Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

N ap mache nan non Jewova pou toutan !

N ap mache nan non Jewova pou toutan !

N ap mache nan non Jewova pou toutan !

“ N ap mache nan non Jewova Bondye nou an, pou tan endefini, wi pou toutan. ”— MIKA 4:5.

1. Ki mesaj nou jwenn nan Mika chapit 3 rive nan chapit 5 ?

JEWOVA gen yon bagay pou l di pèp li a, e l ap sèvi ak pwofèt li Mika pou l di l. Objektif Bondye se aji kont moun k ap fè mal yo. Li pral pini Izrayèl pou apostazi li a. Men erezman, Jewova pral beni moun k ap mache nan non l. Mesaj sa yo sonnen fò depi nan chapit 3 rive nan chapit 5 pwofesi Mika a.

2, 3. a) Ki kalite dirijan Izrayèl yo ta dwe demontre, men, ki sa yo pito fè ? b) Ki jan w ta esplike imaj Mika te itilize nan Mika 3:2, 3 a ?

2 Men deklarasyon pwofèt Bondye a fè : “ Tande souple, nou menm chèf Jakòb, e nou menm kòmandan mezon Izrayèl. Èske se pa devwa nou pou nou konnen sa ki jis ? ” Wi, se ta sipoze devwa yo, men ki sa y ap regle an reyalite ? Men sa Mika di : “ Nou menm ki rayi sa ki bon e ki renmen sa ki mal, nou menm k ap kòche moun yo, k ap rache chè ki sou zo yo. Nou menm tou ki manje chè ki sou pèp mwen an, nou menm ki kòche yo, nou menm ki kase zo yo, ki krabinen zo yo, tankou sa ki nan yon gwo bonm, tankou vyann ki nan mitan yon chodyè. ” — Mika 3:1-3.

3 Imajine sa ! Dirijan yo ap toupizi pòv yo, moun ki san defans yo. Moun k ap koute Mika yo konprann imaj li itilize yo byen fasil. Lè yo fin touye yon mouton, anvan yo kuit li, yo kòche l epi yo rache l. Pafwa yo konn kraze zo yo pou yo ka jwenn mwèl la. Apre sa, yo kuit vyann nan ansanm ak zo yo nan yon gwo chodyè, jan Mika di l la (Ezekyèl 24:3-5, 10). Ala yon egzanp ki tonbe daplon ak move tretman pèp nan epòk Mika a t ap sibi anba men dirijan mechan yo !

Jewova atann pou nou jis

4. Ki diferans ki genyen ant Jewova ak dirijan Izrayèl yo ?

4 Gen yon gwo diferans ant Jewova, Bèje ki gen lanmou an, ak dirijan Izrayèl yo. Piske yo pa pratike sa ki jis, yo pa reyisi akonpli misyon yo genyen pou yo pwoteje twoupo a. Okontrè, akoz egoyis yo, yo eksplwate mouton senbolik yo, yo anpeche yo jwenn jistis e yo fè yo sibi “ zak kriminèl ”, jan Mika 3:10 montre sa. Ki sa nou ka aprann nan sitiyasyon sa a ?

5. Ki sa Jewova atann de moun ki pran latèt pami pèp li a ?

5 Bondye atann pou moun ki pran latèt nan mitan pèp li a pratike sa ki jis. Se sa nou jwenn pami sèvitè Jewova yo jodi a. Anplis de sa, sa ann amoni ak Izayi 32:1 kote nou li pawòl sa yo : “ Gade ! Yon wa pral domine pou lajistis. E kanta prens yo, yo pral dirije kòm prens pou ladwati. ” Sepandan, ki sa nou remake nan epòk Mika a ? Yon bann ‘ moun ki rayi sa ki bon e ki renmen sa ki mal ’ ki kontinye ap tòde lajistis.

Priyè ki moun ki jwenn repons ?

6, 7. Ki pwen enpòtan nou jwenn nan Mika 3:4 ?

