Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jèn, mache yon fason ki diy devan Jewova

Jèn, mache yon fason ki diy devan Jewova

Jèn, mache yon fason ki diy devan Jewova

GEN jèn kretyen ki oblije kite fanmi yo ak kongregasyon yo pandan yon ti tan. Genyen ki fè sa pou yo ka fè plis nan ministè a. Gen lòt menm ki oblije pati kite kay yo poutèt yo pran yon pozisyon ki net nan zafè monn nan (Izayi 2:4 ; Jan 17:16). Nan kèk peyi, “ Seza ” kondane yon seri de jèn entèg pou y al nan prizon oswa pou yo fè sèvis sivil. * — Mak 12:17 ; Tit 3:1, 2.

Lè se nan prizon yo mete jèn sa yo pou netralite yo, pafwa yo fèmen yo ak yon bann delenkan pandan anpil tan. Lè se pou lòt rezon yo kite kay yo, yo konn oblije travay nan yon anbyans ki imoral. Piske jèn kretyen sa yo ap fè efò pou yo “ kontinye mache yon fason ki diy devan Bondye ”, ki jan jèn sa yo ansanm ak lòt moun ki nan sitiyasyon konsa ka reziste anba presyon ak pwoblèm yo rankontre (1 Tesalonisyen 2:12) ? Kòman paran jèn yo kapab ede yo prepare yo pou si sitiyasyon difisil sa yo ta prezante ? — Pwovèb 22:3.

Ki pwoblèm yo rankontre ?

Men sa Tákis, ki gen 21 an e ki te oblije pase 37 mwa deyò, * te di : “ Sa te difisil pou mwen e pafwa m konn pè dèske m te lwen paran m, dèske yo pa t la pou pwoteje m, ni ansyen yo ki konnen m byen pa t la pou voye je sou mwen. ” Li ajoute : “ Pafwa m te konn santi m vrèman san defans. ” Pétros, ki gen 20 an, te oblije kite kay li pandan plis pase dezan. Men sa l te di : “ Se premye fwa nan vi m mwen te oblije chwazi distraksyon m ak zanmi m pou kò m, e mwen pa t toujou byen chwazi. ” Apre sa li di : “ Pafwa m santi de pye m mare devan tout responsablite ki genyen lè yon moun gen plis libète. ” Tássos se yon ansyen ki gen kontak souvan avèk jèn ki nan sitiyasyon sa yo. Men ki sa l di : “ Moun ki pa kwayan ki renmen di gwo mo, ki rebèl e ki vyolan kapab detenn sou jèn ki nayif e ki san defans .”

Jèn k ap viv e k ap travay pami moun ki pa gen respè pou prensip biblik yo ap bezwen reziste devan tantasyon pou yo kopye sou fason imoral moun yo ap viv, fason ki kontrè ak sa Bib la di (Sòm 1:1 ; 26:4 ; 119:9). Li ka parèt difisil pou yo kenbe yon bon pwogram etid pèsonèl, pou yo asiste reyinyon e pou yo preche (Filipyen 3:16). Li ka pa fasil tou pou yo fikse objektif espirityèl e pou yo travay pou atenn yo.

Se sèten, jèn fidèl sa yo vle fè Jewova plezi nan konduit yo ak nan pawòl yo. Y ap fè tout efò yo pou yo reponn envitasyon Papa yo ki nan syèl la fè yo, envitasyon ki di : “ Montre w saj, pitit gason m, e fè kè m kontan dekwa pou m kapab reponn moun k ap pwovoke m nan. ” ​(Pwovèb 27:11). Yo konnen ni abiman yo ni konpòtman yo gen enfliyans sou jan lòt moun wè Jewova ansanm ak pèp li a (1 Pyè 2:12).

Apot Pòl te priye pou frè ki t ap viv nan premye syèk yo te ‘ mache yon fason ki diy devan Jewova, nan objektif pou yo fè l plezi konplètman, toutpandan y ap kontinye pote fwi nan tout zèv ki bon, pou yo andire nèt e pou yo pran pasyans avèk jwa ’. Pifò nan jèn yo fè tout posib yo pou yo menm jan ak frè yo nan premye syèk la. Yo merite felisitasyon (Kolosyen 1:9-11). Labib bay plizyè egzanp jèn ki gen krent pou Bondye ki te reyisi mache yon fason ki diy devan l menm lè yo te twouve yo yon kote yo pa t abitye, yon kote sikonstans yo difisil e ki chaje ak idolatri. — Filipyen 2:15.

