Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Andirans anba eprèv bay Jewova louwanj

Andirans anba eprèv bay Jewova louwanj

Andirans anba eprèv bay Jewova louwanj

“ Si, lè nou fè byen epi nou soufri, nou sipòte, sa a se yon bagay ki agreyab nan je Bondye. ”— 1 PYÈ 2:20.

1. Piske vrè kretyen yo vle viv ann akò ak ve yo fè, ki kesyon nou dwe konsidere ?

KRETYEN yo vwe vi yo bay Jewova e yo vle fè volonte l. Pou yo viv ann akò ak ve yo fè a, yo fè tout sa yo kapab pou yo suiv tras Jezi Kris, modèl yo a, e pou yo rann temwayaj pou laverite (Matye 16:24 ; Jan 18:37 ; 1 Pyè 2:21). Sepandan, Jezi ansanm ak lòt moun ki fidèl te bay vi yo e yo te mouri antanke mati pou lafwa yo. Èske sa vle di tout kretyen mèt atann yo y ap mouri pou lafwa yo ?

2. Ki jan kretyen yo konsidere eprèv ak soufrans ?

2 Antanke kretyen, nou jwenn egzòtasyon pou nou fidèl jiska lanmò, pa nesesèman pou nou mouri pou lafwa nou (2 Timote 4:7 ; Revelasyon 2:10). Sa vle di pandan nou dispoze soufri, e menm mouri pou lafwa nou, nou pa ta kontan sa rive. Nou pa pran plezi nan soufrans ni nou pa jwenn satisfaksyon nan doulè oswa nan imilyasyon. Sepandan, piske nou dwe atann eprèv ak pèsekisyon, nou bezwen byen reflechi sou sa n ap fè lè bagay sa yo rive sou nou.

Fidèl anba eprèv

3. Site egzanp nan Bib la ki montre fason moun te reyaji devan pèsekisyon (Gade kare “ Fason yo te reyaji devan pèsekisyon ” an ki parèt nan paj annapre a).

3 Nan Bib la, nou jwenn yon kantite istwa ki montre ki jan sèvitè Bondye nan tan lontan yo te konn fè lè yo rankontre sitiyasyon ki menase lavi yo. Diferan fason yo te konn reyaji yo kite modèl pou kretyen yo jodi a si jamè yo dwe fè fas ak menm kalite eprèv yo. Reflechi sou istwa ki parèt nan kare “ Fason yo te reyaji devan pèsekisyon ” an, epi gade ki sa ou ka aprann nan istwa sa yo.

4. Ki sa nou ka di sou fason Jezi ansanm ak lòt sèvitè fidèl yo te konn reyaji lè yo te anba eprèv ?

4 Menmsi, selon sikonstans yo, Jezi ansanm ak lòt sèvitè fidèl Bondye yo pa t reyaji menm jan devan pèsekisyon, li klè yo pa t mete lavi yo an danje initilman. Lè yo te nan sitiyasyon danjere, yo te konn aji ak kouraj, men ak pridans tou (Matye 10:16, 23). Objektif yo se te pou fè travay predikasyon an avanse epi kenbe entegrite yo devan Jewova. Reyaksyon yo nan divès kalite sitiyasyon bay yon modèl pou kretyen yo jodi a k ap fè fas ak eprèv ak pèsekisyon.

5. Ki pèsekisyon ki te genyen nan peyi Malawi nan ane 1960 yo, e ki jan Temwen yo te reyaji ?

5 Nan tan modèn nan, sèvitè Jewova yo konn souvan twouve yo anba eprèv ki rèd anpil e yo konn pèdi byen yo akoz lagè, entèdiksyon oubyen pèsekisyon dirèk. Pa egzanp, nan ane 1960 yo, Temwen Jewova yo nan peyi Malawi te anba yon pèsekisyon fewòs. Yo te detwi Sal Wayòm yo, kay yo, pwovizyon yo, biznis yo, pratikman tout sa yo te posede. Yo te pran baton e yo te viv lòt eksperyans tèrib ankò. Ki jan frè yo te reyaji ? Plizyè milye te oblije kouri kite bouk kote yo t ap viv yo. Anpil ladan yo te al rete nan rak bwa, alòske gen lòt ki te pran egzil tanporè nan Mozanbik, yon peyi vwazen. Byenke anpil frè ak sè fidèl te pèdi lavi yo, gen lòt ki te chwazi kouri kite zòn danje a, e se te aparamman yon atitid rezonab nan sikonstans sa yo. Nan fason sa a, frè yo te suiv egzanp Jezi ak Pòl te kite.

