Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

‘ Manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ’

‘ Manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ’

‘ Manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ’

“ Fè tout posib ou pou w prezante tèt ou devan Bondye antanke moun li apwouve, yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman. ” — 2 TIMOTE 2:15.

1, 2. a) Poukisa yon travayè bezwen gen zouti ? b) Nan ki travay kretyen yo okipe, e ki jan yo ka montre y ap chèche Wayòm nan an premye ?

YON travayè bezwen gen zouti pou l fè travay li byen. Men, annik gen nenpòt ki zouti pa sifi. Travayè a bezwen gen zouti ki apwopriye, e li dwe itilize yo kòrèkteman. Pa egzanp, si pandan w ap konstwi yon ti depo, ou vle kloure de planch ansanm, genyen yon mato ak kèk klou pa sifi. Fòk ou konnen ki jan pou w kloure yon klou nan yon bwa san klou a pa kwochi. Eseye kloure san w pa konn ki jan yo kenbe yon mato kapab trè difisil, e sa ka menm fè w enève. Men, lè nou byen sèvi ak zouti nou genyen, sa ede nou fè travay nou byen, e n ap satisfè.

2 Antanke kretyen, nou gen yon travay pou nou fè. Se travay ki pi enpòtan ki egziste. Jezi Kris te rekòmande disip li yo pou yo ‘ chèche wayòm nan an premye ’. (Matye 6:33.) Ki jan nou ka fè sa ? Yon premye fason, se lè nou zele nan travay predikasyon Wayòm nan ak nan travay fè disip la. Yon dezyèm fason, se lè nou byen baze ministè nou sou Pawòl Bondye a. Yon twazyèm fason, se lè nou gen bon konduit (Matye 24:14 ; 28:19, 20 ; Travay 8:25 ; 1 Pyè 2:12). Pou nou ka efikas nan travay nou genyen an antanke kretyen e pou nou ka jwenn kè kontan, nou bezwen gen bon zouti, e nou bezwen konn ki jan pou nou byen sèvi avèk yo. Nan sans sa a, apot Pòl kite yon bèl egzanp antanke yon kretyen ki travay di, e li te ankouraje lòt kretyen yo pou yo imite l (1 Korentyen 11:1 ; 15:10). Kidonk, ki sa nou ka aprann nan egzanp Pòl, konpayon travay nou an ?

Pòl, yon pwoklamatè Wayòm nan ki zele

3. Sa k fè nou ka di apot Pòl te konn travay avèk zèl pou Wayòm nan ?

3 Ki jan Pòl te konn travay ? Pa gen dout sou sa, li te yon moun ki zele. Pòl te depanse anpil enèji pou l gaye bon nouvèl la anpil kote nan zòn Meditèrane a. Apot sa a ki pa t janm bouke te bay rezon ki fè li chofe nan predikasyon Wayòm nan. Men sa l te di : “ Si kounye a m ap anonse bon nouvèl la, se pa yon rezon pou m glorifye tèt mwen, paske se yon obligasyon yo fè m. Wi, se malè m si mwen pa t anonse bon nouvèl la ! ” ​(1 Korentyen 9:16). Èske se vi pa l sèlman Pòl te vle sove ? Non. Li pa t yon moun ki te wè tèt li sèlman. Okontrè, li te vle pou lòt moun tou benefisye bon nouvèl la. Men sa l te ekri : “ Mwen fè tout bagay akoz bon nouvèl la yon fason pou m ka pataje l ak lòt moun. ” — 1 Korentyen 9:23.

4. Ki zouti travayè kretyen yo bay plis enpòtans ?

4 Apot Pòl se te yon travayè modès ki te konprann li pa ka konte inikman sou kapasite l. Menm jan yon ebenis bezwen yon mato, Pòl te bezwen yon zouti ki apwopriye pou l fè verite Bondye a antre nan kè moun ki t ap koute l yo. Ak ki zouti li te sitou sèvi ? Li te sèvi ak Pawòl Bondye a, Ekriti Sakre yo. Menm jan an tou, nou sèvi ak tout Labib kòm premye zouti pou nou fè disip.

