Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Yon seri medam ki te fè kè Jewova kontan

Yon seri medam ki te fè kè Jewova kontan

Yon seri medam ki te fè kè Jewova kontan

“ Se pou Jewova rekonpanse w pou fason w aji a, e se pou w jwenn yon salè ki total nan men Jewova. ” — RIT 2:12.

1, 2. Ki byenfè nou ka jwenn lè nou reflechi sou egzanp kèk medam Bib la bay ki te fè kè Jewova kontan ?

KRENT de medam te genyen pou Bondye te pouse yo dezobeyi lòd yon Farawon. Lafwa te ensite yon pwostitye riske lavi l pou l pwoteje de espyon izrayelit. Bonsans ak imilite te ede yon dam, nan yon moman kritik, pou l sove lavi yon dividal moun e, grasa kalite sa yo, li te anpeche wen Jewova a fè san koule. Lafwa yon manman pitit, yon vèv, te genyen nan Jewova ak ospitalite l te pouse l pataje dènye ti sa l te rete pou l manje a ak yon pwofèt Bondye. Sa nou mansyone la yo se sèlman kèk nan egzanp Bib la site pou pale de yon seri medam ki te fè kè Jewova kontan.

2 Fason Jewova te boule ak medam sa yo ansanm ak benediksyon li te vide sou yo montre sa ki plis fè l plezi se kalite espirityèl yon moun gen lakay li, kit moun nan se gason, kit li se fi. Jodi a, n ap viv nan yon monn ki tèlman bay bagay materyèl enpòtans, sa fè li pa fasil ditou pou yon moun bay espirityalite l priyorite nan lavi l. Toutfwa, se pa yon bagay ki enposib, e nou ka wè sa lè nou egzamine krent plizyè milyon medam genyen pou Bondye, medam jodi a ki reprezante yon bon pati nan pèp Bondye a. Kretyèn sa yo imite lafwa yon seri medam yo mansyone nan Bib la, yo imite bonsans yo, ospitalite yo ak yon pakèt lòt bèl kalite yo te gen lakay yo. Natirèlman, gason yo dakò yo menm tou pou yo imite kalite nou jwenn nan medam modèl sa yo ki t ap viv nan tan lontan. Pou nou wè ki jan nou ka imite yo pi byen toujou, ann egzamine istwa nou jwenn nan Bib la, ki pale de medam nou te mansyone nan entwodiksyon an. — Women 15:4 ; Jak 4:8.

De medam ki te dezobeyi lòd yon Farawon

3, 4. a) Poukisa Chifra ak Pouwa te refize obeyi Farawon lè l te ba yo lòd pou yo touye tout tigason izrayelit ki te fèt ? b) Ki jan Jewova te rekonpanse de famsaj sa yo pou kouraj yo ak krent yo te genyen pou li ?

3 Nan yon seri pwosè ki te fèt Nuremberg, ann Almay, apre Dezyèm Gè mondyal la, anpil moun ki te jwenn kondanasyon yo poutèt yo te patisipe nan masak ki te fèt te di, kòm eskiz, se lòd yo te resevwa. Kounye a, konpare moun sa yo ak de famsaj izrayelit, Chifra ak Pouwa, ki t ap viv ann Ejip, nan epòk yon Farawon diktatè t ap dirije peyi a, yon Farawon yo pa site non l. Farawon te pè jan popilasyon ebre a ap miltipliye a, konsa li te mande de famsaj yo pou yo touye tout tibebe ebre ki fèt, depi se yon tigason. Lòd Farawon te pase a se te yon lòd ki tèrib. Ki jan medam yo te reyaji ? “ Yo pa t fè sa wa Ejip la te di yo fè a, men yo te prezève lavi tigason yo. ” Poukisa medam sa yo pa t kite krent pou lòm fè yo fè sa yo pa t dwe fè ? Paske yo “ te gen krent pou vrè Dye a ”. — Egzòd 1:15, 17 ; Jenèz 9:6.

4 Wi, famsaj yo te pran refij nan Jewova e li menm, bò kote pa l, li te sèvi yo “ boukliye ”, lè li te pwoteje yo kont kòlè Farawon (2 Samyèl 22:31 ; Egzòd 1:18-20). Men, benediksyon Jewova pa t ret la sèlman. Li te pèmèt Chifra ak Pouwa gen pwòp fanmi pa yo. Li menm onore yo lè li fè mete non yo ak bon aksyon yo te fè nan Pawòl li pou jenerasyon ki ta gen pou vini yo te ka aprann sa medam sa yo te fè, alòske moun pa menm sonje non Farawon ki te la lè sa a. — Egzòd 1:21 ; 1 Samyèl 2:30b ; Pwovèb 10:7.

