Ki jan nou ta dwe konsidere moun yo etandone jou Jewova a ap vin pi pre ?
Ki jan nou ta dwe konsidere moun yo etandone jou Jewova a ap vin pi pre ?
“ Jewova pa lan anrapò ak pwomès li, [...] men li pasyan avèk nou, paske li pa ta renmen pyès moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti. ”— 2 PYÈ 3:9.
1, 2. a) Ki jan Jewova konsidere moun yo jodi a ? b) Ki kesyon nou ka poze tèt nou ?
SÈVITÈ Jewova yo resevwa misyon pou yo “ fè disip pami moun tout nasyon ”. (Matye 28:19.) Etan n ap akonpli travay sa a e n ap tann “ gran jou Jewova a ”, nou bezwen konsidere moun yo menm jan avèk li (Sefànya 1:14). Ki jan Jewova konsidere moun yo ? Men sa apot Pyè di : “ Jewova pa lan anrapò ak pwomès li jan kèk moun konprann sa k lan an, men li pasyan avèk nou, paske li pa ta renmen pyès moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti. ” (2 Pyè 3:9). Lè Bondye ap gade moun yo, li wè gen ladan yo ki gen posiblite pou yo repanti. Volonte l se “ pou tout kalite moun sove, e pou yo rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:4.) Jewova menm pran plezi lè ‘ yon moun mechan kite chemen l epi li rete anvi ’. — Ezekyèl 33:11.
2 Èske nou konsidere moun yo menm jan ak Jewova ? Èske, menm jan avè l, nou konsidere moun tout ras, moun tout nasyon, kòm moun ki gen posiblite pou yo vin “ mouton nan patiraj li ” ? (Sòm 100:3 ; Travay .) Nou pral pran de egzanp ki montre enpòtans pou nou gen menm pwennvi ak Bondye. Nan toule de ka yo, te gen yon destriksyon ki te prèt pou rive, e te gen sèvitè Jewova ki te konn sa alavans. Egzanp sa yo gen anpil enpòtans etandone n ap tann gran jou Jewova a. 10:34, 35
Abraram te gen menm pwennvi ak Jewova
3. Ki jan Jewova te konsidere moun ki t ap viv Sodòm ak Gomò yo ?
3 Premye egzanp lan konsène Abraram, yon patriyach fidèl, ansanm ak Sodòm ak Gomò, vil ki te gen mechanste ladan yo. Lè Jewova tande ‘ yon rèl ak yon plenyen ki t ap fèt sou Sodòm ak Gomò ’, li pa t detwi vil sa yo ak tout moun ki abite ladan yo tousuit. Jewova verifye toudabò si sa l tande a se vre (Jenèz 18:20, 21). Li voye de zanj Sodòm, e zanj sa yo ale lakay Lòt, yon nonm ki te jis. Menm jou zanj yo te rive a, nan aswè, “ mesye nan vil la, [...] depi jèn ti gason rive nan vye tonton, sènen kay la, tout pèp la fè yon sèl. ” Yo te vle gen relasyon omoseksyèl ak zanj yo. Sa klè, moun ki te abite nan vil la te nan yon eta deprave, e se sa k fè vil la te merite detwi. Men, zanj yo di Lòt : “ Ou gen lòt moun isit la ? Bofis, pitit gason w, pitit fi w e tout moun pa w ki nan vil la, fè yo kite zòn nan ! ” Jewova te fè yon fason pou l sove kèk moun ki abite nan vil sa a, men finalman, se sèl Lòt ak de pitit fi l yo ki te chape anba destriksyon an. — Jenèz 19:4, 5, 12, 16, 23-26.
4, 5. Poukisa Abraram te fè siplikasyon pou moun Sodòm yo, e èske fason li te konsidere moun yo te ann amoni ak fason Jewova te konsidere yo ?
