gen rapò ak pale laverite, ak viv ann akò ak laverite ? Poukisa li enpòtan pou nou fè sa ? E ki asirans nou genyen Jewova apwouve moun k ap kontinye chèche laverite? Ann al chèche konnen.

3, 4. Ki jan apot Pòl ak apot Pyè te dekri sa ki ta gen pou rive pandan “ dènye jou yo ” ?

3 N ap viv nan yon epòk kote manti nan relijyon fè mikalaw. Tankou jan Bondye te enspire apot Pòl pou l te predi sa, anpil moun nan “ dènye jou ” sa yo gen atachman pou Bondye pou lafòm, men yo repouse sa ki fè fòs li. Gen kèk moun ki opoze ak laverite, “ lespri yo kòwonpi ”. Anplis de sa, “ mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye [...] vin pi mal plis toujou, y ap egare moun e yo menm pou kò yo yo egare. ” Byenke moun sa yo toujou ap aprann, yo pa janm rive “ gen konesans egzak laverite a ”. — 2 Timote 3:1, 5, 7, 8, 13.

4 Apot Pyè te enspire tou pou l ekri konsènan dènye jou yo. Egzakteman jan l te pwofetize sa, non sèlman moun yo rejte laverite, men tou yo pase Pawòl Bondye a ansanm ak tout moun k ap pwoklame laverite ki nan Bib la nan rizib. “ Selon dezi yo ”, mokè sa yo inyore monn Noye a te pase anba yon delij, sa ki sèvi egzanp pou jou jijman k ap vini an. Yo pran rèv yo pou reyalite, men atitid sa a pral siyifi katastwòf pou yo lè moman an rive pou Bondye detwi moun ki pa gen krentif pou li. — 2 Pyè 3:3-7.

Sèvitè Jewova yo konnen laverite

5. Selon pwofèt Danyèl, ki sa ki t ava pase nan “ tan lafen an ”, e kòman pwofesi sa a te rive akonpli ?

5 Pandan pwofèt Danyèl t ap dekri “ tan lafen an ”, li te predi yon sitiyasyon diferan ki ta devlope pami pèp Bondye a: laverite t ava reviv. Men sa li te ekri : “ Anpil moun gen pou yo ale adwat agoch, e vrè konesans lan gen pou l vin anpil. ” ​(Danyèl 12:4). Gwo Blofè a pa rive lage pèp Jewova a nan konfizyon ni li pa rive bouche je l. Etan y aprale adwat agoch nan paj Bib la, yo vin gen vrè konesans lan. Nan premye syèk la, Jezi te eklere disip li yo. Li te “ ouvri lespri yo nèt pou yo ka sezi sans Ekriti yo ”. (Lik 24:45.) Nan epòk nou an, Jewova fè menm jan an. Pa mwayen Pawòl li, espri li ak òganizasyon l lan, li pèmèt plizyè milyon moun sou tout tè a konprann sa li menm li deja konnen an : laverite.

6. Ki verite biblik moun k ap sèvi Bondye jodi a konprann ?

6 Piske nou se pèp Bondye, nou rive konprann anpil bagay nou pa t ap ka konnen si se pa t sa. Nou konnen repons yon seri kesyon moun ki saj nan monn nan ap goumen avèk yo depi plizyè milenè. Pa egzanp, nou konnen poukisa gen soufrans, poukisa moun mouri, e poukisa lèzòm pa ka rive tabli lapè ak linite toupatou. Nou beni tou grasa vizyon nou genyen konsènan sa demen ap pote: Wayòm Bondye a, yon paradi sou tè a ansanm ak yon lavi san fen nan lapèfeksyon. Nou vin konnen Jewova, Bondye Siprèm nan. Nou aprann ki pèsonalite atiran li genyen ansanm ak sa nou dwe fè pou nou resevwa benediksyon nan men l. Paske nou konnen laverite, sa pèmèt nou rekonèt sa ki pa vre. Lè nou mete laverite an pratik, sa anpeche nou kouri dèyè objektif san valè, sa pèmèt nou pi byen pwofite lavi a, e sa ban nou yon bèl esperans pou lavni.

