Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Annou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès

Annou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès

Annou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès

“ Bondye se yon refij ak yon fòs pou nou, yon èd ki fasil pou jwenn nan moman detrès. ”— SÒM 46:1.

1, 2. a) Ki egzanp ki montre sa pa sifi pou nou di nou mete konfyans nou nan Bondye ? b) Poukisa sa pa sifi pou nou annik di nou mete konfyans nou nan Jewova ?

DI NOU mete konfyans nou nan Bondye se youn, men montre sa nan aksyon nou se yon lòt. Pa egzanp, ekspresyon “ Se nan Bondye nou mete konfyans nou ” an gen lontan depi l parèt sou lajan papye ak lajan monnen Ozetazini. * An 1956, Kongrè ameriken an te pase yon lwa kote l deklare ekspresyon sa a se deviz nasyonal peyi Etazini. Yon bagay ki parèt dwòl, anpil moun, non sèlman nan peyi sa a men toupatou nan lemonn, mete plis konfyans nan lajan ak nan richès materyèl pase yo mete konfyans yo nan Bondye. — Lik 12:16-21.

2 Antanke vrè kretyen, nou dwe fè plis pase annik di nou mete konfyans nou nan Jewova. Menm jan “ lafwa ki san zèv la mouri ”, se konsa tou di nou mete konfyans nou nan Bondye vin san sans, amwenske nou demontre sa nan fason nou aji (Jak 2:26). Nan atik anvan an, nou te aprann nou ka demontre nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou vire bò kote l nan lapriyè, lè nou chèche direksyon nan Pawòl li, e lè nou kite òganizasyon l lan gide nou. Kounye a, annou wè ki jan nou ka aplike twa etap sa yo nan moman detrès.

Lè nou pèdi travay nou oswa lè ti sa nou rantre a piti

3. Ak ki presyon ekonomik sèvitè Jewova yo ap fè fas nan ‘ tan difisil ’ sa yo, e ki jan nou fè konnen Bondye vle ede nou ?

3 Nan ‘ tan difisil ’ sa yo, nou menm kretyen, n ap fè fas menm jan ak tout moun ak menm presyon ekonomik yo (2 Timote 3:1). Donk, sa ka rive nou ka pèdi djòb nou bridsoukou, oswa nou gendwa oblije pase anpil tan ap travay pou yon ti monnen. Lè nou nan sitiyasyon konsa, nou ka twouve li difisil pou nou ‘ founi moun pa nou yo sa yo bezwen ’. (1 Timote 5:8.) Èske Bondye ki Trèwo a vle ede nou nan moman sa yo ? Sètènman ! Natirèlman, Jewova pa pwoteje nou kont tout pwoblèm lavi a nan sistèm de choz sa a. Sepandan, si nou fè l konfyans, pawòl nou jwenn nan Sòm 46:1 yo pral tounen reyalite nan ka pa nou. Men sa vèsè sa a di : “ Bondye se yon refij ak yon fòs pou nou, yon èd ki fasil pou jwenn nan moman detrès. ” Men, ki jan nou ka demontre nou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman pwoblèm ekonomik ?

4. Lè n ap fè fas ak pwoblèm ekonomik, konsènan ki sa nou ka priye, e ki jan Jewova reponn priyè sa yo ?

4 Yon fason pou nou demontre nou mete konfyans nou nan Jewova, se lè nou vire bò kote l nan lapriyè. Men, konsènan ki sa nou ka priye ? Ebyen, lè nou devan pwoblèm ekonomik, se gendwa lè sa a nou plis bezwen gen sajès pratik pase tout lòt lè. Donk, se moman pou nou priye pou sa ! Men asirans Pawòl Jewova a ban nou : “ Si youn nan nou manke sajès, se pou l kontinye mande Bondye l, paske li donan avèk tout moun e li pa fè repwòch, e moun sa a ap jwenn sa l mande a. ” ​(Jak 1:5). Wi, mande Jewova sajès, sa vle di kapasite pou nou byen sèvi ak konesans, konpreyansyon ak disènman, yon fason pou nou pran bonjan desizyon e pou nou fè chwa ki bon. Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou an ban nou asirans l ap koute priyè sa yo. Li toujou gen dezi pou l drese chemen moun ki mete konfyans yo nan li ak tout kè yo. — Sòm 65:2 ; Pwovèb 3:5, 6.