5. Ki jan jodi a gen anpil kretyèn ki montre menm etadespri ak Chifra ak Pouwa, e ki jan Jewova ap rekonpanse yo ?

5 Èske jodi a gen fi ki sanble ak Chifra ak Pouwa ? Wi, pa manke ! Chak ane, se pa ni de ni twa fi konsa ki pa pè preche mesaj ki la pou sove lavi a nan yon seri peyi kote “ lòd wa a ” defann sa. Lè konsa se riske yo riske libète yo, e pafwa yo menm riske lavi yo (Ebre 11:23 ; Travay 5:28, 29). Lanmou medam ki brav sa yo genyen pou Bondye ak lanmou yo genyen pou pwochen yo, motive yo pou yo pa kite pèsonn fè yo sispann pataje bon nouvèl Wayòm Bondye a ak pwochen yo. Sa fè, gen anpil kretyèn ki kòlte ak opozisyon e ki fè fas ak gwo pèsekisyon (Mak 12:30, 31 ; 13:9-13). Menm jan sa te fèt nan ka Chifra ak Pouwa, Jewova konnen sa medam san parèy sa yo, medam brav sa yo, akonpli nan travay li, e li gen pou l montre yo nan ki pwen li renmen yo lè li prezève non yo nan “ liv lavi a ”, akondisyon yo kontinye andire fidèlman, jiska lafen. — Filipyen 4:3 ; Matye 24:13.

Yon ansyen pwostitye ki fè kè Jewova kontan

6, 7. a) Ki sa Rahab te konnen sou Jewova ak pèp li a, e ki efè konesans sa a te genyen sou li ? b) Ki jan Pawòl Bondye a onore Rahab ?

6 An 1473 anvan epòk nou an, te gen yon pwostitye ki rele Rahab ki t ap viv Jeriko, yon vil nan peyi Kanaran. Aparamman, Rahab te yon dam ki te byen enfòme. Lè de espyon izrayelit te chèche refij lakay li, li te anmezi pou l rakonte yo yon seri detay presi konsènan mirak ki te fèt lè pou Izrayelit yo te kite Ejip, alòske se yon evènman ki te pase depi 40 an. Li te konnen lòt viktwa ki te pi resan tou Izrayelit yo te ranpòte sou Siyòn ak Òg, de wa amorit. Men, gade ki efè konesans sa a te genyen sou li. Li di espyon yo konsa : “ Wi, mwen konnen Jewova ap ban nou peyi a kanmenm [...] paske Jewova, Bondye nou an, se Bondye nan syèl la, anwo, e li se Bondye sou tè a, anba. ” ​(Jozye 2:1, 9-11). Wi, sa Rahab te aprann konsènan Jewova ak sa l te tande Jewova fè pou Izrayelit yo te touche venn sansib li e sa te fè l vin gen lafwa nan Jewova. — Women 10:10.

7 Lafwa Rahab te genyen an te pouse l alaksyon. Li te resevwa espyon izrayelit yo “ yon fason pasifik ” e, lè izrayelit yo te atake Jeriko, li te suiv enstriksyon vital de mesye yo te ba li (Ebre 11:31 ; Jozye 2:18-21). Pa gen okenn dout sou sa, aksyon Rahab te fè pou l montre li gen lafwa yo te rejwi kè Jewova, paske li te enspire Jak, yon disip Jezi, pou l site non Rahab ansanm ak non Abraram, yon zanmi Bondye, kòm egzanp pou kretyen yo imite. Men ki sa Jak te ekri : “ Menm jan an tou, Rahab, pwostitye a, èske yo pa t deklare li jis grasa aksyon li te fè, lè l te fin akeyi mesaje yo avèk ospitalite e li te fè yo pase nan yon lòt wout pou yo ale ? ” — Jak 2:25.

8. Ki jan Jewova te beni Rahab pou lafwa li te genyen ak obeyisans li te demontre ?

8 Jewova te rekonpanse Rahab divès fason. Toudabò, Jewova te fè yon mirak, li epaye lavi Rahab ak lavi tout moun ki te chèche refij lakay li, nou vle di tout “ moun lakay papa l ak tout moun ki te pou li yo ”. Ansuit, li te pèmèt yo “ abite nan mitan Izrayèl ”, kote yo t apral trete yo tankou natif natal (Jozye 2:13 ; 6:22-25 ; Levitik 19:33, 34). Men, sa pa t rete la. Jewova te onore Rahab yon lòt fason ankò : li te ba l privilèj pou l vin zansèt Jezi Kris. Èske sa se pa yon bèl prèv ki montre bonte Jewova gen nan kè l pou yon fi, yon Kananeyèn *, ki te konn adore zidòl ? — Sòm 130:3, 4.

