Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Kretyèn k ap sèvi Bondye fidèlman yo gen anpil valè

Kretyèn k ap sèvi Bondye fidèlman yo gen anpil valè

Kretyèn k ap sèvi Bondye fidèlman yo gen anpil valè

“ Bèl aparans kapab twonpe moun e bote ka pa vle di anyen, men fi ki gen krentif pou Jewova a, se li menm ki jwenn lwanj. ” — Pwovèb 31:30.

1. Ki diferans ki genyen ant fason Jewova wè bote ak fason moun wè l ?

N AP viv nan yon monn ki bay aparans anpil valè, sitou nan ka fi. Sepandan, pou Jewova, sa ki pi enpòtan, se sa moun nan ye nan fon kè l, yon bagay ki ka vin pi bèl toujou etan moun nan ap antre nan laj (Pwovèb 16:31). Se sa k fè, men ki egzòtasyon Bib la bay medam yo : “ Se pa pou abiman nou se sa nou met sou kò nou an sèlman, ki gen ladan l trese cheve, met bijou annò oubyen met rad, men se kalite moun nou ye nan fon kè nou ki pou abiman nou, kote nou abiye ak yon lespri ki dou e ki pezib, yon abiman ki pa ka blaze, e ki gen anpil valè nan je Bondye. ” — 1 Pyè 3:3, 4.

2, 3. Ki wòl kèk medam te jwe o premye syèk pou fè bon nouvèl la avanse, e ki jan Bib la te gentan predi sa ?

2 Nou konstate gen anpil medam Bib la pale de yo ki te aji konsa. O premye syèk, gen nan medam sa yo ki te gen privilèj pou yo rann Jezi ak apot li yo sèvis (Lik 8:1-3). Apre sa, gen kretyèn se evanjelizatè zele yo te ye. Gen lòt ki te soutni frè ki te pran latèt nan travay la, tankou apot Pòl pa egzanp. Tandiske gen lòt ki te montre yo se moun ki ospitalye toutbon e ki te menm konn mete kay yo a dispozisyon kongregasyon an pou fè reyinyon.

3 Bib la te gentan predi Jewova t apral sèvi ak medam yo yon fason estrawòdinè pou l akonpli pwogram li. Pa egzanp, Yowèl 2:28, 29 te predi tout moun, fi kou gason, granmoun kou timoun, t apral resevwa lespri sen e yo t apral patisipe nan travay ki t apral fèt pou simaye bon nouvèl Wayòm nan. Pwofesi sa a te kòmanse akonpli nan Pannkòt ane 33 nan epòk nou an (Travay 2:1-4, 16-18). Kèk medam ki te wenn ak lespri sen te jwenn don pou yo fè yon seri aksyon estrawòdinè, tankou don pou yo pwofetize, pa egzanp (Travay 21:8, 9). Sè fidèl sa yo fòme yon kokenn ame, e zèl yo nan ministè a te jwe yon wòl nan pwogrè rapid krisyanis lan te fè o premye syèk. Anfèt, bò zòn ane 60 nan epòk nou an, apot Pòl te di bon nouvèl la te gentan preche “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.

Felisitasyon pou kouraj yo, zèl yo ak ospitalite yo

4. Poukisa nou ka di Pòl te gen tout rezon l pou l felisite yon kantite kretyèn o premye syèk ?

4 Apot Pòl se youn nan moun ki te montre li apresye ministè kèk medam an patikilye, menm jan siveyan kretyen yo fè sa jodi a. Pami medam Pòl mansyone yo, nou ka site ‘ Trifèn ak Trifoz, de medam ki te travay di nan sèvis Seyè a ’. Li te site Pèsis tou, “ byenneme nou an, paske li te akonpli anpil travay nan sèvis Seyè a ”. (Women 16:12.) Apwopo de Evodi ak Sentich, Pòl te di yo “ lite kòtakòt avèk [li] nan bon nouvèl la ”. (Filipyen 4:2, 3.) Prisil, ansanm ak Akila mari li, te sèvi bò kote Pòl tou. Li menm ak Akila te menm “ riske pwòp kou yo ” pou Pòl, e sa te pouse Pòl ekri pawòl sa yo : “ Se pa mwen menm sèlman, men se tout kongregasyon ki nan lòt nasyon yo ki di yo mèsi. ” — Women 16:3, 4 ; Travay 18:2.

5, 6. Nan ki domèn Prisil kite yon bèl egzanp pou sè yo jodi a ?