6. Malgre pèsekisyon fewòs Temwen Malawi yo te rankontre, ki sa yo pa t janm abandone ?

6 Menmsi frè Malawi yo te oblije kouri ale oswa antre nan mawon, yo te chèche direksyon teyokratik e yo te suiv yo, e yo te kontinye mennen aktivite kretyen yo an kachèt otan yo kapab. Ki rezilta sa te bay ? Yon ti tan anvan yo te entèdi yo an 1967, yo te atenn yon maksimòm 18 519 pwoklamatè. An 1972, byenke entèdiksyon an te toujou la e anpil frè te kouri al Mozanbik, yo te anrejistre yon nouvo maksimòm 23 398 pwoklamatè. Yo te preche an mwayèn plis pase 16 èdtan chak mwa. Se sèten, aksyon sa yo louwe Jewova, e Jewova te vide benediksyon l sou frè fidèl sa yo pandan moman trè difisil sa a *.

7, 8. Menmsi opozisyon lakòz pwoblèm, pou ki rezon kèk frè chwazi pa pati ?

7 Yon lòt bò, nan peyi kote opozisyon ap bay pwoblèm, kèk frè gendwa deside pou yo pa pati, menm lè yo te ka fè sa. Pati ka rezoud yon seri pwoblèm, men petèt l ap kreye lòt pwoblèm. Pa egzanp, èske y ap ka kontinye kenbe kontak avèk frè yo e èske yo pap vin izole espirityèlman ? Èske y ap ka konsève bon abitid espirityèl yo te genyen pandan y ap debat pou yo enstale yo kote yo rive a, petèt nan yon peyi ki pi rich oswa nan yon peyi ki bay plis posiblite pou moun gen byen materyèl ? — 1 Timote 6:9.

8 Gen lòt ki chwazi pa deplase paske yo sousye yo pou byennèt espirityèl frè yo. Yo chwazi pou yo rete e fè fas ak sitiyasyon an yon fason pou yo kontinye preche nan tèritwa lakay yo e pou yo vin yon sous ankourajman pou lòt kretyen yo (Filipyen 1:14). Grasa chwa sa a kèk frè te fè, yo te menm vin gen posiblite jwe yon wòl nan viktwa jiridik nan peyi yo *.

9. Ki aspè yon moun dwe konsidere lè l ap deside si l ap rete oswa si l ap kite kote l ye a akoz pèsekisyon ?

9 Èske m prale ? Èske m ap rete ? Sa a se sètènman yon desizyon pèsonèl. Natirèlman, se sèlman lè nou fin chèche direksyon Jewova nan lapriyè, nou dwe pran yon desizyon konsa. Sepandan, kèlkeswa chwa nou ta fè a, nou dwe toujou gen nan lespri nou pawòl apot Pòl yo : “ Nou chak nou gen pou n rann kont bay Bondye pou tèt nou. ” ​(Women 14:12). Tankou nou te wè sa deja, sa Jewova egzije se pou chak sèvitè l yo rete fidèl nan kèlkeswa sikonstans yo ye a. Gen nan sèvitè l yo, se jodi a y ap fè fas ak eprèv ak pèsekisyon, gen lòt petèt ki ka rankontre sa pi devan. Nou tout nou gen pou n rankontre eprèv yon fason oswa yon lòt, e pèsonn pa dwe atann li li menm li pa ladan l (Jan 15:19, 20). Antanke sèvitè ki vwe vi nou bay Jewova, nou pa ka evite kesyon inivèsèl la ki gen rapò ak sangtifikasyon non Jewova ansanm ak jistifikasyon souvrènte l. — Ezekyèl 38:23 ; Matye 6:9, 10.