“ Jewova te avèk Jozèf ”

Jozèf se yon pitit gason Jakòb ak Rachèl te renmen anpil. Jozèf te jèn tigason lè l te twouve l lwen lakay papa l, lwen pwoteksyon papa l, yon nonm ki te krenn Bondye. Yo te vann li ann Ejip kòm esklav. Men, Jozèf te bay yon bèl egzanp antanke jèn ki travay di, ki merite pou moun fè l konfyans e ki gen bon konduit. Malgre li t ap sèvi kòm esklav lakay Potifa, yon nonm ki pa t ap sèvi Jewova, li te travay ak tout li menm san l pa fè parese. Li te tèlman byen travay, mèt li te mete l responsab tout bagay nan kay la (Jenèz 39:2-6). Jozèf te rete entèg devan Jewova, e menm lè sa te lakòz yo mete l nan prizon, li pa t di tèt li : “ Akwabon ? ” Okontrè, menm nan prizon an li toujou manifeste bèl kalite, e sa pa t pran tan pou yo te mete l responsab anpil bagay nan prizon an (Jenèz 39:17-22). Bondye te beni l, e jan Jenèz 39:23 di sa a, “ Jewova te avèk Jozèf ”.

Etandone Jozèf te lwen moun lakay li ki gen krent pou Bondye, sa te ka fasil pou li te annik imite konduit payen sa yo ki t ap viv bò kote l, pou l ta mennen menm vi imoral ak Ejipsyen yo. Se pa t sa l te fè. Li te pito kenbe prensip Bondye yo e li te rete pwòp menm devan pi gwo tantasyon an. Lè madan Potifa te chofe nan kò l pou gen relasyon avè l, li te rete fèm, li te di l : “ Kòman pou m ta fè fè gwosè mal sa a e pou m ta peche kont Bondye ? ” — Jenèz 39:7-9.

Jodi a, jèn Temwen yo ap bezwen koute avètisman Bib la bay kont move frekantasyon, divètisman imoral, pònografi ak mizik ki gen vye pawòl. Yo konnen “ je Jewova toupatou, l ap veye ni moun ki pa bon ni moun ki bon ”. — Pwovèb 15:3.

Moyiz te evite “ pran plezi nan peche ”

Moyiz te grandi nan lakou Farawon, yon kote ki te chaje ak idolatri, yon kote se plezi sèlman moun yo t ap chèche. Men sa Labib di de Moyiz : “ Grasa lafwa, Moyiz [...] te refize pou yo rele l pitit pitit fi Farawon. Li te pito chwazi pou yo maltrete l ansanm ak pèp Bondye a olye pou l te pran plezi nan peche pou yon ti tan. ” — Ebre 11:24, 25.

Si nou fè zanmi ak monn nan, sa kapab ban nou kèk avantaj, men se pou yon ti tan. Pi plis tan sa ka dire, se ti rès tan monn sa a rete a (1 Jan 2:15-17). Èske li pa t ap pi bon si nou ta imite egzanp Moyiz ? Labib di “ li te kontinye tennfas, kòmsi li te wè Sila a ki envizib la ”. (Ebre 11:27.) Li te kite lespri l fikse sou eritaj espirityèl zansèt li yo ki te krenn Bondye te genyen. Li te fè pwogram Jewova a tounen objektif li nan lavi l, e tout sa l te vize se te fè volonte Bondye. — Egzòd 2:11 ; Travay 7:23, 25.

