Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pou nou genyen pri a, ann aprann metrize nou !

Pou nou genyen pri a, ann aprann metrize nou !

Pou nou genyen pri a, ann aprann metrize nou !

“ Tout moun ki nan yon konpetisyon montre yo gen metriz nan tout bagay. ” — 1 KORENTYEN 9:25.

1. Ann akò ak Efezyen 4:22-24, ki jan plizyè milyon moun di wi pou Jewova ?

SI OU se yon Temwen Jewova batize, sa vle di ou demontre piblikman ou angaje w nan yon konba. E pri w ap resevwa nan konba sa a se lavi etènèl. Ou te di wi w ap fè volonte Jewova. Anvan nou te vwe vi nou bay Jewova, anpil nan nou te oblije fè gwo chanjman yon fason pou ve nou an te ka kòrèk e pou Bondye te ka aksepte l. Nou te suiv konsèy apot Pòl te bay kretyen yo lè l te di yo : “ Jete ansyen pèsonalite ki mache ak konduit nou te genyen anvan an e ki te kòwonp selon dezi ki t ap twonpe nou, men se pou nou renouvle tèt nou nan fòs k ap anime lespri nou an, e nou dwe abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè. ” ​(Efezyen 4:22-24). Sa siyifi, anvan yon moun di wi l ap vwe vi l bay Jewova, moun sa a dwe di non pou jan de vi li t ap mennen anvan an.

2, 3. Selon 1 Korentyen 6:9-12, ki de kalite chanjman moun ki vle gen apwobasyon Bondye dwe fè ?

2 Pawòl Bondye a kondane dirèkteman kèk aspè nan ansyen pèsonalite a, pèsonalite moun ki vle vin Temwen Jewova yo dwe jete. Nan lèt Pòl te voye bay Korentyen yo, li te site kèk nan aspè sa yo. Men sa l te di : “ Ni fònikatè, ni adoratè zidòl, ni adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite ki pa natirèl, ni gason ki kouche ak gason, ni vòlè, ni moun ki afre, ni bwasonyè, ni moun k ap joure moun, ni dechèpiyè, pap eritye wayòm Bondye a. ” Apre sa, li montre kretyen premye syèk yo te fè chanjman enpòtan nan pèsonalite yo. Li di : “ Epoutan, se sa kèk nan nou te ye. ” Ou remake li di te ye, li pa di ye. — 1 Korentyen 6:9-11.

3 Dapre sa Pòl di apre sa, sanble gen lòt chanjman ki t ava nesesè. Men sa l ekri : “ Mwen gen pèmisyon pou m fè tout bagay, men se pa tout bagay ki gen avantaj. ” ​(1 Korentyen 6:12). Kidonk, anpil moun jodi a ki vle vin Temwen Jewova wè nesesite pou yo di non menm pou bagay yo gen pèmisyon fè, men ki pa gen okenn avantaj ladan yo oswa ki gen valè sèlman pou de jou. Bagay sa yo ka fè yo gaspiye tan yo oswa yo ka fè yo sispann pousuiv bagay ki gen plis enpòtans.

4. Ak ki pawòl apot Pòl kretyen yo dakò ?

4 Pou yon moun vwe vi l bay Bondye li fèt pou l dispoze fè sa, li pa dwe fè sa nan fòse, kòmsi se yon gwo sakrifis l ap fè. Kretyen yo dakò ak Pòl, ki te di pawòl sa yo apre l te vin disip Kris : “ Poutèt [Jezi], mwen aksepte pèdi tout bagay e m konsidere yo tankou yon pil fatra, yon fason pou m ka gen Kris. ” ​(Filipyen 3:8). Ak kè kontan, Pòl di non pou bagay ki pa gen anpil enpòtans yon fason pou l ka kontinye di wi pou Bondye.