“ Pa rann pèsonn mal pou mal ”

10. Ki egzanp enpòtan Jezi ak apot yo kite pou nou sou fason pou nou reyaji anba presyon ak opozisyon ?

10 Men yon lòt prensip enpòtan nou kapab aprann nan fason Jezi ansanm ak apot yo te reyaji anba pèsekisyon : pa janm vanje kont moun k ap pèsekite nou. Nou pa jwenn okenn kote nan Bib la ki montre Jezi oswa disip li yo te òganize yo nan yon mouvman kèlkonk pou yo fè rezistans oubyen itilize vyolans pou yo konbat moun k ap pèsekite yo. Okontrè, men sa apot Pòl te konseye kretyen yo : “ Pa rann pèsonn mal pou mal. ” Apre sa li di yo : “ Pa vanje tèt nou, byenneme, men bay kòlè a espas, paske men sa ki ekri : ‘ Vanjans se pou mwen. Se mwen k ap peye anretou, se sa Jewova di. ’ ” Mete sou sa li di yo : “ Pa kite lemal venk ou, men kontinye sèvi avèk lebyen pou venk lemal. ” — Women 12:17-21 ; Sòm 37:1-4 ; Pwovèb 20:22.

11. Ki sa yon istoryen di konsènan atitid premye kretyen yo anvè Leta ?

11 Premye kretyen yo te pran konsèy sa a an konsiderasyon. Gen yon istoryen ki rele Cecil J. Cadoux ki te dekri atitid kretyen yo te genyen anvè leta pandan peryòd ane 30 pou rive nan ane 70 epòk nou an. Men sa l deklare nan yon liv li ekri ki rele Premye Legliz la fas ak monn nan (anglè) : “ Nou pa gen okenn prèv dirèk ki montre kretyen nan epòk sa a te janm fè yon efò pou itilize fòs pou reziste anba pèsekisyon. Pi gwo rezistans yo te fè se te kondane dirijan yo avèk fòs oswa sove pou kabre yo. Sepandan, reyaksyon nòmal kretyen yo devan pèsekisyon, pa t ale pi lwen pase refize obeyi gouvènman an lè l pase yon lòd yo panse ki t ap anpeche yo obeyi Kris, men yo fè sa nan yon fason kalm, men fèm. ”

12. Poukisa li pi bon pou nou andire soufrans olye pou nou vanje ?

12 Èske li saj pou yo te sanble rete bra kwaze konsa ? Ou kwè nan reyaji konsa sa pa t ap pèmèt moun ki vle elimine yo fè dappiyanp sou yo ? Èske li pa t ap pi saj pou yo defann tèt yo ? Selon lèzòm, se sa l ta sanble. Sepandan, antanke sèvitè Jewova, nou gen konfyans se lè nou suiv direksyon Jewova nou fè pi byen. Nou kenbe nan lespri nou pawòl Pyè yo ki di : “ Si, lè nou fè byen epi nou soufri, nou sipòte, sa a se yon bagay ki agreyab nan je Bondye. ” ​(1 Pyè 2:20). Nou gen konfyans Jewova byen konnen sitiyasyon an e li pap pèmèt bagay sa yo kontinye nètale. Ki jan nou fè gen asirans sa a ? Gade sa Jewova te deklare bay pèp li a ki te an kaptivite nan Babilòn : “ Moun ki touche nou, se gla je m li touche. ” ​(Zekarya 2:8). Konbyen tan yon moun t apral kite yo touche gla je l ? Jewova pral pote soulajman nan moman apwopriye. Pa gen okenn dout sou sa. — 2 Tesalonisyen 1:5-8.

13. Poukisa Jezi, avèk soumisyon, te kite ènmi l yo arete l ?

13 Nan domèn sa a, nou ka pran egzanp sou Jezi. Lè li te aksepte ènmi l yo arete l nan jaden Jetsemane a, se pa paske li pa t ka defann tèt li. Anfèt, men sa li te di youn nan disip li yo : “ Èske w panse mwen pa ka rele papa m pou l ban m plis pase douz lejyon zanj kounye a menm ? Nan ka sa a, kòman Ekriti yo ta fè akonpli, Ekriti ki di se konsa sa dwe pase a ? ” ​(Matye 26:53, 54). Akonplisman volonte Jewova se bagay ki te gen plis enpòtans nan je Jezi, menmsi li ta oblije soufri pou sa. Li te gen yon konfyans total nan pawòl pwofetik David te di nan yon sòm : “ Ou pap abandone nanm mwen nan Cheyòl. Ou pap kite fidèl ou a wè fòs la. ” ​(Sòm 16:10). Plizyè ane apre, apot Pòl te di pawòl sa yo konsènan Jezi : “ Poutèt jwa ki t ap tann li, li te andire yon poto soufrans, li te meprize lawont epi li te chita adwat twòn Bondye a. ” — Ebre 12:2.

