Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Pran tout plezi w nan Jewova ”

“ Pran tout plezi w nan Jewova ”

“ Pran tout plezi w nan Jewova ”

“ Pran tout plezi w nan Jewova, e l ap ba ou sa kè w mande. ”— SÒM 37:4.

1, 2. Kiyès ki Sous vrè bonè a, e ki jan wa David te atire atansyon nou sou sa ?

“ BYENNERE moun ki konsyan yo pòv espirityèlman, [...] byennere moun ki gen mizèrikòd, [...] byennere moun ki pasifik. ” Selon sa evanjelis Matye rapòte, se avèk pawòl sa yo, ansanm ak sis lòt ekspresyon ki dekri moun ki byennere, Jezi te fè kokenn entwodiksyon nou jwenn nan selèb Sèmon sou montay la (Matye 5:3-11). Pawòl Jezi yo ban nou asirans li posib pou nou viv ak kè kontan.

Wa David te ekri yon sòm kote li dirije atansyon nou sou Jewova, li menm ki Sous vrè bonè a. Men sa l di : “ Pran tout plezi w nan Jewova, e l ap ba ou sa kè w mande. ” ​(Sòm 37:4). Men, ki sa k ka fè se yon “ plezi ” pou nou konnen Jewova e pou nou konnen divès fasèt nan pèsonalite li ? Ki jan, lè nou konsidere sa l fè ak sa l pral fè pou l akonpli pwogram li, sa ban nou posiblite pou nou jwenn ‘ sa kè nou mande ’ ? N ap jwenn repons lan lè nou byen analize Sòm 37, soti nan vèsè 1 rive nan vèsè 11.

“ Pa anvye moun ”

3, 4. Jan sa rapòte nan Sòm 37:1 an, ki konsèy David bay, e poukisa li ta bon pou nou suiv konsèy sa a jodi a ?

3 N ap viv nan “ tan ki di e ki difisil pou moun sipòte ”, e mechanste gaye toupatou. Apot Pòl te di : “ Mechan ak moun ki fè tèt yo pase pou sa yo pa ye gen pou vin pi mal pi plis toujou, y ap egare moun e y ap egare tèt yo. ” ​(2 Timote 3:1, 13). Nou wè pawòl sa yo ap reyalize anba je nou. Ala sa fasil pou n kite siksè ak pwosperite mechan yo sanble yo genyen an afekte nou ! Tout sa ka detounen atansyon nou, e sa ka lakòz vizyon espirityèl nou bwouye. Note ki jan pawòl nou jwenn nan kòmansman Sòm 37 la avèti nou sou danje sa a. Li di : “ Pa eksite akoz malfektè yo. Pa anvye moun k ap fè enjistis yo. ”

4 Chak jou, nan lemonnantye, laprès ap bonbade nou ak ka enjistis. Òm d afè malonèt ap fè fwod san yo pa peye konsekans lan. Malfektè ap eksplwate moun ki san defans. Asasen fin touye moun, yo pa dekouvri yo oswa yo pa sibi okenn pinisyon. Tout egzanp sa yo, kote yo pase lajistis anba pye, kapab soulve kòlè e sa ka fè lespri moun pa anpè. Siksè mechan yo swadizan jwenn nan ka menm fè lòt moun anvye yo. Men, èske si nou fache sa ap amelyore sitiyasyon an ? Èske anvye nou anvye swadizan avantaj mechan yo benefisye a ap chanje sa k ap tann yo pi devan ? Jamè ! Epi pa vrèman gen nesesite pou nou vin “ eksite ”. Poukisa ?

5. Poukisa yo konpare malfektè yo ak zèb ?

5 Men repons salmis la bay : “ Paske menm jan ak zèb y ap fennen byen vit, epi menm jan ak zèb vèt ki fèk ap pouse, y ap depafini. ” ​(Sòm 37:2). Zèb vèt ki fèk ap pouse ka parèt trè bèl, men yo pa pran tan pou yo fennen e pou yo mouri. Se menm bagay la pou malfektè yo. Swadizan pwosperite yo genyen an pa la pou toutan. Lè yo mouri, byen yo fè nan move kondisyon yo pap itil yo anyen. Finalman, tout moun ap jwenn santans yo avèk jistis. Men sa apot Pòl te ekri : “ Salè peche se lanmò. ” ​(Women 6:23). Finalman, malfektè yo ansanm ak tout moun k ap fè enjistis yo pral resevwa “ salè ” yo, epi anyen ankò. Vrèmanvre, fason y ap viv la pa pwofitab menm ! — Sòm 37:35, 36 ; 49:16, 17.