6 Èske moun mechan ki t ap viv nan epòk Mika a ka espere jwenn favè Jewova ? Ditou ! Men sa Mika 3:4 deklare : “ Y ap rele Jewova osekou, men li pap reponn yo. E lè sa a l ap kache figi l pou yo, piske yo te fè mechanste nan aksyon yo. ” Pawòl sa yo souliye yon pwen ki trèzenpòtan.

7 Jewova pap reponn priyè nou si n ap pratike peche. Li pap reponn nou tou si n ap mennen yon vi doub, sa vle di si n ap kache move bagay n ap fè pandan nou pretann n ap sèvi Bondye fidèlman. Men sa David te chante nan Sòm 26:4 : “ Mwen pa chita ansanm ak moun ki nan manti e mwen pa antre ansanm ak moun k ap kache sa yo ye. ” Moun ki fè espre k ap pase Pawòl Jewova a anba pye, li pap reponn yo menm.

Lespri Bondye ba yo fòs

8. Ki avètisman yo te bay fo pwofèt nan epòk Mika yo ?

8 Gade yon seri aksyon deplorab ki te gaye pami chèf relijye ann Izrayèl yo ! Fo pwofèt yo lakòz pèp Bondye a pèdi wout li espirityèlman. Lidè afre yo ap rele : “ Lapè ! ”, men y ap sangtifye lagè kont nenpòt moun ki pa mete kichòy nan bouch yo. Men sa Jewova di yo : “ Se sa k fè, se lannuit n ap jwenn, donk pap gen vizyon, se tenèb n ap jwenn, kidonk nou pap ka fè divinò. Epitou, solèy pral kouche sou pwofèt yo, epi gwo lajounen, l ap fè nwa pou yo. Epi moun k ap fè vizyon yo pral wont, epi divinò yo menm pral jwenn desepsyon. Wi, [...] y ap gen pou yo kouvri moustach yo. ” — Mika 3:5-7a.

9, 10. Ki sa sa vle di lè yon moun “ kouvri moustach ” li, e poukisa Mika pa gen pou l fè yon jès konsa ?

9 Poukisa y ap “ kouvri moustach yo ” ? Se yon jès moun mechan nan epòk Mika yo te konn fè lè yo wont. E bann mechan sa yo gen rezon pou yo wont. “ Pa gen okenn repons ki soti bò kote Bondye ” pou mechan sa yo (Mika 3:7b). Jewova pap okipe lapriyè okenn moun ki ògeye e ki mechan.

10 Mika pa gen pou l “ kouvri moustach ” li li menm. Li pa wont. Jewova reponn priyè l yo. Gade Mika 3:8 kote pwofèt fidèl la di pawòl sa yo : “ Mwen menm bò kote pa m, grasa lespri Jewova, mwen vin gen anpil fòs, anpil jistis ak anpil pisans. ” Ala rekonesan Mika rekonesan dèske pandan tout tan li t ap sèvi fidèlman, “ grasa lespri Jewova ”, li toujou “ gen anpil fòs ” ! Sa ba l kouraj pou l “ fè Jakòb konnen rebelyon l e pou l fè Izrayèl konnen peche l ”.

11. Ki jan lèzòm jwenn pisans pou yo deklare mesaj Bondye yo ?

11 Mika bezwen plis pase fòs lèzòm pou l ka pwoklame mesaj kondanasyon Bondye a. Lespri Jewova, fòs aktif pisan l lan, endispansab. E nou menm ? Nou kapab akonpli misyon nou genyen pou nou preche a sèlman si Jewova ban nou fòs pa mwayen lespri sen l. Si yon moun ap pratike peche ak tout volonte l, menm si l eseye preche, sa pap itil anyen. Nan ka sa a, Bondye pa ka reponn priyè nou pou l fòtifye nou pou fè travay sa a. Asireman, nou pa kapab deklare mesaj jijman Papa nou ki nan syèl la si “ lespri Jewova ” pa avèk nou. Se paske Bondye tande priyè nou e se grasa èd lespri sen ki fè nou kapab pale pawòl Bondye a avèk kouraj menm jan ak Mika.

