Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Montre nou rekonesan ”

“ Montre nou rekonesan ”

“ Montre nou rekonesan ”

“ Kite lapè Kris la dirije kè nou [...]. Epi montre nou rekonesan. ” — KOLOSYEN 3:15.

1. Ki diferans nou remake ant kongregasyon Temwen Jewova yo ak monn ki sou kontwòl Satan an ?

NAN 94 600 kongregasyon Temwen Jewova ki gen nan lemonnantye, nou jwenn yon etadespri rekonesan. Chak reyinyon kòmanse ak yon priyè, e li fini ak yon priyè ki gen pawòl remèsiman pou Jewova. Souvan nou tande moun di “ mèsi ”, “ pa gen pwoblèm ”, oswa lòt ekspresyon ki sanble ak sa yo nan bouch ni jèn ni granmoun, ni moun ki nouvo ni moun ki Temwen depi lontan. Yo fè sa pandan y ap adore Jewova ansanm e pandan y ap jwi konpayi youn lòt ak kè kontan (Sòm 133:1). Sa vrèman depaman ak etadespri egoyis k ap domine nan mitan anpil moun ‘ ki pa konnen Jewova ak moun ki pa obeyi bon nouvèl la ’ ! (2 Tesalonisyen 1:8.) Monn n ap viv ladan l lan san rekonesans, e sa pa etonan lè nou konsidere kiyès ki dye monn sa a, Satan Ledyab, li menm ki pi gwo pwomotè etadespri egoyis la, li menm ki anvayi sosyete a ak etadespri ògeye l genyen an, ak atitid rebèl li a ! — Jan 8:44 ; 2 Korentyen 4:4 ; 1 Jan 5:19.

2. Ki avètisman nou bezwen koute e ki kesyon nou pral egzamine ?

2 Piske nou nan mitan monn Satan an, nou bezwen fè atansyon pou nou pa kite atitid monn nan kòwonp nou. Nan premye syèk la, apot Pòl te raple kretyen Efèz yo pwen sa yo : “ Te gen yon lè [...] nou t ap mache selon sistèm de choz monn sa a, selon chèf otorite lè a, tandans k ap aji kounye a nan pitit dezobeyisans yo. Wi, pami yo, te gen yon lè nou tout te konn aji ann amoni avèk dezi lachè nou, nou te konn fè yon seri bagay ni lachè ni lide te vle nou fè, e natirèlman nou te pitit kòlè, wi, menm jan ak lòt yo. ” ​(Efezyen 2:2, 3). Se menm bagay la tou pou anpil moun jodi a. Nan ka sa a, ki jan nou ka kontinye kenbe yon etadespri rekonesan ? Ki èd Jewova bay ? Ki fason pratik nou ka demontre nou reyèlman rekonesan ?

Rezon pou nou rekonesan

3. Pou ki bagay nou rekonesan anvè Jewova ?

3 Nou dwe montre nou rekonesan anvè Jewova Dye, Kreyatè nou an, li menm ki ban nou lavi, sitou lè n ap reflechi sou kèk nan pakèt kado li vide sou nou (Jak 1:17). Chak jou, nou remèsye Jewova dèske nou vivan (Sòm 36:9). Toutotou nou, nou wè yon pakèt prèv ki montre travay Jewova fè, tankou solèy la, lalin nan ak zetwal yo. Planèt nou an chaje ak rezèv mineral pou kenbe lavi a. Atmosfè a gen yon melanj gaz esansyèl ki byen balanse. Tout bagay sa yo ansanm ak pil fenomèn sik natirèl byen konplike yo bay temwayaj sou dèt nou genyen pou Papa nou ki nan syèl la ki renmen nou an. Wa David te chante chan sa a : “ Ou menm, ou fè anpil bagay, o Jewova Bondye mwen an, wi, bèl mèvèy ou yo ak panse ou genyen pou nou yo. Nanpwen pèsonn ki ka konpare avè w. Si mwen ta vle di yo e pale de yo, yo vin pi plis pase sa mwen kapab rakonte. ” — Sòm 40:5.