5 Ki sa k te bay Prisil kouraj sa a e ki sa k te fè l zele konsa a ? Nou jwenn yon endis sou kesyon sa yo lè nou li Travay 18:24-26, kote nou wè li te mete ak mari l pou yo ede Apolòs, yon oratè san parèy. Yo te ede l mete l ajou nan fason li te konprann laverite. Donk, konklizyon nou ka tire, sèke regilyèman, Prisil te konn etidye Pawòl Bondye a ak ansèyman apot yo. Ki rezilta sa te bay ? Li te vin gen yon seri de bèl kalite lakay li, yon seri kalite ki te ba l anpil valè nan je Jewova ak mari l e ki te fè l itil kongregasyon an o premye syèk. Jodi a tou, gen yon pakèt pakèt kretyèn ki gen anpil valè paske yo etidye Labib avèk dilijans e yo absòbe nouriti Jewova ban nou grasa “ entandan fidèl la ”. — Lik 12:42.

6 Pou kesyon ospitalite, pa t gen tankou Akila ak Prisil. Se lakay yo, nan vil Korent, Pòl te rete lè l te travay ansanm avèk yo nan biznis fè tant lan (Travay 18:1-3). Lè mesyedam yo te bwote al rete Efèz, ni lè yo te al rete Wòm, yo te kontinye montre ospitalite yo antanke kretyen. Yo te menm bay kay yo pou kongregasyon an fè reyinyon (Travay 18:18, 19 ; 1 Korentyen 16:8, 19). Nimfa ak Mari, manman Jan Mak, yo menm tou te bay kay yo pou kongregasyon an fè reyinyon. — Travay 12:12 ; Kolosyen 4:15.

Yo se yon atou jodi a ki gen anpil valè

7, 8. Ki bèl repitasyon anpil sè genyen jodi a antanke moun k ap ofri yon sèvis sakre, e ki asirans yo mèt genyen ?

Jan sa te fèt o premye syèk, kretyèn yo jwe yon wòl kle nan akonplisman pwogram Bondye jodi a, sitou anrapò ak travay predikasyon an. E se pa ti bèl repitasyon yo genyen nan sans sa a ! Pa egzanp, ann pran Gwen, yon sè ki te sèvi Jewova fidèlman pandan plis pase 50 an, jiskaske l mouri an 2002. Men ki sa mari l fè konnen : “ Nan vil kote nou rete a, se tout moun k ap pale de jan Gwen te yon moun ki zele nan predikasyon. Pou li menm, chak moun se yon moun ki ka benefisye amou Jewova, se yon moun ki ka pwofite pwomès Bondye yo. Lè nou konsidere fidelite l pou Bondye, fidelite l pou òganizasyon Bondye a ak devouman l pou fanmi l, san nou pa bliye afeksyon l ak ankourajman li te konn ban nou lè nou te konn santi nou dekouraje, tout sa te soutni ni mwen menm ni timoun yo pandan tout bon moman nou pase ansanm nan lavi nou. Se pa ti sonje nou sonje l. ” Gwen ak mari l te fè 61 an maryaj.

8 Gen plizyè dizèn milye sè k ap sèvi antanke pyonye oswa misyonè. Gen nan yo ki marye, gen nan yo ki selibatè. Sè sa yo kontante yo ak sa ki nesesè pou yo viv, toutpandan y ap simaye mesaj Wayòm nan nan kèlkeswa tèritwa a, li mèt se nan vil kote ki gen anpil moun, li mèt se nan ti zòn andeyò (Travay 1:8). Gen anpil ki vag sou ide pou yo ta posede kay pa yo oswa pou yo ta gen pitit, nan optik pou yo ka sèvi Jewova plis toujou. Gen lòt tou, avèk fidelite, ki soutni mari yo k ap sèvi kòm siveyan itineran, tandiske gen plizyè milye lòt k ap sèvi nan Betèl toupatou sou tè a. Pa gen dout sou sa, medam sa yo ki fè tout sakrifis sa yo fè pati “ bagay apresyab nan tout nasyon ” ki ranpli mezon Jewova a ak glwa. — Agayi 2:7.

9, 10. Ki sa kèk kretyen di konsènan bèl egzanp madanm yo oswa manman yo bay ?