5. Nan ki kous Pòl te patisipe avèk siksè, e ki jan nou menm tou nou ka fè menm jan an ?

5 Pòl te demontre metriz nan kous espirityèl li t ap fè a, e alafen li te anmezi pou l di : “ Mwen lite nan bèl lit la, mwen fin kouri kous la, mwen obsève lafwa. Depi kounye a, yo rezève kouwòn jistis la pou mwen, kouwòn Seyè a, jij ki jis la, pral ban m kòm rekonpans nan jou sa a, e se pa mwen sèlman l ap bay li, men se tout moun ki renmen manifestasyon l. ” ​(2 Timote 4:7, 8). Èske yon lè n ap kapab di menm pawòl sa yo tou ? Wi, n ap kapab si, ak lafwa, nou demontre metriz pandan n ap kouri san rete e jiska lafen nan kous nou ladan l lan.

Nou bezwen metriz pou nou fè sa ki byen

6. Ki sa metriz ye, e nan ki de aspè n ap bezwen demontre l ?

6 Metriz se tradiksyon yon mo ebre ak yon mo grèk nan Labib ki vle di literalman yon moun ki gen pouvwa, ki gen kontwòl sou tèt li. Souvan, mo sa yo eksprime ide pou nou anpeche tèt nou tonbe nan fè sa ki mal. Men, li klè nou bezwen metriz tou pou nou fè sa ki byen. Tandans natirèl ki lakay moun ki enpafè, se fè sa ki mal. Konsa, n ap mennen yon konba ki doub (Eklezyas 7:29 ; 8:11). Pandan n ap anpeche tèt nou tonbe nan fè sa ki mal, nou dwe fòse tèt nou tou pou nou fè sa ki byen. An reyalite, lè nou kontwole tèt nou yon fason pou n fè sa ki byen, se youn nan pi bon mwayen pou nou evite fè sa ki mal.

7. a) Menm jan ak David, pou ki bagay nou dwe priye ? b) Ki sa si nou medite sou yo k ap ede nou vin gen plis metriz ?

7 Li klè, metriz se yon kalite ki endispansab si nou vle respekte ve nou te fè bay Bondye a. Nou bezwen fè menm priyè ak David ki te di : “ Kreye nan mwen yon kè pirifye, o Dye, e mete anndan mwen yon lespri nouvo. ” ​(Sòm 51:10). Nou kapab medite sou byenfè nou ka jwenn lè nou evite bagay ki pa bon nan domèn moral oswa bagay k ap fini avèk nou fizikman. Reflechi sou pwoblèm moun konn genyen lè yo pa evite bagay sa yo : gwo pwoblèm sante, pwoblèm nan relasyon yo ak lòt moun, yo konn menm mouri anvan lè yo. Yon lòt bò, reflechi sou pakèt avantaj yon moun jwenn lè l suiv chemen lavi Bondye mande pou nou suiv la. Sepandan, fòk nou reyalis, nou pa dwe janm bliye kè nou trèt (Jeremi 17:9). Nou dwe detèmine pou nou reziste lè kè a ap eseye minimize enpòtans pou nou kenbe prensip Jewova yo.

8. Nan eksperyans nou fè, ki verite nou aprann ? Bay egzanp.

8 Pifò nan nou fè eksperyans sa a deja : lespri nou konn chofe pou fè yon bagay, tandiske kò nou pa vle, li soti pito pou l frennen elan nou santi a. Annou pran, pa egzanp, travay predikasyon an. Jewova pran plezi lè l wè moun enterese patisipe nan travay k ap bay lavi a (Sòm 110:3 ; Matye 24:14). Pou pifò nan nou, kòmanse preche pa t fasil. Depi lè sa a, e petèt jis kounye a, sa mande pou nou rele sou kò nou, pou nou ‘ boure l ak kou ’ e pou nou “ mennen l tankou yon esklav ”, olye pou nou kite l fè nou ret ap pran lèz kò nou. — 1 Korentyen 9:16, 27 ; 1 Tesalonisyen 2:2.

“ Nan tout bagay ”

9, 10. Bay yon lòt domèn “ metriz nan tout bagay ” anglobe.

