Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entèvansyon Bondye : ki sa nou ka atann ?

Entèvansyon Bondye : ki sa nou ka atann ?

Entèvansyon Bondye : ki sa nou ka atann ?

NAN uityèm syèk anvan epòk nou an, Izkiya, yon wa peyi Jida ki te gen 39 an, te aprann li gen yon maladi k ap mennen l anba tè. Nouvèl sa a te boulvèse Izkiya, li te sipliye Bondye pou l geri l. Bondye te reponn li pa mwayen pwofèt li a : “ Mwen tande priyè w la. Mwen wè dlo nan je w. Men m ap ajoute kenz an sou jou w yo. ” — Izayi 38:1-5.

Poukisa Bondye te entèvni nan okazyon espesyal sa a ? Plizyè syèk anvan, Bondye te fè wa David, yon wa ki te jis, pwomès sa a : “ Mezon w ak wayòm ou pap manke pa kanpe djanm devan w pou tan endefini, twòn ou an ap vin tabli yon fason fèm pou tan endefini. ” Bondye te revele tou Mesi a t ava fèt nan liy fanmi David (2 Samyèl 7:16 ; Sòm 89:20, 26-29 ; Izayi 11:1). Lè Izkiya te tonbe malad la, li potko gen yon pitit gason. Konsa, liy wayal David la te riske koupe. Entèvansyon Bondye nan ka Izkiya a te sèvi nan objektif byen espesyal pou kenbe liy k ap mennen nan Mesi a.

Pou Jewova akonpli pwomès li, nan plizyè okazyon, li te oblije entèvni an favè pèp li a pandan tout peryòd anvan epòk kretyen yo. An rapò avèk delivrans Izrayèl nan esklavaj ann Ejip, Moyiz te fè deklarasyon sa a : “ Se paske Jewova renmen nou, e se paske li kenbe sèman li te fè bay zansèt nou yo ki fè Jewova te fè nou soti ak yon men pisan. ” — Detewonòm 7:8.

Nan premye syèk la, entèvansyon Bondye te sèvi tou nan akonplisman pwogram li. Pa egzanp, sou wout Damas, te gen yon Juif ki rele Sol ki te resevwa yon vizyon pa mwayen yon mirak, yon fason pou l te ka sispann pèsekite disip Kris yo. Konvèsyon nonm sa a, ki te vin rele apot Pòl annapre, te jwe yon wòl enpòtan nan simaye bon nouvèl la pami nasyon yo. — Travay 9:1-16 ; Women 11:13.

Entèvansyon : Se yon règ ?

Èske entèvansyon Bondye se te yon règ oswa se te esepsyon ? Ekriti yo montre aklè se sèten se pa t yon règ. Byenke Bondye te delivre twa jèn Ebre yo nan yon founèz dife epi li te delivre pwofèt Danyèl nan fòs lyon an, li pa t aji pou l sove kèk lòt pwofèt anba lanmò (2 Kwonik 24:20, 21 ; Danyèl 3:21-27 ; 6:16-22 ; Ebre 11:37). Te gen yon mirak ki te fèt pou delivre Pyè nan prizon kote Ewòd Agripa I te fèmen l. Sepandan, menm wa sa a te fè touye apot Jak, e Bondye pa t entèvni pou l anpeche krim sa a (Travay 12:1-11). Malgre Bondye te bay apot yo pouvwa pou yo geri malad e pou yo menm resisite mò, li pa t dakò retire “ pikan nan chè ” ki t ap wonje apot Pòl la, petèt se te yon maladi fizik. — 2 Korentyen 12:7-9 ; Travay 9:32-41 ; 1 Korentyen 12:28.

Bondye pa t entèvni pou l bloke vag pèsekisyon yo te fè kont disip Kris yo sou lòd Newon anperè women an. Yo te matirize kretyen yo, yo te boule yo vivan, yo te lage yo bay bèt sovaj. Sepandan, opozisyon sa a pa t etone premye kretyen yo, e se sèten sa pa t febli lafwa yo nan egzistans Bondye. Epitou, èske Jezi pa t avèti disip li yo, yo t ap gen pou yo trennen yo devan tribinal, e yo menm yo ta dwe pare pou yo soufri e menm pou yo mouri pou lafwa yo ? — Matye 10:17-22.

Menm jan Bondye te konn aji nan tan lontan, jodi a se sèten li kapab delivre sèvitè l ki nan sitiyasyon danjere, e pèsonn pa ta dwe kritike moun ki santi yo benefisye pwoteksyon l. Sepandan, li difisil pou nou tire konklizyon kòmkwa Bondye te entèvni oswa li pa t entèvni nan ka sa yo. Plizyè sèvitè fidèl Jewova te blese nan yon eksplozyon ki te fèt nan Toulouz, e te gen plizyè milye kretyen fidèl ki te mouri nan kan Nazi ak nan kan Kominis oswa nan lòt sikonstans trajik san Bondye pa t entèvni pou l anpeche sa rive. Poukisa Bondye pa entèvni otomatikman an favè tout moun ki gen apwobasyon l ? — Danyèl 3:17, 18.

