Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yo pèsekite yo akoz sa ki jis

Yo pèsekite yo akoz sa ki jis

Yo pèsekite yo akoz sa ki jis

“ Byennere moun yo pèsekite akoz sa ki jis. ”— MATYE 5:10.

1. Ki sa k te mennen Jezi devan Pons Pilat, e ki sa Jezi te di ?

“ SE POUTÈT sa mwen fèt, e se poutèt sa mwen vini nan monn nan : pou m rann temwayaj pou laverite. ” ​(Jan 18:37). Lè Jezi te di pawòl sa yo, li te devan Pons Pilat, gouvènè women nan peyi Jide a. Se pa t Jezi ki te chwazi pou l la, ni se pa t Pilat ki te envite l. Okontrè, li te la paske chèf relijye Juif yo te akize l mal kòmkwa li se yon malfektè ki merite lanmò. — Jan 18:29-31.

2. Ki sa Jezi te fè, e ki kote sa te mennen ?

2 Jezi te konnen trè byen Pilat gen pouvwa pou fè lage l oubyen pou fè touye l (Jan 19:10). Men, sa pa t anpeche l pale ak Pilat avèk kran konsènan Wayòm nan. Byenke lavi Jezi te andanje, li te pwofite okazyon ki te prezante a pou l rann temwayaj devan pi gwo otorite gouvènman nan rejyon an. Malgre temwayaj sa a, yo te kondane Jezi e yo te egzekite l, li te mouri an mati sou yon poto soufrans. — Matye 27:24-26 ; Mak 15:15 ; Lik 23:24, 25 ; Jan 19:13-16.

Temwen oswa mati ?

3. Nan tan biblik yo, ki sa mo “ mati ” a te vle di, men, ki sa l vle di jodi a ?

3 Pou anpil moun jodi a, yon mati se apeprè menm bagay ak yon fanatik, yon ekstremis. Moun ki dispoze mouri pou kwayans yo, sitou kwayans ki gen rapò ak relijyon, se moun souvan yo sispèk kòm teworis oswa kòm moun omwen ki reprezante yon menas pou sosyete a. Sepandan, mo mati a sot nan yon mo grèk (martus), e nan tan biblik yo, mo sa a te vle di “ temwen ”, yon moun, petèt nan yon tribinal, k ap temwaye pou verite li kwè ladan l lan. Se sèlman annapre, ekspresyon sa a vin vle di “ yon moun ki bay vi l paske l te rann temwayaj ”, oswa menm yon moun ki rann temwayaj paske l bay vi l.

4. Nan ki sans prensipalman Jezi te yon mati ?

4 Se sitou nan premye sans mo a Jezi te yon mati . Tankou l te di Pilat, li te vini ‘ pou l rann temwayaj pou laverite ’. Temwayaj li te bay te fè moun yo gen reyaksyon trè diferan. Kèk moun nan mas pèp la te touche anpil akoz sa yo te tande ak sa yo te wè, e yo te mete lafwa nan Jezi (Jan 2:23 ; 8:30). Foul moun yo an jeneral e sitou chèf relijye yo, yo menm tou yo te reyaji avèk fòs, men yo te reyaji mal. Men sa Jezi te di fanmi l yo ki pa t kwayan : “ Monn nan pa gen okenn rezon pou l rayi nou, men li rayi m, paske, konsènan li menm, mwen temwaye sa l fè yo pa bon. ” ​(Jan 7:7). Poutèt Jezi t ap rann temwayaj pou laverite, dirijan nasyon yo te an kòlè kont li, e sa te lakòz lanmò l. Vrèman, se li ki te “ temwen [martus] fidèl e veridik la ”. — Revelasyon 3:14.