4 Ann fè yon retounen nan moman Jewova te revele entansyon l pou l enspekte vil Sodòm ak vil Gomò. Se te nan moman sa a Abraram te fè siplikasyon sa a : “ Sipozon gen senkant moun jis ki nan mitan vil la. Alò ou pral efase yo e ou pap padone zòn sa a akoz senkant moun jis ki anndan l lan ? Yo pa ka panse sa de ou, pou w ta aji nan fason sa a : pou w ta fè moun ki jis la mouri ansanm ak mechan an, yon fason pou se menm bagay la ki rive ni moun ki jis la, ni moun ki mechan an ! Yo pa ka panse sa de ou. Èske Jij tout tè a pa ta fè sa ki dwat ? ” Sa fè de fwa Abraram te sèvi ak menm ekspresyon an : “ Yo pa ka panse sa de ou. ” Eksperyans Abraram te fè l konprann Jewova pa t ap detwi moun ki jis la etan l ap detwi moun ki mechan an. Lè Jewova di li pa t ap detwi Sodòm si te gen “ senkant moun jis Jenèz 18:22-33.
ki nan mitan vil la ”, Abraram te desann kantite a jiskaske l rive nan dis sèlman. —5 Èske Jewova t ap koute siplikasyon Abraram yo si yo pa t ann amoni ak fason li wè bagay yo ? Non, se yon bagay ki klè. Antanke “ zanmi Jewova ”, Abraram sanble li te konnen pwennvi Jewova, e li te dakò avè l (Jak 2:23). Lè Jewova vire atansyon l sou Sodòm ak Gomò, li te byen dispoze konsidere demann Abraram yo. Poukisa ? Se paske Papa nou ki nan syèl la ‘ pa ta renmen pyès moun detwi, men li ta renmen pou tout moun rive repanti ’.
Fason Yona te konsidere moun yo te diferan nèt
6. Ki jan Ninivit yo te reyaji devan pawòl Yona t ap pwoklame a ?
6 Kounye a, ann pran dezyèm egzanp lan, egzanp Yona. Fwa sa a, vil ki te gen pou detwi a se te Niniv. Yo te di pwofèt Yona pou l pwoklame mechanste vil sa a ‘ monte devan Jewova ’. (Yona 1:2.) Niniv, mete ak tout zòn ki te antoure l yo, se te yon gwo vil, e “ sa te mande twa jou pou mache sot nan yon bout al nan yon lòt ”. Lè finalman Yona obeyi e li antre Niniv, li pran pwoklame pawòl sa yo : “ Rete karant jou sèlman pou Niniv ranvèse. ” Kòm rezilta, “ mesye Niniv yo vin mete lafwa nan Bondye, yo pwoklame yon jèn e yo mete twal sak sou yo. ” Menm wa Niniv la repanti. — Yona 3:1-6.
7. Ki jan Jewova te konsidere repantans Ninivit yo ?
7 Yo pa t gen menm reyaksyon ditou ak moun Sodòm yo ! Ki jan Jewova te konsidere Ninivit yo ki te repanti a ? Yona 3:10 di : “ Vrè Dye a te santi l regrèt kalamite li te di li t ap lage sou yo a, e li pa t fè sa. ” Nan ki sans Jewova te “ santi l regrèt ” ? Ebyen, piske Ninivit yo te chanje fason yo t ap aji, li menm tou, li chanje fason l t ap boule avèk yo. Prensip Bondye yo pa t chanje, men Jewova te chanje desizyon l lan paske l te wè Ninivit yo te repanti. — Malaki 3:6.
8. Poukisa Yona te vin trè kontrarye ?
8 Lè Yona rann li kont Niniv pa t apral detwi ankò, èske l te wè bagay yo menm jan ak Jewova ? Non, paske men sa nou li : “ Men, sa pa t fè Yona plezi menm, e li te fè gwo kòlè. ” Ki sa Yona te fè ankò ? Selon sa ki rapòte, “ li te priye Jewova e l te di : ‘ Aa ! O Jewova, èske se pa sa m t ap di depi lè m te nan peyi m nan ? Se poutèt sa m te pran devan e m te sove al Tasis. Paske m te konnen ou se yon Bondye ki gen konpasyon ak mizerikòd, ki lan pou mete l an kòlè e ki chaje ak bonte nan kè l, e ki konn regrèt kalamite. ’ ” (Yona 4:1, 2). Yona te konnen bon kalite ki lakay Jewova. Men, nan moman sa a, Yona te vin trè kontrarye e li pa t gen menm pwennvi ak Bondye sou Ninivit yo ki te repanti.
9, 10. a) Ki leson Jewova te bay Yona ? b) Poukisa nou ka sipoze finalman Yona te vin gen menm pwennvi ak Jewova sou Ninivit yo ?