12. Sa k fè premye disip Jezi yo te kapab ‘ kontinye preche pawòl Bondye a avèk anpil kran ’ ?

12 Petèt ou sonje istwa sa a ki nan Travay 4:23-31 an. Imajine ou se youn nan disip Jezi ki t ap viv nan premye syèk la. Gen kèk pèsekitè fanatik k ap chèche fèmen bouch disip Kris yo. Men, mesye fidèl sa yo sipliye Souvren Seyè yo a konsa : “ Jewova, tande menas yo fè nou, epi bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou avèk anpil kran. ” Ki rezilta yo jwenn ? Lè yo fin fè siplikasyon an, kote yo rasanble a tranble, e yo tout vin ranpli ak lespri sen e yo pran pale Pawòl Bondye a avèk kran. Kidonk, annou chèche èd Jewova nan lapriyè e annou konte sou èd lespri sen li pandan n ap kontinye akonpli ministè nou.

13. Ki sa ki pral rive Jerizalèm ak Samari, e poukisa ?

13 Fè yon ti reflechi ankò sou epòk Mika a. Dapre Mika 3:9-12, dirijan sanginè yo ap resevwa lajan sou kote pou fè jijman, prèt yo mande touche pou yo bay enstriksyon, e fo pwofèt yo ap pratike divinasyon pou lajan. Nou pa bezwen mande poukisa Bondye dekrete Jerizalèm, kapital Jida a, “ ap tounen yon pil debri ” ! Piske fo adorasyon ansanm ak koripsyon moral fleri ann Izrayèl tou, Mika enspire pou l avèti yo Bondye pral fè Samari tounen “ yon pil debri ”. (Mika 1:6.) Anfèt, pwofèt la viv ase lontan pou l wè lè lame asiryen yo detwi Samari an 740 anvan epòk nou an (2 Wa 17:5, 6 ; 25:1-21). Li klè, se grasa fòs Jewova sèlman yo te kapab transmèt mesaj pisan sa yo kont Jerizalèm e kont Samari.

14. Ki jan pwofesi Mika 3:12 la te akonpli, e ki efè sa ta dwe gen sou nou ?

14 Sètènman, Jida pa ka chape anba kondanasyon Jewova. Nan akonplisman pwofesi nou jwenn nan Mika 3:12 la, yo t ap “ laboure Siyon tankou yon jaden ”. Nou menm k ap viv nan 21yèm syèk la, nou konnen bagay sa yo te reyalize lè Babilonyen yo te detwi Jida ak Jerizalèm an 607 anvan epòk nou an. Sa te rive plizyè dizèn ane apre Mika te fin pwofetize, men li te sèten sa t ap rive kanmenm. Se menm jan an tou, nou ta dwe gen konfyans sistèm de choz mechan an pral fini nan “ jou Jewova a ” yo te anonse a. — 2 Pyè 3:11, 12.

Jewova mete bagay yo annòd

15. Kòman ou ta dekri nan pwòp mo pa w pwofesi nou jwenn nan Mika 4:1-4 la ?

15 Lè nou retounen dèyè, nou wè Mika apre sa k ap bay yon mesaj espwa ki pasyonan. Ala pawòl ankourajan nou jwenn nan Mika 4:1-4 ! Men yon pati nan sa l di : “ Men sa ki dwe rive nan dènye pati jou yo, montay mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e l ap monte anlè tèt kolin yo, e ladan l, yon bann pèp ap vini an foul. [...] Li pral pwononse jijman pami yon bann pèp, e li pral mete bagay yo annòd konsènan nasyon pisan ki lwen yo. E yo pral fòje epe yo pou fè yo tounen pyès chari, e lans yo, yo gen pou fè yo tounen sekatè. Yo pap leve epe nasyon kont nasyon, e yo pap aprann lagè ankò. Yo chak gen pou yo chita anba pye rezen ak anba pye fig pa yo epi pap gen pèsonn k ap vin fè yo tranble, se bouch Jewova [Chèf] lame yo menm ki di sa. ”

16, 17. Kòman Mika 4:1-4 ap akonpli jodi a ?