Yo “ pral rayi nou ”

5. Ki sa Jezi te di byen bonè nan ministè li konsènan pèsekisyon ?

5 Non sèlman Jezi li menm li te soufri anba pèsekisyon fewòs, men li te avèti disip li yo menm bagay la t ap gen pou rive yo tou. Byen bonè nan ministè Jezi, nan Sèmon sou montay la, men sa l te di moun ki t ap koute l yo : “ Byennere moun yo pèsekite akoz sa ki jis, piske wayòm syèl la se pou yo. Nou byennere lè moun ap joure nou, lè y ap pèsekite nou e lè y ap di tout kalite move bagay sou nou akoz mwen. Nou mèt rejwi, nou mèt vole anlè ak kè kontan, piske rekonpans nou gran nan syèl la. ” — Matye 5:10-12.

6. Ki avètisman Jezi te bay lè li t ap voye 12 apot yo ?

6 Kèk tan apre, pandan Jezi ap voye 12 apot li yo, men sa l di yo : “ Pran prekosyon nou ak moun yo, paske yo gen pou yo trennen nou nan tribinal, e yo gen pou yo bat nou ak kout fwèt nan sinagòg pa yo. Wi, y ap trennen nou devan gouvènè ak devan wa akoz mwen. Sa ap sèvi temwayaj pou yo e pou nasyon yo. ” Men se pa sèlman otorite relijye yo ki t ap pèsekite disip yo. Jezi te di tou : “ Yon frè pral livre frè l pou yo touye l, e yon papa pral livre pitit li. Pitit ap leve kont paran e y ap fè touye yo. Epi tout moun pral rayi nou akoz non mwen, men moun ki andire jiska lafen an, se moun sa a k ap sove. ” ​(Matye 10:17, 18, 21, 22). Istwa kretyen nan premye syèk la se yon temwayaj ki montre pawòl sa yo veridik.

Yo bay prèv yo andire fidèlman

7. Ki sa k fè Etyèn vin tounen yon mati ?

7 Yon ti tan apre lanmò Jezi, Etyèn te vin premye kretyen ki mouri paske l t ap rann temwayaj pou laverite. Li te “ plen cham ak pisans, [e li] t ap akonpli gwo prezaj ak gwo siy pami pèp la ”. Ènmi relijye l yo “ pa t ka kenbe tèt ak sajès ansanm ak lespri misye te genyen etan li t ap pale ”. (Travay 6:8, 10.) Jalouzi t ap rache kè yo, yo trennen Etyèn devan Sanedren an, tribinal siprèm Juif yo, kote li kanpe anfas fo akizatè l yo e li bay yon bèl temwayaj. Men, alafen, ènmi Etyèn yo touye temwen fidèl sa a. — Travay 7:59, 60.

8. Kòman disip nan Jerizalèm yo te reyaji fas ak pèsekisyon ki te vin sou yo apre lanmò Etyèn nan ?

8 Apre yo fin touye Etyèn, “ te vin gen yon gwo pèsekisyon kont kongregasyon ki te nan Jerizalèm nan. Yo tout te gaye nan rejyon Jide ak Samari, sof apot yo ”. (Travay 8:1.) Èske pèsekisyon te met yon fren nan temwayaj kretyen yo ? Okontrè, istwa di nou “ moun ki te gaye yo t ap anonse bon nouvèl pawòl la toutpandan yo t ap travèse peyi a ”. (Travay 8:4.) Yo dwe te santi yo menm jan apot Pyè te santi l lè l te fè deklarasyon sa a : “ Nou dwe obeyi Bondye kòm chèf pase pou nou obeyi lèzòm. ” ​(Travay 5:29). Malgre pèsekisyon, disip fidèl ki gen kouraj sa yo te pèsiste nan travay rann temwayaj pou laverite a, menm lè yo te konnen sa te ka mennen yo nan plis eprèv. — Travay 11:19-21.