9 Yona soti kite Niniv, li fè yon tonèl e li chita nan lonbraj tonèl la, “ jiskaske l wè sa k Yona 4:5-11). Ala yon leson Yona te pran konsènan pwennvi Jewova genyen sou moun !
t apral rive vil la. ” Jewova fè yon pye kalbas kouran grandi pou bay Yona lonbraj. Men, nan demen, plant lan seche. Lè Yona te vin fache pou sa, Jewova di li : “ Ou menm, ou santi sa fè w mal pou pye kalbas kouran an, [...]. E mwen menm, èske m pa t dwe gen pitye pou Niniv gwo vil la kote ki gen plis pase san ven mil moun ki pa ka fè diferans ant men dwat yo ak men goch yo, san konte pil zannimo domestik yo ? ” (10 Yo pa rapòte kòman Yona te reyaji apre Bondye te pale avè l konsènan pitye Li te genyen pou moun Niniv yo. Men, li klè pwofèt la te korije pwennvi l sou Ninivit yo ki te repanti. Sa k fè nou di sa se paske Jewova te sèvi avè l pou ekri istwa enspire sa a.
Ki atitid nou genyen ?
11. Si Abraram te la, ki jan l t ap konsidere moun k ap viv jodi a ?
11 Jodi a, nou devan yon lòt destriksyon : sistèm de choz n ap viv la pral detwi nan gran jou Jewova a (Lik 17:26-30 ; Galat 1:4 ; 2 Pyè 3:10). Si Abraram te la, ki jan l t ap konsidere moun k ap viv nan monn sa a ki pral detwi talè konsa a ? Sandout, li t ap enkyete l pou moun sa yo ki poko gen okazyon tande ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. (Matye 24:14.) Plizyè fwa, Abraram te sipliye Bondye an favè moun ki jis ki te ka ap viv nan Sodòm. Èske pèsonèlman, nou enterese ak moun ki ta deside rejte pratik ki nan monn sa a ki anba pouvwa Satan an, si yo te jwenn posiblite pou yo repanti e pou yo sèvi Bondye ? — 1 Jan 5:19 ; Revelasyon 18:2-4.
12. Poukisa li fasil pou nou vin gen menm atitid ak Yona konsènan moun nou rankontre nan ministè nou, e ki sa nou ka fè pou sa ?
12 Li nòmal pou nou swaf pou mechanste fini (Abakouk 1:2, 3). Men, sa tèlman fasil pou nou vin gen menm atitid ak Yona, pou nou pa sousye nou de byennèt moun ki ta gendwa repanti yo. Atitid sa a ka parèt plis toujou si nou kontinye ap rankontre yon seri moun ki endiferan, ki opoze, oswa menm ki sou fè kont lè nou parèt ak mesaj Wayòm nan lakay yo. Nou ka pa remake moun Jewova gen pou l retire anndan sistèm de choz mechan sa a (Women 2:4). Si, apre nou fin byen egzamine tèt nou, nou rann nou kont nou gen atitid Yona te gen okòmansman an konsènan Ninivit yo, menm si se toupiti nou genyen l lakay nou, nou kapab lapriyè pou nou jwenn èd pou nou vin gen menm pwennvi ak Jewova.
13. Poukisa nou ka di Jewova gen sousi pou moun yo jodi a ?
Matye 10:11). Pa egzanp, li reponn priyè yo lè li ‘ fè yon fason pou yo jwenn jistis ’. (Lik 18:7, 8.) Anplis de sa, Jewova ap akonpli tout pwomès li, l ap reyalize tout objektif li nan moman ki apwopriye (Abakouk 2:3). Sa gen ladan l debarase tè a ak tout sa ki mal, menm jan l te detwi Niniv apre moun ki abite ladan l yo te rekòmanse fè mechanste. — Nawoum 3:5-7.
13 Jewova gen sousi pou moun ki poko ap sèvi l, e li koute siplikasyon sèvitè l yo ki vwe lavi yo ba li (14. Ki sa nou ta dwe ap fè etan n ap ret tann gran jou Jewova a ?
14 Èske n ap ret tann avèk pasyans, pandan nou okipe nan fè sa Jewova mande, jiskaske sistèm de choz mechan sa a elimine nan gran jou Li a ? Nou pa konn tout detay sou jis nan ki pwen travay predikasyon an dwe fèt anvan jou Jewova a vini, men nou konnen yo pral preche bon nouvèl Wayòm nan sou tout latè ki abite jan Bondye vle l la, anvan lafen an vini. E sètènman, nou ta dwe gen sousi konsènan “ bagay apresyab ” yo ki gen pou antre etan Jewova ap kontinye ranpli kay li avèk glwa. — Agayi 2:7.