Lajwa yo genyen dèske y ap sangtifye non Jewova

14. Ki jwa sa a ki te soutni Jezi diran tout eprèv li yo ?

14 Ki jwa sa a ki te soutni Jezi nan eprèv ki pi sevè yon moun ta ka imajine ? Pami tout sèvitè Jewova yo, asireman se Jezi, Pitit Bondye renmen anpil la, Satan te plis vize. Konsa, entegrite Jezi te kenbe anba eprèv la t apral bay Satan yon repons definitif pou pwovoke l ap pwovoke Jewova a (Pwovèb 27:11). Èske w ka imajine lajwa ak satisfaksyon Jezi dwe te santi apre l fin resisite ? Ala kontan li dwe te kontan pou l wè li te jwe wòl li te gen pou l te jwe a antanke òm pafè nan jistifikasyon souvrènte Jewova ak nan sangtifikasyon non Li ? Anplis, nou pa bezwen mande si “ chita adwat twòn Bondye ” a se yon gwo onè, yon gwo sous lajwa sa ye pou Jezi ! — Sòm 110:1, 2 ; 1 Timote 6:15, 16.

15, 16. Ki pèsekisyon brital Temwen nan Sachsenhausen yo te andire, e ki sa ki te bay yo fòs pou yo fè sa ?

15 Pou kretyen yo, se yon jwa tou pou yo patisipe nan sangtifye non Jewova lè yo andire eprèv ak pèsekisyon menm jan ak Jezi. Nou jwenn yon bèl egzanp nan ka Temwen ki te soufri nan kan konsantrasyon selèb ki te nan Sachsenhausen nan ak lòt ki te soti vivan apre mach lanmò tèrib ki te fèt nan fen Dezyèm Gè mondyal la. Pandan mach la, plizyè milye prizonye mouri anba fredi, maladi, grangou, oswa sòlda SS te egzekite yo ak britalite sou tout wout la. Tout 230 Temwen yo te reyisi chape paske yo te rete soude youn ak lòt e youn te ede lòt menmsi sa te mete lavi yo an danje.

16 Ki sa k te bay Temwen yo fòs pou yo andire pèsekisyon brital konsa ? Kou yo te reyisi soti vivan, yo te eksprime jwa yo ak rekonesans yo pou Jewova nan yon dokiman ki gen tit : “ Rezolisyon 230 Temwen Jewova ki soti nan 6 peyi, ki rasanble nan yon forè toupre Schwerin nan Mecklenburg. ” Nan rezolisyon sa a, men sa yo deklare : “ Nou kite dèyè nou yon peryòd eprèv difisil byen long, e moun ki sove yo, tankou se rale yo rale yo nan dife, yo pa menm gen sant dife a sou yo (gade Danyèl 3:27). Okontrè, Jewova chaje yo ak fòs ak pisans e yo chofe ap tann lòt kòmandman nan men Wa a pou avanse enterè teyokratik yo *. ”

17. Ki jan eprèv yo vin sou sèvitè Bondye yo kounye a ?

17 Menm jan ak 230 moun sa yo ki te fidèl la, lafwa nou kapab sibi eprèv tou, menmsi nou poko “ reziste jis nan san ”. (Ebre 12:4.) Men, eprèv ka vin tout jan. Se kapab kondisip lekòl nou k ap fawouche nou, oubyen se kapab presyon n ap sibi pou nou komèt imoralite ak lòt aksyon ki pa bon. Anplis, detèminasyon pou evite san, pou marye sèlman nan Seyè a, oswa pou elve timoun yo nan lafwa nan yon kay kote tout moun yo pa gen menm kwayans, tout sa pafwa kapab tounen gwo eprèv ak gwo presyon. — Travay 15:29 ; 1 Korentyen 7:39 ; Efezyen 6:4 ; 1 Pyè 3:1, 2.

18. Ki asirans nou genyen nou kapab andire menm anba pi gwo eprèv la ?

18 Sepandan, kèlkeswa eprèv nou ta rankontre, nou konnen n ap soufri paske nou mete Jewova ansanm ak Wayòm li an nan premye plas nan lavi nou, e nou konsidere se yon gwo privilèj ak yon gwo lajwa nou genyen pou nou fè sa. Nou jwenn kouraj nan pawòl Pyè te di yo, pawòl ki bay asirans. Men sa l te di : “ Si yo joure nou pou non Kris, nou mèt kontan, paske lespri glwa a, wi lespri Bondye, poze sou nou. ” ​(1 Pyè 4:14). Grasa pouvwa lespri Jewova, nou gen fòs pou nou andire eprèv ki pi difisil ki egziste, tout sa pou glwa ak pou louwanj Jewova. — 2 Korentyen 4:7 ; Efezyen 3:16 ; Filipyen 4:13.

