Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Anpil kesyon... Yon tikras repons ki bay satisfaksyon

Anpil kesyon... Yon tikras repons ki bay satisfaksyon

Anpil kesyon... Yon tikras repons ki bay satisfaksyon

NAN maten 1ye novanm 1755, jou fèt Latousen, yon kokennchenn tranblemanntè te frape vil Lizbòn pandan pifò moun te legliz. Te gen plizyè milye bilding ki te efondre, e te gen plizyè dizèn milye moun ki te mouri.

Yon ti kras tan apre trajedi a, Vòltè, yon ekriven fransè, te pibliye yon powèm ki gen tit : Poème sur le désastre de Lisbonne (Powèm sou katastwòf Lizbòn nan). Ladan li, li te fè konnen li pa dakò ak pwennvi ki fè konprann se Bondye k ap pini moun yo pou peche yo. Vòltè fè konnen evènman tèrib konsa depase konpreyansyon oswa esplikasyon lèzòm. Men sa li ekri :

Lanati bèbè, se pou granmesi n ap poze l kesyon.

Nou bezwen yon Bondye k ap pale ak limanite.

Natirèlman, Vòltè pa premye moun ki poze kesyon konsènan Bondye. Pandan tout listwa lèzòm, trajedi ak dezas fè moun ap poze tèt yo kesyon. Sa gen plizyè milye ane, patriyach Jòb, ki te fèk fin pèdi tout pitit li yo e ki te frape anba yon maladi tèrib, te mande : “ Poukisa se yon moun ki nan pwoblèm [Bondye] bay limyè, e poukisa se moun nanm yo anmè li bay lavi ? ” ​(Jòb 3:20). Jodi a anpil moun ap mande kòman yon Bondye ki bon e ki gen lanmou kapab aparamman rete bra kwaze devan tout soufrans sa yo ak tout enjistis sa yo.

Lè anpil moun ap fè fas ak reyalite tankou grangou, lagè, maladi ak lanmò, yo rejte konplètman kwayans nan yon Kreyatè k ap pran swen limanite. Gen yon filozòf ate ki te fè remak sa a : “ Bondye pa gen okenn eskiz pou l kite yon timoun soufri, [...] amwenske li pa egziste vre. ” Gwo trajedi yo, tankou Olokos ki te fèt diran Dezyèm Gè mondyal la, mennen nan menm konklizyon an. Note kòmantè sa a yon redaktè juif te fè nan yon jounal : “ Esplikasyon ki pi senp pou sa k te pase Auschwitz la sèke pa gen Bondye ki pou entèvni nan zafè lèzòm. ” Selon yon sondaj ki te fèt an 1997 an Frans, yon peyi kote majorite moun se katolik, anviwon 40 pousan moun yo te entèvyouwe yo gen dout sou egzistans Bondye akoz gwo masak ki te fèt yo, tankou sa k te fèt nan peyi Wannda an 1994 la.

Yon obstak pou lafwa ?

Poukisa Bondye pa entèvni pou l anpeche move bagay rive ? Yon kwonikè katolik fè konnen, pou anpil moun, kesyon sa a se “ yon gwo obstak pou lafwa ”. Men kesyon l poze : “ An reyalite, èske l posib pou nou kwè nan yon Bondye ki rete la ap gade san l pa ka fè anyen alòske plizyè milyon inosan ap mouri e y ap masakre tout yon seri popilasyon nan monn nan e li pa fè anyen pou anpeche sa rive ? ”

Nan yon jounal katolik ki rele La Croix, men yon kòmantè nan menm sans lan yo te fè nan yon editoryal : “ Kit se trajedi ki gen nan listwa, dram teknolojik, katastwòf natirèl, krim òganize oswa lanmò yon moun pa nou, nan chak ka, gen moun ki revòlte k ap fikse syèl la. Kote Bondye ye ? Yo vle yon repons. Se pa li menm ki gran endiferan an, gran absan an ? ”

Pap Jan-Pòl II te trete kesyon sa a nan lèt apostolik Salvifici Doloris li te ekri an 1984 la. Men sa l di : “ Byenke egzistans monn nan kòmkwa ouvri je moun pou yo konprann egzistans Bondye, pou yo konprann sajès li, pisans li ak grandè l, ondirè lemal ak lasoufrans vle bouche kalite sa yo Bondye gen lakay li, pafwa yon fason pou moun pa wè yo ditou, sitou lè chak jou gen yon pakèt dram kote moun ap soufri pou granmesi e kote gen yon pakèt moun k ap fè sa k pa sa san yo pa jwenn pinisyon yo merite a. ”

Èske egzistans yon Bondye ki plen lanmou e ki toupisan, jan sa prezante nan Bib la, matche avèk tout soufrans sa yo k ap sakaje lèzòm ? Èske l ap entèvni pou l anpeche trajedi, keseswa pou yon moun oswa pou plizyè moun ansanm ? Èske l ap fè yon bagay pou nou jodi a ? Pou nou site pawòl Vòltè, èske gen “ yon Bondye ki pale ak lèzòm ” pou l reponn kesyon sa yo ? Pou w jwenn repons kesyon sa yo nou envite w li atik ki vin apre a.

[Foto nan paj 3]

Destriksyon vil Lizbòn an 1755 te pouse Vòltè pou l deklare evènman sa yo depase konpreyansyon lèzòm.

[Liy kredi]

Vòltè : Nan liv Great Men and Famous Women ; Lizbòn : J.P. Le Bas, Praça da Patriarcal depois do terramoto de 1755. Foto : Museu da Cidade/Lisboa

[Foto nan paj 4]

Anpil moun gen dout sou egzistans Bondye akoz rezilta trajik gwo masak ki fèt, tankou sa k te pase Wannda a.

[Liy kredi]

FOTO AFP

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

SOU PO A, timoun yo : USHMM, grasa otorizasyon Komisyon ki la pou pousuiv krim ki fèt kont nasyon peyi Polòy.