9 Natirèlman, gen anpil sè ki gen yon fanmi sou kont yo e, malgre sa, yo toujou mete enterè Wayòm nan an premye nan lavi yo (Matye 6:33). Men ki deklarasyon yon sè selibatè k ap sèvi kòm pyonye fè : “ Si m ap sèvi kòm pyonye pèmanan, se grasa lafwa manman m genyen, yon fwa ki pa janm febli, e se grasa bèl egzanp li te toujou ban mwen. Anfèt, se youn nan pi bon patnè m genyen pou sèvis la. ” Gen yon mari ki di, anpalan de madanm li : “ Kay nou te toujou pwòp e tout bagay te toujou byen ranje. Bonnie te veye pou kay la rete senp e pou l pa ankonbre avèk yon pil bagay ki pa nesesè, yon fason pou fanmi an te ka vize objektif espirityèl. Li te bay yon gwo koutmen nan fason kòb kay la te jere e sa te pèmèt mwen travay mwatye tan pandan 32 an, yon sitiyasyon ki te pèmèt mwen jwenn plis tan ni pou fanmi an ni pou aktivite espirityèl yo. Yon lòt pwen ankò : madanm mwen te montre timoun yo enpòtans pou yo travay di. Franchman, m pa gen anyen pou m repwoche l. ” Jodi a, ni madanm ni mari ap sèvi nan syèj mondyal Temwen Jewova yo.

10 Men ki sa yon mari ekri konsènan madanm li, ki manman kat pitit ki fin gran : “ Sa m admire lakay Susan se jan l renmen Bondye ak pèp li a. Se yon moun ki konprann moun, ki konn mete l nan plas lòt moun e se yon moun ki onèt. Pou li menm, Jewova merite pou nou ba li sa nou genyen ki pi bon lakay nou, e sa a se yon prensip li aplike ni antanke moun k ap sèvi Bondye ni antanke manman. ” Grasa soutyen mari sa a resevwa nan men madanm li, li anmezi pou l aksepte anpil privilèj teyokratik tankou : ansyen, pyonye, siveyan sikonskripsyon ranplasan e manm komite lyezon ospitalye. Èske w imajine valè sè sa yo genyen pou mari yo, pou lòt frè ak sè, e sitou pou Jewova ? — Pwovèb 31:28, 30.

Yo pa gen mari, men yo gen anpil valè

11. a) Ki jan Jewova montre li enterese nan medam ki fidèl yo sitou si yo vèv ? b) Ki asirans kretyèn ki vèv yo ak sè fidèl ki pa gen mari yo ka genyen ?

11 Jewova te toujou eksprime sousi li genyen pou vèv yo (Detewonòm 27:19 ; Sòm 68:5 ; Izayi 10:1, 2). Li pa chanje. Jiska prezan li toujou enterese non sèlman nan vèv yo, men tou li enterese nan manman ki selibatè yo ak nan lòt medam ki selibatè swa paske yo chwazi pou yo pa marye, swa paske yo pa jwenn yon mari kretyen ki nan gou yo (Malaki 3:6 ; Jak 1:27). Si w se youn nan moun sa yo k ap sèvi Jewova fidèlman san konkou yon mari ki kretyen, ou mèt sèten de sa : ou gen anpil valè nan je Bondye.

12. a) Ki jan anpil sè demontre fidelite yo pou Jewova ? b) Ki jan anpil nan sè nou yo santi yo ?

12 Pa egzanp, ann egzamine ka sè nou yo ki aksepte pa marye jis paske yo vle obeyi konsèy Jewova bay pou moun marye “ nan Seyè a sèlman ”. (1 Korentyen 7:39 ; Pwovèb 3:1.) Men ki asirans Bib la ba yo : “ Avèk yon moun ki fidèl [Jewova] ap aji avèk fidelite. ” ​(2 Samyèl 22:26). Toutfwa, pou anpil nan yo, se pa yon bagay ki fasil ditou pou yo rete selibatè. Gen yon sè ki di : “ Desizyon pa m se pou m marye nan Seyè a sèlman, men m pa ka konte konbyen fwa m kriye lè m wè zanmi m yo jwenn yon bon frè pou yo marye, alòske mwen menm, jiska prezan m pou kò m. ” Gen yon lòt sè ki di : “ Sa fè 25 an depi m ap sèvi Jewova. Tout detèminasyon m se pou m rete fidèl devan l, men yon bagay souvan ki konn atriste m se lè m wè m pou kò m. ” Apre sa li di : “ Sè tankou m yo bezwen ankourajman. ” Ki jan nou ka ede sè fidèl sa yo ?