Lè jèn ki gen krent pou Bondye yo twouve yo nan yon anviwònman ki pa favorab e kote moun yo pa gen respè pou Bondye, yo kapab fòtifye relasyon yo avèk Jewova grasa etid pèsonèl. Sa ap fè yo vin konnen “ Sila a ki envizib la ” pi byen. Si yo gen yon pwogram aktivite espirityèl byen chaje, yon pwogram ki gen ladan l asiste reyinyon regilyèman ak predikasyon, sa ap ede jèn sa yo kenbe lespri yo fikse sou bagay espirityèl (Sòm 63:6 ; 77:12). Yo dwe fè tout posib yo pou yo devlope yon fwa ak yon esperans ki solid menm jan ak Moyiz. Donk, si yo toujou konsantre yo sou Jewova ni nan fason yo panse ni nan fason yo aji, y ap byen fè. Y ap kontan yo se zanmi Jewova.

Li te sèvi ak bouch li pou l louwe Bondye

Yon lòt jèn ki te bay yon bèl egzanp pandan li te lwen lakay li, se te yon tifi izrayelit Siryen yo te mennen kaptif nan epòk Elicha, yon pwofèt Bondye. Tipitit sa a te vin ap sèvi kòm yon ti sèvant lakay madanm yon chèf lame ki te rele Naamàn. Mesye sa a te fè maladi lèp. Men sa tipitit la te di mètrès li : “ Si seyè m nan te sèlman ale devan pwofèt ki nan Samari a ! Pwofèt la t ap delivre l anba maladi lèp li a. ” Grasa temwayaj tipitit la, Naamàn te ale ann Izrayèl al jwenn Elicha e nonsèlman li te pirifye anba lèp li a, men tou Naamàn te tou vin tounen yon adoratè Jewova. — 2 Wa 5:1-3, 13-19.

Egzanp tifi sa a montre jan li enpòtan pou jèn yo sèvi ak bouch yo yon fason pou yo onore Bondye, menm lè yo lwen paran yo. Si tipitit sa a te gen abitid pale “ pawòl ensanse ” oubyen li te gen abitid bay “ blag betiz ”, ou kwè l t ap santi l alèz pou l byen sèvi ak bouch li jan l te fè l la lè okazyon an te prezante a (Efezyen 5:4 ; Pwovèb 15:2) ? Níkos se yon jèn gason ki fèk gen 20 an yo te met nan prizon akoz netralite li. Men sa l di : “ Pandan mwen menm ansanm ak kèk lòt jèn frè nou te nan yon fèm kote yo fè prizonye travay, nou pa t sou je paran nou e nou te lwen kongregasyon an, mwen te remake nivo langaj nou kòmanse bese. Se sèten li pa t louwe Jewova. ” Erezman, yo te ede Níkos ansanm ak lòt jèn yo pou yo koute konsèy apot Pòl bay sou sijè sa a. Annefè, Pòl di : “ Se pou fònikasyon ak tout kalite salte oswa afreman, pa menm mansyone nan mitan nou tankou sa konvnab pou moun ki sen. ” — Efezyen 5:3.

Jewova te reyèl pou yo

Jezi te di si yon moun fidèl nan ti bagay, l ap fidèl nan gwo tou. Egzanp twa Ebre ki te zanmi Danyèl yo, ki t ap viv Babilòn, demontre pawòl Jezi a se laverite (Lik 16:10). Lè yo te nan sitiyasyon pou yo te manje yon seri manje Lalwa Moyiz te entèdi moun manje, yo te ka di kòm se kaptif yo ye nan yon peyi etranje, yo pa gen chwa. Men, yo te pran oserye menm bagay ki te ka parèt san enpòtans, e se pa ti benediksyon yo te jwenn ! Annapre, yo te pi an sante e yo te gen plis sajès pase lòt kaptif ki te manje dòb ak woti kay wa a. Sandout, fidelite yo nan ti bagay piti sa yo te fòtifye yo. Konsa, lè yo te jwenn ak pi gwo eprèv, tankou lè pou yo te pwostène devan yon idòl, yo pa t fè konpwomi. — Danyèl 1:3-21 ; 3:1-30.

Jewova te reyèl toutbon pou twa jèn sa yo. Malgre yo te lwen lakay yo, yo te lwen sant adorasyon Bondye a, yo te detèmine pou yo pa kite monn nan detenn sou yo (2 Pyè 3:14). Yo te tèlman bay relasyon yo ak Jewova enpòtans, yo te dispoze sakrifye vi yo pou li.

