Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba ”

“ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba ”

“ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba ”

TANKOU jan w ap gade l nan foto a, chamo ak bèf k ap rale chari ansanm yo pa alèz ditou. Jouk ki mare yo a fè toule de mal, paske jouk la fèt pou de bèt ki menm wotè e ki gen menm fòs. Piske Bondye gen sousi pou bèt ki konn pot chay yo, men sa l te di Izrayelit yo : “ Nou pa dwe mete yon bèf ansanm ak yon bourik pou rale chari. ” ​(Detewonòm 22:10). Menm prensip sa a valab tou pou yon bèf ak yon chamo.

Nòmalman, yon kiltivatè pa t ap fòse bèt li travay nan move kondisyon konsa. Men, si li pa gen de bèf, li ta kapab jouke sa l genyen an ansanm ak yon lòt bèt li genyen. Sanble se sa kiltivatè nan 19yèm syèk n ap gade sou foto a te oblije fè. Piske de bèt yo pa menm wotè ni yo pa gen menm fòs, sa k pi fèb la oblije lite pou l kontinye mache opa ansanm ak lòt la, e sa k pi fò a oblije rale pifò chay la.

Apot Pòl te sèvi ak egzanp yon jouk miwomiba pou ban nou yon leson ki enpòtan. Men sa l te ekri : “ Pa mete tèt nou anba jouk miwomiba avèk non kwayan. Paske ki rapò sa ki dwat genyen ak sa ki pa legal ? Oubyen ki patisipasyon limyè genyen ak fènwa ? ” ​(2 Korentyen 6:14). Ki jan yon kretyen ka vin mete tèt li anba yon jouk miwomiba ?

Yon kretyen oswa yon kretyèn ka mete l anba yon jouk konsa si l chwazi marye ak yon moun ki pa gen menm kwayans avè l. Yon inyon konsa ap difisil pou yo toule de, paske y ap an dezakò sou yon seri sijè fondamantal.

Lè Jewova te etabli maryaj, wòl li te bay madanm nan se pou l “ konplete ” mari l, oswa pou yo “ parèy ”. (Jenèz 2:18.) Nan menm sans lan, Bondye te sèvi ak pwofèt Malaki pou l te di yon madanm se yon “ zanmi ” pou mari l (Malaki 2:14). Kreyatè nou an vle pou de moun ki marye travay nan menm direksyon nan domèn espirityèl, pou yo pataje chaj yo e pou yo jwi byenfè yo ansanm.

Yon kretyen ki marye “ nan Seyè a sèlman ” montre li respekte konsèy Papa nou ki nan syèl la bay (1 Korentyen 7:39). Sa poze yon fondasyon pou yon maryaj solid ki kapab louwe Bondye, ki ka onore l piske mari a ansanm ak madanm nan ap sèvi Bondye antanke ‘ bonjan konpayon travay ’ nan yon sans espesyal. — Filipyen 4:3.

[Liy kredi pou foto nan paj 32]

Chamo ak bèf : Nan liv La Tierra Santa, tòm 1, 1830