13. a) Ki sa nou aprann lè nou egzamine egzanp moun ki te konn al vizite pitit fi Yifta a ? b) Ki lòt fason ankò nou ka montre sousi nou pou sè ki selibatè nan kongregasyon an ?

13 Nou ka jwenn yon fason pou nou fè sa nan yon sitiyasyon ki te rive nan tan lontan. Lè pitit fi Yifta a te abandone opòtinite pou l marye, Izrayelit yo te rann yo kont se yon sakrifis li te fè. Ki sa yo te fè pou ankouraje l ? Ebyen, “ ane apre ane, pitit fi Izrayèl yo te konn al louwe pitit fi Yifta a, Gileyadit la, kat jou nan ane a ”. (Jij 11:30-40.) Se pou nou fè menm jan an. Sè nou yo ki rete selibatè paske yo vle suiv sa Bondye di, nou bezwen pran abitid felisite yo ak tout kè nou. * Ki lòt fason ankò nou ka montre sousi nou pou yo ? Nan priyè nou, nou ka mande Jewova pou l soutni sè sa yo ki rete fidèl, sè nou yo ki kontinye nan sèvis yo san gade dèyè. Nou dwe toujou raple yo nan ki pwen Jewova ansanm ak òganizasyon an renmen yo. Yo merite sa. — Sòm 37:28.

Manman ki selibatè yo, ki jan yo fè ?

14, 15. a) Poukisa manman ki selibatè yo ka chèche èd nan men Jewova ? b) Ki jan anpil paran ki selibatè aji ann amoni ak priyè yo ?

14 Gen anpil nan sè nou yo k ap leve pitit yo poukont yo, e yo menm tou yo rankontre anpil difikilte. Sepandan, yo ka konte sou Jewova pou l ede yo nan efò y ap fè pou yo leve pitit yo selon prensip ki gen nan Bib la. Se vre, si w ap leve pitit ou poukont ou, se pa nan tout domèn w ap ka jwe ni wòl papa ni wòl manman alafwa. Men, si w mande Jewova èd, l ap soutni w yon fason pou w ka fè fas ak pakèt responsablite ki tonbe sou do w yo. Annou pran yon egzanp : sipozon ou gen yon gwo pànye pwovizyon sou tèt ou, solèy la cho e kote w prale a lwen. Si yon zanmi w ta ap pase nan machin li e li ta kanpe pou l ba w woulib, èske w t ap refize ? Non, natirèlman ! Ebyen, se menm bagay la : pa eseye redi poukont ou anba yon chay alòske ou ka mande Jewova ede w. Anfèt, li envite nou fè sa. Sòm 68:19 di : “ Benediksyon pou Jewova, ki pote chay la pou nou chak jou. ” Se menm jan an, 1 Pyè 5:7 envite nou pou nou lage tout tètchaje nou yo sou Jewova, “ paske li gen sousi pou nou ”. Kidonk, lè pwoblèm yo, lè tètchaje yo soti pou pote w ale, ou bezwen dechaje w sou Papa w ki nan syèl la, e ou bezwen fè sa “ tout tan ”. — 1 Tesalonisyen 5:17 ; Sòm 18:6 ; 55:22.

15 Pa egzanp, si w se yon manman, lè w konsidere enfliyans timoun ki nan lekòl pitit ou ka genyen sou yo e lè w reflechi sou sitiyasyon yo ka rankontre ki mete entegrite yo aleprèv, ou mèt si sa fè w enkyè (1 Korentyen 15:33). E se yon bagay ki nòmal. Men, se yon bagay tou ou ka mete nan priyè w. Etan n di sa a, poukisa w pa mansyone pwen sa yo nan priyè w ap fè ansanm ak pitit ou anvan y al lekòl ? Ou ta gendwa fè sa apre w fin egzamine tèks pou jounen an. Priyè ki soti nan kè w e ki presi pa ka pa fè yon gwo enpresyon nan lespri timoun yo. Avantou, lè w fè tout efò w, avèk pasyans, pou w grave Pawòl Jewova nan kè pitit ou, se yon bon fason pou w jwenn èd nan men l (Detewonòm 6:6, 7 ; Pwovèb 22:6). Pa bliye : “ Je Jewova sou moun ki jis yo, e zòrèy li la ap koute siplikasyon yo. ” — 1 Pyè 3:12 ; Filipyen 4:6, 7.

16, 17. a) Ki sa yon pitit gason di konsènan lanmou manman l manifeste ? b) Ki efè espirityalite manman an genyen sou pitit li yo ?