5. Anplis de site vèsè, ki lòt bagay n ap bezwen fè pou nou kapab vin minis ki efikas ?

5 Pòl te konnen manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman mande plis pase site vèsè. Li te konn fè yon fason pou l “ konvenk ” moun yo (Travay 28:23). Ki jan l te konn fè sa ? Ebyen, Pòl te konn byen sèvi ak sa ki te ekri nan Pawòl Bondye a pou l konvenk anpil moun pou yo aksepte verite Wayòm nan. Li te konn rezone avèk yo. Nan yon sinagòg nan Efèz, Pòl te fè twa mwa ap ‘ fè diskou e li te pale yon fason pou l konvenk moun yo konsènan wayòm Bondye a ’. Pandan ‘ kèk ladan yo t ap fè tèt di e yo pa t kwè ’, gen lòt ki te koute. Kòm rezilta ministè Pòl nan Efèz, “ pawòl Jewova a te kontinye etann li e se li ki te gen plis fòs. ” — Travay 19:8, 9, 20.

6, 7. Ki jan Pòl te onore ministè l, e ki jan nou ka fè menm jan avè l ?

6 Antanke pwoklamatè zele, Pòl te ‘ onore ministè l ’. (Women 11:13.) Ki jan l te fè sa ? Li pa t chèche mete tèt li annavan, ni li pa t wont dèske moun te konnen l kòm yon konpayon travay Bondye. Okontrè, li te konsidere ministè l kòm pi gwo onè yo te ka fè l. Pòl te manyen Pawòl Bondye a byen e li te fè sa avèk efikasite. Bon rezilta li te jwenn nan travay li te bay lòt moun ankourajman, e sa te pouse yo akonpli ministè pa yo pi plis toujou. Nan fason sa a tou, li te onore ministè l.

7 Antanke minis, nou kapab onore travay nou an, menm jan ak Pòl, lè nou sèvi ak Pawòl Bondye a souvan e avèk efikasite. Nan tout aspè nan ministè nou, nou ta dwe gen objektif pou nou pataje yon pwen ki soti nan Bib la ak kantite moun nou kapab. Kòman nou ka fè sa pou nou konvenk moun yo ? Men twa fason enpòtan nou ka fè sa : 1) Dirije atansyon moun yo sou Pawòl Bondye a yon fason pou yo gen respè pou li. 2) Esplike epi aplike avèk tak sa Bib la di. 3) Sèvi ak Ekriti yo pou nou rezone yon fason ki konvenkan.

8. Ki zouti nou genyen jodi a nan travay predikasyon Wayòm nan, e kòman w sèvi avè yo ?

8 Pwoklamatè Wayòm yo jodi a gen zouti Pòl li menm pa t genyen. Yo gen liv, peryodik, bwochi, fich envitasyon, feyè, kasèt odyo ak kasèt videyo. Nan kòmansman syèk ki sot pase a, yo te konn itilize kat pou bay temwayaj, yo te konn sèvi ak fonograf, machin ki gen opalè sou tèt yo e yo te konn fè emisyon nan radyo. Natirèlman, Bib la se pi bon zouti nou genyen, yon zouti ki endispansab, e n ap bezwen sèvi avè l kòrèkteman.

Ministè nou dwe baze sou Pawòl Bondye a

9, 10. Konsènan jan pou nou sèvi ak Pawòl Bondye a, ki sa nou ka aprann nan konsèy Pòl te bay Timote a ?

9 Kòman nou kapab itilize Pawòl Bondye a avèk efikasite ? Se lè nou koute pawòl Pòl te di konpayon travay li Timote lè l te di l : “ Fè tout posib ou pou w prezante tèt ou devan Bondye antanke moun li apwouve, yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont, ki manyen pawòl verite a kòrèkteman. ” ​(2 Timote 2:15). Ki sa sa enplike “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ” ?

