Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Konvèsasyon espirityèl edifye moun

Konvèsasyon espirityèl edifye moun

Konvèsasyon espirityèl edifye moun

“ Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men se tout pawòl ki bon pou bati moun lè l bezwen sa, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo. ” — EFEZYEN 4:29.

1, 2. a) Ki enpòtans langaj lèzòm genyen ? b) Ki jan sèvitè Jewova yo vle sèvi ak lang yo ?

“ LANGAJ lèzòm se yon sekrè, se yon kado Bondye bay, se yon mirak. ” Se sa yon leksikograf ki rele Ludwig Koehler te ekri. Petèt nou pran bèl kado sa a Bondye bay la kòm yon bagay òdinè (Jak 1:17). Men, reflechi sou ki gwo trezò ki pèdi lè yon moun ou renmen fè yon stwok, epi sa lakòz li vin pa ka pale klè pou moun konprann li. Joan, ki gen mari l ki sot fè yon stwok sa pa gen twò lontan, di konsa : “ Nou te gen bonjan kominikasyon ansanm. Ala regrèt mwen regrèt konvèsasyon nou yo ! ”

2 Konvèsasyon ka simante zanmitay, korije malantandi, ankouraje moun ki deprime, fòtifye lafwa e anrichi lavi, men, sa pa janm fèt otomatikman. Men remak wa Salomon, yon wa ki saj, te fè : “ Gen moun ki pale san reflechi, tankou se avèk kout epe, men lang moun ki saj yo se gerizon. ” ​(Pwovèb 12:18). Antanke sèvitè Jewova, nou vle pou konvèsasyon nou yo geri moun, pou yo bati moun, olye pou yo fè moun mal oswa kraze yo. Epitou, nou vle sèvi ak lang nou pou nou louwe Jewova, ni nan ministè nou, ni nan konvèsasyon prive nou yo. Men sa salmis la te di nan yon chan : “ Nan Bondye, n ap bay louwanj tout lajounen, e pou tan endefini n ap louwe non w. ” — Sòm 44:8.

3, 4. a) Ki pwoblèm nou tout ap fè fas anrapò ak pawòl n ap di ? b) Poukisa pawòl nou gen enpòtans ?

3 Disip Jak ban nou avètisman sa a : “ Lang nan, pèsonn pami lèzòm pa ka donte l. ” Men rapèl li fè nou : “ Nou tout, nou bite tanzantan. Si yon moun pa bite nan pawòl, li se yon moun pafè ki kapab bride tout kò l tou. ” ​(Jak 3:2, 8). Nanpwen nou youn ki pafè. Se sa k fè, malgre bon entansyon nou genyen, pawòl nou pa toujou edifye moun oswa yo pa toujou bay Kreyatè nou an louwanj. Kidonk, nou dwe aprann fè atansyon ak sa n ap di. Anplis de sa, Jezi te di : “ Tout pawòl initil lèzòm di, y ap rann kont pou li nan Jou Jijman an. Paske se dapre pawòl ou y ap deklare w jis, e se dapre pawòl ou y ap kondane w. ” ​(Matye 12:36, 37). An reyalite, vrè Dye a ap mande nou kont pou pawòl nou yo.

4 Youn nan meyè fason pou nou evite gen yon langaj ki nuizib, se pou nou pran abitid gen konvèsasyon espirityèl. Atik sa a pral analize fason nou ka fè sa, sou ki sijè nou ka pale, e ki byenfè nou ka jwenn grasa yon langaj edifyan.

Fè atansyon ak sa ki nan kè a

5. Kòman kè a jwe yon wòl enpòtan nan ankouraje konvèsasyon ki edifyan ?

5 Nan chèche devlope abitid pou nou gen konvèsasyon ki edifyan, nou dwe toudabò rekonèt pawòl nou reflete sa ki nan kè nou. Men sa Jezi te di : “ Se selon sa ki nan kè a ann abondans bouch la pale. ” ​(Matye 12:34). Sa vle di tou senpleman, nou renmen pale sou bagay ki gen enpòtans pou nou. Donk, li bon pou nou mande tèt nou : ‘ Ki sa konvèsasyon m yo revele sou kondisyon kè m ? Lè m ak manm fanmi m oswa ak kretyen parèy mwen, èske konvèsasyon m santre sou bagay espirityèl oswa èske konvèsasyon m toujou chita sou spò, rad, fim, manje, dènye acha m te fè oswa sou bagay ki pa gen enpòtans ? ’ Petèt, san nou pa vle, vi nou ak panse nou vin santre sou bagay ki pa gen gran enpòtans. Si nou fè ajisteman nan priyorite nou yo, sa ap amelyore konvèsasyon nou yo e sa ap amelyore lavi nou tou. — Filipyen 1:10.