5, 6. a) Poukisa nou ka chèche direksyon nan Pawòl Bondye a lè n ap fè fas ak presyon ekonomik yo ? b) Ki sa nou ta ka fè pou diminye strès lakay nou lè nou pèdi djòb nou ?

5 Yon lòt fason pou nou montre nou mete konfyans nou nan Jewova, se lè nou chèche direksyon nan Pawòl Bondye. Rapèl Bondye yo ki nan Bib la, rapèl ki gen sajès, pwouve “ yo merite pou yo fè yo anpil konfyans ”. (Sòm 93:5.) Aktout yo fin ekri Bib la sa gen plis pase 1 900 an, liv enspire sa a gen ladan l konsèy ki fyab e bonjan pèspikasite ki ka ede nou pou nou pi byen fè fas ak presyon ekonomik yo. Annou reflechi sou kèk egzanp sajès ki gen nan Bib la.

6 Sa gen lontan, Salomon, yon wa ki saj, te fè remak sa a : “ Somèy moun k ap sèvi a dous, kit sa l manje a piti oswa l anpil. Men abondans moun ki rich la pa kite l dòmi. ” ​(Eklezyas 5:12). Sa mande tan ak lajan pou nou repare, netwaye, antretni e pwoteje byen materyèl nou yo. Donk, lè nou pèdi djòb nou, nou ka pwofite okazyon an pou nou reegzamine fason n ap viv, etan n ap eseye fè diferans ant sa nou bezwen ak sa nou ta renmen genyen. Li ka saj pou nou fè kèk chanjman pou diminye strès lakay nou. Pa egzanp, èske li posib pou nou senplifye lavi nou, petèt pou nou deplase al viv nan yon kay ki pi piti, oswa pou nou elimine kèk byen materyèl ki pa nesesè ? — Matye 6:22.

7, 8. a) Ki jan Jezi te montre li konnen lèzòm enpafè gen yon tandans pou yo enkyete twòp konsènan bagay materyèl ? (Gade nòt anba paj la tou.) b) Ki konsèy saj Jezi te bay sou fason pou nou evite enkyete nou twòp ?

7 Nan Sèmon sou montay la, Jezi te bay konsèy sa a : “ Sispann enkyete pou nanm nou kanta sa n ap manje oswa sa n ap bwè oswa sa n ap mete sou nou. ” * (Matye 6:25). Jezi te konnen lèzòm enpafè gen tandans enkyete konsènan nesesite lavi a. Men, ki jan nou ka “ sispann enkyete ” konsènan bagay sa yo ? Jezi te di : “ Kontinye chèche wayòm nan [...] an premye ”. Kèlkeswa pwoblèm nou rankontre, nou dwe kontinye bay adorasyon Jewova a premye plas nan lavi nou. Si nou fè sa, lè sa a, Papa nou ki nan syèl la “ ap ajoute ” pou nou tout sa nou bezwen chak jou pou nou viv. Yon fason oswa yon lòt, l ap ban nou sa ki nesesè pou n kontinye viv. — Matye 6:33.

8 Jezi te bay lòt konsèy sa a : “ Pa janm enkyete pou demen, paske demen ap gen pwòp enkyetid pa l. ” ​(Matye 6:34). Li pa saj pou n ap enkyete nou twòp konsènan sa demen ka pote. Gen yon biblis ki di : “ Li ra pou nou wè demen ki nan reyalite a pa bon nan nivo nou te imajine l la. ” Si nou suiv avèk imilite konsèy Bib la bay pou nou konsantre atansyon nou sou sa ki pi enpòtan nan lavi a, e pou nou viv ojoulejou, sa ka ede nou evite enkyete pou granmesi. — 1 Pyè 5:6, 7.

9. Lè nou gen pwoblèm ekonomik, ki èd nou ka jwenn nan piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan ” an ?

9 Lè nou gen pwoblèm ekonomik, nou ka demontre konfyans nou nan Jewova tou lè nou chèche èd nan piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan ” an (Matye 24:45). Detanzantan, jounal Réveillez-vous ! prezante sijè ki gen kèk bon pwen ak kèk sijesyon pou ede nou fè fas ak pwoblèm ekonomik yo. Atik “ Au chômage — Que faire ? ” ki te parèt nan nimewo 8 out 1991 lan te bay uit konsèy pratik ki ede anpil moun kenbe ekilib yo nan domèn ekonomik e nan domèn mantal lè yo twouve yo nan yon peryòd chomaj. * Natirèlman, konsèy sa yo dwe ekilibre ak yon bon pwennvi sou vrè enpòtans lajan genyen. Yo te egzamine sa nan atik “ Plus important que l’argent ”, ki te parèt nan menm nimewo a. — Eklezyas 7:12.

