Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ki sa Jewova atann de nou ?

Ki sa Jewova atann de nou ?

Ki sa Jewova atann de nou ?

“ Ki sa Jewova mande w anretou, si se pa pratike jistis, renmen bonte epi mache yon fason modès avèk Bondye w la ? ”— MIKA 6:8.

1, 2. Poukisa kèk sèvitè Jewova ka vin dekouraje, men ki sa ki ka ede yo ?

VERA se yon kretyèn fidèl ki gen anviwon 75 an, e sante l pa bon ditou. Tande sa l di : “ Pafwa, m ap gade nan fenèt la, mwen wè frè m ak sè m yo k ap preche kay an kay. Sa fè dlo kouri nan je m paske m ta renmen ansanm ak yo, men maladi anpeche m sèvi Jewova jan m ta vle. ”

2 Èske w konn santi w konsa deja ? Natirèlman, tout moun ki renmen Jewova vle mache nan non l epi fè sa li mande. Men, e si sante nou ap bese, e si nou kòmanse antre nan laj oswa nou gen fanmi sou kont nou ? Nou ka santi nou yon ti jan dekouraje paske sikonstans sa yo ka anpeche nou fè tout sa kè nou santi l ta fè nan sèvis Bondye a. Si se ka pa nou, n ap jwenn ankourajman lè nou konsidere chapit 6 ak chapit 7 nan liv Mika a. Chapit sa yo montre sa Jewova mande pou nou fè yo se bagay ki rezonab e nou tout ka fè yo.

Fason Bondye trete pèp li

3. Kòman Jewova trete Izrayelit rebèl yo ?

3 Pou kòmanse, annou gade Mika 6:3-5 e annou note kòman Jewova trete pèp li. Sonje nan epòk Mika a Izrayelit yo te rebèl. Malgre sa, avèk konpasyon, Jewova te di yo pawòl sa yo : “ O, pèp mwen ! ” Li sipliye yo : “ O pèp mwen ! Tanpri, sonje. ” Olye pou Jewova ta akize yo, pale di avèk yo, li eseye touche kè yo, li mande yo : “ Sa m fè w ? ” Li menm ankouraje yo pou yo “ pote plent kont ” li.

4. Ki efè egzanp konpasyon Bondye bay ta dwe gen sou nou ?

4 Ala yon bèl egzanp Bondye ba nou tout ! Ata pèp Izrayèl ak pèp Jida ki t ap viv nan epòk Mika a, pèp rebèl sa yo, avèk konpasyon, li rele yo “ pèp mwen ”, e li di yo “ tanpri ”. Se sèten, nou dwe montre konpasyon ak bonte nan fason n ap trete manm kongregasyon an. Se vre, gen moun li pa fasil pou w boule avèk yo, gen lòt ki fèb espirityèlman. Sepandan, si yo renmen Jewova, n ap montre nou vle ede yo e n ap aji anvè yo avèk konpasyon.

5. Ki pwen fondamantal ki parèt nan Mika 6:6, 7 ?

5 Kounye a, annou pran Mika 6:6, 7. Mika poze yon seri kesyon, li mande : “ Avèk ki sa pou m abòde Jewova ? Avèk ki sa pou m pwostène devan Bondye ki anlè a ? Èske se pou m abòde l avèk olokos, oswa avèk ti bèf ki gen ennan ? Èske Jewova ap pran plezi nan plizyè milye belye, nan plizyè dizèn milye larivyè luil ? Èske se pou m bay premye pitit gason m nan pou rebelyon m nan, èske se pou m bay fwi zantray mwen pou peche nanm mwen fè ? ” Non, li pa posib pou fè Jewova plezi avèk ‘ plizyè milye belye, plizyè dizèn milye larivyè luil ’. Men, gen bagay k ap fè l plezi. Ki sa ?

Nou dwe pratike jistis

6. Ki twa egzijans Bondye fè ki parèt nan Mika 6:8 ?

6 Nan Mika 6:8, nou aprann ki sa Jewova atann de nou. Men sa Mika mande : “ Ki sa Jewova mande w anretou, si se pa pratike jistis, renmen bonte epi mache yon fason modès avèk Bondye w la ? ” Twa egzijans sa yo gen ladan yo santiman nou, panse nou ak aksyon nou. Nou dwe santi nou pouse pou nou demontre kalite sa yo, reflechi sou fason nou ka manifeste yo e montre yo nan aksyon nou. Annou egzamine twa egzijans sa yo youn apre lòt.