9 Lè Bib la di pou nou demontre “ metriz nan tout bagay ” la, sa vle di plis pase metrize kòlè nou, e sa vle di plis pase evite yon konduit imoral. Nou kapab santi nou gen metriz nan de domèn sa yo, e si se sa, nou mèt rekonesan pou sa. Sepandan, e lòt domèn nan lavi a kote li ta sanble nou pa twò bezwen metriz ? Ann pran yon egzanp. Sipozon n ap viv nan yon peyi plizoumwen rich kote moun yo gen gwo mwayen. Èske li pa t ap saj pou nou aprann di non devan depans ki pa nesesè ? Li bon pou paran yo aprann pitit yo pa achte nenpòt bagay yo wè, senpleman paske bagay la bèl, li tou la, oswa yo gen lajan pou y achte l. Natirèlman, pou enstriksyon sa a kapab efikas, fòk paran yo bay bon egzanp. — Lik 10:38-42.

10 Lè nou pa ofri tèt nou tout sa nou ta vle, sa kapab ranfòse volonte nou. Sa ka fè nou vin plis apresye bagay materyèl nou posede yo e sa ka fè nou vin plis konprann moun ki pa ofri tèt yo kèk bagay, pa paske yo pa vle, men paske yo pa kapab. Wi, yon vi modès pa mache avèk yon seri de pawòl nou toujou ap tande, tankou “ fè tèt ou plezi ” oubyen “ ou merite plis pase sa ”. Moun k ap fè reklam yo ap ankouraje moun pou chèche satisfè tèt yo tousuit, men yo fè sa nan enterè biznis yo. Se yon sitiyasyon ki ka bloke efò n ap fè pou nou demontre metriz. Sa pa gen lontan, gen yon jounal ki soti nan yon peyi rich ann Ewòp ki fè yon remak. Men sa l di : “ Si moun k ap viv nan move sitiyasyon nan peyi ki pòv dènye degre yo oblije lite pou yo pa sede anba pwòp anvi yo, alewè pou moun k ap viv nan peyi rich jodi a kote lèt ak siwo myèl ap koule ! ”

11. Poukisa li bon pou nou aprann viv ak sa ki nesesè, men ki sa ki fè sa difisil ?

11 Si nou gen pwoblèm pou nou fè distenksyon ant bagay nou anvi ak bagay nou vrèman bezwen, li ta bon pou nou pran dispozisyon pou asire nou nou pap aji tankou timoun. Pa egzanp, si nou vle metrize tandans nou genyen pou nou depanse san kontwòl, petèt nou ka pran rezolisyon pou nou pa achte kredi, oubyen lè n al achte, nou ka mache sèlman ak mezi lajan n ap bezwen an. Sonje Pòl te di ‘ atachman pou Bondye ak lè yon moun konn kontante l ’ bagay sa yo “ se yon mwayen pou jwenn gwo avantaj ”. Li te fè rezònman sa a : “ Nou pa t pote anyen nan monn nan, e nitou nou pa ka ale ak anyen. Se sa k fè, piske nou gen manje ak rad, n ap kontante nou avèk bagay sa yo. ” ​(1 Timote 6:6-8). E nou menm, èske nou kontante nou ak sa nou genyen ? Pou nou aprann mennen yon vi senp, san nou pa anbarase nou ak yon bann bagay tout kalite ki pa nesesè, men ki la pou nou satisfè mwenn ti anvi nou genyen, sa mande volonte ak metriz. Men, se yon leson ki merite pou nou aprann.

12, 13. a) Ki jan nou ka demontre metriz anrapò ak reyinyon yo ? b) Nan ki lòt domèn ankò nou bezwen kiltive metriz ?

