Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon èd reyèl pou malere

Yon èd reyèl pou malere

Yon èd reyèl pou malere

LÈ JEZI KRIS, Pitit Bondye a, te sou tè a, li te montre li enterese toutbon nan ede moun ki malere. Konsènan ministè Jezi a, men sa yon moun ki te la lè sa a te wè ak de je l : “ Moun ki avèg retounen wè, moun ki bwete mache, moun ki gen lèp pirifye, moun ki soud tande, moun ki mouri leve, e yo anonse bon nouvèl la bay moun ki pòv. ” ​(Matye 11:5). Sepandan, e pil milyon pòv ki genyen jodi a ? Èske gen bon nouvèl pou yo ? Wi, gen yon mesaj ki bay espwa !

Malgre souvan lemonn an jeneral vag sou moun ki pòv yo e yo bliye yo, Labib, Pawòl Bondye a, fè pwomès sa a : “ Yo pap toujou bliye moun ki pòv la, e espwa moun ki enb yo pap janm peri. ” ​(Sòm 9:18). Pawòl konsolasyon sa yo pral gen akonplisman yo lè Wayòm Bondye a, yon vrè gouvènman ki nan syèl la, pral ranplase tout dominasyon lèzòm (Danyèl 2:44). Antanke Wa gouvènman selès sa a, Jezi “ pral gen pitye pou moun ki piti a ak moun ki pòv la, e l ap sove nanm pòv yo. Anba kraze zo ak vyolans l ap delivre nanm yo, epi san yo pral gen valè nan je l ”. — Sòm 72:13, 14.

Kòman kondisyon lavi a pral ye lè Kris pral dirije tè a ? Moun k ap viv anba dominasyon mondyal Kris la pral jwi rezilta travay yo. Labib di nan Mika 4:3, 4 : “ Yo chak gen pou yo chita anba pye rezen ak anba pye fig pa yo epi pap gen pèsonn k ap vin fè yo tranble, paske se bouch Jewova [Chèf] lame yo menm ki di sa. ” Wayòm Bondye a pral menm rezoud pwoblèm maladi ak pwoblèm lanmò (Izayi 25:8). Sa se pral yon monn vrèman diferan ! Nou kapab kwè pwomès biblik sa yo paske se Bondye menm ki enspire yo.

Nonsèlman Labib bay yon mesaj espwa, men tou li ede nou fè fas ak pwoblèm n ap rankontre chak jou, tankou kòman pou yon moun konbat mank diyite li ka genyen akoz li pòv. Yon kretyen ki malere konnen, grasa etid Labib li fè, li gen menm enpòtans nan je Bondye ak yon kretyen ki rich. Liv biblik Jòb la fè nou wè Bondye “ pa nan bay potanta a plis konsiderasyon pase moun ki piti a, paske yo tout se travay li fè ak men l ”. (Jòb 34:19.) Bondye renmen toule de menm jan. — Travay 10:34, 35.