7, 8. a) Ki sa “ pratike jistis ” siyifi ? b) Ki enjistis ki gaye toupatou nan epòk Mika a ?

7 “ Pratike jistis ” vle di fè sa ki dwat. Fason Bondye aji se modèl jistis. Sepandan, moun ki t ap viv nan menm epòk ak Mika yo pa t pratike jistis, se enjistis yo t ap fè pito. Ki jan yo te konn fè sa ? Ann konsidere Mika 6:10. Nan fen vèsè a, li di machann yo ap sèvi ak “ fo efa ”, sa vle di youn ki twò piti. Vèsè 11 lan montre yo sèvi ak “ pèz ki kapab twonpe moun ”. E selon vèsè 12 la, “ lang nan bouch yo ap twonpe moun ”. Donk, fo mezi, fo balans, fo pawòl gaye toupatou nan komès pandan epòk Mika a.

8 Se pa nan mache sèlman ki gen enjistis. Ou jwenn li nan tribinal tou. Mika 7:3 montre “ prens lan mande kichòy, e moun k ap jije a fè sa pou rekonpans ”. Yo bay jij yo lajan sou kote pou yo ka lage kondanasyon ki enjis sou moun ki inosan. “ Zotobre a ”, sa vle di sitwayen ki gen enfliyans lan, konn patisipe nan krim sa yo. Anfèt, Mika di ni prens lan, ni jij la, ni zotobre a yo tout yo “ makònen ”, sa vle di yo met ansanm pou yo fè mechanste.

9. Ki jan enjistis mechan yo pratike a te vin aji sou tout Jida ak Izrayèl ?

9 Enjistis dirijan mechan yo t ap pratike yo te gen efè sou tout moun ki t ap viv nan Jida ak ann Izrayèl. Mika 7:5 montre piske pa gen jistis, sa vin fè pa gen konfyans nan mitan konpayon, nan mitan zanmi entim, e menm nan mitan moun ki marye ansanm. Jan vèsè 6 la montre l la, sitiyasyon an vin rive nan yon degre kote fanmi pwòch tankou pitit ak papa, pitit fi ak manman, youn ap meprize lòt.

10. Nan anbyans enjistis ki genyen jodi a, kòman kretyen yo konpòte yo ?

10 Kòman sa ye jodi a ? Èske se pa menm bagay yo nou wè ? Menm jan ak Mika, toupatou bò kote nou se enjistis, moun pa fè moun konfyans, lavi an sosyete e lavi an fanmi ap depafini. Toutfwa, antanke sèvitè Bondye nan mitan monn enjis sa a, nou pap kite espri ki gen nan move fason monn sa a aji antre nan kongregasyon an. Okontrè, n ap fè efò pou nou defann prensip onètete ak entegrite, etan n ap aplike prensip sa yo nan lavi nou chak jou. Anfèt, n ap “ konpòte nou yon fason ki dwat nan tout bagay ”. (Ebre 13:18.) Èske w pa dakò lè nou pratike jistis nou jwenn anpil benediksyon akoz bonjan konfyans ki genyen nan mitan frè ak sè nou yo ?

Ki jan moun fè tande “ vwa Jewova menm ” ?

11. Kòman Mika 7:12 akonpli ?

11 Mika pwofetize malgre kondisyon enjis ki genyen an, tout kalite moun ap rive jwenn jistis. Pwofèt la anonse moun pral rasanble “ sot nan lanmè al nan lanmè, sot nan mòn al nan mòn ” pou vin adore Jewova (Mika 7:12). Jodi a, nan dènye akonplisman pwofesi sa a, se pa yon nasyon an patikilye k ap benefisye jistis san patipri Bondye a, men se moun ki soti nan tout nasyon (Izayi 42:1). Kòman sa rive fèt ?