4. Poukisa nou ta dwe remèsye Jewova pou bèl anbyans nou jwenn nan kongregasyon nou yo ?

4 Menmsi sèvitè Jewova yo jodi a pap viv nan yon paradi literal, yo byen kontan ap viv nan yon paradi espirityèl. Nan Sal Wayòm nou yo e nan kongrè nou òganize yo, nou rann nou kont fwi lespri Bondye a ap aji nan konpayon nou yo. An reyalite, gen kèk Temwen, lè y ap preche moun ki pa konn anpil bagay nan zafè relijyon oswa ki pa janm nan relijyon, yo sèvi ak sa Pòl te dekri nan lèt li te voye bay Galat yo. Pou kòmanse, yo atire atansyon sou “ zèv lachè a ” e yo mande moun k ap koute yo ki sa yo remake (Galat 5:19-23). Pifò nan yo rekonèt tousuit se konsa bagay yo ye nan sosyete jounen jodi a. Anpil moun, lè yo fin dekri fwi lespri Bondye a ba yo, e yo jwenn envitasyon pou y ale nan Sal Wayòm ki bò lakay yo pou yo verifye pèsonèlman fason fwi lespri a aji, yo pa pran tan pou yo rekonèt “ Bondye reyèlman pami nou ”. (1 Korentyen 14:25.) E se pa nan Sal Wayòm ki bò lakay nou sèlman nou wè sa. Kèlkeswa kote nou ale, pami plis pase sis milyon Temwen Jewova yo, nou jwenn menm anbyans kè kontan an. Vrèmanvre, yon anbyans konsa k ap bati moun se yon rezon pou nou remèsye Jewova, li menm ki rann sa posib grasa lespri li. — Sefànya 3:9 ; Efezyen 3:20, 21.

5, 6. Ki jan nou ka montre nou rekonesan pou ranson an, pi gwo kado Bondye bay la ?

5 Kado ki pi gwo e ki pi bon nèt Jewova bay se Jezi, Pitit li a, e se pa mwayen li menm Bondye te bay sakrifis ranson an. Men sa apot Jan te ekri : “ Si se konsa Bondye renmen nou, alò nou menm nou oblije renmen nou youn lòt. ” ​(1 Jan 4:11). Wi, non sèlman nou demontre rekonesans nou pou ranson an pa mwayen lanmou nou ak rekonesans nou pou Jewova, men tou, nou fè sa lè nou demontre nan lavi nou nou renmen lòt moun. — Matye 22:37-39.

6 Nou ka aprann demontre rekonesans nou plis toujou lè nou egzamine fason Jewova te konn trete pèp Izrayèl nan tan lontan an. Jewova te bay pèp la anpil leson pa mwayen Lalwa li te bay Moyiz pou l transmèt bay nasyon an. Grasa “ chapant konesans lan ak chapant verite ki nan Lalwa a ”, nou ka aprann anpil bagay k ap ede nou suiv yon konsèy Pòl te bay, kote l te di : “ Montre nou rekonesan. ” — Women 2:20 ; Kolosyen 3:15.

Twa leson ki soti nan Lalwa Moyiz la

7. Ki jan dispozisyon ladim nan te bay Izrayelit yo posiblite pou yo demontre rekonesans yo pou Jewova ?

7 Nan Lalwa Moyiz la, Jewova te bay twa fason ki t ap pèmèt Izrayelit yo montre bonjan rekonesans yo genyen pou bonte li. Premyèman, te gen dispozisyon ladim nan. Yon dizyèm nan sa tè a pwodui, ansanm ak yon ‘ bèt sou chak dis bèt, gwo kou piti, ’ te dwe vin ‘ yon bagay sakre pou Jewova ’. (Levitik 27:30-32.) Lè Izrayelit yo te obeyi, Jewova te beni yo anpil. “ ‘ Pote tout dizyèm yo nan magazen an, pou vin gen manje nan kay mwen an. Epi silvouplè, teste m sou kesyon sa a ’, se sa Jewova chèf lame yo di, ‘ pou wè si m pap ouvri vàn syèl la pou nou, e si m pap vide yon benediksyon sou nou toutbonvre jiskaske pa gen nesesite ankò. ’ ” — Malaki 3:10.