10 “ Manyen kòrèkteman ” tradui yon mo grèk ki vle di literalman “ koupe dwat ” oubyen “ trase yon chemen tou dwat ”. Se sèl nan konsèy Pòl bay Timote la a mo sa a parèt nan Ekriti grèk yo. Yo ka sèvi ak menm mo sa a pou yo pale de yon moun k ap trase yon siyon tou dwat nan yon jaden. Yon kiltivatè ki gen anpil eksperyans t ap wont kanmenm si l ta trase yon siyon ki kwochi. Pawòl sa a fè Timote sonje, pou l kapab “ yon ouvriye ki pa gen anyen pou l wont ”, li pa ta dwe ekate l de ansèyman veridik ki gen nan Pawòl Bondye a. Timote pa t dwe kite pwennvi pèsonèl li enfliyanse ansèyman l lan. Li ta dwe baze predikasyon l ak ansèyman l sou Ekriti yo san mank (2 Timote 4:2-4). Nan fason sa a, moun ki gen kè sensè yo t ap ka vin gen menm panse ak Jewova, olye pou yo ta adopte filozofi monn nan (Kolosyen 2:4, 8). Se menm bagay la jodi a.

Nou dwe gen bon konduit

11, 12. Ki rapò konduit nou genyen ak manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ?

11 Nou dwe fè plis pase manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman etan n ap pwoklame verite ki ladan l yo. Nou dwe konfòme konduit nou avèk li. “ Nou se konpayon travay Bondye ”, donk nou pa dwe ouvriye ipokrit (1 Korentyen 3:9). Men sa Pawòl Bondye a di : “ Men, ou menm moun k ap anseye lòt moun, ou pa anseye tèt ou ? Ou menm moun k ap preche : ‘ Pa vòlè ’, w ap vòlè ? Ou menm moun k ap di : ‘ Pa komèt adiltè ’, w ap komèt adiltè ? Ou menm moun ki montre ou gen degoutans pou zidòl, w ap piye tanp yo ? ” ​(Women 2:21, 22). Kidonk, antanke ouvriye Bondye nan epòk modèn nan, youn nan fason nou ka manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman, se lè nou koute konsèy sa a : “ Mete konfyans ou nan Jewova ak tout kè w epi pinga w apiye sou pwòp entèlijans ou. Nan tout wout ou, sonje li la, epi li menm l ap fè chemen w yo dwat pou ou. ” — Pwovèb 3:5, 6.

12 Ki rezilta nou ka espere si nou manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman ? Gade ki pouvwa sa ki ekri nan Pawòl Bondye a kapab genyen nan lavi moun ki gen kè sensè yo.

Pawòl Bondye a gen pouvwa pou l transfòme moun

13. Ki sa obeyi Pawòl Bondye a ka fè lakay yon moun ?

13 Lè moun yo aksepte obeyi mesaj ki gen nan Pawòl Bondye a, li egzèse yon enfliyans pisan ki ede yo fè gwo chanjman nan lavi yo. Pòl te wè Pawòl Bondye a ann aksyon e li te temwen bon efè li te genyen sou moun ki te vin kretyen yo nan Tesalonik. Men sa l te di yo : “ Nou menm tou, se toutan n ap remèsye Bondye, paske lè nou menm nou te resevwa pawòl Bondye nou te fè nou tande a, nou pa t aksepte li kòmsi se pawòl lèzòm, men pou sa li ye vrèman an, kòm pawòl Bondye k ap travay tou nan nou menm kwayan. ” ​(1 Tesalonisyen 2:13). Pou kretyen sa yo, ni pou tout vrè disip Kris, pa gen konparezon posib ant ti rezònman raz lèzòm ap fè ak kokennchenn sajès Bondye genyen (Izayi 55:9). Tesalonisyen yo te “ aksepte pawòl la nan mitan yon pakèt tribilasyon avèk jwa lespri sen an ” e yo te tounen egzanp pou lòt kwayan. — 1 Tesalonisyen 1:5-7.

