Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Ede lòt moun aksepte mesaj Wayòm nan

Ede lòt moun aksepte mesaj Wayòm nan

Ede lòt moun aksepte mesaj Wayòm nan

“ Agripa di Pòl konsa : “ Nan yon tikras tan ou ta konvenk mwen pou m vin kretyen. ” — TRAVAY 26:28.

1, 2. Kòman apot Pòl fè twouve l devan gouvènè Festis ansanm ak wa Ewòd Agripa II ?

NAN vil Sezare, nan ane 58 epòk nou an, wa Ewòd Agripa II ansanm ak sè l Berenis te vizite gouvènè women Pòsiyis Festis. Sou envitasyon gouvènè a, yo vini “ an gran panpan e yo antre nan sal odyans lan ansanm ak kòmandan yo ak gwo notab nan vil la ”. Sou lòd Festis, yo mennen apot Pòl devan yo. Kòman disip Jezi Kris sa a fè twouve l nan tribinal gouvènè Festis la ? — Travay 25:13-23.

2 Pawòl Festis di envite l yo reponn kesyon sa a. Men sa l di : “ Wa Agripa e nou tout mesye ki la a avèk nou yo, nou wè nonm sa a, se konsènan li menm tout Juif yo te fè apèl a mwen, ni nan Jerizalèm ni isit la, yo t ap di byen fò misye pa ta dwe kontinye viv. Men dapre mwen misye pa t fè anyen ki merite lanmò. Konsa, lè mesye sa a li menm te fè apèl devan Ogis la, mwen te deside voye l. Men, konsènan misye, mwen pa gen anyen ki klè pou m ekri Seyè mwen an. Se poutèt sa mwen mennen l devan nou, espesyalman devan w, wa Agripa, dekwa pou lè ka a fin jije, m a jwenn yon bagay pou m ekri. Paske dapre mwen menm li pa sanble l lojik pou m espedye yon prizonye san m pa siyale anmenmtan ki akizasyon ki sou do l. ” — Travay 25:24-27.

3. Poukisa chèf relijye yo t ap akize Pòl ?

3 Selon pawòl Festis yo, Pòl te anba fo akizasyon kòmkwa l ap fè soulèvman kont Leta, yon krim yo te konn kondane moun amò pou sa (Travay 25:11). Men, Pòl te inosan. Se bann chèf relijye yo nan Jerizalèm ki te met akizasyon sa yo sou do l. Yo te opoze ak travay predikasyon Pòl la e yo pa t ka sipòte wè misye k ap ede lòt moun vin disip Jezi Kris. Pòl kite Jerizalèm anba gwo eskòt, e yo mennen l nan vil Sezare, yon vil ki bò lanmè, se la li fè apèl devan Seza. De la etan, yo t ap gen pou yo mennen l Wòm.

4. Ki pawòl etonan wa Agripa te pwononse ?

4 Imajine kounye a Pòl ki nan palè gouvènè a devan yon gwoup moun, e pami yo, te gen dirijan yon bon pati nan Anpi women an. Wa Agripa vire gade Pòl epi li di : “ Ou mèt pale pou w defann tèt ou. ” Pandan Pòl ap pale, gen yon bagay estrawòdinè ki rive. Pawòl Pòl yo kòmanse touche wa a. Wa Agripa rive menm di : “ Nan yon tikras tan ou ta konvenk mwen pou m vin kretyen. ” — Travay 26:1-28.

5. Poukisa pawòl Pòl te di Agripa yo te efikas konsa ?

5 Ou kwè w konprann ? Pawòl Bondye a te rive penetre yon dirijan akoz yon bon defans Pòl te prezante (Ebre 4:12). Men, ki sa k te fè defans Pòl la te efikas konsa ? E ki sa nou ka aprann nan men Pòl ki ka ede nou nan travay fè disip nou an ? Lè nou analize defans li an, nou ka tire de pwen ki esansyèl : 1) Pòl te konvenkan nan prezantasyon l lan. 2) Menm jan yon gwo bòs byen sèvi ak zouti l, Pòl te byen sèvi ak konesans li genyen sou Pawòl Bondye a.

Itilize ladrès pou konvenk moun

6, 7. a) Ki sa “ konvenk ” vle di nan Bib la ? b) Ki itilite konvenk genyen nan ede lòt moun aksepte yon ansèyman biblik ?

6 Nan liv Travay la, mo grèk ki bay ide konvenk lan, yo souvan itilize yo anrapò ak Pòl. Ki enpòtans konvenk genyen pou nou nan travay fè disip nou an ?