12 Menm lè n ap asiste reyinyon ak asanble, nou bezwen gen yon sèten metriz. Pa egzanp, kalite sa a enpòtan yon fason pou nou pa kite lespri nou vagabonde pandan pwogram nan (Pwovèb 1:5). Sa mande metriz tou pou nou pa distrè lòt moun nan pale nan zòrèy ak moun ki chita bò kote nou, olye pou n ap suiv sa oratè a ap di. Pou nou ajiste pwogram nou yon fason pou nou vin alè, sa mande metriz. Lèfini tou, li enpòtan pou nou montre nou gen metriz si nou vle jwenn tan pou nou prepare reyinyon yo, e apre sa, pou nou patisipe ladan yo.

13 Lè nou demontre metriz nan bagay ki piti, sa ogmante kapasite nou pou nou demontre metriz nan bagay ki gwo (Lik 16:10). Ala bon sa bon lè nou disipline tèt nou pou nou li Pawòl Bondye a ansanm ak piblikasyon yo regilyèman, pou nou etidye yo e medite sou sa nou aprann yo ! Ala bon sa bon lè nou disipline tèt nou anrapò ak travay, zanmi, atitid ansanm ak abitid ki pa apwopriye ! Ala bon sa bon lè nou disipline tèt nou pou nou di non pou tout aktivite ki ta kapab vòlè sou tan ki pou sèvis Bondye a ! Asireman, lè nou okipe nan sèvis Jewova, se yon bon pwoteksyon sa ye kont bagay ki ta ka rale nou mete nou deyò nan paradi espirityèl nou ye nan òganizasyon mondyal Jewova a.

Metriz ede nou vin granmoun

14. a) Ki jan pou timoun yo aprann demontre metriz ? b) Ki avantaj timoun yo ap jwenn lè yo aprann gen metriz byen bonè nan lavi yo ?

14 Yon tibebe ki fèk fèt poko gen metriz. Men ki esplikasyon kèk espesyalis nan konpòtman timoun te bay nan yon depliyan : “ Metriz se pa yon kalite ki otomatik, ni yon moun pa genyen l yon sèl kou. Kit se tibebe, kit se timoun ki fèk ap aprann mache, yo bezwen direksyon paran yo e yo bezwen sipò nan men yo pou yo kòmanse aprann kiltive metriz. [...] Grasa direksyon paran yo, metriz timoun yo ap ogmante toutpandan yo lekòl. ” Yon etid ki te fèt sou timoun ki gen katran montre timoun ki aprann demontre metriz nan yon sèten degre, “ an jeneral, lè yo grandi yo pi byen adapte yo, tout moun apresye yo, yo gen inisyativ, yo fè tèt yo konfyans e moun ka fè yo konfyans. ” Tandiske timoun ki pa t kòmanse aprann metrize yo “ pi fasil santi yo poukont yo, yo dekouraje fasil epi yo rebèl. Yo toujou sou strès epi yo pè pwoblèm ”. Li klè, pou yon timoun vin ekilibre lè l gran, li bezwen demontre metriz.

15. Si nou manke metriz ki sa sa demontre, e sa kontrè ak ki objektif Bib la mete devan nou ?

15 Menm jan an tou, si nou vle vin gen matirite antanke kretyen, nou dwe aprann manifeste metriz. Si nou manke metriz, sa montre nou se tibebe toujou nan domèn espirityèl. Labib ban nou konsèy pou nou “ vin granmoun kanta kapasite konpreyansyon ”. (1 Korentyen 14:20.) Objektif nou se pou nou “ rive fè yon sèl nan lafwa, yon sèl nan konesans egzak Pitit Bondye a, pou nou vin granmoun, jis nou rive nan nivo Kris ye a, e pou nou vin konplè, menm jan avè l ”. Pou ki rezon ? “ Pou nou ka pa tankou timoun piti ankò, kote vag lanmè ap balote nou e tout van ansèyman ap pote nou ale adwat agoch pa mwayen foub lèzòm, pa mwayen riz moun k ap envante erè. ” ​(Efezyen 4:13, 14). Li klè, aprann demontre metriz se yon bagay ki endispansab pou espirityalite nou.