16 Kiyès ki “ bann pèp ”, e kiyès ki “ nasyon pisan ” yo pale la a ? Se pa nasyon ak gouvènman ki nan monn nan. Okontrè, pwofesi a aplike sou moun ki soti nan tout nasyon e k ap bay Jewova yon sèvis sakre nan linite nan montay li a, vrè adorasyon an.

17 Ann amoni ak pwofesi Mika a, talè konsa, adorasyon pwòp Jewova a pral blayi kò l toutbon sou tout tè a. Jodi a, moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” resevwa enstriksyon pou yo mache nan chemen Jewova yo (Travay 13:48). Jewova ap pwononse jijman e l ap mete bagay yo annòd espirityèlman pou kwayan ki pran pozisyon pou Wayòm nan. Antanke manm “ gwo foul ” la, y ap chape anba “ gwo tribilasyon ” an (Revelasyon 7:9, 14). Piske yo deja fòje epe yo fè yo tounen pyès chari, menm depi kounye a yo viv anpè ni avèk Temwen Jewova parèy yo ni avèk lòt moun. Ala sa agreyab pou nou pami moun sa yo !

Nou deside pou nou mache nan non Jewova

18. Ki sa “ chita anba pye rezen ak anba pye fig ” senbolize ?

18 Jodi a, kote laperèz kouvri tout tè a, nou kontan anpil pou nou wè anpil moun k ap aprann chemen Jewova. N ap tann avèk enpasyans moman ki prèske rive a lè tout moun ki renmen Bondye pap aprann lagè ankò men yo pral chita anba pwòp pye rezen yo ak anba pwòp pye fig yo. Souvan, yo konn plante fig nan jaden rezen (Lik 13:6). Chita anba pwòp pye rezen w ak anba pwòp pye fig ou senbolize lapè, pwosperite ak sekirite. Menm depi kounye a, relasyon nou ak Jewova fè lespri nou anpè e li ban nou sekirite espirityèl. Lè nou pral anba dominasyon Wayòm nan, nou pap pè menm e n ap gen sekirite totalkapital.

19. Ki sa mache nan non Jewova vle di ?

19 Pou nou jwenn favè ak benediksyon Bondye, nou dwe mache nan non Jewova. Mika 4:5 montre sa byen klè kote pwofèt la deklare : “ Tout pèp yo, bò kote pa yo, yo chak y ap mache nan non dye pa yo. Men nou menm, bò kote pa nou, n ap mache nan non Jewova Bondye nou, pou tan endefini, wi pou toutan. ” Mache nan non Jewova pa vle di annik di li se Bondye nou. Sa mande plis pase patisipe nan reyinyon yo oswa nan travay predikasyon Wayòm nan, menmsi bagay sa yo endispansab tou. Si n ap mache nan non Jewova, sa vle di nou vwe nou ba li e n ap fè efò pou nou sèvi l fidèlman ak tout nanm nou paske nou renmen l (Matye 22:37). Antanke adoratè Jewova, nou detèmine pou nou mache nan non Bondye nou an pou letènite.

20. Ki sa Mika 4:6-13 te anonse ?

20 Kounye a, annou konsidere pawòl pwofetik yo ki nan Mika 4:6-13. “ Pitit fi Siyon ” an dwe ale ann egzil “ jis nan Babilòn ”. Se egzakteman sa k te pase abitan Jerizalèm yo nan setyèm syèk anvan epòk nou an. Toutfwa, pwofesi Mika a montre gen yon rès ki dwe retounen nan Jida, e pandan restorasyon Siyon an, Jewova ap veye yon fason pou lènmi yo aneyanti.

21, 22. Ki jan Mika 5:2 te akonpli ?

21 Mika chapit 5 anonse lòt evènman enpresyonan ankò. Pa egzanp, note sa ki di nan Mika 5:2-4. Mika pwofetize Bondye chwazi yon Chèf, yon Chèf “ ki la depi ansyen tan yo ” k ap soti Betleyèm. Li pral dirije antanke bèje “ nan fòs Jewova ”. Anplis de sa, Chèf sa a t ap gran, non sèlman ann Izrayèl, men jis “ nan dènye bout tè a ”. Monn nan an jeneral kapab pa fin konprann idantite Chèf sa a, men pou nou menm sa pa yon mistè.

