Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Rezon ki fè nou pa ka izole nou

Rezon ki fè nou pa ka izole nou

Rezon ki fè nou pa ka izole nou

“ De pi bon pase youn, [...] si youn ladan yo ta tonbe, lòt la kapab leve konpayon l lan. ”— Wa Salomon.

WA SALOMON, yon wa nan Izrayèl tan lontan an, te deklare : “ De pi bon pase youn, paske yo gen yon bon rekonpans poutèt yo travay di. Paske si youn ladan yo ta tonbe, lòt la kapab leve konpayon l lan. Men sa k ap rive yon moun ki poukont li e ki tonbe lè pa gen yon lòt ki pou leve l ? ” ​(Eklezyas 4:9, 10). Konsa, obsèvatè saj sa a ki t ap obsève konpòtman moun te souliye bezwen nou genyen pou nou gen konpayi lòt moun e li te souliye enpòtans pou nou pa izole nou. Sepandan, sa pa t yon senp opinyon moun. Deklarasyon Salomon an soti nan sajès ak nan enspirasyon Bondye bay.

Li pa saj pou nou izole nou. Nou youn bezwen lòt. Nou tout nou bezwen fòs ak èd nou kapab jwenn nan men lòt moun. Gen yon pwovèb nan Bib la ki di : “ Yon moun k ap izole tèt li pral chèche dezi egoyis li, li pral soulve kont tout sajès pratik. ” ​(Pwovèb 18:1). Donk, li pa etonan pou sosyològ yo ankouraje moun pou yo vin manm yon gwoup e pou yo enterese nan lòt moun.

Pami konsèy pwofesè Robert Putnam bay pou remete lavi an kominote a sou pye, li pale de “ ranfòse pouvwa lafwa genyen ”. Temwen Jewova yo remakab sou pwen sa a paske tout kote sou tè a, yo jwi pwoteksyon nan kongregasyon yo ki tankou yon fanmi. Ann amoni ak pawòl apot Pyè te di yo, yo “ renmen tout kominote frè yo nèt ” ki “ krenn Bondye ”, yon krent ki mache ak respè (1 Pyè 2:17). Temwen yo rejte tou izòlman ak efè negatif sa genyen paske yo gen anpil aktivite pozitif ki mare ak vrè adorasyon an. Aktivite sa yo fè yo rete chofe nan ede pwochen yo aprann verite ki gen nan Labib, Pawòl Bondye a. — 2 Timote 2:15.

Lanmou ak konpayi lòt moun chanje lavi yo

Temwen Jewova yo fòme yon kominote ini kote tout manm yo jwe yon wòl enpòtan. Pa egzanp, ann konsidere ka Miguel, Froylán, ak Alma Ruth, twa moun nan menm fanmi ann Amerik latin. Yo te fèt ak yon pwoblèm nan zo ki fè yo tankou nen. Yo toule twa te kloure sou chèz woulant. Lè yo te kòmanse frekante Temwen yo, ki jan sa te afekte lavi yo ?

Men kòmantè Miguel fè : “ Mwen te travèse kèk peryòd difisil, men lè m te kòmanse frekante pèp Jewova a, lavi m vin chanje. Lè yon moun izole l sa trè danjere. Lè m frekante kretyen parèy mwen nan reyinyon yo, lè m avèk yo chak semèn, sa ede m anpil pou m jwenn satisfaksyon. ”

Men sa Alma Ruth di li menm : “ Mwen te konn abitye gen kèk moman gwo depresyon, mwen te konn santi m tris anpil. Men lè m vin aprann konnen Jewova, mwen vin gen santiman m ap kapab gen yon relasyon sere avè l. Sa te vin tounen bagay ki gen plis valè pou mwen nan lavi m. Fanmi m te soutni nou anpil, e sa te fè nou vin pi ini. ”

Papa Miguel te aprann Miguel li ak ekri avèk afeksyon. Apre sa, Miguel te ede Froylán ak Alma Ruth pou yo fè menm bagay la. Sa te enpòtan anpil pou espirityalite yo. Men sa Alma Ruth di : “ Lefètke n aprann li, sa bon pou nou anpil paske, grasa sa nou li nan Labib ak nan piblikasyon ki baze sou Bib la, nou gen posiblite nouri nou espirityèlman. ”

Kounye a, Miguel ap sèvi kòm ansyen. Froylán li tout Bib la nèf fwa. Depi 1996, Alma Ruth ogmante sèvis li pou Jewova antanke pyonye, sa vle di pwoklamatè Wayòm a plen tan. Men kòmantè Alma Ruth fè : “ Avèk benediksyon Jewova, mwen atenn objektif sa a. Etandone mwen gen sipò sè m yo mwen renmen anpil e ki ede m non sèlman pou m preche men tou pou m anseye, sa pèmèt mwen kondui 11 etid biblik mwen te kòmanse. ”