12. Ki jan moun yo fè tande “ vwa Jewova menm ” jodi a ?

12 Pou nou ka konnen, ann konsidere sa Mika te di anvan. Mika 6:9 deklare:“ Se vwa Jewova menm k ap pale ak vil la byen fò, e moun ki gen sajès pratik la ap gen lakrentif pou non w. ” Ki jan moun tout nasyon ap fè tande “ vwa Jewova menm ”, e ki rapò sa genyen ak pratike jistis ? Natirèlman, moun pa pral tande vwa Bondye toutbon jodi a. Men, pa mwayen travay predikasyon nou an k ap fèt nan lemonnantye, moun tout ras ak moun tout kouch sosyal rive tande vwa Jewova. Kòm rezilta, moun ki koute vin “ gen lakrentif pou non ” Bondye, yo vin gen gwo respè pou li. Nou sèten n ap aji yon fason ki jis e ki gen lanmou lè n ap sèvi antanke pwoklamatè Wayòm ki zele. Lè nou fè tout moun san patipri konnen non Bondye, nou “ pratike jistis ”.

Nou dwe renmen bonte

13. Ki diferans ki genyen ant lanmou fidèl ak lanmou ?

13 Kounye a, annou pale de dezyèm egzijans ki gen nan Mika 6:8 la. Jewova atann pou nou “ renmen bonte ”. Mo “ bonte ” sa a tradui yon mo ebre ki vle di tou “ bonte ki plen lanmou ” oubyen “ lanmou fidèl ”. Lanmou fidèl la se yon konsiderasyon ou gen pou lòt moun ki pouse w aji, ou gen sousi ak konpasyon pou yo. Lanmou fidèl diferan de lanmou. Ki jan ? Lanmou se yon mo ki pi laj, li ka menm aplike pou bagay oswa pou ide. Pa egzanp, Ekriti yo pale de moun “ ki renmen diven ak luil ” ak moun “ ki renmen sajès ”. (Pwovèb 21:17 ; 29:3.) Lanmou fidèl li menm toujou konsène moun, espesyalman moun k ap sèvi Bondye. Se poutèt sa, Mika 7:20 pale de “ bonte ki plen lanmou yo te bay Abraram ”, yon nonm ki t ap sèvi Jewova Dye.

14, 15. Ki jan pou nou montre lanmou fidèl, e ki egzanp yo site ki pwouve sa ?

14 Selon Mika 7:18, pwofèt la di ‘ se nan bonte ki plen lanmou Bondye pran plezi ’. Nan Mika 6:8, yo pa di nou sèlman pou nou montre lanmou fidèl, men pou nou renmen kalite sa a. Ki sa nou aprann nan vèsè sa yo ? Nou montre lanmou fidèl ak tout volonte nou e san rezèv paske nou vle fè sa. Menm jan ak Jewova, nou pran plezi nan montre lanmou fidèl pou moun ki bezwen sa.

15 Jodi a, lanmou fidèl se yon siy pou idantifye pèp Bondye a. Ann jis konsidere yon egzanp. An jen 2001, te gen yon siklòn ki te lakòz gwo inondasyon nan Tegzas, Ozetazini, e te gen plizyè milye kay ki te sibi domaj, ladan yo te gen plizyè santèn kay Temwen Jewova. Te gen anviwon 10 000 Temwen ki ofri tan yo ak enèji yo san rezèv pou yo ka ede frè yo ki nan bezwen. Pandan plis pase sis mwa, volontè travay san pran souf, lajounen kou lannuit, e nan wikenn tou, pou yo rekonstwi 8 Sal Wayòm ak plis pase 700 kay pou frè yo. Moun ki pa t ka patisipe nan travay yo te bay manje, materyo ak lajan. Ki sa k fè tout milye Temwen sa yo te deplase al ede frè yo ? Paske yo “ renmen bonte ”. Ala kontan kè nou kontan lè nou konnen se nan lemonnantye frè nou yo ap manifeste lanmou fidèl konsa ! Wi, obeyi egzijans ki mande pou nou “ renmen bonte ” a se pa yon fado, men se yon jwa !