9. Ki pèsekisyon ki te kontinye vide sou disip Jezi yo ?

9 Vrèmanvre, kanta pou eprèv yo, yo te kontinye san rete. Premyèman, dapre sa nou aprann, Sol, yon nonm ki te la lè yo t ap lapide Etyèn e ki te dakò ak sa, ‘ te toujou santi l ta menase e li ta touye disip Seyè a, li al jwenn gran prèt la e li mande l lèt pou sinagòg nan Damas yo, yon fason pou l ka mare tout moun li jwenn ki fè pati Chemen an, gason kou fi, epi mennen yo Jerizalèm ’. (Travay 9:1, 2.) Apre sa, nan zòn ane 44 epòk nou an, “ wa Ewòd lonje men l pou l maltrete kèk moun nan kongregasyon an. Li touye Jak, frè Jan an, ak epe. ” — Travay 12:1, 2.

10. Ki pèsekisyon yo rapòte nan liv Travay apot yo ak nan liv Revelasyon an ?

10 Nan yon fason ki grave nan lespri moun, rès liv Travay la rapòte eprèv, anprizònman ak pèsekisyon yon seri moun fidèl te andire. Pa egzanp Pòl, yon ansyen pèsekitè, te vin apot, e sanble li te mouri an mati anba men Newon, yon anperè women, nan zòn ane 65 epòk nou an (2 Korentyen 11:23-27 ; 2 Timote 4:6-8). Finalman, liv Revelasyon an, ki te ekri nan fen premye syèk la, pale de apot Jan, ki te fin granmoun, yo lage nan prizon nan zile Patmòs, yon zile yo te konn itilize kòm pinisyon. Li te nan prizon ‘ poutèt li t ap pale de Bondye e li t ap rann temwayaj konsènan Jezi ’. Revelasyon pale tou de ‘ Antipas, temwen mwen an, yon moun fidèl, yo te touye ’ nan Pègam. — Revelasyon 1:9 ; 2:13.

11. Kòman lavi premye kretyen yo pwouve pawòl Jezi te di yo konsènan pèsekisyon an se verite ?

11 Tout sa pwouve pawòl Jezi te di disip li yo se verite : “ Si yo pèsekite m, y ap pèsekite nou tou. ” ​(Jan 15:20). Premye kretyen yo te pare pou yo fè fas ak pi gwo eprèv ki genyen an, kit yo tòtire yo, kit yo lage yo bay bèt sovaj, oubyen nenpòt lòt fason, yo te aksepte mouri pou yo te ka akonpli misyon Jezi Kris, Seyè a, te bay la kote l te di : “ Nou pral sèvi m temwen ni Jerizalèm, ni nan tout Jide ak nan Samari rive jis nan rejyon ki pi lwen sou tè a .” — Travay 1:8.

12. Poukisa pèsekisyon kretyen yo pa sèlman fè pati listwa ?

12 Si yon moun ta panse se sèlman nan tan lontan disip Jezi yo te konn sibi tretman fewòs sa yo, moun sa a ta nan erè nèt. Pòl ki te andire kont eprèv li, tankou nou sot wè sa, te ekri pawòl sa yo : “ Tout moun ki vle viv nan atachman devwe pou Bondye ann amoni ak Kris Jezi ap jwenn pèsekisyon tou. ” ​(2 Timote 3:12). Men sa Pyè te di anrapò ak pèsekisyon : “ Vrèmanvre, se nan chemen sa a yo te rele nou pou nou mache, paske menm Kris te soufri pou nou, li kite yon modèl pou nou, pou nou ka suiv tras li fidèlman. ” ​(1 Pyè 2:21). Rive jis nan “ dènye jou ” sistèm de choz sa a, sèvitè Jewova yo kontinye sibi lahèn ak opozisyon (2 Timote 3:1). Sou tout tè a, Temwen Jewova yo sibi pèsekisyon swa pèsonèlman swa antanke gwoup. Kit se anba rejim diktatè, kit se nan peyi ki gen demokrasi, yon lè kanmenm yo te jwenn pèsekisyon.

Yo rayi yo, yo pèsekite yo, poukisa ?