7 Nan lang orijinal Ekriti grèk yo, “ konvenk ” vle di “ genyen ” yon moun oswa fè l “ chanje opinyon grasa rezònman ou fè avè l oubyen grasa lòt konsiderasyon moral ”. (Expository Dictionary of New Testament Words Vine ekri a.) Lè nou egzamine premye sans mo a, nou jwenn plis limyè toujou. Li bay lide konfyans. Donk, si ou konvenk yon moun pou l aksepte yon ansèyman biblik, ou vin gen konfyans moun sa a, konsa li vin gen lafwa nan verite ki gen nan ansèyman sa a. Natirèlman, li pa sifi pou w annik di moun nan sa Bib la di epi moun nan pral kwè epi l aji. Kit moun sa a se yon timoun, yon vwazen, yon kòlèg travay, yon kondisip oswa yon fanmi, ou dwe konvenk moun nan sa w di a se laverite. — 2 Timote 3:14, 15.

8. Ki sa konvenk yon moun sou yon verite biblik mande pou nou fè ?

8 Ki jan w ka konvenk yon moun mesaj biblik w ap preche l la se laverite ? Pòl te eseye fè moun li t ap pale avèk yo a chanje opinyon pa mwayen rezònman ki lojik, agiman ki solid ansanm ak egzòtasyon ki sensè *. Kidonk, olye pou nou annik di moun nan sa nou di a se laverite, n ap bezwen bay bonjan prèv pou kore sa nou di a. Ki jan n ap rive fè sa ? Veye pou sa w ap di yo se nan Pawòl Bondye a dirèkteman yo soti, se pa opinyon pa w. Ansuit, bay prèv pou kore panse biblik ou yo (Pwovèb 16:23). Pa egzanp, si w ap pale de moun obeyisan yo ki pral viv pou toutan nan yon paradi sou tè a, ou kapab soutni pwen sa a avèk vèsè tankou Lik 23:43 oswa Izayi 65:21-25. Ki lòt prèv ou ka bay pou w kore panse sa yo ? Ou kapab sèvi ak egzanp moun w ap pale avèk li a byen konnen. Ou ka pale l de plezi nou jwenn nan ti bagay senp tankou yon kouche solèy, bèl flè santi bon, yon fwi ki gen bon gou oswa yon zwazo k ap bay pitit li manje. Ede l konprann tout plezi sa yo ki pa koute senk kòb la se prèv Kreyatè a vle nou jwi lavi nou sou tè a. — Eklezyas 3:11, 12.

9. Ki jan nou ka montre nou rezonab nan travay predikasyon an ?

9 Lè n ap eseye konvenk yon moun pou l aksepte yon ansèyman biblik, fòk nou fè atansyon pou antouzyas nou pa fè nou parèt tankou yon fanatik. Paske sa ka fè moun nan vin pa sou sa epi sa ka fè kè l pa touche. Men ki avètisman nou jwenn nan liv École du ministère la : “ Si w bay yon moun yon verite dirèk dirèk pou w kraze yon kwayans li renmen anpil, menmsi w resite yon lis vèsè byen long pou w apiye verite sa a, an jeneral, moun nan pap pran sa byen. Pa egzanp, si gen kèk fèt moun yo konn fete, ou annik di fèt sa yo se fèt payen yo ye, sa gendwa pa chanje fason moun yo konsidere yo. Jeneralman, li pi bon si w rezone ak moun nan. ” Poukisa nou dwe fè tout efò nou pou nou rezonab ? Men sa liv la di : “ Si nou rezonab, sa ap ankouraje konvèsasyon, sa bay moun yo yon bagay pou yo reflechi e sa louvri chemen pou lòt konvèsasyon. Sa ka konvenk moun yo ak anpil fòs. ” — Kolosyen 4:6.

Chèche touche kè moun yo etan n ap konvenk yo

10. Ki fason Pòl te kòmanse defans li an devan Agripa ?

10 Kounye a, annou egzamine pi plis toujou pawòl Pòl te di nan Travay chapit 26 la pou l defann tèt li. Gade ki jan l kòmanse diskou l la. Nan entwodiksyon Pòl fè a, li te jwenn yon bonjan rezon pou l felisite Agripa, kwak tout moun te konnen wa a t ap mennen yon movèz vi ak sè l Berenis. Men sa Pòl te di : “ Konsènan tout bagay Juif yo akize m yo, wa Agripa, mwen santi m kontan dèske se devan w mwen ye pou m defann tèt mwen jodi a, sitou paske ou byen konnen tout koutim ak tout polemik ki genyen nan mitan Juif yo. Se poutèt sa mwen mande w tanpri, pran yon ti pasyans pou w koute m. ” — Travay 26:2, 3.

