Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Sa a se yon dekouvèt ! ”

“ Sa a se yon dekouvèt ! ”

Eksperyans pwoklamatè yo fè

“ Sa a se yon dekouvèt ! ”

DOROTA, yon Temwen Jewova pyonye pèmanan nan peyi Polòy, te mennen yon pitit gason li ki gen 14 an nan klinik nan lekòl li pou yon vizit woutin. Pandan konsiltasyon an, doktè a ki rele Janina *, mande Dorota pou l pale l de travay ti gason l lan konn fè lakay.

Men sa Dorota reponn : “ Lè m pa ka fè manje, se ti gason m nan ki fè manje pou nou toule sis nan fanmi an. Li pwòpte kay la tou e li ede fè reparasyon nan kay la. Li renmen fè lekti. Li se yon bon elèv. ”

Janina di : “ Se pa posib. M ap travay isit la depi 12 an, e se premye fwa mwen tande yon bagay konsa. ”

Dorota santi se yon okazyon pou l bay yon temwayaj, men sa li esplike l : “ Anpil paran jodi a pa rive bay pitit yo yon bon fòmasyon. Se poutèt sa byen souvan pitit yo manke bay tèt yo valè. ”

Janina mande l : “ Kòman w fè konn tout bagay sa yo ? Pifò paran pa gen yon ide sou bagay sa yo. ”

Dorota reponn li : “ Se nan Bib la, yon liv ki gen anpil valè, nou jwenn enfòmasyon sa yo. Pa egzanp, selon Detewonòm 6:6-9, se pou nou enstwi pwòp tèt nou dabò anvan nou enstwi pitit nou. Èske toudabò nou pa ta dwe mete prensip nou vle bay timoun nou yo nan kè nou ak nan panse nou ? ”

Janina di : “ Se pa posib, se pa posib ! ” Apre sa li mande Dorota kòman Bib la ede l pou l elve pitit li yo epi anseye yo.

Dorota esplike l : “ Nou etidye Labib chak semèn ak timoun nou yo, nou sèvi ak yon liv ki rele Les jeunes s’interrogent — Réponses pratiques *. ” Apre sa, li pale l de liv la, li di l kèk nan sijè liv la gen ladan l.

Janina di : “ Sa a se yon dekouvèt ! Èske w ka fè m wè liv sa a ? 

Inèdtan apre, Dorota parèt ak liv la.

Pandan Janina ap feyte liv la, li mande : “ Nan ki relijyon w ye ? ”

“ Mwen se yon Temwen Jewova. ”

“ Ki jan Temwen Jewova yo aji ak moun ki pa nan menm relijyon avèk yo ? ”

Dorota reponn : “ Menm jan ou wè m fè avèk ou a, avèk respè. ” Apre sa li ajoute : “ Natirèlman, nou swete pou yo ta vin konnen laverite ki nan Bib la. ”

Janina avwe : “ Mwen deja santi m pi byen lontan. ”

Nan fen vizit la, Dorota ankouraje Janina pou l li Labib. Li di l : “ L ap bay lavi w yon sans e l ap ede w nan travay ou. ”

Men sa Janina admèt : “ Ou vrèman ban m anvi pou m fè sa. ”

Avèk tak, avèk detèminasyon, Dorota pwofite yon vizit woutin lakay doktè pou l bay yon bèl temwayaj.— 1 Pyè 3:15.

[Nòt anba paj]

^ § 3 Se pa bon non l.

^ § 10 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.