Emelia se yon lòt bèl egzanp ankò. Li te fè yon aksidan ki te oblije l itilize yon chèz woulant paske li te sibi chòk nan pye l ak nan kolòn vètebral li. Temwen Jewova nan vil Meksiko te etidye Labib avè l e li te batize an 1996. Men sa Emelia di : “ Anvan m te konnen laverite, mwen te vle touye tèt mwen, mwen pa t vle viv ankò. Mwen te santi yon gwo vid, mwen te konn ap kriye lajounen kou lannuit. Men lè m vin ap frekante pèp Jewova a, mwen santi lanmou frè yo. Enterè yo montre pou mwen ankouraje m. Youn nan ansyen yo tankou yon frè oswa yon papa pou mwen. Li menm ansanm ak kèk asistan ministeryèl konn mennen m nan reyinyon ak nan predikasyon nan chèz woulant mwen an. ”

José t ap viv poukont li, li te batize antanke Temwen Jewova an 1992. Li gen 70 an, li te pran retrèt li an 1990. José te konn abitye fè depresyon, men apre yon Temwen te fin preche l, imedyatman li te kòmanse asiste reyinyon. Li te renmen sa li te tande ak sa li te wè yo. Pa egzanp, li te remake antant ki genyen pami frè yo e li te santi yo pran l pou moun. Ansyen ak asistan ministeryèl nan kongregasyon li ye kounye a pran ka l (Filipyen 1:1 ; 1 Pyè 5:2). Jan de konpayon konsa se yon “ èd k ap fòtifye ” yo ye pou li (Kolosyen 4:11). Yo mennen l kay doktè, yo vizite l lakay li, yo soutni l diran kat operasyon li te fè. Men sa l di : “ Yo montre yo enterese nan mwen. Yo se yon vrè fanmi pou mwen. Mwen renmen konpayi yo. ”

Ou jwenn vrè bonè lè w bay

Lè wa Salomon te di “ de pi bon pase youn ”, li te fèk fin pale konsènan mouvman nil yon moun ap fè lè l lage tout fòs li nan chèche gen richès materyèl (Eklezyas 4:7-9). Se egzakteman sa anpil moun ap touye tèt yo chèche jodi a, menmsi sa mande pou yo sakrifye relasyon yo genyen ak lòt moun keseswa ak manm fanmi yo oubyen moun ki pa fanmi yo.

Etadespri afre ak egoyis sa a fè anpil moun izole yo. Sa pa ba yo ni kè kontan, ni satisfaksyon nan lavi a, paske desepsyon ak dezespwa se bagay ki kouran pami moun ki tonbe nan yon etadespri konsa. Yon lòt bò, ka yo fèk rapòte la yo montre bon efè sa genyen lè nou frekante moun k ap sèvi Jewova paske yo renmen l e paske yo renmen pwochen yo. Etandone yo toujou prezan nan reyinyon yo, yo gen sipò kretyen parèy yo ki enterese nan yo, vin jwenn yo zele nan ministè a, tout bagay endispansab sa yo fè yo rive venk santiman negatif ki gen rapò ak izòlman. — Pwovèb 17:17 ; Ebre 10:24, 25.

Piske nou depann youn de lòt, li natirèl pou nou jwenn satisfaksyon lè nou fè kèk bagay pou moun. Albert Einstein, yon nonm lòt moun pwofite de travay li, te di pawòl sa yo : “ Valè yon nonm [...] ta dwe parèt nan sa li bay e non pa nan sa li anmezi pou l resevwa. ” Pawòl sa yo ann amoni ak pawòl Jezi Kris, Seyè nou an : “ Gen plis kè kontan lè w bay pase lè w resevwa. ” ​(Travay 20:35). Se poutèt sa, byenke li bon pou nou resevwa lanmou, li trè pwofitab tou pou nou montre lanmou pou lòt moun.

Yon siveyan itineran, k ap vizite kongregasyon depi plizyè ane pou l ba yo èd espirityèl e ki ede konstwi lokal pou kretyen ki pa gen gwo mwayen yo fè reyinyon, te eksprime santiman l nan sans sa a : “ Jwa mwen genyen pou m sèvi frè m yo e pou m wè rekonesans make sou vizaj yo pouse m pou m kontinye chèche okazyon pou m ede moun. Dapre eksperyans mwen fè, montre enterè nan moun se kle ki mennen nan kè kontan. E mwen konn sa antanke ansyen, nou ta dwe ‘ tankou yon kachèt pou bare van [...], tankou rigòl dlo nan yon tè sèk, tankou lonbraj yon wòch masif nan yon tè ki fin depafini ’. ” — Izayi 32:2.

Ala agreyab lè nou ret ansanm nan linite !