Annou kiltive metriz

16. Ki fason Jewova founi nou èd li ?

16 Pou nou kiltive metriz, nou bezwen èd Bondye, e nou ka jwenn èd sa a. Pawòl Bondye a, ki tankou yon glas ki san defo, montre nou ki kote nan nou menm nou bezwen fè chanjman, e li ban nou konsèy sou fason pou nou fè sa (Jak 1:22-25). Nou gen frè ak sè nou yo tou ki renmen nou e ki dispoze ede nou. Ansyen yo montre yo gen konpreyansyon lè yo ede nou pèsonèlman. Jewova li menm bay lespri sen l alèz depi nou priye l sou sa (Lik 11:13 ; Women 8:26). Kidonk, annou pwofite tout dispozisyon sa yo ak kè kontan. Konsèy nou jwenn nan paj 15 lan kapab ede nou.

17. Ki ankourajman Pwovèb 24:16 ban nou ?

17 Ala ankourajan sa ankourajan lè nou konnen Jewova apresye efò nou fè pou nou eseye fè l plezi ! Sa dwe motive nou pou nou kontinye lite pou nou gen plis metriz. Menmsi nou bite souvan, nou pa dwe janm sispann fè efò. “ Moun ki jis la kapab tonbe menm sèt fwa, men l ap leve kanmenm. ” ​(Pwovèb 24:16). Chak fwa nou rive fè Jewova plezi, nou gen tout rezon pou nou kontan. Nou mèt sèten Jewova kontan tou. Gen yon Temwen ki di, anvan li te vwe vi l bay Jewova, chak fwa li te reyisi pase yon semèn san l pa fimen, pou rekonpanse tèt li, li te konn achte yon bagay l ap bezwen ak lajan metriz ede l ekonomize a.

18. a) Ki bagay nou dwe bat pou nou metrize ? b) Ki asirans Jewova bay ?

18 Sa ki pi enpòtan, nou fèt pou n sonje nou dwe metrize panse nou ak santiman nou. Nou kapab wè sa nan pawòl sa a Jezi te di : “ Nenpòt moun ki kontinye gade yon fi jiskaske l vin gen yon pasyon pou li, moun sa a deja komèt adiltè avèk li nan kè l. ” ​(Matye 5:28 ; Jak 1:14, 15). Yon moun ki aprann kontwole panse l ak santiman l ap wè li pi fasil pou kontwole tout kò l nèt. Donk, annou ranfòse detèminasyon nou non sèlman pou nou pa fè sa ki mal men pou nou pa menm panse ak bagay konsa. Si move lide vin nan tèt nou, rejte l tousuit. Nou kapab kouri pou tantasyon si, nan lapriyè, nou kite je nou fikse sou Jezi (1 Timote 6:11 ; 2 Timote 2:22 ; Ebre 4:15, 16). Toutpandan n ap fè tout sa nou kapab, n ap suiv konsèy Sòm 55:22 a ki di : “ Lage fado w yo sou Jewova li menm, e bò kote pa l, l ap soutni w. Li pa gendwa janm kite moun ki jis la kilbite. ”

Èske nou sonje ?

• Ki de fason nou dwe demontre metriz ?

• Ki sa sa vle di demontre “ metriz nan tout bagay ” ?

• Ki konsèy pratik ki ka ede yon moun kiltive metriz ou note espesyalman pandan etid la ?

• Ki kote metriz kòmanse ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 15]

Fason nou ka vin gen plis metriz

• Kiltive l menm nan bagay ki piti.

• Medite sou avantaj li bay kounye a ak avantaj l ap bay alavni.

• Ranplase bagay Bondye entèdi yo ak sa li ankouraje.

• Lè nou gen yon ide ki pa kòrèk, rejte l tousuit.

• Ranpli lespri nou ak panse espirityèl ki edifyan.

• Aksepte èd kretyen ki gen matirite kapab ofri nou.

• Evite sitiyasyon ki ka fè nou fè konpwomi.

• Priye Bondye pou l ede nou lè nou devan tantasyon.

[Foto nan paj 13]

Metriz pouse nou fè sa ki byen.