14, 15. Ki pouvwa mesaj ki nan Pawòl Bondye a genyen, e sa k fè sa ?

14 Pawòl Bondye a dinamik, menm jan ak Sous li, Jewova. Li soti nan “ Bondye vivan an ”, li menm ki ‘ fè syèl la ’ pa mwayen pawòl li, e li menm pawòl li toujou ‘ reyisi nan sa l voye l fè a ’. (Ebre 3:12 ; Sòm 33:6 ; Izayi 55:11.) Men ki kòmantè yon biblis fè : “ Bondye pa depaman ak Pawòl li. Li pa nye l tankou se yon bagay ki etranj pou li. [...] Donk, se pa janm yon pawòl ki mouri, ki ensansib ak sa yo fè avè l, paske pawòl la makònen ak Bondye vivan an. ”

15 Ki pouvwa mesaj ki soti nan Pawòl Bondye a genyen ? Li gen yon pouvwa estrawòdinè. Nan sans sa a, men sa Pòl te ekri : “ Pawòl Bondye a vivan e li gen pouvwa, li pi file pase yon epe ki file de bò epi li pèse fon jis li separe nanm nan ak lespri a, jwenti yo ak mwèl yo, e li kapab disènen lide ak entansyon ki nan kè a. ” — Ebre 4:12.

16. Jis nan ki pwen Pawòl Bondye a ka chanje yon moun ?

16 Mesaj ki nan Pawòl Bondye a “ pi file pase yon epe ki file de bò ”. Donk, li gen yon pouvwa estrawòdinè pou l antre nan yon moun, e li depase nenpòt enstriman, nenpòt zouti lèzòm fè. Pawòl Bondye a pèse antre fon nan moun nan e li ka chanje moun sa a pa anndan, modifye fason l panse, bagay li renmen, e li ka fè moun sa a tounen yon ouvriye ki gen kalite Bondye apwouve. Ala yon gwo zouti !

17. Esplike pouvwa Pawòl Bondye a genyen pou l transfòme moun.

17 Pawòl Bondye a devwale sa yon moun ye nan fon kè l an konparezon ak sa li panse li ye oswa sa li lese lòt moun konprann li ye (1 Samyèl 16:7). Menm yon moun ki mechan kapab pafwa kache kiyès li ye, l ap pran pòz bon moun li oswa l ap pran pòz li gen atachman pou Bondye. Moun ki mechan yo kapab degize an moun debyen nan move entansyon. Moun ki ògeye fè kòmsi yo gen imilite pou lòt moun ka admire yo. Sepandan, piske Pawòl Bondye a devwale sa ki nan kè yon moun, ak anpil fòs li ka pouse yon moun ki enb retire ansyen pèsonalite a pou l “ abiye ak nouvo pèsonalite a ki te kreye selon volonte Bondye nan yon jistis ak yon fidelite ki vrè ”. (Efezyen 4:22-24.) Ansèyman ki nan Pawòl Bondye a kapab transfòme moun ki timid yo tou pou fè yo tounen Temwen Jewova ki gen kran e ki zele nan predikasyon. — Jeremi 1:6-9.

18, 19. Selon paragraf sa yo oswa selon eksperyans pa w, montre ki jan verite ki nan Pawòl Bondye a ka chanje atitid yon moun.

18 Pouvwa Pawòl Bondye a gen efè sou moun toupatou. Pa egzanp, nan peyi Kanbòj, pwoklamatè nan yon zòn ki rele Phnom Penh te konn preche de fwa pa mwa nan yon pwovens ki rele Kompong Cham. Apre yon dam, ki se yon pastorès, te fin tande lòt pastè yo k ap pale Temwen Jewova yo mal, dam nan te deside rankontre Temwen Jewova yo pwochèn fwa yo vin nan zòn nan. Li sènen yo anba kesyon konsènan fèt moun pa dwe fete, epi li byen koute rezònman yo fè avè l sou vèsè ki nan Bib la. Alafen, men sa dam nan di : “ Kounye a mwen wè sa lòt pastè yo ap plede di sou nou yo se manti ! Yo pretann nou pa sèvi ak Bib la, men maten an, se avè l sèlman nou sèvi ! ”