6. Ki wòl meditasyon jwe nan konvèsasyon nou yo ?

6 Yon lòt fason pou nou amelyore kalite sa n ap di, se lè nou medite sou yon sijè presi. Si ak tout volonte nou, nou fè efò pou nou reflechi sou bagay espirityèl, n ap rann nou kont konvèsasyon espirityèl yo ap vini natirèlman. Wa David te konprann sa. Men ki chante li te ekri : “ Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon ki sot nan kè mwen vin agreyab devan w, o Jewova. ” ​(Sòm 19:14). E salmis Azaf te di : “ Asireman, m ava medite sou tout travay ou [Bondye] fè, e m ap konsantre atansyon m sou fason w aji. ” ​(Sòm 77:12). Yon kè ak yon lespri ki konsantre anpil sou verite ki nan Pawòl Bondye a pral pouse nou tou natirèlman pou n ap di bon pawòl toutan. Jeremi pa t ka pa pale konsènan bagay Jewova te anseye l yo (Jeremi 20:9). Menm bagay la ka rive nou tou si nou medite regilyèman sou bagay espirityèl. — 1 Timote 4:15.

7, 8. Ki sijè ki bon pou konvèsasyon ki edifyan ?

7 Si nou gen yon bon pwogram espirityèl, sa ap ban nou anpil sijè konvèsasyon ki edifyan (Filipyen 3:16). Kongrè yo, reyinyon yo, piblikasyon yo, ansanm ak tèks pou jounen an ak kòmantè ki ladan l yo, tout bagay sa yo founi nou yon seri bijou espirityèl nou ka pataje ak lòt moun (Matye 13:52). Epitou, eksperyans nou fè nan predikasyon ka vrèman ankourajan espirityèlman !

8 Pou wa Salomon, anpil varyete pyebwa, bèt, zwazo ak pwason li te remake ann Izrayèl, se te yon mèvèy (1 Wa 4:33). Li te pran plezi pale sou bagay Bondye kreye. Nou ka fè menm jan an. Sèvitè Jewova yo pran plezi pale sou divès kalite sijè, men, sijè espirityèl yo toujou anbeli konvèsasyon moun ki renmen bagay espirityèl. — 1 Korentyen 2:13.

“ Kontinye konsidere bagay sa yo ”

9. Ki konsèy Pòl te bay Filipyen yo ?

9 Kèlkeswa sijè n ap pale a, konvèsasyon nou pral edifye lòt moun si yo ann amoni ak konsèy apot Pòl te bay kongregasyon ki te nan Filip la. Men sa Pòl te ekri : “ Tout bagay ki vrè, tout bagay ki diy, tout bagay ki jis, tout bagay ki pwòp, tout bagay ki merite pou yo renmen, tout bagay ki gen bon repitasyon, si gen yon bèl kalite e si gen yon bagay ki merite louwanj, kontinye konsidere bagay sa yo. ” ​(Filipyen 4:8). Sa Pòl mansyone yo tèlman esansyèl, li di : “ Kontinye konsidere bagay sa yo” Nou ta dwe ranpli lespri nou ak kè nou avèk yo. Donk, annou wè ki jan, lè nou bay toule uit bagay Pòl site yo atansyon nou, sa ka ede nou nan konvèsasyon nou.

10. Ki jan nou ka mete bagay ki vrè nan konvèsasyon nou yo ?

10 Sa ki vrè a gen ladan l plis pase enfòmasyon ki egzak. Li gen rapò ak bagay ki dwat e ki merite pou yo fè l konfyans, tankou verite ki nan Pawòl Bondye a. Donk, lè n ap pale ak lòt moun sou verite biblik ki te touche nou, sou diskou ki te ankouraje nou oswa sou konsèy biblik ki te ede nou, se bagay ki vrè n ap konsidere. Yon lòt bò, nou rejte “ sa yo swadizan rele ‘ konesans ’ lan ” ki sèlman bay yon aparans verite (1 Timote 6:20). Epitou n ap evite repete tripotay nou tande, oswa rakonte istwa ki pa sèten, istwa moun pa ka verifye.