6. Ki leson nou ka tire nan Sòm 37:1, 2 ?

6 Nan ka sa a, èske n ta dwe santi nou twouble akoz pwosperite malfektè yo ap jwi pou yon tikras tan an ? Men leson nou jwenn nan de premye vèsè ki nan Sòm 37 la : pa kite siksè yo a fè w abandone chemen w te pran pou w sèvi Jewova a. Okontrè, rete konsantre sou benediksyon espirityèl yo ak sou objektif espirityèl yo. — Pwovèb 23:17.

“ Fè Jewova konfyans epi fè sa ki byen ”

7. Poukisa nou dwe mete konfyans nou nan Jewova ?

7 Salmis la egzòte nou pou nou ‘ fè Jewova konfyans e pou nou fè sa ki byen ’. (Sòm 37:3a.) Lè enkyetid oswa dout ap anvayi nou, nou bezwen mete konfyans nou nan Jewova yon fason fèm. Se Li menm ki pwomèt l ap bay yon sekirite espirityèl total. Men sa Moyiz te ekri : “ Nenpòt moun ki abite nan kachèt Trèwo a ap jwenn lojman anba lonbray Toupisan an. ” ​(Sòm 91:1). Lè ilegalite k ap ogmante nan sistèm de choz sa a soti pou twouble nou, nou bezwen apiye sou Jewova pi plis toujou. Si nou fè yon gwo antòs, n ap byen kontan jwenn yon zanmi pou n apiye sou li. Menm jan an tou, etan n ap fè efò pou nou mache nan chemen fidelite a, nou bezwen apiye sou Jewova. — Izayi 50:10.

8. Ki jan patisipasyon nou nan predikasyon ka ede nou pou n pa kite pwosperite mechan yo twouble nou twòp ?

8 Si nou santi nou twouble akoz mechan yo k ap pwospere, remèd la se rete okipe nan chèche moun ki sanble ak mouton epi ede yo vin gen yon konesans egzak sou pwogram Jewova a. Devan mechanste k ap ogmante chak jou pi plis, nou bezwen okipe anpil nan ede lòt moun. Apot Pòl te di : “ Pa bliye fè byen e pa bliye pataje ak lòt moun, paske se nan sakrifis konsa Bondye pran plezi. ” Pi gwo “ byen ” nou ka fè se pataje bon nouvèl glorye Wayòm Bondye a ak lòt moun. Vrèmanvre, predikasyon piblik nou an se “ yon sakrifis louwanj ”. — Ebre 13:15, 16 ; Galat 6:10.

9. Esplike egzòtasyon David te bay lè l te di : “ Abite sou tè a ”.

9 David kontinye pou l di : “ Abite sou tè a, epi aji avèk fidelite. ” ​(Sòm 37:3b). “ Tè a ” nan epòk David la se te Latè pwomiz, tèritwa Jewova te bay pèp Izrayèl la. Sou rèy Salomon, fwontyè l te etann li soti Dàn nan nò, pou rive Beyècheba nan sid. Se la pèp Izrayèl la te abite (1 Wa 4:25). Jodi a, kèlkeswa kote n ap viv sou tè a, n ap tann moman kote tout planèt la pral tounen yon paradi nan monn nouvo jistis la. Annatandan, espirityèlman nou abite an sekirite. — Izayi 65:13, 14.