11. Ki jan pawòl Pòl yo te demontre respè li gen pou Agripa, e ki rezilta li te jwenn ?

11 Èske w remake Pòl te rekonèt gwo pozisyon Agripa, lè l site tit li genyen an, li rele l wa ? Sa te demontre respè, e ak mo Pòl te sèvi yo, li te onore Agripa (1 Pyè 2:17). Apot la di Agripa se yon espè nan lwa ak koutim konplike Juif li t ap dirije yo, e li te di li kontan dèske li te gen posiblite fè defans li devan yon dirijan ki byen enfòme konsa. Pòl te yon kretyen, men li pa t aji kòmkwa li te santi l siperyè Agripa ki li menm pa t kretyen (Filipyen 2:3). Okontrè, Pòl te sipliye wa a pou l pran yon ti pasyans pou l koute l. Konsa, Pòl te kreye yon anbyans kote ni Agripa ni lòt moun ki t ap koute yo t ap pi fasil aksepte sa l t apral di yo. Li t ap tabli yon baz, yon teren antant pou l prezante agiman l yo.

12. Nan travay predikasyon Wayòm nan, ki jan nou ka rive touche kè moun k ap koute nou yo ?

12 Menm jan Pòl te fè devan Agripa, annou chèche touche kè moun yo lè n ap prezante mesaj Wayòm nan, depi nan kòmansman prezantasyon an jis nan fen l. N ap reyisi fè sa si nou demontre bonjan respè pou moun n ap preche a e si nou montre nou enterese konn moun nan pi byen e nou chèche konn opinyon l. — 1 Korentyen 9:20-23.

Itilize Pawòl Bondye a avèk ladrès

13. Ki jan nou kapab motive moun k ap koute nou yo menm jan Pòl te fè sa ?

13 Pòl te vle motive moun k ap koute l yo pou yo aji ann amoni ak bon nouvèl la (1 Tesalonisyen 1:5-7). Se sa k fè li te eseye touche kè senbolik moun yo, kote mobil yo chita. Si nou tounen nan defans Pòl te fè devan Agripa a, n ap note kòman Pòl te “ man-yen pawòl Bondye a kòrèkteman ” lè l te fè referans ak deklarasyon Moyiz ansanm ak pwofèt yo te konn fè. — 2 Timote 2:15.

14. Esplike ki jan Pòl te sèvi ak ladrès pou konvenk moun lè l te devan Agripa.

14 Pòl te konnen Agripa se te yon Juif, menmsi se non an sèlman li te pote. Pòl baze sou konesans Agripa genyen nan jidayis la pou l montre l li pa t ‘ di lòt bagay nan predikasyon l lan sof bagay Pwofèt yo ansanm ak Moyiz te di ki te gen pou rive yo ’, bagay ki konsène lanmò ak rezirèksyon Mesi a (Travay 26:22, 23). Pòl poze Agripa kesyon sa a dirèkteman : “ Wa Agripa, èske w kwè Pwofèt yo ? ” Agripa te santi de pye l mare. Si li di li pa kwè pwofèt yo, repitasyon l kòm Juif ki kwayan t ap fini la menm. Men si li dakò ak rezònman Pòl yo, li t ap dakò an piblik avèk apot la e li te riske pou yo rele l kretyen. Avèk sajès, Pòl reponn pwòp kesyon l lan, li di : “ Mwen konnen ou kwè. ” Ki sa kè Agripa pouse l di ? Men sa li reponn : “ Nan yon tikras tan ou ta konvenk mwen pou m vin kretyen. ” ​(Travay 26:27, 28). Byenke Agripa pa t vin kretyen, men li klè Pòl te touche kè l kanmenm ak mesaj li a. — Ebre 4:12.

15. Ki jan Pòl te fè rive tabli yon kongregasyon nan Tesalonik ?

15 Èske w remake lè Pòl ap prezante bon nouvèl la, li preche e li chèche konvenk anmenmtan ? Kòm Pòl te sèvi ak metòd sa a pou l ‘ manyen pawòl Bondye a kòrèkteman ’, kèk nan moun ki te konn koute l yo pa t rete senpleman ap koute, men yo te vin kwè tou. Se sa k te rive nan Tesalonik, lè Pòl t al rankontre Juif ak Janti ki te krenn Bondye yo nan sinagòg la. Men ki jan Travay 17:2-4 rakonte sa : “ Selon jan Pòl te gen abitid fè, li te antre lakay yo, e pandan twa saba, li te rezone avèk yo dapre Ekriti yo li t ap esplike yo e li t ap sèvi ak referans pou l pwouve yo li te nesesè pou Kris la soufri epi pou l resisite nan mitan mò yo [...]. Kòm rezilta, kèk ladan yo te vin kwayan. ” Pòl te konvenk moun yo. Li te rezone avèk yo, li te esplike yo e li te pwouve yo nan Ekriti yo se Jezi ki te Mesi yo te pwomèt depi lontan an. Ki rezilta sa te bay ? Te vin gen yon kongregasyon moun ki kwayan ki tabli nan zòn nan.