8. Ki diferans ki te genyen ant ofrann volontè ak ladim ?

8 Dezyèmman, anplis egzijans ladim nan, Jewova te pran dispozisyon pou Izrayelit yo fè ofrann volontè. Men sa l te mande Moyiz pou l di Izrayelit yo : “ Kou nou antre nan peyi kote m ap mennen nou an, men sa k dwe rive tou : lè n ap manje nenpòt pen ki gen nan peyi a, nou dwe fè yon ofrann pou Jewova. ” Yo te dwe ofri ‘ gato ki gen fòm kouwòn ki soti nan premye pòsyon nan gwo farin yo kòm ofrann pou Jewova ’ nan tout jenerasyon yo. N ap remake yo pa t presize ki kantite nan premye fwi sa yo pou yo te ofri (Nonb 15:18-21). Men, lè Izrayelit yo te konn fè ofrann aksyondegras, yo te sèten yo t ap jwenn benediksyon nan men Jewova. Nou jwenn yon aranjman menm jan an ki gen rapò ak tanp ki nan vizyon Ezekyèl la. Men sa nou li : “ Premye fwi nan tout premye fwi mi nan tout bagay e tout kontribisyon nan tout bagay pami tout kontribisyon nou yo, se pou prèt la y ap ye. E premye pòsyon nan gwo farin nou yo, nou dwe bay prèt la l pou benediksyon ka poze sou kay nou. ” — Ezekyèl 44:30.

9. Ki ansèyman Jewova te bay pa mwayen dispozisyon grapiyay la ?

9 Twazyèmman, Jewova te pran dispozisyon sou kesyon grapiyay la. Men enstriksyon Bondye te bay : “ Lè n ap ranmase rekòt nan peyi nou, ou pa dwe ranmase sa k nan lizyè jaden w lan nèt, epi ou pa dwe ranmase grapiyay rekòt ou a. Epitou, ou pa dwe ranmase sa k rete nan jaden rezen w lan e ou pa dwe ranmase ti grap pasipala ki nan jaden rezen w lan. Ou dwe kite yo pou moun ki aflije a e pou rezidan etranje a. Mwen se Jewova, Bondye nou an. ” ​(Levitik 19:9, 10). La ankò, yo pa t egzije yon kantite presi. Se chak Izrayelit ki te dwe deside ki kantite pou l kite pou moun ki nan nesesite. Men esplikasyon ki byen tonbe Salomon, yon wa ki saj, te bay : “ Moun ki fè piti a favè, se prete li prete Jewova, e jan l trete l la, L ap remèt li l. ” ​(Pwovèb 19:17). Kidonk, Jewova te anseye moun pou yo gen konpasyon ak konsiderasyon pou moun afè pa bon yo.

10. Ki konsekans sa te genyen pou Izrayelit yo lè yo pa t montre yo rekonesan ?

10 Jewova te beni Izrayelit yo lè yo te obeyi nan pote ladim, lè yo te bay ofrann volontè, e lè yo te bay pòv yo kichòy. Men, lè Izrayelit yo pa t montre yo rekonesan, yo te pèdi favè Jewova. Sa te mennen yo nan dezas, e finalman yo te egzile yo (2 Kwonik 36:17-21). E nou menm, ki leson nou ka tire nan sa ?

Fason nou eksprime rekonesans nou

11. Ki prensipal fason nou ka montre rekonesans nou pou Jewova ?

11 Prensipal fason nou ka louwe Jewova e nou ka eksprime rekonesans nou gen ladan l yon “ ofrann ” menm jan an tou. Se vre, antanke kretyen, nou pa anba Lalwa Moyiz la pou n ta oblije ap ofri bèt oswa danre an sakrifis (Kolosyen 2:14). Sepandan, men ankourajman apot Pòl te bay kretyen ebre yo : “ Annou toujou ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi ki sot nan bouch nou ki fè yon deklarasyon piblik pou non li. ” ​(Ebre 13:15). Nou ka di Jewova Dye, Papa nou ki nan syèl la e ki renmen nou an, mèsi ak tout kè nou lè nou sèvi ak kapasite nou ak byen nou pou nou ba li yon sakrifis louwanj, kit se nan predikasyon, kit se ‘ pami foul kretyen ki rasanble yo ’. (Sòm 26:12.) Toutpandan n ap fè sa, ki sa nou ka aprann nan fason Izrayelit yo te dwe eksprime rekonesans yo pou Jewova ?