Mache yon fason modès avèk Bondye

16. Ki egzanp ki montre enpòtans pou nou mache yon fason modès ak Bondye ?

16 Twazyèm egzijans ki gen nan Mika 6:8 la se “ mache yon fason modès avèk Bondye w la ”. Sa vle di pou nou rekonèt limit nou, pou nou rekonèt nou depann de Bondye. Ann pran yon egzanp : imajine yon tifi ki kenbe men papa l byen di pandan y ap mache anba yon gwo lapli. Tifi a konnen byen ti fòs li piti, men li gen konfyans nan papa l. Nou menm tou nou konnen limit nou, men nou gen konfyans nan Papa nou ki nan syèl la. Ki jan nou ka kenbe konfyans sa a ? Youn nan fason yo se lè nou toujou sonje poukisa li saj pou nou rete pwòch ak Bondye. Mika raple nou twa rezon : Jewova se Sovè nou, li se Gid nou, e li se Pwotektè nou.

17. Ki jan Jewova te delivre, gide e pwoteje pèp li nan tan lontan ?

17 Selon Mika 6:4, 5, men sa Bondye di : “ Mwen fè w monte kite peyi Ejip. ” Wi, se Jewova ki te Sovè Izrayèl. Pi devan Jewova di : “ Mwen voye Moyiz, Arawon ak Miryam devan w. ” Moyiz ak Arawon te sèvi kòm gid pou nasyon an, e Miryam te alatèt medam ann Izrayèl yo lè yo t ap danse akoz laviktwa yo te ranpòte (Egzòd 7:1, 2 ; 15:1, 19-21 ; Detewonòm 34:10). Jewova te gide nasyon an pa mwayen sèvitè l yo. Nan vèsè 5 lan, Jewova fè nasyon Izrayèl la sonje li te pwoteje l kont Balak ak Balaram, e li te pwoteje Izrayelit yo pandan dènye bout vwayaj yo soti Sitim nan Mowab pou rive Gilgal nan Latè pwomiz.

18. Ki jan Bondye montre li se yon Sovè, yon Gid e yon Pwotektè pou nou jodi a ?

18 Piske n ap mache avèk Bondye, li sove nou anba monn Satan an, li gide nou pa mwayen Pawòl li ak òganizasyon l lan, e li pwoteje nou antanke gwoup lè nou anba atak opozan yo. Donk, nou gen bonjan rezon pou nou kenbe men Papa nou ki nan syèl la byen di pandan n ap mache avè l nan dènye pati vwayaj difisil k ap mennen nou yon kote ki pi grandyoz lontan pase Latè pwomiz, nou vle pale de monn nouvo jis Bondye a.

19. Ki rapò ki genyen ant modesti ak limit nou genyen ?

19 Si nou modès nan fason n ap mache ak Bondye, sa ap ede nou pou nou gen yon pwennvi reyalis sou sitiyasyon nou. Se vre, paske montre modesti gen ladan l pou nou konsyan de limit nou. Si nou aje oswa si sante nou ap bese, sa kapab limite sa nou ka fè nan sèvis Jewova. Sepandan, olye pou nou kite sa dekouraje nou, li bon pou nou sonje Bondye aksepte efò nou ak sakrifis nou ‘ selon sa nou genyen, e non selon sa n pa genyen ’. (2 Korentyen 8:12.) Anfèt, Bondye atann pou nou sèvi l ak tout nanm nou, etan n ap fè sa sikonstans yo pèmèt nou fè (Kolosyen 3:23). Lè nou fè tout sa nou kapab nan sèvis Bondye ak tout kè nou e avèk zèl, li beni nou anpil anpil. — Pwovèb 10:22.

Ret tann pote benediksyon

20. Ki bagay, si nou konsyan de li, ki kapab ede nou ret tann menm jan ak Mika ?

20 Benediksyon nou jwenn nan men Jewova pouse nou pou nou imite mantalite Mika a. Men sa l te deklare : “ M ap ret tann Bondye delivrans mwen an. ” ​(Mika 7:7). Ki rapò pawòl sa yo genyen ak mache n ap mache yon fason ki modès ak Bondye ? Lè nou ret tann, oubyen ankò lè nou pasyan, sa ede nou pou nou pa desi dèske jou Jewova a poko vini (Pwovèb 13:12). Franchman, nou tout nou pa konn ki lè pou lafen sistèm sa a rive. Men, se chak semèn plizyè milye moun apèn ap kòmanse mache avèk Bondye. Piske nou konn sa, sa ban nou yon rezon pou nou ret tann. Anrapò ak sa, men sa yon moun ki gen lontan depi l Temwen te di : “ Lè m konsidere 55 ane mwen genyen depi m ap preche, mwen gen konviksyon mwen pa pèdi anyen poutèt mwen te ret tann Jewova. Okontrè, sa evite m fè anpil move eksperyans. ” Èske w gen menm santiman an ?