Jewova pap abandone w

Lè jèn yo lwen moun yo renmen, moun yo fè konfyans, se nòmal pou yo pa santi yo an konfyans, pou yo gen anpil dout e pou yo enkyè. Sepandan, yo kapab afwonte eprèv yo avèk yon konfyans total “ Jewova pap abandone yo ”. (Sòm 94:14.) Si jèn sa yo “ soufri akoz sa ki jis ”, Jewova la pou l ede yo kontinye mache “ nan chemen jistis ”. — 1 Pyè 3:14 ; Pwovèb 8:20.

Jewova te toujou fòtifye Jozèf, Moyiz, tifi izrayelit ki te esklav la ak twa jèn Ebre fidèl yo, e li te rekonpanse yo anpil anpil. Jodi a, li itilize espri sen l, Pawòl li ansanm ak òganizasyon l lan pou l soutni tout moun k ap “ konbat pou bèl konba lafwa a ”, e li mete “ lavi etènèl ” devan yo kòm rekonpans (1 Timote 6:11, 12). Wi, li posib pou yon moun mache diy devan Jewova e se bagay ki pi saj li te ka fè. — Pwovèb 23:15, 19.

[Nòt anba paj]

^ § 2 Gade nan La Tour de Garde 1ye me 1996, paj 18-20.

^ § 5 Gen non moun yo chanje.

[Kare nan paj 30]

PARAN : PREPARE PITIT NOU

“ Tankou flèch ki nan men yon gason ki fò, se konsa pitit gason ye, pitit ou fè lè w te jèn. ” ​(Sòm 127:4). Si yon moun tire yon flèch, se pa pa aza l ap tonbe egzakteman sou sa l voye l la. Li dwe byen vize pou l ka reyisi. Se menm jan an, timoun yo pap pare pou yo viv lwen moun lakay yo si paran yo pa byen gide yo. — Pwovèb 22:6.

Jèn yo gen tandans aji sou kout tèt oswa yo gen tandans sede devan “ dezi ki gen lakay ” yo (2 Timote 2:22). Men avètisman Bib la bay : “ Baton ak reprimann, se sa ki bay sajès, men yon tigason ki lage lib gen pou l fè manman l wont. ” ​(Pwovèb 29:15). Si yo kite timoun yo fè sa yo vle, sa pap prepare yo pou fè fas ak egzijans, ak presyon yon moun jwenn lè l ap viv lwen lakay li.

Paran kretyen yo ta dwe esplike timoun yo tout difikilte, presyon ak reyalite lavi a nan sistèm de choz sa a. Yo ta dwe klè ak timoun yo e yo ta dwe fè yo konprann tout enpòtans ki gen nan kesyon sa a. Yo kapab pale timoun nan de tout move sitiyasyon yon jèn kapab rankontre lè l kite kay li, men yo pa bezwen pesimis ni yo pap fè sa pou dekouraje timoun nan. Okontrè, preparasyon sa a yo ba li a, met sou sajès Bondye bay, ap ‘ fè moun ki pa gen eksperyans yo vin gen lespri, e l ap bay jèn gason an konesans ak kapasite pou l reflechi ’. — Pwovèb 1:4.

Paran ki grave prensip moral Bondye yo nan kè pitit yo prepare yo pou yo afwonte pwoblèm ki gen nan vi sa a. Si yo etidye Labib an fanmi regilyèman, si yo kominike ak timoun yo ak tout kè yo e si yo enterese toutbonvre nan byennèt pitit yo, tout sa kapab fè timoun nan reyisi. Paran yo ta dwe bay timoun yo yon fòmasyon espirityèl ekilibre, yon fason ki ankourajan e ki pratik. Yo ta dwe prepare pitit yo dekwa pou, demen, yo ka vole ak pwòp zèl yo. Egzanp paran yo ap montre timoun yo li posib pou yon moun nan monn nan san l pa fè pati monn nan. — Jan 17:15, 16.

[Foto nan paj 28]

Gen jèn kretyen ki oblije kite kay yo.

[Foto nan paj 29]

Lè jèn yo reziste devan tantasyon, yo imite Jozèf e yo rete pwòp moralman.

[Foto nan paj 31]

Imite tifi izrayelit la, ti esklav ki te sèvi ak bouch li pou l bay Jewova glwa a.