19 Dam sa a te kontinye rankontre Temwen Jewova yo. Byenke yo te menase l y ap radye l kòm pastorès, li pa t kite menas sa yo fè l sispann. Li te pale de diskisyon biblik li te fè yo ak yon zanmi l ki, li menm tou, te vin kòmanse etidye Labib ak Temwen yo. Zanmi an vin tèlman renmen sa l aprann yo, yon lè, pandan l ap asiste youn nan sèvis legliz li abitye ale a òganize, li di byen fò : “ Vin etidye Labib ak Temwen Jewova yo ! ” Yon ti tan apre, ansyen pastorès la, ansanm ak lòt moun ankò, te kòmanse etidye Labib ak Temwen Jewova yo.

20. Ki jan eksperyans yon dam nan peyi Gana montre pouvwa Pawòl Bondye a genyen ?

20 Pouvwa Pawòl Bondye a parèt tou nan egzanp Paulina, yon dam nan peyi Gana. Yon pwoklamatris a plen tan t ap etidye Labib avè l nan liv Konesans k ap mennen nan lavi etènèl la *. Paulina te gen yon mari poligam, e li te vin wè nesesite pou l chanje sitiyasyon l. Men, mari l ansanm ak tout fanmi l te opoze avèk vyolans. Granpapa l, yon jij nan Tribinal Siprèm nan peyi sa a, e anmenmtan yon ansyen nan Legliz li, te mal entèprete Matye 19:4-6 nan entansyon pou l dekouraje l. Jij la t ap pale avèk otorite, men Paulina pa t pran tan pou l te rann li kont sa sanble ak lè Satan t ap defòme Ekriti yo lè l t ap tante Jezi Kris (Matye 4:5-7). Li vin sonje deklarasyon klè Jezi te fè konsènan maryaj lè l te di Bondye te kreye yon mal ak yon femèl, men li pa t kreye yon mal ak plizyè femèl, e yo toule de, se pa toule twa non, yo toule de ta dwe vin yon sèl chè. Li kenbe desizyon l byen fèm e finalman li te rive divòse sot nan maryaj poligam nan. Yon ti tan apre, li vin yon pwoklamatris batize k ap viv ak kè kontan.

Kontinye manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman

21, 22. a) Antanke pwoklamatè Wayòm nan, ki detèminasyon nou vle genyen ? b) Ki sa nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

21 Pawòl Bondye a se reyèlman yon zouti ki pisan nou gen nan men nou pou nou ede lòt moun pote chanjman nan lavi yo yon fason pou yo ka pwoche bò kote Jewova (Jak 4:8). Menm jan travayè ki abil sèvi ak zouti yo pou yo remèt bon travay, nou swete se detèminasyon nou, antanke pwoklamatè Wayòm nan, pou nou fè gwo efò pou nou sèvi ak Labib, Pawòl Bondye a, avèk ladrès nan travay Bondye ban nou an.

22 Ki jan nou ka manyen Ekriti yo ak plis efikasite toujou nan travay fè disip nou an ? Yon fason nou ka fè sa se lè nou devlope kapasite nou antanke anseyan ki konn konvenk moun. Tanpri, egzamine atik ki vin apre a, paske li gen sijesyon ki montre fason nou ka anseye e fason nou ka ede lòt moun pou yo aksepte mesaj Wayòm nan.

[Nòt anba paj]

^ § 20 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Ki zouti pwoklamatè Wayòm yo gen nan men yo ?

• Ki jan Pòl te montre li se yon egzanp antanke travayè Wayòm nan ?

• Ki sa manyen Pawòl Bondye a kòrèkteman gen ladan l ?

• Ki pouvwa Pawòl Jewova a genyen ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 8]

Kèk zouti kretyen yo itilize nan travay predikasyon Wayòm nan.