Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konsolasyon pou moun k ap rele osekou

Konsolasyon pou moun k ap rele osekou

Konsolasyon pou moun k ap rele osekou

BIB la pa yon liv sante mantal. Sepandan, li ban nou konsolasyon e li ede nou apresye lavi malgre pwoblèm nou rankontre. Ekriti yo rekonèt reyalite sa a : “ Lòm ki sot nan vant fi viv yon ti kras tan, epi li chaje ak traka. ” ​(Jòb 14:1). Pwòp enpèfeksyon pa nou responsab kèk nan eprèv nou yo. Men, kiyès toudabò ki responsab soufrans lòm ?

Bib la lonje dwèt sou yon espri mechan ki rele Satan Ledyab. L ap “ twonpe tout latè ki abite ” e li koze anpil nan pwoblèm k ap trakase limanite yo. Sepandan, Labib di nou tou fen l prèt pou rive (Revelasyon 12:9, 12). Talè konsa Bondye pral entèvni pou l mete yon bout nan tout kalamite Satan lage sou moun k ap viv sou tè a. Selon Bib la, monn nouvo jistis Bondye pwomèt la pral mete fen nan dezespwa. — 2 Pyè 3:13.

Ala yon rekonfò lè nou konnen soufrans moun ap sibi se yon bagay ki tanporè ! Anba dominasyon Wayòm selès Bondye a ki sou kontwòl Jezi Kris, enjistis ak soufrans pap la ankò. Konsènan Wa Bondye tabli a, Ekriti yo di : “ Li pral delivre pòv k ap rele o sekou a, moun ki aflije a tou ak nenpòt moun ki pa gen pèsonn pou ede l. Li pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo. Anba kraze zo ak vyolans l ap delivre nanm yo, epi san yo pral gen valè nan je l. ” — Sòm 72:12-14.

Moman pou pawòl pwofetik sa yo akonpli tou pre rive. Nou pral kapab jwi lavi etènèl nan yon paradi sou tè a nan bon kondisyon (Lik 23:43 ; Jan 17:3). Konesans pwomès rekonfòtan sa yo nou jwenn nan Ekriti yo bay moun k ap rele osekou yo espwa ak konsolasyon.

[Liy kredi pou foto nan paj 32]

Tifi deprime : Foto ILO/J. Maillard