Lè pwoblèm sante lage nou nan detrès

10. Ki jan egzanp wa David la montre li reyalis pou nou mete konfyans nou nan Jewova lè n ap fè fas ak gwo pwoblèm sante ?

10 Èske li reyalis pou nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou devan gwo pwoblèm maladi ? San mank ! Jewova sansib pou sèvitè l yo ki malad. Anplis de sa, li vle ede yo. Ann pran egzanp wa David. Petèt li te gendwa malad byen mal lè l te ekri sa nou pral li la a sou fason Bondye trete yon moun k ap mache dwat e ki malad. Men sa l di : “ Jewova li menm ap soutni l sou divan doulè a. Asireman, w ap transfòme kabann li nèt, pandan li malad. ” ​(Sòm 41:1, 3, 7, 8). Konfyans David te gen nan Bondye te rete solid, e finalman, li te refè. E nou menm ? Ki jan nou ka demontre nou mete konfyans nou nan Jewova lè pwoblèm sante ap enkyete nou ?

11. Lè maladi frape nou, ki sa nou ka mande Papa nou ki nan syèl la ?

11 Lè nou frape anba yon maladi, yon fason n ap montre nou fè Jewova konfyans se lè nou priye l pou nou mande l èd pou nou andire. Nou ka mande l pou l ede nou sèvi ak “ sajès pratik ” yon fason pou nou chèche jwenn pi bon sante posib selon sa sitiyasyon nou pèmèt (Pwovèb 3:21). Nou ka mande l tou pou l ede nou demontre pasyans ak andirans pou nou ka sipòte maladi a. Sa ki pi enpòtan an, l ap bon pou nou mande Jewova pou l soutni nou, pou l ban nou fòs pou nou rete fidèl e pou nou pa pèdi ekilib nou kèlkeswa sa k ta rive a (Filipyen 4:13). Li pi enpòtan pou nou kenbe entegrite nou pase pou nou prezève lavi nou gen kounye a. Si nou rete entèg, Sila a ki konn rekonpanse moun nan ap ban nou lavi pafè ak lasante pou letènite. — Ebre 11:6.

12. Ki prensip biblik ki ka ede nou pran desizyon ki saj lè nou dwe chèche yon tretman medikal ?

12 Konfyans nou genyen nan Jewova pouse nou tou pou nou chèche direksyon nan Pawòl li Labib. Prensip nou jwenn nan Ekriti yo ka ede nou pran desizyon ki saj lè pou n chwazi yon tretman medikal. Pa egzanp, etandone nou konnen Bib la kondane “ pratik espiritis ”, n ap evite tout metòd konsiltasyon oswa remèd ki gen espiritis ladan yo (Galat 5:19-21 ; Detewonòm 18:10-12). Men yon lòt egzanp sajès nou ka fè konfyans ki sot nan Bib la : “ Yon moun ki nayif kwè nan tout pawòl, men moun ki entèlijan an fè atansyon kote l ap met pye l. ” ​(Pwovèb 14:15). Donk, lè nou anvizaje yon tretman medikal, l ap bon pou nou chèche enfòmasyon ki fyab, olye pou nou “ kwè nan tout pawòl ”. “ Bonsans ” konsa ka ede nou pou nou reflechi seryezman sou posiblite ki devan nou e pou nou pran yon desizyon ki montre nou byen enfòme. — Tit 2:12.

13, 14. a) Ki atik ki bay bon enfòmasyon sou zafè lasante yo te pibliye nan jounal Toudegad ak Réveillez-vous ! ? (Gade  kare ki nan paj 30 lan.) b) Ki konsèy yo te bay nan Réveillez-vous ! 22 janvye 2001 an sou fason pou nou degaje nou anba pwoblèm sante ki kwonik ?

13 Nou ka demontre tou nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou fè rechèch nan piblikasyon esklav fidèl ki prevwayan an. Detanzantan, Toudegad ak Réveillez-vous ! konn gen sijè ladan yo ki enfòme nou sou yon kantite pwoblèm sante ak maladi ki byen presi. * Jounal sa yo konn gen kèk sijè ki montre ki jan kèk moun konn byen debouye yo anba yon seri maladi ak enfimite. Anplis de sa, gen kèk sijè ki bay kèk sijesyon biblik ansanm ak konsèy pratik ki montre ki jan pou nou viv ak pwoblèm sante ki kwonik.