13. Ki sa sèvitè Jewova yo nan tan modèn nan dwe met nan tèt yo anrapò ak pèsekisyon ?

13 Menmsi pifò nan nou jodi a gen yon sèten libète pou preche e pou reyini san kè sote, nou pa dwe janm bliye Bib la di nou “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”. (1 Korentyen 7:31.) Anvan w bat je w, bagay yo ka chanje, se sa k fè si nou pa prepare mantalman, sikolojikman, espirityèlman, nou ka bite byen fasil. Piske se konsa, ki sa nou ka fè pou nou pwoteje tèt nou ? Yon bon fason, se lè nou toujou sonje poukisa yo rayi kretyen yo e y ap pèsekite yo, yo menm ki renmen lapè e ki respekte lalwa.

14. Selon sa Pyè montre, ki rezon ki fè yo t ap pèsekite kretyen yo ?

14 Apot Pyè te fè yon kòmantè sou pwen sa a nan premye lèt li te ekri nan zòn ane 62-64 epòk nou an, lè kretyen tout kote nan anpi women an t ap rankontre eprèv ak pèsekisyon. Men sa l te di : “ Byenneme, nou pa bezwen trakase tèt nou pou dife ki nan mitan nou an, ki rive pou pase nou anba eprèv, tankou se yon bagay dwòl ki rive nou. ” Pou Pyè esplike sa l te gen nan tèt li, men sa l di : “ Pinga pyès nan nou soufri kòm asasen, oswa kòm vòlè, oswa kòm malfektè, oswa kòm moun k ap foure bouch li nan zafè lòt moun. Men, si l soufri antanke kretyen, li pa bezwen wont, men se pou l kontinye glorifye Bondye nan non sa a. ” Pyè montre la a yo pa t ap soufri paske yo te fè yon move zak, men yo t ap soufri poutèt yo se kretyen. Si kretyen yo t ap benyen “ nan menm twou labou debòch ” ak moun ki te bò kote yo, yo t ap ouvri de bra yo pou akeyi yo. Men an reyalite, kretyen yo te soufri paske yo t ap fè efò pou yo viv ann akò ak responsablite yo genyen antanke disip Kris. Sitiyasyon an rete menm jan pou vrè kretyen yo jodi a. — 1 Pyè 4:4, 12, 15, 16.

15. Ki kontradiksyon ki genyen nan fason yo trete Temwen Jewova yo jodi a ?

15 Nan anpil kote nan monn nan, yo fè lwanj pou Temwen Jewova yo piblikman pou inite ak kowoperasyon yo montre yo genyen nan asanble yo ak nan pwojè konstriksyon yo. Yo fè lwanj pou yo pou onètete yo ak dilijans yo, pou bèl egzanp yo bay nan konduit moral yo ak nan vi fanmi yo, e menm pou bon fason yo abiye e pou konpòtman yo *. Yon lòt bò, pandan atik sa a ap ekri, travay yo anba entèdiksyon oswa anba restriksyon nan omwen 28 peyi, e anpil nan Temwen sa yo sibi move tretman, e yo pèdi byen yo akoz lafwa yo. Poukisa gen yon kontradiksyon klè konsa ? E poukisa Bondye pèmèt sa ?

16. Ki rezon prensipal ki fè Bondye pèmèt sèvitè l yo sibi pèsekisyon ?

16 Toudabò, nou dwe sonje pawòl nou jwenn nan Pwovèb 27:11 lan ki di : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” Wi, sa gen rapò ak kesyon souvrènte inivèsèl la, yon kesyon ki soulve depi byen lontan. Malgre gwo kantite temwayaj tout moun ki rete entèg devan Jewova yo bay pandan tout syèk ki pase yo, Satan pa sispann pwovoke Jewova menm jan li te fè sa nan epòk nonm jis yo rele Jòb la (Jòb 1:9-11 ; 2:4, 5). Pa gen dout, piske Wayòm Bondye a tabli fèm nan syèl la kounye a, e li gen reprezantan ak moun k ap soumèt anba l sou tè a, sa fè Satan vin pi dechennen nan dènye efò l ap fè pou l pwouve sa l te di yo. Èske moun sa yo ap rete fidèl devan Bondye kèlkeswa difikilte ak eprèv yo ta rankontre ? Sa a se yon kesyon chak sèvitè Jewova dwe reponn pèsonèlman. — Revelasyon 12:12, 17.