9. Jodi a, ki ankourajman kretyèn yo ka jwenn nan fason Jewova te boule ak Rahab ansanm ak kèk lòt kretyèn o premye syèk ?

9 Menm jan ak Rahab, gen kèk kretyèn, depi sot nan premye syèk la pou rive nan epòk nou an, ki te abandone yon vi imoral yo t ap mennen dekwa pou yo fè Bondye plezi (1 Korentyen 6:9-11). Ou mèt si, gen ladan yo ki te grandi nan yon anbyans ki sanble ak sa ki te egziste nan peyi Kanaran, yon peyi kote imoralite te toupatou e kote yo te menm wè sa kòm yon bagay ki nòmal. Poutan, medam sa yo te chanje fason yo t ap viv grasa fwa yo te vin genyen, yon fwa ki baze sou konesans egzak Pawòl Bondye a (Women 10:17). Se sa k fè, anpalan de medam sa yo, Bib la di : “ Bondye pa wont yo, li pa wont pou yo rele l Bondye yo. ” ​(Ebre 11:16). Èske se pa yon gwo onè Bondye fè yo ?

Benediksyon yon dam te jwenn pou bonsans li

10, 11. Ki sa ki te genyen ant Nabal ak David ki te pouse Abigayil pase alaksyon ?

10 Nan tan lontan, gen anpil fi ki te konn montre, yon fason estrawòdinè, yo se moun ki gen bonsans, e sa fè yo se yon atou ki gen anpil valè pou pèp Jewova a. Pami medam sa yo, nou ka site Abigayil, madanm yon Izrayelit ki te rele Nabal, ki te rich e ki te posede anpil tè. Bonsans Abigayil te pèmèt li sove lavi yon dividal moun e sa te fè li anpeche David, ki t apral vin wa ann Izrayèl, fè san koule. Nou ka jwenn istwa Abigayil nan 1 Samyèl chapit 25.

11 Istwa a kòmanse avèk David ak mesye l yo, ki tabli kan yo toupre twoupo bèt Nabal yo. Mesye David yo veye bèt Nabal yo lajounen kou lannuit, san yo pa mande pou yo peye yo, paske yo vle demontre bonte yo anvè Nabal, frè yo, yon Izrayelit parèy yo. Pwovizyon David yo vin kòmanse diminye. Konsa, li voye dis nan timesye l yo kot Nabal pou al mande l yon ti pwovizyon. Sa tou bay Nabal okazyon pou l montre rekonesans li pou sa David fè pou li, epitou se te yon opòtinite pou l onore David antanke wen Jewova. Men, olye de sa, li mete l an kòlè, li mete pou David kont li e li voye timesye yo retounen de men vid. Lè David aprann sa, li rasanble 400 gason ame e li ranje kò l pou l al tire revanj. Lè koze a tonbe nan zòrèy Abigayil, li aprann nan ki pwen mari l te mal aji, rapidman e avèk bonsans, li reyaji, li voye yon bon ti kou pwovizyon pou li kalme David. Ansuit, li leve an pèsòn, l al kot David. — Vèsè 2-20.

12, 13. a) Ki jan Abigayil te montre li se yon moun ki gen bonsans e ki fidèl ni anvè Jewova ni anvè moun li te wenn nan ? b) Ki sa Abigayil te fè lè l te retounen lakay li, e ki jan bagay yo te vin vire pou li ?

12 Lè Abigayil rankontre David, li sipliye l, avèk imilite, pou l gen pitye. Sa montre nan ki pwen li gen respè pou wen Jewova a. Li di : “ Jewova pap manke pa bay seyè m nan yon kay ki dirab, paske se nan gè Jewova seyè m nan ap batay. ” Li tou pwofite di Jewova ap mete David chèf sou Izrayèl (Vèsè 28-30). Anmenmtan, Abigayil montre li se yon moun ki gen anpil kouraj paske li pa pè di David si li pa mete yon fren nan chèche l ap chèche tire revanj lan, sa ap fè l fè san koule (Vèsè 26, 31). Imilite Abigayil, pwofon respè li genyen ansanm ak lojik ki lakay li, tou sa desann kòlè David. Men ki sa David deklare : “ Benediksyon pou Jewova, Bondye Izrayèl la, li menm ki voye w vin rankontre m jodi a. E benediksyon pou bonsans ou, e benediksyon pou ou menm ki anpeche m fè san koule. ” — Vèsè 32, 33.