14 Pa egzanp, nimewo Réveillez-vous ! 22 janvye 2001 an te gen yon seri atik nan kòmansman peryodik la ki pale sou sijè sa a : “ Maladie, infirmité : du réconfort ”. Atik sa yo te bay prensip biblik ki itil ansanm ak enfòmasyon ki fyab yo jwenn nan entèvyou yo fè ak moun byen enfòme ki viv pandan plizyè ane ak yon maladi ki rann yo enfim. Atik ki gen tit : “ Comment vivre au mieux avec votre déficience physique ” la te bay konsèy sa a : Aprann otan w kapab konsènan maladi w la (Pwovèb 24:5). Fikse objektif ki pratik, pa egzanp objektif pou w ede lòt moun, men met nan tèt ou li posib pou w pa rive atenn menm objektif ak sa lòt moun ka fè (Travay 20:35 ; Galat 6:4). Evite izole tèt ou (Pwovèb 18:1). Lè moun ap vizite w, fè vizit yo a tounen yon bèl eksperyans pou yo (Pwovèb 17:22). Sa ki pi enpòtan an, kontinye kenbe yon lyen sere ak Jewova e ak kongregasyon an (Nawoum 1:7 ; Women 1:11, 12). Èske nou pa rekonesan pou jan Jewova gide nou pa mwayen òganizasyon l lan yon fason nou ka fè l konfyans ?

Lè nou gen yon feblès lachè k ap pèsiste

15. Ki jan apot Pòl te ka pote laviktwa nan batay li t ap mennen kont feblès lachè enpafè a, e ki asirans nou ka genyen ?

15 Apot Pòl te ekri pawòl sa yo : “ Nan chè mwen, pa gen anyen ki bon ki abite ladan l. ” (Women 7:18). Pòl te konnen grasa eksperyans li te fè nan ki pwen sa difisil pou yon moun lite ak dezi ak feblès lachè enpafè. Sepandan, Pòl te gen konfyans tou li t ap ka pote laviktwa (1 Korentyen 9:26, 27). Ki jan l t ap ka fè sa ? Se lè li mete tout konfyans li nan Jewova. Se sa k fè Pòl te ka di : “ Ala mal mwen mal ! Kiyès ki pral delivre m anba kò k ap mennen m nan lanmò sa a ? Mèsi Bondye pa mwayen Jezi Kris Seyè nou an ! ” ​(Women 7:24, 25). E nou menm ? Nou menm tou, nou gen pou nou lite ak feblès lachè a. Nan lit n ap mennen an, li fasil pou nou pèdi konfyans, pou nou vin gen konviksyon nou pap janm ka reyisi. Men, Jewova ap ede nou si menm jan ak Pòl nou apiye sou li toutbon, e non sou pwòp fòs nou sèlman.

16. Lè yon feblès lachè ap pèsiste, pou ki bagay nou bezwen priye, e ki sa nou dwe fè si nou rechite ?

16 Lè yon feblès lachè ap pèsiste, nou ka montre nou fè Jewova konfyans lè nou sipliye li nan lapriyè. Nou bezwen mande, nou bezwen menm sipliye Jewova pou l ban nou èd lespri sen l (Lik 11:9-13). Nou ka mande dirèkteman pou nou gen metriz, ki fè pati fwi lespri Bondye a (Galat 5:22, 23). Ki sa nou dwe fè si nou rechite ? Li enpòtan anpil pou nou pa lage sa. Pinga nou janm bouke priye Bondye nou an avèk imilite, li menm ki gen mizèrikòd, pou nou mande l padon e pou nou mande l èd. Jewova pap janm rejte yon kè “ ki brize, ki kraze ” anba pwa lou yon konsyans ki koupab (Sòm 51:17). Si nou sipliye l ak yon kè ki sensè, yon kè ki gen regrè, Jewova ap ede nou konbat tantasyon yo. — Filipyen 4:6, 7.

17. a) Poukisa li itil pou nou reflechi sou santiman Jewova konsènan yon feblès espesyal nou kapab ap konbat ? b) Ki vèsè nou ta ka sonje si n ap lite pou nou kontwole tandans nou genyen pou nou fè kòlè ? Si n ap lite pou nou kontwole lang nou ? Si n ap lite pou nou reziste kont yon panchan nou genyen pou yon distraksyon ki pa konvnab ?