11. Ki bagay ki diy nou ka mete nan konvèsasyon nou yo ?

11 Bagay ki diy yo se sijè ki elve e ki enpòtan, se pa bagay ki san enpòtans. Yo gen ladan yo bagay enpòtan ki gen rapò ak ministè nou antanke kretyen, tan kritik n ap viv ladan l yo ak nesesite pou nou kenbe yon bon konduit. Lè n ap pale de bagay enpòtan konsa, se ranfòse n ap ranfòse detèminasyon nou pou nou rete je klè espirityèlman, pou nou kenbe entegrite nou e pou nou kontinye preche bon nouvèl la. Vrèmanvre, eksperyans enteresan nou fè nan predikasyon ak evènman k ap pase kounye a ki raple nou n ap viv nan dènye jou yo bay anpil posiblite pou nou gen konvèsasyon ki ankourajan. — Travay 14:27 ; 2 Timote 3:1-5.

12. Etandone Pòl te konseye pou nou konsidere bagay ki jis e ki pwòp, ki sa nou ta dwe evite ?

12 Mo jis la siyifi dwat nan je Bondye, sa siyifi rive nan nivo prensip li yo. Pwòp bay lide pwòpte nan panse ak nan konduit. Kout lang, blag betiz oswa pawòl an parabòl sou kesyon sèks pa gen plas yo nan konvèsasyon nou (Efezyen 5:3 ; Kolosyen 3:8). Nan travay oswa nan lekòl, depi konvèsasyon yo vire nan sans sa yo, avèk sajès, kretyen yo rale kò yo.

13. Bay egzanp konvèsasyon ki santre sou bagay ki merite pou yo renmen e ki gen bon repitasyon.

13 Lè Pòl te rekòmande pou nou konsidere bagay ki merite pou yo renmen, li t ap pale de bagay ki bèl, ki agreyab oswa ki ankouraje lanmou, sa ki opoze ak bagay ki soulve lahèn, mekontantman oswa diskisyon. Bagay ki gen bon repitasyon yo fè referans ak enfòmasyon ki gen bon renome oswa bon kalite repitasyon. Sa gen ladan l istwa lavi frè ak sè fidèl ki parèt regilyèman nan Toudegad ak Réveillez-vous ! Poukisa nou pa pataje enpresyon nou ak lòt moun yon fwa nou fin li atik sa yo ki fòtifye lafwa nou ? Epitou, ala sa ankourajan lè nou tande bèl reyalizasyon espirityèl lòt moun fè ! Konvèsasyon konsa ap bati lanmou ak inite nan kongregasyon an.

14. a) Ki sa demontre bèl kalite mande pou nou fè ? b) Ki jan pawòl nou ka gen ladan l bagay ki merite louwanj ?

14 Pòl di : “ Si gen yon bèl kalite. ” Bèl kalite fè referans ak bonte oswa wo nivo nan domèn moral. Nou dwe veye pou se prensip biblik yo ki gide langaj nou e pou l pa devye de sa ki jis, ki pwòp e ki gen bèl kalite. Merite louwanj siyifi “ merite felisitasyon ”. Si ou fin tande yon bon diskou oswa ou remake yon moun nan kongregasyon an ki bay yon bèl egzanp fidelite, pale de sa, ni ak moun nan dirèkteman, ni ak lòt moun. Byen souvan, apot Pòl te konn fè lwanj pou bèl kalite li te remake lakay lòt adoratè yo (Women 16:12 ; Filipyen 2:19-22 ; Filemon 4-7). Epitou, natirèlman, bagay Kreyatè nou an fè merite lwanj vrèman. Nan domèn sa a, nou jwenn yon pakèt posiblite pou nou gen konvèsasyon ki edifyan. — Pwovèb 6:6-8 ; 20:12 ; 26:2.