17. Ki sa Jezi te vle di lè l te deklare “ sa ap vire yon fason pou nou bay yon temwayaj ” ?

17 Lè Jezi t ap pale ak disip li yo konsènan evènman ki t ava rive pandan “ fen sistèm de choz la ”, li te bay yon lòt rezon ki fè Jewova pèmèt sèvitè l yo jwenn pèsekisyon. Li te di yo : “ Y ap trennen nou devan wa, devan gouvènè akoz non mwen. Sa ap vire yon fason pou nou bay yon temwayaj. ” ​(Matye 24:3, 9 ; Lik 21:12, 13). Jezi li menm te rann temwayaj devan Ewòd ak Pons Pilat. Apot Pòl tou, yo te ‘ trennen l devan wa ak devan gouvènè ’. Sou direksyon Jezi Kris, Seyè a, Pòl te chèche bay temwayaj devan dirijan ki te pi pisan nan epòk sa a lè l te deklare : “ Mwen fè apèl devan Seza ! ” ​(Travay 23:11 ; 25:8-12). Menm jan an jodi a, byen souvan, sitiyasyon difisil konn pèmèt yon bèl temwayaj bay devan ni ofisyèl yo, ni piblik la *.

18, 19. a) Ki jan lè nou fè fas ak eprèv sa bon pou nou ? b) Ki kesyon nou pral konsidere nan atik ki vin apre a ?

18 Finalman, fè fas ak eprèv, ak tribilasyon ka bon pou nou pèsonèlman. Nan ki sans ? Disip Jak te raple kretyen yo pawòl sa yo : “ Konsidere sa tankou yon vrè lajwa, frè m yo, lè n ap fè fas ak tout kalite eprèv, paske nou konnen kalite lafwa nou vin genyen anba eprèv la se andirans li bay. ” Wi, pèsekisyon ka rafine lafwa nou e li ka fòtifye andirans nou. Donk, nou pa pè pèsekisyon, ni nou pap chèche mwayen ki pa biblik pou nou sot anba l oswa pou nou met yon fen nan li. Okontrè, nou koute egzòtasyon Jak la ki di nou : “ Se pou andirans lan fin fè travay li nèt, pou n kapab vin yon moun total epi ki anfòm nan tout bagay, pou n pa manke anyen. ” — Jak 1:2-4.

19 Menm si Pawòl Bondye a ede nou konprann poukisa y ap pèsekite sèvitè fidèl Jewova yo e poukisa Jewova pèmèt sa, sa pa fè pou otan pèsekisyon vin fasil pou sipòte. Ki sa ki ka fòtifye nou pou nou reziste anba l ? Ki sa nou ka fè lè n ap fè fas ak pèsekisyon ? Nou pral konsidere pwen enpòtan sa yo nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Gade nan La Tour de Garde 15 desanm 1995, paj 27-29 ; 15 avril 1994, paj 16,17 ; ak nan Réveillez-vous ! 22 desanm 1993, paj 6-13.

^ § 17 Gade nan Réveillez-vous ! 8 janvye 2003, paj 3-11.

Èske w ka esplike ?

• Nan ki sans prensipalman Jezi te yon mati ?

Ki efè pèsekisyon te gen sou kretyen premye syèk yo ?

• Tankou Pyè esplike sa, poukisa yo te pèsekite premye kretyen yo ?

• Pou ki rezon Jewova pèmèt sèvitè l yo jwenn pèsekisyon ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 21, 22]

Kretyen premye syèk yo te soufri, se pa paske yo te fè move zak, men se pou sa yo te ye a.

PÒL

JAN

ANTIPAS

JAK

ETYÈN