[Nòt anba paj]

^ § 6 Evènman ane 1960 yo se te sèlman kòmansman nan yon seri pèsekisyon atwòs, yon seri pèsekisyon kriminèl, Temwen nan Malawi yo te dwe andire diran prèske trant an. Gade Annuaire des Témoins de Jéhovah 1999 paj 171-212 pou nou jwenn istwa a okonplè.

^ § 8 Gade atik “ Au ‘ pays d’Ararat ’, la Cour suprême soutient le vrai culte ”, ki te parèt nan Toudegad 1ye avril 2003 (fransè), paj 11-14.

^ § 16 Gade nan Annuaire des Témoins de Jéhovah 1974 la, paj 208-9, pou nou jwenn tout rezolisyon an. Gen yon moun ki te la e ki soti vivan nan mach la ki rakonte sa k te pase. N ap jwenn istwa sa a nan Toudegad 1ye janvye 1998 (fransè), paj 25-9.

Èske w ka esplike ?

• Ki jan kretyen yo konsidere soufrans ak pèsekisyon ?

• Ki sa nou ka aprann nan fason Jezi ansanm ak lòt moun ki te fidèl te reyaji lè yo te anba eprèv ?

• Poukisa li saj pou nou pa vanje lè y ap pèsekite nou ?

• Ki jwa ki te soutni Jezi pandan eprèv li yo, e ki sa sa aprann nou ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 26]

Fason yo te reyaji devan pèsekisyon

• Depi anvan sòlda Ewòd yo te rive Betleyèm pou touye tout tigason ki gen dezan oswa ki poko gen dezan, Jozèf ak Mari te pran Jezi, ki te yon vyepti moun, epi yo te kouri ale ann Ejip, pou yo obeyi sa yon zanj te di yo. — Matye 2:13-16.

• Anpil fwa pandan ministè Jezi, ènmi l yo te dèyè touye l akoz temwayaj pisan li t ap bay. Jezi chape anba yo chak fwa. — Matye 21:45, 46 ; Lik 4:28-30 ; Jan 8:57-59.

• Lè sòlda yo ansanm ak ofisye yo te vin nan jaden Jetsemane a pou arete Jezi, li te idantifye tèt li aklè, pandan de fwa li di yo : “ Mwen se li. ” Li te menm bloke disip li yo pou yo pa fè okenn rezistans, e li te kite foul la ale avèk li. — Jan 18:3-12.

• Nan Jerizalèm, yo te arete Pyè ansanm ak lòt moun ankò, yo te filange yo ak kout fwèt, e yo te bay yo lòd pou yo sispann pale de Jezi. Poutan, kou yo lage yo, “ yo te soti, [...] e chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye ni anseye ni anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. — Travay 5:40-42.

• Lè Sol, ki te vin apot Pòl annapre, te aprann Juif nan Damas yo te fè konplo pou yo elimine l, nan aswè, frè yo te mete l nan yon pànye e yo te fè l desann nan yon ouvèti ki gen nan miray vil la, e konsa li te chape poul li. — Travay 9:22-25.

• Plizyè ane apre, Pòl chwazi pou l fè apèl devan Seza, menm lè ni gouvènè Festis ni wa Agripa pa t jwenn ‘ anyen nan li ki merite lanmò oswa prizon ’. — Travay 25:10-12, 24-27 ; 26:30-32.

[Foto nan paj 27]

Byenke gwo pèsekisyon te fòse plizyè milye Temwen nan peyi Malawi kouri kite lakay yo, Temwen fidèl sa yo kontinye nan sèvis Wayòm nan ak lajwa.

[Foto nan paj 28]

Lajwa moun ki fidèl sa yo genyen dèske y ap sangtifye non Jewova te soutni yo pandan mach lanmò Nazi a ak nan kan konsantrasyon yo.

[Liy kredi]

Mach lanmò : KZ-Gedenkstätte Dachau, grasa otorizasyon USHMM Photo Archives

[Foto nan paj 29]

Eprèv ak presyon ka vin tout jan.