Chèche gen konvèsasyon ki edifyan

15. Ki kòmandman biblik ki mande paran yo pou yo gen konvèsasyon ki itil ak pitit yo ?

15 Men sa Detewonòm 6:6, 7 di : “ Pawòl sa yo mwen òdone w jodi a dwe nan kè w. Ou dwe fè yo antre nan lespri pitit gason w, e se pou w pale l de yo lè w chita lakay ou, lè w ap mache sou wout, lè w kouche, e lè w leve. ” Sa klè, kòmandman sa a mande pou paran yo gen konvèsasyon espirityèl avèk pitit yo, konvèsasyon ki itil.

16, 17. Ki sa paran kretyen yo ka aprann nan egzanp Jewova ak Abraram kite ?

16 Nou ka imajine gwo konvèsasyon Jezi dwe te genyen ak Papa li ki nan syèl la, lè yo t ap pale sou asiyasyon terès li a. Men sa Jezi te di disip li yo : “ Papa a ki voye m nan ban mwen yon kòmandman konsènan sa pou m di ak sa pou m pale. ” ​(Jan 12:49 ; Detewonòm 18:18). Abraram, yon patriyach, dwe te pase plizyè èdtan ap pale ak pitit li Izarak konsènan fason Jewova te beni yo ansanm ak zansèt yo. Sandout, konvèsasyon sa yo te ede ni Jezi, ni Izarak pou yo soumèt yo avèk imilite ak sa Bondye vle. — Jenèz 22:7-9 ; Matye 26:39.

17 Pitit nou yo tou bezwen konvèsasyon ki edifyan. Paran yo dwe jwenn tan nan pwogram kwense yo genyen pou yo pale ak pitit yo. Poukisa nou pa pran dispozisyon pou nou manje ansanm an fanmi omwen yon fwa pa jou si sa posib ? Nan moman sa yo e apre sa, n ap gen posiblite pou nou gen konvèsasyon ki edifyan e konvèsasyon sa yo ka gen yon kokenn valè pou sante espirityèl fanmi an.

18. Rakonte yon eksperyans ki montre bon rezilta sa bay lè gen bon kominikasyon ant paran ak pitit.

18 Alejandro, yon pyonye ki apèn gen 20 an, sonje jan l te gen dout lè l te gen 14 an. Men sa l di : “ Enfliyans kamarad lekòl mwen ak pwofesè m te fè m vin doute sou egzistans Bondye e sou Bib la, antanke liv ki otantik. Paran m te pase anpil tan ap rezone avè m avèk pasyans. Konvèsasyon sa yo te ede m non sèlman pou m konbat dout mwen yo pandan peryòd difisil sa a, men tou yo te ede m pran bon desizyon nan lavi m. ” E kòman sa ye kounye a ? Men sa Alejandro kontinye pou l di : “ Mwen toujou ap viv lakay paran m. Men, kòm nou tout nou okipe anpil, sa fè li difisil pou papa m pale avè m a de. Donk, nou toule de nou manje ansanm yon fwa pa semèn nan travay li. Mwen bay konvèsasyon sa yo anpil valè. ”

19. Poukisa nou tout nou bezwen gen konvèsasyon espirityèl ?

19 Èske nou menm tou nou pa apresye anpil anpil opòtinite nou genyen pou nou gen konvèsasyon espirityèl ki pwofitab ak konpayon nou nan lafwa ? Nou jwenn opòtinite konsa nan reyinyon yo, nan predikasyon, nan ti pwogram n ap òganize e lè n ap vwayaje. Pòl te konn swaf pale ak kretyen ki nan Wòm yo. Men sa l te ekri yo : “ Se pa ti anvi m anvi wè nou [...] poutèt pou ka gen yon echanj ankourajman nan mitan nou, kote youn jwenn ankourajman nan lafwa lòt, ni nan pa nou, ni nan pa m. ” ​(Women 1:11, 12). Gen yon ansyen ki rele Johannes ki fè konnen “ konvèsasyon espirityèl avèk kretyen parèy nou konble yon bezwen ki esansyèl. Yo chofe kè a e yo fè chay n ap pote chak jou yo vin pi lejè. Detanzantan, mwen mande granmoun yo pou yo pale m de lavi yo e pou yo di m sa k ede yo rete fidèl. Avèk letan, mwen pale ak anpil ladan yo, e yo chak yo ban m yon ti moso sajès oswa yon eklèsisman ki anrichi lavi m. ”