16. Ki jan w ka jwenn plis jwa nan predikasyon Wayòm nan ?

16 Èske w ka vin pi maton nan konvenk moun lè w ap esplike Pawòl Bondye a ? Si wi, w ap jwenn pi bon rezilta e w ap jwenn plis jwa nan travay predikasyon an ak nan travay anseye moun sou Wayòm Bondye a. Pwoklamatè ki suiv sijesyon yo bay pou sèvi ak Labib plis toujou nan travay predikasyon an fè eksperyans lan.

17. Pou nou montre jan sa bon pou nou itilize Labib nan ministè nou, bay yon eksperyans pèsonèl oswa rezime sa yo rapòte nan paragraf la.

17 Pa egzanp, men ki sa yon siveyan itineran te ekri : “ Gen yon bon kantite frè ak sè kounye a ki kenbe Bib yo nan men yo lè y ap preche kay an kay. Sa ede pwoklamatè yo pou yo li yon vèsè ak anpil nan moun yo rankontre. Sa ede ni pwoklamatè a ni mèt kay la pou yo plis sonje Labib lè y ap reflechi sou travay predikasyon nou an, olye pou yo ta sonje liv ak jounal nou konn kite nan men yo. ” Natirèlman, pou nou kenbe Bib la nan men nou lè nou nan predikasyon, sa depann de sitiyasyon yo, tankou koutim kote nou ye a. Toutfwa, nou vle gen repitasyon moun ki sèvi ak Pawòl Bondye a ak ladrès pou konvenk moun aksepte mesaj Wayòm nan.

Konsidere ministè a menm jan Bondye konsidere l

18, 19. a) Ki jan Bondye konsidere ministè nou an, e poukisa nou dwe kiltive menm pwennvi avè l ? b) Ki sa k ap ede nou jwenn bon rezilta lè n ap fè vizit ? (gade kare “ Fason pou nou jwenn bon rezilta lè n ap fè vizit ” ki parèt nan paj 14 la.)

18 Yon lòt fason pou nou touche kè moun ki koute nou yo, se lè nou konsidere ministè a menm jan Jewova konsidere l e lè nou montre nou pasyan. Volonte Bondye se pou tout kalite moun “ rive jwenn yon konesans egzak sou laverite ”. (1 Timote 2:3, 4.) Èske se pa sa nou ta renmen ? Epitou, Jewova pasyan, e pasyans li ofri anpil moun opòtinite pou yo rive repanti (2 Pyè 3:9). Donk, lè nou rankontre yon moun ki dispoze koute mesaj Wayòm nan, li gendwa vin nesesè pou nou pase, pou nou repase, yon fason pou nou kiltive enterè a. Sa mande tan ak pasyans pou nou wè grenn verite yo grandi (1 Korentyen 3:6). Nan kare “ Fason pou nou jwenn bon rezilta lè n ap fè vizit ” ki mache ak atik sa a, n ap jwenn kèk sijesyon ki kapab ede nou devlope yon enterè konsa. Pa bliye sa, lavi moun yo, pwoblèm yo ak sitiyasyon yo, tout tan ap chanje. Sa ka mande anpil efò pou nou jwenn moun yo lakay yo, men sa vo lapèn. Nou vle ba yo yon okazyon pou yo tande mesaj delivrans Bondye a. Donk, annou priye Jewova pou li ban nou sajès pou nou devlope ladrès pou konvenk moun nan travay n ap fè pou nou ede yo aksepte mesaj Wayòm nan.

19 Yon fwa nou jwenn yon moun ki vle koute mesaj Wayòm nan pi plis toujou, antanke travayè kretyen, ki lòt bagay nou ka fè ? Atik ki vin apre a pral ede nou nan sans sa a.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Pou plis enfòmasyon toujou sou jan pou nou konvenk moun, gade leson 48 ak 49 nan liv Tirez profit de l’École du ministère théocratique la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki sa k te fè defans Pòl te prezante devan wa Agripa a te efikas ?

• Ki jan mesaj nou an kapab touche kè moun ?

• Ki sa k ka ede nou byen sèvi ak Pawòl Bondye a pou nou rive touche kè moun ?

• Ki jan nou kapab gen menm pwennvi ak Bondye sou ministè a ?

[Kesyon]

[Kare/Foto nan paj 14]

Fason pou nou jwenn bon rezilta lè n ap fè vizit

• Enterese toutbonvre nan moun yo.

• Chwazi yon sijè enteresan pou w pale ak moun yo.

• Nan chak vizit, poze baz pou pwochen vizit la.

• Kontinye panse ak moun nan lè w fin ale.

• Retounen rapid pou w ka kenbe enterè a, petèt nan demen oswa apre demen.

• Pa bliye sa : objektif ou se kòmanse yon etid biblik.

• Priye Jewova pou l ka fè enterè a grandi.

[Foto nan paj 13]

Pòl te sèvi ak ladrès pou konvenk moun lè l te devan gouvènè Festis ak wa Agripa.