16 Pa egzanp, ann konsidere Olivia, yon manman sis pitit. Mari li, ki pa t ap sèvi Jewova, te abandone l tousuit apre dènye pitit la fin fèt. Men, rapidman, li te pran responsablite l, li te fòme pitit li pou yo ka mache nan chemen Bondye. Darren, gason Olivia a, ki gen 31 an kounye a e k ap sèvi kòm ansyen e kòm pyonye nan kongregasyon l, te gen 5 an lè sa a. Kòmsi tètchaje Olivia yo pa t ase, yon gwo maladi te vin tonbe sou Darren, e jis jodi a, se pa ti pwoblèm sa ba li. Darren panse a lè l te piti, li ekri : “ M pa janm bliye mwen menm ki chita sou yon kabann lopital k ap ret tann ki lè pou manman m parèt. Chak jou li te konn vini, li chita bò kote m l ap li Labib pou mwen. Ansuit, li te konn chante kantik ‘ Merci, ô Jéhovah ! ’ * Jis jodi a se kantik prefere m. ”

17 Si Olivia reyisi antanke manman ki leve pitit li poukont li, youn nan bagay ki fè sa, se konfyans li nan Jewova ak lanmou l pou Bondye (Pwovèb 3:5, 6). Se yon moun ki gen yon bon etadespri, e ou ka wè sa nan objektif li ede pitit li genyen. Men ki sa Darren di : “ Manman m te toujou ankouraje nou pou nou gen sèvis a plen tan kòm objektif. Se sa k fè, jodi a, mwen menm ak kat nan senk sè m yo nou nan sèvis a plen tan. Epoutan, manman m pa t konn ap plede vante tèt li. Mwen fè tout efò m pou m imite bèl kalite ki lakay li. ” Se vre se pa tout timoun, lè yo vin gran, ki kontinye sèvi Jewova menm jan ak pitit Olivia yo, men lè yon manman fè sa l kapab pou l viv ann amoni ak prensip ki gen nan Bib la, li mèt asire l Jewova ap gide l e l ap soutni l avèk amou. — Sòm 32:8.

18. Ki jan nou ka montre nou apresye dispozisyon Jewova pran anndan kongregasyon an ?

18 Yon bon pati nan soutyen Jewova bay, nou jwenn li grasa kongregasyon an, nan pwogram espirityèl regilye ki anplas pou nouri nou, nan kominote frè yo ak nan frè ki gen matirite espirityèl Jewova ban nou “ kòm kado ”. (Efezyen 4:8.) Ansyen yo travay di, fidèlman, pou yo bati kongregasyon yo, e yo bay “ òfelen yo ak vèv yo ” yon atansyon espesyal nan “ tribilasyon yo ”. (Jak 1:27.) Donk, rete pwòch ak pèp Bondye a, pa janm izole w. — Pwovèb 18:1 ; Women 14:7.

Soumisyon : yon bèl kalite

19. Poukisa nou ka di soumisyon yon madanm pa vle di enferyorite, e ki egzanp Bib la bay ki montre sa ?

19 Jewova te kreye fi pou l jwe wòl konpleman pou lòm (Jenèz 2:18). Se poutèt sa, lè nou pale de soumisyon yon madanm devan mari l, sa pa janm vle di enferyorite. Okontrè, se yon bagay ki bay fi a valè e ki pèmèt li itilize don ak talan li genyen lakay li yon fason ki konfòm ak volonte Bondye. Pwovèb chapit 31 pale de divès kalite aktivite yon madanm konpetan ann Izrayèl te konn mennen. Li lonje men bay moun ki nan bezwen, li plante rezen, e li achte tè. Wi, “ kè pwopriyetè l mete konfyans nan li, e pa [t] manke pwofi. ” — Vèsè 11, 16, 20.

20. a) Ki jan yon sè ta fèt pou l konsidere talan, oswa don Bondye ba li yo ? b) Ki bèl kalite Estè te manifeste lakay li, e piske li te gen kalite sa yo, ki jan Jewova te sèvi avè l ?