7. Ki moun ki gen posiblite jwenn verite ki nan Bib la, e ki moun ki pa gen posiblite sa a ?

7 Èske w konprann laverite ki nan Bib la ? Si se wi, ou beni anpil. Lè yon ekriven ekri yon liv, li ekri l pou l atire yon kategori moun byen presi. Gen liv yo ekri pou moun ki save, gen lòt se pou timoun, gen lòt ankò se pou moun ki nan yon domèn espesyalize. Byenke tout moun gen posiblite jwenn Labib byen fasil, li te ekri yon fason pou se yon gwoup moun byen espesyal ki konprann li e ki apresye l. Jewova te fè l pou moun ki enb yo sou tè a. Moun sa yo ka rive konprann sans Bib la, kèlkeswa nivo edikasyon yo, kilti yo, sitiyasyon yo nan lavi a oswa gwoup etnik yo (1 Timote 2:3, 4). Yon lòt bò, moun ki pa byen dispoze pa rive konprann verite ki nan Bib la, kèlkeswa entèlijans yo oswa nivo edikasyon yo. Moun ki ògeye ak moun ki awogan pa ka rive konprann verite ki gen anpil valè ki nan Pawòl Bondye a (Matye 13:11-15 ; Lik 10:21 ; Travay 13:48). Se sèlman Bondye ki te ka fè yon liv konsa.

Sèvitè Jewova yo veridik

8. Poukisa Jezi se te vrèman laverite an pèsòn ?

8 Menm jan ak Jewova, Temwen fidèl li yo veridik. Jezi Kris, pi gwo Temwen Jewova a, te soutni laverite nan sa l te konn anseye ak nan jan li te viv e jan li te mouri. Li te soutni verite ki nan pawòl Jewova a e li te soutni pwomès Li fè yo. Kidonk, Jezi se te vrèman laverite an pèsòn, jan li menm li te deklare sa. — Jan 14:6 ; Revelasyon 3:14 ; 19:10.

9. Ki sa Ekriti yo di konsènan pale laverite ?

9 Jezi te “ plen favè moun pa merite ak verite ” e “ li pa t gen twonpri nan bouch li ”. (Jan 1:14 ; Izayi 53:9.) Vrè kretyen yo suiv modèl Jezi kite lè yo veridik ak lòt moun. Men konsèy Pòl te bay kretyen yo : “ Nou chak, se pou nou di pwochen nou laverite, paske nou youn se manm lòt. ” ​(Efezyen 4:25). Anvan sa, pwofèt Zekarya te ekri : “ Se pou youn di lòt laverite. ” ​(Zekarya 8:16). Kretyen yo veridik paske yo vle fè Bondye plezi. Jewova veridik e li konnen danje ki genyen nan bay manti. Donk, li gen rezon mande sèvitè l yo pou yo di laverite.

10. Poukisa moun yo bay manti, e ki rezilta negatif sa bay ?

10 Pou anpil moun, bay manti kapab yon bon mwayen pou yo jwenn kèk avantaj. Moun bay manti pou yo chape anba pinisyon, pou yo jwenn yon pwofi yon fason oswa yon lòt, oswa pou jwenn lwanj nan men lòt moun. Sepandan, pratike manti se yon vis. Anplis de sa, yon mantè pa ka gen favè Bondye (Revelasyon 21:8, 27 ; 22:15). Lè yo rekonèt nou kòm moun ki veridik, lòt moun kwè sa nou di, yo fè nou konfyans. Men, si yo kenbe nou k ap bay menm yon sèl manti, lòt moun ka doute sou nenpòt sa nou di apre sa. Gen yon pwovèb afriken ki di : “ Yon manti kraze mil verite. ” Gen yon lòt pwovèb ki di : “ Yo pap kwè yon mantè, menm lè l di laverite. ”

11. Sa k fè veridik vle di plis pase annik di laverite ?

11 Veridik vle di plis pase annik di laverite. Se fason yon moun ap viv. Li fè wè ki moun nou ye. Nou fè lòt moun konnen laverite non sèlman nan sa n ap di, men tou nan sa n ap fè. Apot Pòl te poze kesyon sa yo : “ Ou menm moun k ap anseye lòt moun, ou pa anseye tèt ou ? Ou menm moun k ap preche : ‘ Pa vòlè ’, w ap vòlè ? Ou menm moun k ap di : ‘ Pa komèt adiltè ’, w ap komèt adiltè ? ” ​(Women 2:21, 22). Si nou dwe transmèt laverite bay lòt moun, nou dwe veridik nan tout sa n ap fè. Repitasyon nou kòm moun ki veridik e ki onèt ap gen yon gwo efè sou fason moun yo ap reyaji devan sa nou anseye yo.

12, 13. Ki sa yon adolesan te ekri konsènan atachman ak sa ki veridik, e ki rezon ki fè li te gen prensip moral wo nivo konsa ?