Se sèten gen gwo avantaj ak vrè bonè lè nou ede moun e lè nou chèche konpayi moun k ap sèvi Jewova. Salmis la di : “ Gade ! Ala bon, ala agreyab lè frè ret ansanm nan linite ! ” (Sòm 133:1). Inite nan fanmi yo se yon aspè endispansab nan soutni youn lòt, tankou nou te wè sa nan ka Miguel, Froylán ak Alma Ruth. Ala yon benediksyon pou nou ini youn ak lòt nan vrè adorasyon an ! Men sa apot Pyè te ekri apre l te fin konseye mari ak madanm ki kretyen yo : “ Finalman, se pou nou tout gen menm panse. Montre nou gen kè sansib e nou gen afeksyon youn pou lòt antanke frè, montre nou gen yon tandrès ki melanje ak konpasyon, montre nou gen imilite. ” — 1 Pyè 3:8.

Amitye toutbonvre a bay anpil avantaj, nan domèn afektif ak nan domèn espirityèl. Pandan apot Pòl ap pale ak konpayon l yo nan lafwa, li ba yo egzòtasyon sa a : “ Pale yon fason pou konsole nanm ki deprime, soutni sa ki fèb, pran pasyans ak tout moun. [...] Toujou pousuiv sa ki bon youn anvè lòt e pou tout moun. ” — 1 Tesalonisyen 5:14, 15.

Pakonsekan, chèche bon okazyon pou nou fè byen pou lòt moun. “ Annou fè byen ak tout moun, men sitou ak moun ki paran nou nan lafwa, ” paske sa ap ajoute yon vrè sans nan lavi nou e sa ap kontribye pou fè nou jwenn satisfaksyon (Galat 6:9, 10). Jak, disip Jezi, te ekri pawòl sa yo : “ Si yon frè oswa yon sè touni e yo pa gen ase manje pou yo manje chak jou, e poutan youn nan nou di yo : ‘ Ale anpè, kenbe kò w cho epi kontinye byen manje ’, men nou pa ba yo sa yo bezwen pou kò yo, sa sa ap itil ? ” ​(Jak 2:15, 16). Repons kesyon sa a klè. Nou bezwen “ montre nou pa enterese sèlman nan zafè pa nou, men nou enterese tou nan sa ki konsène lòt moun. ” — Filipyen 2:4.

Temwen Jewova yo ede moun materyèlman lè gen yon bezwen espesyal oswa lè gen yon dezas. Anplis de sa, yo aktif anpil nan ede moun parèy yo lè yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a, yon travay ki bay lavi (Matye 24:14). Patisipasyon plis pase 6 000 000 Temwen nan pwoklame mesaj sa a ki pote espwa ak rekonfò montre aklè bonjan enterè ki chaje lanmou yo gen pou moun. Men, bay èd ki soti nan Ekriti Sakre yo ede tou pou nou konble yon lòt bezwen lèzòm genyen. Ki bezwen sa a ?

Annou konble yon bezwen ki ekstrèmman enpòtan

Pou nou jwenn vrè bonè a, nou bezwen genyen yon bonjan relasyon ak Bondye. Men sa yon moun di : “ Lefètke lòm, toupatou e nan tout epòk, depi okòmansman rive jodi a, santi l pouse pou l envoke yon bagay li kwè ki pi wo pase l e ki gen plis pouvwa pase l, sa demontre relijyon se yon bagay yon moun fèt avè l e lasyans ta dwe rekonèt li. [...] Nou ta dwe gen lakrent, nou ta dwe ret bouch ouvri e nou ta dwe demontre respè pou jan nou wè toupatou lòm ap chèche yon èt siprèm e pou jan nou wè li kwè nan Li. ” — Lòm pa ka izole tèt li (anglè), A. Cressy Morrison.

Jezi Kris te deklare : “ Byennere moun ki konsyan yo pòv espirityèlman. ” ​(Matye 5:3). Moun pa janm santi yo byen lè yo izole yo de lòt moun pandan yon bon bout tan. Sepandan, li pi grav lontan pou nou izole nou de Kreyatè nou an (Revelasyon 4:11). Genyen “ konesans Bondye bay la ” e mete l an pratik kapab yon eleman enpòtan nan lavi nou (Pwovèb 2:1-5). Wi, nou ta dwe detèmine pou nou satisfè bezwen espirityèl nou, paske nou pa ka ni izole nou de Bondye, ni rete lwen l. Yon vi ki bay kè kontan e ki vrèman rich depann de yon bon relasyon avèk Jewova, li menm ki “ Trèwo sou tout tè a ”. — Sòm 83:18.

[Foto nan paj 5]

Miguel : “ Mwen te travèse kèk peryòd difisil, men lè m te kòmanse frekante pèp Jewova a, lavi m vin chanje. ”

[Foto nan paj 5]

Alma Ruth : “ Lè m vin aprann konnen Jewova, mwen vin gen santiman m ap kapab gen yon relasyon sere avè l. ”

[Foto nan paj 6]

Emelia : “ Anvan m te konnen laverite, [...] Mwen te santi yon gwo vid. ”

[Foto nan paj 7]

Frekante vrè adoratè yo ap ede nou konble bezwen espirityèl nou.