22 Ki moun ki pi enpòtan ki te fèt Betleyèm ? E kiyès ki gen pou l “ vin gran jis nan dènye bout tè a ” ? Se pa lòt moun, se Jezi Kris, Mesi a. Lè Ewòd Legran te mande prèt an chèf yo ansanm ak eskrib yo ki bò Mesi a ta dwe fèt, yo te reponn li : “ Nan Betleyèm nan Jide ”. Yo te menm site pawòl nou jwenn nan Mika 5:2 a (Matye 2:3-6). Kèk moun nan pèp la te konn sa tou, paske men ki pawòl Jan 7:42 montre yo t ap di : “ Èske Ekriti a pa t di Kris la ap soti nan desandans David, nan Betleyèm, vilaj kote David te ye a ? ”

Yon vrè rekonfò pou moun yo

23. Ki jan Mika 5:7 ap akonpli kounye a ?

23 Mika 5:5-15 pale de envazyon Asiryen yo ki t ap reyisi sèlman pou yon ti kras tan. Li montre tou Bondye pral egzekite vanjans li sou nasyon dezobeyisan yo. Selon pwomès nou jwenn nan Mika 5:7, rès Juif ki repanti yo ap retounen nan peyi yo, men, pwofesi sa a aplike pou epòk pa nou an tou. Men sa Mika deklare : “ Rès moun Jakòb yo va tankou lawouze Jewova voye nan mitan anpil pèp, yo va tankou gwo lapli sou plant yo. ” Yo itilize bèl imaj sa a pou yo predi rès Jakòb oswa rès Izrayèl espirityèl la pral tounen yon benediksyon Bondye bay pèp yo. “ Lòt mouton ” Jezi yo, ki gen esperans terès, pran plezi pou yo sèvi kòtakòt avèk rès “ Izrayèl Bondye a ” ki nan epòk nou an, y ap ede nan rekonfòte lòt moun espirityèlman (Jan 10:16 ; Galat 6:16 ; Sefànya 3:9). Nan domèn sa a, gen yon pwen enpòtan ki mande reflechi. Antanke pwoklamatè Wayòm nan, nou tout nou dwe cheri privilèj nou genyen pou nou pote bonjan rekonfò bay lòt moun.

24. Ki pwen nan chapit 3 rive nan chapit 5 liv Mika a ki atire atansyon w ?

24 Ki sa ou te aprann nan chapit 3 rive nan chapit 5 liv Mika a ? Petèt se pwen sa yo : 1) Bondye atann pou moun ki pran latèt pami pèp li a pou yo pratike sa ki jis. 2) Jewova pap reponn priyè nou si n ap pratike peche ak tout volonte nou. 3) Nou kapab akonpli misyon nou genyen pou nou preche a sèlman si Bondye fòtifye nou pa mwayen lespri sen li. 4) Pou nou jwenn favè Bondye, nou dwe mache nan non Jewova. 5) Antanke pwoklamatè Wayòm nan, nou dwe cheri privilèj nou genyen pou n pote bonjan rekonfò bay moun yo. Petèt gen lòt pwen toujou ki te atire atansyon w. Ki lòt bagay nou ka aprann nan liv biblik pwofetik sa a ? Atik ki vin apre a pral ede w tire leson pratik ki genyen nan de dènye chapit ki nan pwofesi Mika a, yon pwofesi k ap fòtifye lafwa.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa Bondye ap atann de moun ki pran latèt pami pèp li a ?

• Poukisa lapriyè ak lespri sen enpòtan anrapò ak sèvis n ap bay Jewova ?

• Kòman yon moun ka ‘ mache nan non Jewova ’ ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 11]

Èske w ka esplike egzanp Mika pran an ki pale de chodyè a ?

[Foto nan paj 12]

Menm jan ak Mika, nou akonpli ministè nou ak kouraj.