13 Lè Abigayil retounen lakay li, li mete fanm sou li, li chèche mari l pou l mete l okouran de don li sot pote bay David la. Sepandan, lè li jwenn misye, li jwenn li “ sou, yon moun pa t ka pi sou pase sa ”. Konsa, Abigayil ret tann tèt mari l klè e li di l tout bagay. Ki jan Nabal reyaji ? Lè l tande sa, li te sezi anpil, e petèt menm li te tou paralize. E sou dis jou, Bondye frape l e li mouri. Lè David aprann lanmò Nabal, li mande Abigayil maryaj, piske li admire Abigayil e li gen anpil respè pou li. Abigayil aksepte vin madanm David. — Vèsè 34-42.

Èske w ka imite Abigayil ?

14. Ki kalite nou jwenn lakay Abigayil ou ta renmen kiltive pi plis ?

14 Kit ou se gason, kit ou se fi, èske w wè kèk kalite lakay Abigayil ou ta renmen kiltive pi plis ? Petèt ou ta renmen aji avèk plis bonsans, plis tèt poze, lè pwoblèm met pye. Oubyen tou, èske w ta vle montre ou se yon moun ki kalm, yon moun ki gen tout sanfwa l lè gen lòt moun bò kote l ki fache anpil ? Si se sa w ta renmen, ou pa panse l ta bon pou w priye Jewova sou sa ? Li pwomèt tout moun ki “ kontinye mande ak lafwa ” l ap ba yo sajès, disènman ak kapasite pou yo byen reflechi. — Jak 1:5, 6 ; Pwovèb 2:1-6, 10, 11.

15. Nan ki sikonstans li sitou enpòtan pou kretyèn yo montre yo gen kalite Abigayil yo lakay yo ?

15 Bèl kalite sa yo enpòtan sitou pou yon kretyèn k ap viv ak yon mari ki pap sèvi Jewova, yon mari ki pa bay, oswa ki prèske pa bay prensip nou jwenn nan Bib la regle anyen pou li. Petèt se yon moun ki bwè twòp. Nou espere yon mari konsa va chanje fason l ap viv, jan anpil gentan fè sa, grasa tanperaman madanm yo ki dou, ki gen anpil respè e ki gen yon konduit dwat. — 1 Pyè 3:1, 2, 4.

16. Nan kèlkeswa sitiyasyon yon sè ta twouve l, ki jan li ka montre li bay relasyon l avèk Jewova plis valè pase nenpòt ki lòt bagay ?

16 Kèlkeswa pwoblèm ou oblije andire lakay ou, pa bliye Jewova ap toujou la pou l soutni w (1 Pyè 3:12). Konsa, fè sa w kapab pou w fòtifye tèt ou nan domèn espirityèl. Priye pou w jwenn sajès ak yon kè ki kalm. Wi, bat pou w vin pi pwòch ak Jewova grasa etid ou fè nan Bib la regilyèman, grasa lapriyè ak meditasyon. Yon lòt bagay ki ka ede w ankò se lè w frekante kretyen parèy ou yo regilyèman. Mari Abigayil pa t gen yon bon vizyon espirityèl, men sa pa t gen okenn enfliyans ni sou lanmou Abigayil pou Bondye, ni sou atitid li anvè wen Bondye a. Li te aji sou baz prensip ki jis. Menm nan kay kote mari a bay bon egzanp antanke sèvitè Bondye, madanm ki kretyen an reyalize li bezwen kontinye fè efò pou l ka toujou gen yon bon espirityalite. Se vre, se mari a ki responsab, selon Labib, pou l pran swen madanm li ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl, men, an definitif, madanm nan fèt pou l ‘ travay pou pwòp delivrans li, avèk krentif e avèk tranbleman ’. — Filipyen 2:12 ; 1 Timote 5:8.

Li te resevwa “ yon rekonpans pwofèt ”

17, 18. a) Ki sitiyasyon ki te mete fwa vèv Zarefat la aleprèv ? b) Ki reyaksyon vèv la te genyen devan sa Eliya te mande l la, e ki jan Jewova te rekonpanse l pou sa ?