12 Jèn pami sèvitè Jewova yo yo menm tou yo konprann enpòtans pou yo veridik. Men sa Jenny ki te gen 13 an te ekri nan yon redaksyon li te fè nan lekòl li : “ Onètete se yon bagay mwen bay valè. Malerezman, se pa tout moun ki onèt toutbon jodi a. Mwen pwomèt tèt mwen m ap kenbe onètete m tout vi m. M ap onèt menmsi lè m di laverite sa pa nan avantaj mwen oswa sa pa nan avantaj zanmi m yo tousuit. Mwen asire m zanmi m yo se moun k ap di laverite e se moun ki onèt. ”

13 Men kòmantè pwofesè Jenny an te fè sou redaksyon l lan : “ Ou jèn anpil pou w rive gen yon prensip moral solid konsa. Mwen konnen w ap kenbe prensip ou yo paske ou se moun ki konn sa w vle. ” Ki sa k te fè ti elèv lekòl sa a te gen fòs moral sa a ? Nan entwodiksyon redaksyon l lan, Jenny te deklare relijyon l lan “ ba l prensip pou l dirije vi l ”. Sa fè setan depi Jenny te ekri redaksyon sa a. Tankou jan pwofesè a te panse, Jenny kontinye manifeste prensip moral wo nivo nan lavi l antanke Temwen Jewova.

Sèvitè Jewova yo revele laverite

14. Poukisa sèvitè Bondye yo gen yon kokennchenn responsablite pou yo soutni sa ki vre ?

14 Natirèlman, apa Temwen Jewova yo, lòt moun kapab di laverite e eseye montre yo onèt. Sepandan, antanke sèvitè Bondye, nou gen yon kokennchenn responsablite pou nou soutni sa ki vre. Yo te konfye nou laverite ki nan Bib la, verite ki ka fè yon moun jwenn lavi etènèl. Donk, nou gen obligasyon pou nou pataje konesans sa a avèk lòt moun. Men sa Jezi te di : “ Tout moun yo bay anpil, y ap egzije l anpil. ” ​(Lik 12:48). Sètènman, moun ki te beni yo, ‘ yo egzije yo anpil ’ dèske yo te resevwa konesans Bondye a, yon konesans ki gen anpil valè.

15. Ki jwa nou jwenn lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun ?

15 Pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun bay lajwa. Menm jan ak disip Jezi nan premye syèk la, n ap anonse bon nouvèl la, yon mesaj lespwa ki ka chofe kè moun. N ap anonse l bay moun ki ‘ depafini e ki gaye tankou mouton ki san bèje ’. N ap anonse l bay moun ki gen je yo pete ak “ ansèyman demon ” ki lage yo nan konfizyon (Matye 9:36 ; 1 Timote 4:1). Men sa apot Jan te ekri : “ Mwen pa gen pi gwo rezon pou m rekonesan pase sa yo, pou m tande yo di timoun mwen yo kontinye ap mache nan laverite. ” ​(3 Jan 4). Fidelite “ timoun ” Jan yo, petèt moun li te mennen nan laverite yo, te ba li anpil jwa. Lè nou wè moun demontre yo aksepte Pawòl Bondye a avèk rekonesans, sa ban nou kè kontan.

16, 17. a) Poukisa tout moun pa aksepte laverite ? b) Ki jwa ou ka jwenn etan w ap pwoklame verite ki nan Bib la ?

16 Fòk nou rekonèt se pa tout moun k ap aksepte laverite. Jezi te pale laverite konsènan Bondye, menm lè moun pa t renmen sa. Men sa Jezi te di Juif opozan yo : “ Poukisa nou pa kwè m ? Moun ki sot nan Bondye koute pawòl Bondye. Sa k fè nou pa koute m, se paske nou pa sot nan Bondye. ” — Jan 8:46, 47.

17 Laverite konsènan Jewova gen anpil valè, e menm jan avèk Jezi, nou pap sispann anonse l. Piske se pa tout moun ki te aksepte sa Jezi te di, nou pa atann nou pou tout moun aksepte sa nou di. Epoutan, nou gen lajwa paske nou konnen n ap fè sa ki dwat. Akoz lanmou fidèl Jewova genyen, li vle pou tout limanite konnen laverite. Antanke moun ki posede laverite, kretyen yo tounen moun k ap pote limyè nan yon monn fènwa. Lè nou kite limyè verite a briye nan pawòl nou ak nan aksyon nou, nou kapab ede lòt moun vin glorifye Papa nou ki nan syèl la (Matye 5:14, 16). Nou fè konnen aklè nou rejte swadizan verite Satan prezante a, e nou fè konnen n ap soutni Pawòl Bondye a, yon pawòl ki pwòp e ki pa melanje. Laverite nou konnen e n ap pataje a kapab bay moun ki aksepte l yo vrè libète a. — Jan 8:32.