Fason nou aji demontre ki jan nou konsidere moun yo
15. Ki sa ki ka ede nou pi byen konprann nesesite pou nou preche bon nouvèl la ?
15 Sa ka rive n ap viv nan yon zòn kote yo pa apresye travay predikasyon an, e sitiyasyon nou pa pèmèt nou deplase pou n al kote yo plis bezwen pwoklamatè. Sipozon gen posiblite pou nou jwenn dis moun nan tèritwa nou an anvan lafen an rive. Èske nou santi dis moun sa yo merite pou nou chèche yo ? Jezi te santi “ kè l fè l mal ” pou foul moun yo “ paske yo te depafini e yo te gaye tankou mouton ki san bèje ”. (Matye 9:36.) Grasa etid biblik nou fè, grasa lekti atantif nou fè nan Toudegad ak nan Réveillez-vous !, nou ka konprann sitiyasyon difisil ki gen nan monn nan pi byen. Kòm rezilta, sa ka fè nou vin pi byen konprann nesesite pou nou preche bon nouvèl la. Anplis de sa, lè nou byen sèvi ak piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ban nou e nou rekonèt valè yo, sa ka fè nou gen plis fòs pou nou konvenk moun yo lè n ap preche nan yon tèritwa yo travay souvan. — Matye 24:45-47 ; 2 Timote 3:14-17.
16. Ki jan nou ta ka ogmante efikasite nou nan predikasyon ?
16 Piske nou gen sousi pou moun ki petèt ta byen akeyi mesaj biblik k ap bay lavi a, sa pouse nou chanje pwogram nou epi itilize divès metòd pou nou abòde moun yo nan predikasyon. Èske nou remake gen anpil moun ki pa lakay yo lè nou pase ? Nan ka sa a, petèt nou ka ogmante efikasite predikasyon nou an lè nou varye lè ak kote n al preche. An jeneral, pechè pwason yo peche lè yo konnen yo ka jwenn pwason. Èske nou pa ka fè menm bagay la nan lapèch espirityèl nou an (Mak 1:16-18) ? Poukisa nou pa eseye preche leswa oswa nan telefòn, kote lalwa pèmèt sa ? Gen moun ki remake pakin, estasyon, ponp gazolin ak magazen, se ‘ tèritwa lapèch ’ ki bay rannman. Lè nou pwofite tout bon okazyon pou nou bay temwayaj enfòmèl, li vin parèt klè nou konsidere moun yo menm jan ak Abraram.
17. Ki fason nou ka ankouraje misyonè yo ak lòt moun k ap sèvi nan peyi etranje ?
17 Gen plizyè milyon moun ki poko tande mesaj Wayòm nan. Anplis travay predikasyon n ap fè a, èske nou ka montre nou gen sousi pou moun sa yo san nou pa menm bezwen deplase kite lakay nou ? Pa egzanp, èske nou konnen kèk misyonè oswa kèk minis a plen tan k ap sèvi aletranje ? Si n konnen kèk, li ta bon pou nou ekri yo pou nou montre nou apresye travay y ap fè a. Nan ki sans sa t ap montre nou gen sousi pou moun yo an jeneral ? Lèt nou voye bay misyonè yo pou ankouraje yo e pou felisite yo kapab ba yo fòs pou yo rete nan asiyasyon yo. Donk, sa ap pèmèt plis moun toujou vin konnen laverite (Jij 11:40). Nou ka priye tou pou misyonè yo e pou moun nan lòt peyi ki swaf laverite (Efezyen 6:18-20). Yon lòt fason nou montre nou gen sousi pou moun yo, se lè nou fè ofrann pou travay mondyal Temwen Jewova yo ap fè a. — 2 Korentyen 8:13, 14 ; 9:6, 7.
Èske w ta ka deplase ?
18. Ki sa kèk kretyen fè pou yo bay enterè Wayòm nan jarèt nan peyi kote yo abite a ?
18 Moun ki deplase al nan zòn kote yo bezwen plis pwoklamatè jwenn benediksyon pou efò yo fè ak espri sakrifis yo demontre. Sepandan, gen lòt Temwen Jewova ki rete nan peyi yo e ki aprann yon lòt lang pou yo ka ede imigran yo nan domèn espirityèl. Efò sa yo bay bon rezilta. Pa egzanp, gen sèt Temwen ki t ap ede Chinwa ki t ap viv nan yon vil nan Tegzas, Ozetazini. Temwen sa yo te akeyi 114 moun nan Soupe Seyè a an 2001. Moun ki t ap ede Chinwa sa yo vin jwenn teren y ap travay la tou pare pou rekòt. — Matye 9:37, 38.
