Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske n ap “ voye pye kont digèt ” ?

Èske n ap “ voye pye kont digèt ” ?

Èske n ap “ voye pye kont digèt ” ?

NAN tan biblik yo, yon digèt bèf se te yon bwa long jeneralman ki konn gen yon moso metal file nan pwent li. Yo te konn itilize l pou yo kondui e pou yo gide bèt ki konn rale chay. Si bèt la ta gen malè fè rèd ak pwent digèt la, li ta avanse kò l sou li, ou konn ki sa k t ap rive l ? Olye l ta jwenn soulajman, se mal li t ap fè tèt li mal sèlman.

Jezi Kris resisite pale de digèt lè li te fè aparisyon devan yon nonm ki te rele Sol, ki te nan wout pou al arete kèk nan disip Jezi yo. Nan mitan yon limyè k ap vegle je moun, Sol tande Jezi k ap di l : “ Sol, Sol, poukisa w ap pèsekite m ? Sa rèd pou ou pou w kontinye ap voye pye kont digèt. ” Lè Sol t ap maltrete kretyen yo, an reyalite se kont Bondye li t ap konbat, li te rantre kò l nan yon sitiyasyon kote se mal sèlman li t ap fè tèt li. — Travay 26:14.

Èske nou ta kapab ap “ voye pye kont digèt ” tou san nou pa vle ? Labib konpare “ pawòl moun ki saj yo ” ak digèt bèf k ap pouse nou pou nou avanse nan bon direksyon an (Eklezyas 12:11). Konsèy enspire ki gen nan Pawòl Bondye a kapab motive nou epi gide nou kòrèkteman, si nou kite l fè sa (2 Timote 3:16). Si nou fè tèt di ak motivasyon li ban nou, se mal n ap fè tèt nou mal sèlman.

Sol te pran pawòl Jezi yo an konsiderasyon, li te chanje fason li t ap aji, e li te vin tounen byenneme apot Pòl. Menm jan an tou, lè nou obsève konsèy Bondye yo sa ap pote benediksyon etènèl pou nou. — Pwovèb 3:1-6.

[Liy kredi pou foto nan paj 32]

L. Chapons/Illustrirte Familien-Bibel nach der deutschen Uebersetzung Dr. Martin Luthers