21, 22. Ki jan Mika 7:14 ap akonpli jodi a ?

21 Se sèten, mache avèk Jewova fè nou jwenn anpil pwofi. Tankou nou li sa nan Mika 7:14, Mika konpare pèp Bondye a ak yon mouton k ap viv an sekirite bò kote bèje li. Nan gwo akonplisman pwofesi sa a jodi a, rès Izrayèl espirityèl la ansanm ak “ lòt mouton ” yo, yo tout yo an sekirite nan men Jewova, Bèje yo a yo ka fè konfyans lan. Yo abite ‘ poukont yo nan yon forè, nan mitan yon plantasyon fwi ’, nan yon sans espirityèl, yo separe ak monn sa a k ap vin pi danjere, k ap gen plis tèt chaje chak jou pi plis. — Jan 10:16 ; Detewonòm 33:28 ; Jeremi 49:31 ; Galat 6:16.

22 Tankou jan Mika 7:14 te predi sa, pèp Jewova a ap mennen yon bèl vi. Anpalan de mouton Bondye yo, pèp li a, men sa Mika deklare : “ Kite yo manje nan Bashàn ak nan Gileyad. ” Menm jan mouton ki nan Bashàn ak nan Gileyad yo te jwenn bon zèb pou yo te byen manje e yo t ap mennen yon bèl vi, se konsa jodi a, pèp Bondye a ap mennen yon bèl vi espirityèlman. Sa se yon benediksyon anplis pou moun k ap mache yon fason ki modès avèk Bondye. — Nonb 32:1 ; Detewonòm 32:14.

23. Ki leson nou ka aprann nan Mika 7:18, 19 ?

23 Nan Mika 7:18, 19, pwofèt la souliye anvi Jewova genyen pou l padone moun ki repanti yo. Vèsè 18 la di Jewova “ padone fot ” e li “ pase sou peche ”. Selon vèsè 19 la, l “ ap voye tout peche yo fè yo jete nan fon lanmè ”. Ki leson nou ka tire nan sa ? Nou ka mande tèt nou si nou imite Jewova nan sans sa a. Èske nou padone fot lòt moun fè kont nou ? Lè moun sa yo repanti e y ap chèche repare sa yo te fè, asireman n ap vle imite dispozisyon Jewova genyen pou li padone nèt nèt.

24. Ki pwofi w tire nan pwofesi Mika a ?

24 Ki pwofi nou tire pandan nou t ap egzamine pwofesi Mika a ? Li fè nou sonje Jewova bay moun ki pwoche bò kote l yo bonjan espwa (Mika 2:1-13). Nou te jwenn ankourajman pou nou fè tout sa nou kapab pou nou soutni vrè adorasyon an, yon fason pou nou mache nan non Bondye pou toutan (Mika 4:1-5). E nou te jwenn asirans nan kèlkeswa sitiyasyon nou twouve nou, nou ka akonpli egzijans Jewova yo. Se vre, pwofesi Mika a reyèlman ban nou fòs pou nou mache nan non Jewova.

Ki repons nou ta bay ?

• Selon Mika 6:8, ki sa Jewova egzije de nou ?

• Ki sa ki nesesè pou nou rive “ pratike jistis ” ?

• Ki jan nou ka montre nou “ renmen bonte ” ?

• Ki sa “ mache yon fason modès avèk Bondye ” gen ladan l ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 17]

Malgre sitiyasyon epòk Mika a pa t bon, li te viv ann akò ak egzijans Jewova yo. Ou ka fè menm jan an tou.

[Foto nan paj 19]

Pratike jistis lè w preche tout kalite moun.

[Foto nan paj 19]

Montre w renmen bonte lè w konble bezwen lòt moun.

[Foto nan paj 19]

Fè sa w kapab toutpandan ou rekonèt limit ou avèk modesti.