Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki kalite non w ap fè pou tèt ou ?

Ki kalite non w ap fè pou tèt ou ?

Ki kalite non w ap fè pou tèt ou ?

ÈSKE w janm li anons lanmò nan jounal oswa èske w janm wè yon repòtaj byen long sou vi yon moun ak sou sa l te reyalize anvan l mouri ? Èske lè sa a ou te mande tèt ou, ‘ ki sa moun t ap di de mwen ? ’ Konbyen moun ki janm reflechi konsènan souvni y ap kite dèyè yo lè yo mouri ? Donk, konsidere kesyon sa yo avèk franchiz : Ki sa moun t ap di de ou jodi a si yè ou te tonbe w mouri ? Ki kalite repitasyon w ap fè pou tèt ou ? Ki souvni w ta renmen ni moun ki te konnen w ni Bondye gen de ou ?

Ekriven saj liv biblik ki pote non Eklezyas la di konsa : “ Yon non pi bon pase bon luil, e jou lanmò pi bon pase jou yon moun fèt. ” ​(Eklezyas 7:1). Poukisa pou jou yon moun mouri ta pi bon pase jou yon moun fèt ? Se paske lè yon moun fèt li poko gen okenn repitasyon. Li poko gen okenn istwa sou li. Repitasyon li pral genyen swa an byen swa an mal ap depann de jan de vi li pral mennen. Pou moun ki fè yon bon non pou tèt yo pandan vi yo, nan ka sa a jou lanmò a pi bon vre pase jou nesans lan.

Donk nou gen yon chwa. Anfèt, chak jou nou gen anpil chwa ki kapab detèmine repitasyon nou lè nou pa la ankò, sitou ki souvni Bondye ap genyen de nou. Nan sans sa a, men pawòl menm Ebre saj sa a te ekri : “ Souvni moun ki jis la merite jwenn yon benediksyon, men non mechan yo ap pouri. ” ​(Pwovèb 10:7). Pou Bondye sonje yon moun pou yon benediksyon, sa a se yon gwo privilèj !

Si nou saj, objektif nou se ta dwe fè Bondye plezi lè nou viv ann amoni ak prensip li yo. Sa siyifi pou nou suiv prensip de baz Kris te bay yo : “ ‘ Ou dwe renmen Jewova Bondye w la ak tout kè w, ak tout nanm ou, ak tout lespri w ’. Sa a se pi gran e se premye kòmandman an. Men dezyèm nan, ki sanble avè l : ‘ Ou dwe renmen pwochen w menm jan w renmen tèt ou. ’ Nan de kòmandman sa yo tout Lalwa pandye, ansanm ak Pwofèt yo. ” — Matye 22:37-40.

Souvni kèk moun kite

Gen moun yo sonje antanke moun ki konsakre tèt yo nan aktivite pou ede moun, gen lòt menm yo sonje yo antanke moun ki travay pou byennèt moun, gen lòt ankò se antanke defansè dwa moun, oswa pou sa yo reyalize nan domèn biznis, lasyans, lamedsin oswa lòt aktivite. Ki souvni menm ou ta renmen yo gen de ou ?

Robert Burns, yon powèt ekosè (1759-1796) te swete pou yon pisans ta fè n kado posiblite pou n wè tèt nou menm jan lòt moun wè nou. Èske w kapab analize tèt ou yon fason reyalis epi pou w di ou gen yon bon repitasyon devan moun ak devan Bondye ? Alalong, se sèten relasyon nou ak lòt moun ap vin gen plis enpòtans pase bagay ki gen pou pase nou reyalize nan domèn spò oswa nan domèn biznis. Donk, men kesyon pou nou poze : Fason nou trete lòt moun, konvèsasyon nou, mànyè nou, konpòtman nou, ki jan sa afekte yo ? Èske yo wè nou kòm yon moun ki abòdab oswa yon moun ki endiferan ? Kòm yon moun ki janti oswa yon moun ki di ? Kòm yon moun ki maleyab oswa yon moun ki egzijan ? Kòm yon moun ki akeyan e ki sansib oswa yon moun ki pa amikal e ki meprizan ? Èske yo wè nou kòm yon moun k ap kritike moun pou dekouraje yo oswa kòm yon konseye k ap ankouraje moun ? Annou egzamine kèk egzanp pou nou wè ki leson nou kapab tire.

Souvni kretyen yo kite

Ministè Jezi sou tè a te dire sèlman twazan edmi. Sepandan, ki souvni moun ki t ap suiv li yo te gen de li menm ? Yo sonje Jezi pou anpil bèl kalite li te gen lakay li, sa gen ladan l espri sakrifis li te genyen. Jezi se yon modèl nan demontre lanmou Bondye. Jezi fikse règ pou tout moun ki vle vin disip li. Nan ki degre ou suiv egzanp li ? — 1 Korentyen 13:4-8 ; 1 Pyè 2:21.

Nan epòk modèn nan, plizyè milye kretyen fidèl mouri, gen anpil se lè yo vye granmoun, gen lòt ki mouri plizoumwen jèn. Men yo kite yon bon repitasyon dèyè yo. Gen ladan yo, tankou Kristal ki te mouri vye, yo sonje yo pou jan yo te akeyan e jan yo te renmen wè moun bò kote yo. Gen lòt menm, tankou Dirk ki te mouri nan karantèn li, se pou espri kolaborasyon yo ak volonte pou ede moun yo sonje yo.

Epitou gen ka José ann Espay. Nan ane 1960 yo, lè travay predikasyon Temwen Jewova yo te anba entèdiksyon nan peyi sa a, José te marye e li te gen twa tifi. Li te gen yon bon djòb nan Baselòn. Men nan menm moman an, yo te bezwen ansyen ki gen matirite nan sid Espay. José te kite bon travay li te genyen an e li te ale Málaga avèk fanmi l. Yo te gen pou yo fè fas ak moman ekonomik difisil, souvan yo konn rete san travay.

Sepandan, tout moun te konn José pou egzanp fidèl san fay li te bay nan ministè a e pou bèl edikasyon pitit fi l yo li te rive reyalize grasa sipò madanm li Carmela. Lè yo te bezwen yon moun pou òganize kongrè nan zòn nan, José te toujou mete l disponib. Malerezman, lè l rive nan senkantèn li, gen yon gwo maladi ki te frape l e sa te koz lanmò l. Sepandan, li te kite dèyè l kòm repitasyon yon ansyen yo ka konte sou li, ki travay di e yon mari ak yon papa ki gen afeksyon.

E ou menm, ki souvni w ap kite dèyè w ? Si w te mouri yè, ki sa moun t ap di de ou jodi a ? Sa a se yon kesyon ki ta dwe pouse nou tout pou n amelyore fason n ap aji.

Ki sa nou kapab fè pou nou vin gen yon bon repitasyon ? Nou kapab toujou amelyore nou nan montre fwi lespri a, tankou lanmou, pasyans, bonte, dousè, ak metriz (Galat 5:22, 23). Wi, definitivman, “ yon [bon] non pi bon pase bon luil, e jou lanmò pi bon pase jou yon moun fèt. ” — Eklezyas 7:1 ; Matye 7:12.

[Foto nan paj 3]

Robert Burns te swete pou yon pisans ta fè n kado posiblite pou n wè tèt nou menm jan lòt moun wè nou.

[Liy kredi]

Yo pran l nan liv A History of England