“ Tan ak evènman enprevi ”

Lè yon katastwòf frape, nenpòt moun kapab viktim, e fidelite devan Bondye pa nesesèman yon pwoteksyon. Nan eksplozyon ki te fèt Toulouz la, kote Alain ak Liliane te chape, te gen 30 moun ki te mouri e plizyè santèn lòt ki te blese, menm lè se pa t fòt yo. Plizyè dizèn milye moun toupatou viktim anba krim, enpridans nan kondui, oswa lagè, e nou pa ka bay Bondye responsab malè ki rive yo. Labib fè nou sonje “ tan ak evènman enprevi rive ” tout moun. — Eklezyas 9:11.

Anplis de sa, moun ka malad, yo ka vin granmoun, e yo ka mouri. Menm moun ki panse Bondye te sove lavi yo grasa yon mirak, oubyen moun ki di se Bondye ki fè yo jwenn gerizon yo pa t espere anba yon maladi, menm moun sa yo rive mouri kanmenm yon jou. Retire maladi ak lanmò ak “ siye tout dlo nan je ” moun, bagay sa yo se alavni y ap fèt. — Revelasyon 21:1-4.

Pou sa rive fèt, gen yon bagay ki nesesè, e bagay sa a dwe pi gran e pi pwofon pase yon entèvansyon okazyonèl. Bib la pale de yon evènman ki rele “ gran jou Jewova a ”. (Sefànya 1:14.) Diran entèvansyon jeneral sa a, Bondye pral elimine tout mechanste. Limanite pral jwenn opòtinite pou l viv pou toutan nan kondisyon pafè, kote “ moun pap sonje ansyen bagay yo, ni yo pap monte vin nan kè a ”. (Izayi 65:17.) Menm mò yo pral retounen viv ankò, e konsa sa pral ranvèse pi gwo nan tout trajedi ki frape lèzòm (Jan 5:28, 29). Lè sa a, Bondye, nan lanmou li ak bonte l ki pa gen limit, pral rezoud pwoblèm limanite yon fwa pou tout.

Fason Bondye entèvni jodi a

Sepandan, sa pa vle di pandan kreyati l yo an detrès, antretan Bondye senpleman rete ap gade san sa pa di l anyen. Jodi a, Bondye ofri tout moun posiblite pou yo konnen l e pou yo devlope yon relasyon pèsonèl avèk li, kèlkeswa orijin sosyal yo oubyen orijin etnik yo (1 Timote 2:3, 4). Jezi te dekri etap sa a avèk pawòl sa yo : “ Pèsonn pa ka vin jwenn mwen, si Papa a ki voye m nan pa atire l. ” ​(Jan 6:44). Bondye atire moun ki gen kè sensè yo vin jwenn li pa mwayen mesaj Wayòm sèvitè l yo ap pwoklame nan lemonnantye.

Anplis de sa, Bondye aji dirèkteman nan lavi moun ki vle l gide yo. Pa mwayen lespri sen l, Bondye ‘ ouvri kè yo ’ pou yo konprann volonte l e pou yo mete sa l mande yo an pratik (Travay 16:14). Wi, Bondye bay prèv li enterese anpil nan nou chak an patikilye, lè li ban nou posiblite pou nou rive konnen l, pou nou konn Pawòl li ak pwogram li. — Jan 17:3.

Finalman, èd Bondye bay sèvitè l yo jodi a, se pa delivre li delivre yo pa mwayen mirak, men se lespri sen l li ba yo ak “ pisans ki depase sa ki nòmal la ” pou yo degaje yo ak kèlkeswa sitiyasyon yo ta rankontre (2 Korentyen 4:7). Apot Pòl te ekri : “ Mwen gen fòs pou tout bagay grasa moun [Jewova Dye] ki ban m pisans lan. ” — Filipyen 4:13.

Alò, nou gen tout rezon pou nou rekonesan anvè Bondye chak jou pou lavi ak esperans li ban nou pou nou viv pou toutan nan yon monn ki libere anba tout soufrans. Salmis la mande : “ Ki sa m ap bay Jewova pou tout byen li fè pou mwen ? Koup kokenn delivrans lan, m ap leve l anlè, e m ap envoke non Jewova. ” ​(Sòm 116:12, 13). Lè w li peryodik Toudegad regilyèman, sa ap ede w konprann ki sa Bondye deja fè, ki sa l ap fè e ki sa li pral fè ki kapab fè kè w kontan depi kounye a e sa ap ba ou yon espwa solid pou lavni. — 1 Timote 4:8.

[Antrefilè nan paj 6]

“ Moun pap sonje ansyen bagay yo, ni yo pap monte vin nan kè a. ” — Izayi 65:17.

[Foto nan paj 5]

Nan tan biblik yo, Jewova pa t anpeche yo lapide Zekarya ...

... ni li pa t anpeche Ewòd masakre ti inosan yo.

[Foto nan paj 7]

Moman an tou pre kote pap gen soufrans ankò. Menm mò yo pral reviv ankò.