12. Anrapò ak responsablite nou antanke kretyen, ki sa nou ka aprann nan dispozisyon ladim nan ?

12 Pou kòmanse, jan nou sot wè l la a, dispozisyon pou bay ladim nan se pa t yon dispozisyon pou yon moun suiv si l vle. Chak Izrayelit te gen yon obligasyon nan domèn sa a. Antanke kretyen, nou gen responsablite pou nou patisipe nan predikasyon e pou nou asiste reyinyon. Se pa yon kesyon de si nou vle. Men deklarasyon Jezi te fè nan gwo pwofesi konsènan tan lafen an : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:14 ; 28:19, 20). Konsènan reyinyon yo, apot Pòl te enspire pou l ekri pawòl sa yo : “ Annou voye je youn sou lòt, pou youn pouse lòt gen lanmou, pou youn pouse lòt fè bon zèv, pandan nou pap abandone reyinyon nou, jan se abitid kèk moun, men pou nou ankouraje youn lòt, vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche. ” ​(Ebre 10:24, 25). Nou montre rekonesans nou pou Jewova lè nou aksepte pran responsablite nou ak kè kontan pou nou preche, pou nou anseye e pou nou rasanble regilyèman ak frè nou nan reyinyon yo, etan nou konsidere sa kòm yon privilèj e kòm yon onè.

13. Ki leson nou jwenn nan dispozisyon pou fè ofrann volontè a ak dispozisyon grapiyay la ?

13 Anplis de sa, nou ka tire pwofi lè nou reflechi sou de lòt dispozisyon ki t ap pèmèt Izrayelit yo demontre rekonesans yo : dispozisyon ofrann volontè a ak dispozisyon grapiyay la. Kontrèman ak egzijans pou bay ladim nan ki te mande yon angajman presi, dispozisyon pou fè ofrann volontè ak dispozisyon grapiyay la pa t presize ki kantite egzak yo te dwe bay. Okontrè, dispozisyon sa yo te pèmèt yon sèvitè Jewova kite pwofondè rekonesans li gen nan kè l pouse l aji. Menm jan an tou, menmsi nou rekonèt patisipe nan predikasyon e asiste reyinyon se prensipal responsablite chak sèvitè Jewova, èske nou patisipe nan aktivite sa yo ak tout kè nou e ak tout volonte nou ? Èske nou konsidere aktivite sa yo kòm yon okazyon pou nou eksprime rekonesans nou ak tout kè nou pou tout sa Jewova fè pou nou ? Toutotan sitiyasyon nou pèmèt nou fè sa, èske nou patisipe afon nan aktivite sa yo ? Oswa, èske nou wè tout bagay sa yo kòm yon obligasyon nou sètoblije akonpli ? Natirèlman, kesyon sa yo se kesyon nou dwe reponn pèsonèlman. Men ki jan apot Pòl te esplike sa. Li di : “ Se pou chak moun teste sa travay li vo, e lè sa a l ap ka glorifye tèt li parapò a li menm poukont li e non nan konparezon ak lòt moun nan. ” — Galat 6:4.

14. Ki sa Jewova atann de nou nan sèvis n ap ba li ?

14 Jewova Dye byen konnen sitiyasyon nou. Li konn limit nou. Li bay sakrifis sèvitè l yo fè volontèman anpil valè, kit se gwo sakrifis, kit se ti sakrifis. Li pa atann li pou tout moun bay menm kantite a, bagay ki enposib. Lè apot Pòl t ap pale de don materyèl, men sa l te di kretyen Korent yo : “ Si volonte a la anvan, li aseptab sitou selon sa yon moun genyen, e non selon sa yon moun pa genyen. ” ​(2 Korentyen 8:12). Nou ka aplike prensip sa a tou nan sèvis n ap bay Bondye. Sa k fè sèvis nou an aseptab pou Jewova, se pa kantite nou bay la, men se fason nou bay li a, ak lajwa, e ak tout kè nou. — Sòm 100:1-5 ; Kolosyen 3:23.

Chèche gen lespri pyonye epi kenbe ladan l

15, 16. a) Ki rapò ki genyen ant sèvis pyonye ak rekonesans ? b) Ki jan moun ki pa kapab pyonye yo ka demontre yo gen lespri pyonye ?

15 Yon bon fason pou nou demontre rekonesans nou pou Jewova, se lè nou antre nan sèvis a plen tan. Anpil sèvitè Jewova ki vwe, kite lanmou pou Jewova ak rekonesans pou bonte li, bonte moun pa merite a, pouse yo pou yo fè gwo chanjman nan lavi yo pou yo jwenn plis tan pou yo sèvi Jewova. Gen ladan yo ki vin kapab sèvi kòm pyonye pèmanan, kote yo pase an mwayèn 70 èdtan chak mwa ap preche bon nouvèl la epi ap anseye moun yo laverite. Gen lòt moun petèt sitiyasyon yo pa pèmèt yo fè sa yo ta renmen. Moun sa yo, detanzantan, yo fè aranjman pou yo pase 50 èdtan nan yon mwa ap preche kòm pyonye oksilyè.