17 Fason Jewova te pran swen yon vèv, yon malerèz ki t ap viv nan epòk pwofèt Eliya a, montre nan ki pwen li apresye moun ki bay tèt yo ak sa yo posede pou yo soutni vrè adorasyon an. Nan epòk sa a, akoz yon sechrès ki te dire lontan, te gen yon gwo grangou ki frape moun yo, e pami moun sa yo, te gen yon vèv ak tout yon ti pitit gason l, ki t ap viv nan yon ti vil ki rele Zarefat. Alòske yo t ap prepare yo pou yo pran dènye repa yo, gen yon vizitè ki rive. Se te pwofèt Eliya, e li te mande vèv la yon bagay dwòl. Aktout li te konnen nan ki sitiyasyon difisil dam sa a te twouve l, li te mande l pou l fè “ yon ti gato won ” pou li ak ti rès luil ak ti rès farin ki te rete a. Toutfwa, tande ki sa pwofèt la te ajoute : “ Paske, men ki sa Jewova, Bondye Izrayèl la di : ‘ Farin ki nan gwo po a li menm li pap fini, e luil ki nan ti po a li menm li pap diminye, jiskaske Jewova fè yon gwo lapli tonbe sou tè a. ’” — 1 Wa 17:8-14.

18 Ki jan w t ap reyaji si se ou menm yo te mande yon bagay konsa ? Aparamman, vèv Zarefat la te rekonèt Eliya se te yon pwofèt Jewova. Konsa, “ li fè selon pawòl Eliya di l la ”. Ki jan Jewova te reyaji devan ospitalite vèv la ? Jewova te fè yon mirak, pandan tout sechrès la, li te fè dam nan ak pitit li ansanm ak tout Eliya jwenn manje pou yo manje (1 Wa 17:15, 16). Wi, Jewova te bay vèv Zarefat la “ yon rekonpans pwofèt ”, aktout li pa t Izrayelit (Matye 10:41). Pitit Bondye a te onore vèv la li menm tou lè li te site l kòm egzanp bay moun san fwa ki t ap viv nan peyi l, Nazarèt. — Lik 4:24-26.

19. Ki jan jodi a anpil kretyèn montre yo gen menm etadespri ak vèv Zarefat la, e ki santiman Jewova genyen pou sè sa yo ?

19 Jodi a, gen anpil kretyèn ki gen menm etadespri ak vèv Zarefat la. Pa egzanp, chak semèn, gen anpil sè ki montre ospitalite yo anvè siveyan itineran yo ak madanm yo, alòske anpil nan sè sa yo se malerèz yo ye e se moun ki gen responsablite sou kont yo. Gen lòt ki toujou dispoze pou yo ofri minis a plen tan ki nan kongregasyon yo moso manje, ki ede moun ki nan nesesite oswa ki fè yon jan kanmenm pou yo ofri tèt yo ak sa yo posede pou yo soutni travay Wayòm nan (Lik 21:4). Èske Jewova wè sakrifis sa yo ? Wi, li wè yo ! “ Bondye pa enjis pou l ta bliye travay nou ak lanmou nou demontre pou non l, dèske nou te sèvi moun ki sen yo e nou kontinye ap sèvi yo. ” — Ebre 6:10.

20. Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

20 Nan premye syèk la, gen anpil medam ki krenn Bondye ki te gen privilèj pou yo rann Jezi ak apot li yo sèvis. Nan atik ki vin apre a, nou pral wè ki jan medam sa yo te fè kè Jewova kontan, e nou pral egzamine egzanp yon seri medam nan epòk nou an k ap sèvi Jewova ak tout kè yo, malgre difikilte yo rankontre.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Lè nou egzamine lis Matye bay sou zansèt Jezi yo, nou wè li mansyone non kat medam : Tama, Rahab, Rit ak Mari. Pawòl Bondye a pale an byen de toule kat medam sa yo. — Matye 1:3, 5, 16.

Revizyon

• Ki jan medam nou pral site la yo te fè kè Jewova kontan ?

• Chifra ak Pouwa

• Rahab

• Abigayil

• Vèv Zarefat la

• Si nou medite sou bèl egzanp medam sa yo, ki jan sa ka ede nou pèsonèlman ? Bay egzanp.

[Kesyon]

[Foto nan paj 18]

Gen anpil medam fidèl ki te rive fè volonte Bondye malgre “ lòd wa a ”.

[Foto nan paj 19]

Poukisa Rahab se yon bèl egzanp moun ki gen lafwa ?

[Foto nan paj 19]

Ki kalite Abigayil te gen lakay li ou ta renmen imite ?

[Foto nan paj 21]

Jodi a, gen anpil kretyèn ki gen menm etadespri ak vèv Zarefat la.