19. Ki sa li saj pou w fè si w anvizaje deplase al nan yon peyi etranje pou w fè travay predikasyon an vanse nan zòn sa a ?
19 Petèt ou menm ak tout fanmi w nou santi nou an mezi pou nou deplase al yon kote ki bezwen plis pwoklamatè. Natirèlman, anvan tout bagay, li saj pou nou ‘ chita pou nou kalkile depans lan ’. (Lik 14:28.) Yon moun ki anvizaje ale nan yon peyi etranje dwe chita pou l kalkile depans lan plis toujou. Li ta bon pou nenpòt moun ki anvizaje posiblite sa a poze tèt li kèk kesyon, tankou : ‘ Èske m ap ka pran swen fanmi m ? Èske m ap ka jwenn viza ? Èske m deja pale lang peyi a, oswa èske mwen gen volonte pou m aprann lang sa a ? Èske m te reflechi sou klima ak kilti peyi sa a ? Èske vrèmanvre, m ap kapab “ yon èd k ap fòtifye ” frè ak sè yo e non pa yon fado pou yo nan peyi sa a ? ’ (Kolosyen 4:10, 11). Pou nou ka konnen nan ki pwen peyi nou panse al viv ladan l lan bezwen bra, li toujou bon pou nou ekri biwo filyal Temwen Jewova k ap dirije travay predikasyon nan zòn sa a. *
20. Kòman yon jèn kretyen te bay tout li menm pou byen frè ak sè li yo ak lòt moun nan yon peyi etranje ?
20 Te gen yon kretyen ki t ap travay nan konstriksyon Sal Wayòm nan peyi Japon ki te aprann yo te bezwen ouvriye kalifye pou bati yon Sal Wayòm nan peyi Paragwe. Etandone li selibatè e li gen fòs jenès li sou li, li deplase al nan peyi Paragwe kote li travay pandan uit mwa kòm sèl travayè a plen tan nan pwojè a. Pandan li nan peyi a, li aprann espayòl e li kondui plizyè etid biblik. Li te rive rann li kont yo bezwen plis pwoklamatè nan peyi a. Byenke l te tounen o Japon pou yon ti tan, li retounen ankò nan peyi Paragwe e li ede nan travay rasanble moun nan menm Sal Wayòm nan.
21. Ki sa ki ta dwe prensipal sousi nou e ki pwennvi nou ta dwe genyen etan n ap ret tann gran jou Jewova a ?
21 Bondye ap veye pou travay predikasyon an akonpli kòrèkteman, ann amoni ak volonte l. Jodi a, l ap akselere dènye rekòt espirityèl la (Izayi 60:22). Etan n ap ret tann jou Jewova a, annou patisipe avèk zèl nan travay rekòt la e annou konsidere moun yo menm jan ak Bondye nou an ki gen lanmou.
[Nòt anba paj]
^ § 19 Sa pa toujou itil pou yon moun deplase al nan yon peyi kote yo entèdi travay predikasyon an oswa yo mete restriksyon sou li. Okontrè, sa ka menm bay pwoklamatè k ap travay an kachèt nan sikonstans sa yo pwoblèm.
Èske nou sonje ?
• Ki jan nou ta dwe konsidere moun yo etan n ap ret tann jou Jewova a ?
• Ki jan Abraram te konsidere moun ki jis ki te ka ap viv nan Sodòm yo ?
• Ki pwennvi Yona te genyen sou Ninivit yo ki te repanti ?
• Ki jan nou ka demontre nou gen menm pwennvi ak Jewova sou moun ki poko tande bon nouvèl la ?
[Kesyon]
[Foto nan paj 16]
Abraram te konsidere moun yo menm jan ak Jewova.
[Foto nan paj 17]
Yona te vin gen menm pwennvi ak Jewova sou Ninivit yo ki te repanti.
[Foto nan paj 18]
Sousi nou gen pou moun yo pouse nou anvizaje divès moman ak divès fason pou nou preche bon nouvèl la.