Kontinye mache nan chemen laverite

18. Ki jan Jezi te byen aji an favè Natanayèl e poukisa ?

18 Jezi te renmen laverite, li te pale laverite. Pandan ministè l sou tè a, li te byen aji an favè moun ki veridik yo. Men sa Jezi te di konsènan Natanayèl : “ Gade ! Men yon vrè Izrayelit ki pa gen twou nan manch. ” ​(Jan 1:47). Apre sa, yo te chwazi Natanayèl, ki te rele Batèlmi tou, pou vin youn nan douz apot yo (Matye 10:2-4). Ala yon gwo privilèj !

19-21. Ki jan yon mesye ki te avèg te beni paske l te di laverite ak kouraj ?

19 Yon chapit ann antye nan liv biblik Jan an esplike istwa yon lòt mesye onèt Jezi te beni. Nou pa konnen non l. Sa nou konnen sèke mesye a se te yon mandyan ki te avèg depi l fèt. Lè Jezi fè misye wè, moun yo te etone. Pawòl gerizon mirak sa a rive nan zòrèy kèk nan Farizyen yo, mesye sa yo ki te rayi laverite e ki te antann yo pou nenpòt moun ki egzèse lafwa nan Jezi, pou yo mete yo deyò nan sinagòg la. Piske paran mesye ki te avèg la te konnen plan Farizyen yo, yo te pè e sa te fè yo bay Farizyen yo manti. Yo di yo pa konnen ki jan pitit yo a fè wè kounye a ni kiyès ki fè l wè. — Jan 9:1-23.

20 Farizyen yo konvoke mesye ki te geri a. San misye pa okipe l de konsekans sa ka genyen, li pale laverite avèk kran. Li esplike ki jan l te geri e li di se Jezi ki te fè sa. Piske mesye ki te geri a te sezi wè gwo mesye save sa yo pa kwè Jezi sot nan Bondye, san l pa pè, li konseye yo pou yo aksepte reyalite a. Men sa l te di yo : “ Si nonm sa a pa t sot nan Bondye, li pa t ap ka fè anyen. ” Kòm Farizyen yo pa t jwenn anyen pou yo di, yo akize mesye a kòmkwa li ensolan e yo mete l deyò. — Jan 9:24-34.

21 Lè Jezi aprann sa, avèk byenveyans, li pran tan l pou l chèche mesye a. Apre l fin fè sa, li ajoute sou lafwa mesye ki te avèg la te deja montre l genyen. Jezi idantifye tèt li aklè kòm Mesi a. Ala benediksyon mesye sa a te resevwa paske l te di laverite ! Nou mèt sèten, favè Bondye poze sou moun ki pale laverite. — Jan 9:35-37.

22. Poukisa nou dwe kontinye mache sou chemen laverite ?

22 Pratike laverite se yon objektif nou dwe pran oserye. Sa fondamantal pou bati bon relasyon ak moun e ak Bondye epi pou kenbe relasyon sa yo. Yon moun ki veridik se yon moun ki fran, ki sensè, ki amikal e yo ka fè konfyans, e l ap gen apwobasyon Jewova (Sòm 15:1, 2). Yon moun ki pa veridik se yon moun k ap twonpe moun, yo pa ka fè l konfyans, li blofè, e li pap jwenn favè Jewova (Pwovèb 6:16-19). Donk, annou detèmine pou nou mache nan chemen laverite. Annefè, pou nou imite Bondye verite a, nou dwe konnen laverite, nou dwe di laverite e nou dwe viv laverite.

Ki repons nou ta bay ?

• Poukisa nou dwe rekonesan dèske nou konnen laverite ?

• Kòman nou ka montre nou veridik menm jan ak Jewova ?

• Ki avantaj ki genyen lè nou pataje verite ki nan Bib la ak lòt moun ?

• Poukisa li enpòtan pou nou kontinye mache nan chemen laverite ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 29]

Piske yo konfye kretyen yo verite ki nan Bib la, se avèk zèl yo pataje l ak lòt moun.

[Foto nan paj 30]

Mesye avèg Jezi te geri a te jwenn anpil benediksyon dèske l te di laverite.