17 Yon lòt fason nou ka montre nou fè Jewova konfyans, se lè nou chèche èd nan Pawòl li. Nou ka sèvi ak yon konkòdans biblik, oswa avèk Index des publications de la Société Watch Tower, pou nou chèche repons kesyon sa a : ‘ Ki santiman Jewova genyen konsènan feblès espesyal sa a m ap konbat la ? ’ Etandone nou reflechi sou santiman Jewova konsènan bagay la, sa ka fòtifye volonte nou genyen pou nou fè l plezi. Donk, nou ka rive gen menm santiman avè l, nou ka rive rayi sa l rayi (Sòm 97:10). Gen moun ki twouve li pwofitab pou yo aprann pakè kèk vèsè biblik ki apwopriye ak feblès espesyal y ap konbat la. Èske n ap goumen pou nou kontwole tandans nou genyen pou nou fè kòlè ? Nan ka sa a, nou ka sonje vèsè tankou Pwovèb 14:17 ak Efezyen 4:31. Èske nou twouve li difisil pou nou kontwole lang nou ? Nou ka aprann kèk vèsè pakè, tankou Pwovèb 12:18 ak Efezyen 4:29. Èske nou gen yon panchan pou yon distraksyon ki pa konvnab ? Nou ka eseye sonje yon seri vèsè tankou Efezyen 5:3 ak Kolosyen 3:5.

18. Poukisa nou pa ta dwe kite lawont retni nou pou nou mande ansyen yo èd pou nou rive venk feblès nou ?

18 Chèche èd nan men ansyen lespri sen nome nan kongregasyon an se yon lòt fason ankò pou nou demontre nou konte sou Jewova (Travay 20:28). Annefè, “ gason kòm kado ” sa yo se yon dispozisyon Jewova pran pa mwayen Kris, pou l pwoteje mouton l yo e pou l pran swen yo (Efezyen 4:7, 8, 11-14). Nou rekonèt li ka pa fasil pou nou mande èd lè n ap lite ak yon feblès. Nou ka santi nou wont, nou ka pè pou ansyen yo pa panse mal de nou. Men, nou mèt sèten frè espirityèl sa yo ki gen matirite ap respekte nou poutèt nou gen kouraj pou nou mande èd. Anplis de sa, ansyen yo ap fè tout sa yo kapab pou yo reflete kalite Jewova yo nan fason y ap aji ak twoupo a. Konsèy yo ban nou ki rekonfòtan, ki pratik, se gendwa egzakteman sa nou te bezwen pou fòtifye detèminasyon nou nan pwen pou nou rive venk feblès nou an. — Jak 5:14-16.

19. a) Nan ki objektif Satan ap chèche sèvi ak vanite ki nan sistèm sa a ? b) Ki sa konfyans gen ladan l, e ki rezolisyon fèm nou ta dwe pran ?

19 Pa janm bliye sa, Satan konnen tan l lan kout (Revelasyon 12:12). Li vle sèvi ak vanite lavi a ki gen nan monn sa a pou l dekouraje nou e fè nou abandone. Se pou nou gen yon konfyans total nan panse nou jwenn nan Women 8:35-39 la ki di : “ Ki sa k ap separe nou ak lanmou Kris la ? Tribilasyon, oswa detrès, oswa pèsekisyon, oswa grangou, oswa touni, oswa danje, oswa epe ? [...] Okontrè, nan tout bagay sa yo, nou ranpòte yon viktwa total grasa moun ki renmen nou an. Paske m gen konviksyon ni lanmò ni lavi, ni zanj ni gouvènman, ni bagay kounye a ni bagay k ap vini, ni pisans, ni wotè, ni pwofondè, ni okenn lòt kreyasyon pap kapab separe nou ak lanmou Bondye ki nan Kris Jezi Seyè nou an. ” Ala yon deklarasyon ki demontre konfyans nan Jewova ! Sepandan, yon konfyans konsa plis pase yon senp santiman. Okontrè, li gen ladan l desizyon rezonab n ap pran chak jou. Donk, annou pran yon rezolisyon fèm pou nou mete tout konfyans nou nan Jewova nan moman detrès.