20 Yon fi ki modès e ki krenn Bondye pa gen anbisyon pou l met tèt li annavan, nitou li pa nan konkirans ak mari l (Pwovèb 16:18). Se pa yon moun ki wè tèt li, ki dèyè atenn objektif pèsonèl grasa aktivite pwofàn l ap mennen, men se yon moun ki sèvi ak don Bondye ba li nan enterè lòt moun, tankou fanmi l, kretyen parèy li, pwochen l e sitou Jewova (Galat 6:10 ; Tit 2:3-5). Ann pran rèn Estè, pa egzanp. Aktout li te yon bèl fi, se te yon moun tou ki te modès e ki te gen soumisyon lakay li (Estè 2:13, 15). Apre l te fin marye ak wa Asyeris, li pa t fè menm jan ak Vachti, premye madanm wa a. Li te montre li menm li gen gwo respè pou mari l (Estè 1:10-12 ; 2:16, 17). Avèk respè, Estè te soumèt li tou devan sa Mòdekay, yon kouzen l ki te pi gran pase l, te di l nan sèten sikonstans, menm apre l te vin rèn. Men, anmenmtan, se pa yon moun ki te lach ! Avèk kouraj, li te denonse Amàn, yon nonm ki te gen anpil pouvwa e ki te san pitye, lè misye te fè konplo pou l aneyanti Juif yo. Pou Jewova te ka prezève lavi pèp li a, li te sèvi ak Estè yon fason estrawòdinè. — Estè 3:8-4:17 ; 7:1-10 ; 9:13.

21. Ki jan yon kretyèn ka fè pou li vin gen plis valè toujou pou Jewova ?

21 Se yon bagay ki klè : kit se jodi a, kit se nan tan lontan, gen anpil medam ki te toujou montre yo gen yon atachman san pataj pou Bondye, ki te toujou soutni vrè adorasyon an. Se pou rezon sa a medam ki gen krent pou Jewova yo gen anpil valè nan je l. Ou menm sè k ap suiv Kris, kite Jewova sèvi ak lespri l pou l travay ou tikras pa tikras pou l fè w tounen yon “ veso ” k ap vin pi bèl chak jou, “ yon veso ki prepare pou tout kalite bon travay ”. (2 Timote 2:21 ; Women 12:2.) Anpalan de adoratris ki gen anpil valè sa yo, Pawòl Bondye a di : “ Ba l nan fwi men l pwodui e kite travay li fè lwanj pou li nan pòt yo. ” ​(Pwovèb 31:31). Nou swete pou pawòl sa a valab pou nou chak ki la a.

[Nòt anba paj]

^ § 13 Pou nou wè ki jan nou ka bay felisitasyon sa yo, gade La Tour de Garde 15 mas 2002, paj 26-28.

^ § 16 Kantik 212 nan Louons Jéhovah par nos chants. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki jan kèk sè o premye syèk te montre yo gen anpil valè nan je Jewova ?

• Ki jan nan tan pa nou an anpil sè montre yo gen anpil valè pou Bondye ?

• Nan ki domèn Jewova soutni manman ki selibatè ak lòt sè ki pa gen mari ?

• Ki jan yon sè ka montre se toutbon li respekte prensip otorite a ?

[Kesyon]

[Kare nan paj 26]

EGZANP KI POU FÈ NOU REFLECHI

Èske w ta renmen egzamine lòt egzanp sou kèk medam fidèl Bib la pale de yo ? Si wi, tanpri, li vèsè yo site pi ba yo. Antan w ap medite sou moun nou jwenn nan lis la, bat pou w wè ki prensip ou ta ka aplike pi byen toujou nan lavi pa w. — Women 15:4.

Sara : Jenèz 12:1, 5 ; 13:18a ; 21:9-12 ; 1 Pyè 3:5, 6.

Yon seri medam izrayelit ki te renmen bay : Egzòd 35:5, 22, 25, 26 ; 36:3-7 ; Lik 21:1-4.

Debora : Jij 4:1–5:31.

Rit : Rit 1:4, 5, 16, 17 ; 2:2, 3, 11-13 ; 4:15.

Dam ki te rete Chounèm nan : 2 Wa 4:8-37.

Fenisyèn nan : Matye 15:22-28.

Mat ak Mari : Mak 14:3-9 ; Lik 10:38-42 ; Jan 11:17-29 ; 12:1-8.

Tabita : Travay 9:36-41.

Kat pitit fi Filip yo : Travay 21:9.

Febe : Women 16:1, 2.

[Foto nan paj 24]

Sè ki pa marye yo e ki obeyi lwa Bondye yo fidèlman, èske w felisite yo ?

[Foto nan paj 25]

Ki bagay presi nou ka mande nan priyè n ap fè pou timoun yo anvan yo al lekòl ?