20. Ki jan pou nou aji ak yon moun ki timid ?

20 E si yon moun sanble li pa enterese lè nou louvri yon konvèsasyon sou yon sijè espirityèl ? Pa kite sa. Petèt nou ka jwenn yon moman ki pi apwopriye yon lòt fwa. Salomon te fè remak sa a : “ Yon pawòl moun di nan moman ki apwopriye, se tankou pòm annò ki eskilte sou ajantri. ” ​(Pwovèb 25:11). Montre nou konprann moun ki timid yo. “ Konsèy nan kè yon nonm se tankou dlo ki fon, men moun ki gen disènman an ap rale l monte *. ” ​(Pwovèb 20:5). Sa k pi enpòtan, pa janm kite atitid lòt moun retni nou pou nou pa pale konsènan bagay ki touche kè nou.

Konvèsasyon espirityèl pote benediksyon

21, 22. Ki benediksyon nou ka jwenn lè nou patisipe nan konvèsasyon espirityèl ?

21 Apot Pòl te bay konsèy sa a : “ Pa kite okenn pawòl pouri sot nan bouch nou, men se tout pawòl ki bon pou bati moun lè l bezwen sa, yon fason pou pawòl sa a pote sa ki bon pou moun ki tande l yo. ” ​(Efezyen 4:29 ; Women 10:10). Sa ka mande efò pou nou dirije konvèsasyon nou yo nan bon direksyon, men benediksyon yo anpil. Konvèsasyon espirityèl pèmèt nou pataje lafwa nou ak lòt moun e yo pèmèt lyen fratènèl nou vin pi solid.

22 Donk, annou sèvi ak don lapawòl pou nou edifye lòt moun e pou nou louwe Bondye. Konvèsasyon sa yo ap yon sous satisfaksyon pou nou e sa ap yon sous ankourajman pou lòt moun. Sa ki pi enpòtan, y ap fè kè Jewova kontan, li menm k ap suiv konvèsasyon nou yo e ki kontan lè nou sèvi ak lang nou yon fason ki dwat (Sòm 139:4 ; Pwovèb 27:11). Lè konvèsasyon nou se konvèsasyon espirityèl, nou mèt sèten Jewova pap bliye nou. Anpalan de moun k ap sèvi Jewova nan epòk nou an, men sa Bib la di : “ Nan epòk sa a moun ki gen lakrentif pou Jewova yo te pale youn ak lòt, chak moun ak konpayon li, e Jewova t ap pote atansyon e li t ap koute. E gen yon liv souvni ki te kòmanse ekri devan l pou moun ki krenn Jewova e pou moun k ap panse a non l. ” ​(Malaki 3:16 ; 4:5). Ala enpòtan sa enpòtan pou konvèsasyon nou yo se konvèsasyon ki edifye moun espirityèlman !

[Nòt anba paj]

^ § 20 Gen kèk pi ann Izrayèl ki te fon anpil. Nan Gibeyòn, akeyològ yo dekouvri yon rezèvwa ki gen 80 pye pwofondè. Li gen eskalye ki pèmèt moun desann jis nan fon pou pran dlo.

Ki repons nou ta bay ?

• Ki sa konvèsasyon nou yo revele sou nou ?

• Sou ki bagay edifyan nou ka pale ?

• Ki wòl enpòtan konvèsasyon yo jwe nan fanmi an e nan kongregasyon an ?

• Ki benediksyon konvèsasyon ki edifyan yo pote ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 10]

Konvèsasyon ki edifyan yo santre sou ...

“ tout bagay ki vrè ”,

“ tout bagay ki diy ”,

“ tout bagay ki merite louwanj ”,

“ tout bagay ki gen bon repitasyon ”.

[Liy kredi]

Po kasèt video a, Stalin : foto U.S. Army ; po liv Créateur la, Nebilez Èg : J. Hester ak P. Scowen (AZ State Univ.), NASA.

[Foto nan paj 11]

Moman n ap manje bay bonjan okazyon pou nou gen konvèsasyon espirityèl.