[Nòt anba paj]

^ § 1 Nan yon lèt ki gen dat 20 novanm 1861, men sa minis finans Salmon P. Chase te ekri Biwo ki responsab pou fè lajan monnen Ozetazini (U.S. Mint) : “ Okenn nasyon pa ka solid sof si Bondye ba l fòs. Okenn nasyon pa ka an sekirite sof si Bondye ap defann li. Konfyans pèp nou an genyen nan Bondye ta dwe parèt aklè sou monnen nasyonal nou yo. ” Kòm rezilta, deviz “ Se nan Bondye nou mete konfyans nou ” an te parèt pou premye fwa sou yon lajan monnen yo te mete deyò Ozetazini an 1864.

^ § 7 Strès yo dekri la a, yo di se yon “ laperèz ki fè moun ap enkyete yo, ki retire tout kè kontan ki gen nan lavi a. ” Gen kèk tradiksyon ki di “ pa enkyete w ” oswa “ pa fatige w ”. Men, fason yo rann li an lese konprann nou pa ta dwe kòmanse enkyete nou oswa fatige nou. Gen yon ouvraj referans ki di : “ Vèb grèk la nan tan enperatif prezan, e sa enplike yon lòd yo bay pou nou sispann fè yon aksyon ki te deja kòmanse fèt. ”

^ § 9 Men uit pwen yo : 1) Pa fè tèt cho. 2) Chèche gen yon pwennvi pozitif. 3) Pare lespri w pou w aksepte lòt kalite travay. 4) Viv selon mwayen w, pa viv selon mwayen lòt moun. 5) Fètatansyon ak kesyon fè dèt la. 6) Kenbe fanmi an ini. 7) Kenbe diyite w. 8) Etabli yon bidjè.

^ § 13 Jounal sa yo ki baze sou Bib la pa rekòmande oswa fè pwomosyon pou okenn tretman medikal an patikilye. Yo rekonèt zafè suiv tretman medikal se yon desizyon pèsonèl. Okontrè, atik ki pale de maladi byen presi yo, yo la pou enfòme lektè yo sou reyalite maladi a selon jan yo konprann li pou lemoman.

Èske nou sonje ?

• Lè n ap afwonte pwoblèm ekonomik, ki fason nou ka demontre nou mete konfyans nou nan Jewova ?

• Ki jan nou ka demontre nou mete konfyans nou nan Jewova lè nou gen gwo pwoblèm sante ?

• Lè yon feblès lachè ap pèsiste, ki jan nou ka demontre nou apiye toutbon sou Jewova ?

[Kesyon]

 [Kare nan paj 30]

Èske nou sonje sijè sa yo 

Lè pwoblèm sante lage nou nan detrès, li ankourajan pou nou li eksperyans lòt moun ki byen debouye yo anba maladi oswa enfimite. Sa n ap site la a se kèk sijè ki te parèt nan peryodik La Tour de Garde ak Réveillez-vous !

“ J’ai surmonté mes faiblesses. ” Atik sa a te santre sou fason pou nou fè fas ak panse ki negatif ansanm ak depresyon. — La Tour de Garde 1ye me 1990.

“ Même un poumon d’acier n’a pu l’empêcher de prêcher. ” — Réveillez-vous ! 22 janvye 1993.

“ Une balle a bouleversé ma vie. ” Atik sa a te plis pale sou fason yon moun kapab fè fas ak pwoblèm paralizi. — Réveillez-vous ! 22 oktòb 1995.

“ Vous ne savez pas ce que votre vie sera demain. ” Atik sa a te pale sou fason yon moun te debat ak maladi nan tèt ki fè l mànyak e ki fè l deprime. — La Tour de Garde 1ye desanm 2000.

“ Loida, ou la victoire sur le silence. ” Atik sa a te chita sou fason moun ka fè fas ak yon paralizi nan sèvo. — Réveillez-vous ! 8 me 2000.

“ Mon combat contre l’endométriose. ” — Réveillez-vous ! 22 jiyè 2000.

“ Mon combat contre la sclérodermie. ” — Réveillez-vous ! 8 out 2001.

“ Ma victoire contre la dépression postnatale. ” — Réveillez-vous ! 22 jiyè 2002

[Foto nan paj 28]

Si sa rive nou pèdi travay nou, li ta saj pou nou reegzamine fason n ap viv.

[Foto nan paj 29]

Egzanp Loida a montre ki jan lè yon moun fè Jewova konfyans, sa ede l andire. (Gade kare ki nan paj 30 lan.)

[Foto nan paj 31]

Nou pa bezwen wont mande èd pou nou venk feblès nou yo.