16 Men, e tout sèvitè Jewova sa yo ki pa ka sèvi ni kòm pyonye pèmanan, ni kòm pyonye oksilyè ? Yo ka demontre rekonesans yo etan yo chèche gen lespri pyonye, epi yo kenbe ladan l. Ki jan ? Se lè yo ankouraje moun ki ka pyonye, lè yo ede pwòp pitit yo gen anvi pou yo pousuiv yon karyè nan sèvis a plen tan, e lè yo patisipe avèk zèl nan predikasyon selon sitiyasyon yo. Sa nou fè nan ministè nou depann anpil de pwofondè rekonesans nou gen nan kè nou pou sa Jewova deja fè pou nou, sa l ap fè pou nou kounye a, e sa l gen pou l fè pou nou.

Demontre rekonesans nou ak ‘ bagay nou genyen ki gen valè ’

17, 18. a) Ki jan nou ka montre rekonesans nou avèk ‘ bagay nou genyen ki gen valè ’ ? b) Ki sa Jezi te di konsènan ofrann vèv la, e poukisa ?

17 Pwovèb 3:9 di nou pou nou ‘ onore Jewova avèk bagay nou genyen ki gen valè, e avèk premye fwi nan tout sa nou pwodui ’. Sèvitè Jewova yo pa bezwen peye ladim ankò. Okontrè, men sa Pòl te ekri kongregasyon Korent lan : “ Se pou chak moun fè jan l deside nan kè l, pou se pa ak regrè oswa nan fòse, paske Bondye renmen moun ki bay ak lajwa. ” ​(2 Korentyen 9:7). Nou ka demontre nou rekonesan lè nou fè ofrann volontè pou soutni travay predikasyon Wayòm nan nan lemonnantye. Rekonesans nou gen nan kè nou pouse nou fè sa regilyèman. Pa egzanp, nou ka mete yon ti bagay akote chak semèn tankou premye kretyen yo te konn fè sa. — 1 Korentyen 16:1, 2.

18 Se pa kantite nou bay la ki fè wè rekonesans nou genyen pou Jewova. Se pito etadespri ki pouse nou bay la. Se sa Jezi te remake lè l t ap gade moun yo ki t ap depoze don yo nan kòf trezò tanp lan. Lè Jezi wè yon malerèz ki vèv mete ‘ de ti pyès monnen ki prèske pa vo anyen nan kòf la ’ li di : “ An verite mwen di nou sa, vèv sa a, kwak li pòv, li mete plis pase tout moun. Paske tout moun sa yo met ofrann ki soti nan sa yo gen anplis, men dam sa a, nan nesesite li, li mete tout sa l te gen pou l viv. ” — Lik 21:1-4.

19. Poukisa li bon pou nou reegzamine fason nou demontre rekonesans nou ?

19 Nou swete pou egzamen sa a nou fè sou fason nou ka montre rekonesans nou pouse nou reegzamine fason nou konn fè sa. Èske petèt nou ka ogmante sakrifis louwanj nou pou Jewova ? Èske nou ka ogmante fason n ap soutni travay mondyal la nan domèn materyèl ? Si nou fè sa, nou mèt sèten Jewova, Papa nou ki renmen nou an e ki donan an, ap byen kontan dèske nou montre nou rekonesan.

Èske nou sonje ?

• Pou ki rezon nou dwe rekonesan anvè Jewova ?

• Ki leson nou aprann nan dispozisyon ladim nan, nan ofrann volontè yo ak nan grapiyay la ?

• Ki jan nou ka chèche gen lespri pyonye ?

• Ki jan nou ka sèvi ak ‘ bagay nou genyen ki gen valè ’ pou nou remèsye Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 28]

“ Tout bèl don ak tout kado ki bon nèt sot anlè. ”

[Foto nan paj 29]

Ki twa leson ki soti nan Lalwa yo montre nou la a ?

[Foto nan paj 31]

Ki sakrifis nou ka fè ?