10. Ki rezilta sa bay lè nou “ aji avèk fidelite ” ?

10 Ki rezilta n ap jwenn si nou “ aji avèk fidelite ” ? Men yon rapèl nou jwenn nan yon pwovèb enspire : “ Yon moun ki aji ak fidelite ap jwenn anpil benediksyon. ” ​(Pwovèb 28:20). Lè nou pèsevere fidèlman nan preche bon nouvèl la kèlkeswa kote n ap viv, e lè nou preche tout moun nou kapab, sètènman n ap jwenn rekonpans nan men Jewova. Ann pran egzanp Frank ak Rose madanm li, ki te antre nan sèvis pyonye sa gen 40 an nan yon vil ki nan pati nò peyi Ekòs. Tikras moun ki te montre enterè pou laverite nan zòn sa a te lage sa anvan pyonye yo te rive. San dekouraje, koup pyonye sa a te kòmanse travay predikasyon an ak travay fè disip la. Kounye a, gen yon kongregasyon k ap fleri nan vil sa a. Jewova te vrèman beni fidelite koup sa a. Men sa Frank fè konnen avèk imilite : “ Pi gwo benediksyon an se tou senpleman dèske nou toujou nan laverite e nou itil Jewova. ” Annefè, lè nou “ aji avèk fidelite ”, nou resevwa anpil benediksyon e nou rekonesan pou sa.

“ Pran tout plezi w nan Jewova ”

11, 12. a) Ki jan nou ka “ pran tout plezi nou nan Jewova ” ? b) Ki objektif nou ka genyen lè n ap fè etid pèsonèl, e ki rezilta nou ka atann n ap jwenn ?

11 Nou dwe “ pran tout plezi nou nan Jewova ” pou nou ka fòtifye relasyon nou avèk li e pou nou kenbe konfyans nou nan li (Sòm 37:4a). Ki jan nou ka fè sa ? Olye nou annik sousye nou de pwòp sitiyasyon pa nou, menmsi se yon sitiyasyon ki trè difisil, nou konsantre nou sou Jewova. Yon fason nou ka fè sa, se lè nou pran tan pou nou li Pawòl li (Sòm 1:1, 2). Èske w pran plezi nan li Labib ? Se yon plezi sa ap ye pou ou lè w li avèk objektif pou w aprann plis sou Jewova. Poukisa w pa fè yon poz apre w fin li yon pati nan Bib la, pou w mande tèt ou : ‘ Ki sa pasaj sa a te aprann mwen sou Jewova ? ’ Ou ka twouve sa itil pou w gen yon kaye oswa kèk papye sou lamen lè w ap li Bib la. Chak fwa w fè yon kanpe pou w reflechi sou sans sa w sot li a, ekri kèk mo ki raple w youn nan kalite atiran Bondye yo. Men sa David te chante nan yon lòt sòm : “ Se pou pawòl ki sot nan bouch mwen ak refleksyon ki sot nan kè mwen vin agreyab devan w, o Jewova, Gwo Wòch mwen, Rachtè mwen. ” ​(Sòm 19:14). Sa “ agreyab ” pou Jewova lè nou konsantre atansyon nou sou Pawòl li, e se yon plezi pou nou.

12 Ki jan nou ka jwenn kè kontan nan etid nou ak nan meditasyon n ap fè ? Nou ka gen kòm objektif pou nou aprann tout sa nou kapab sou Jewova e sou chemen l yo. Piblikasyon tankou Le plus grand homme de tous les temps ak Approchez-vous de Jéhovah * ban nou anpil enfòmasyon pou nou medite avèk rekonesans. Yon lòt bò, David bay moun ki jis yo asirans Jewova ‘ ap ba yo sa kè yo mande ’. (Sòm 37:4b.) Sandout, se yon konfyans konsa ki te pouse apot Jan ekri pawòl sa yo : “ Men ki asirans nou genyen bò kote l : sèke kèlkeswa sa nou mande selon volonte l, li tande nou. Anplis de sa, si nou konnen li tande nou konsènan kèlkeswa sa nou mande, nou konnen nou pral gen bagay nou mande yo piske nou mande l yo. ” — 1 Jan 5:14, 15.

13. Nan dènye ane yo, ki pwogrè nan travay predikasyon Wayòm nan nou remake k ap fèt nan anpil peyi ?

13 Antanke moun ki entèg, pi gwo plezi nou se pou nou wè souvrènte Jewova a jistifye (Pwovèb 27:11). Èske kè nou pa kontan anpil lè nou aprann kokenn travay predikasyon frè nou yo ap fè nan peyi ki te anba diktati yo ? N ap tann avèk enpasyans pou n wè ki lòt ouvèti k ap fèt toujou anvan fen sistèm nan. Anpil sèvitè Jewova k ap viv nan peyi oksidantal yo travay anpil nan preche etidyan, refijye ak lòt moun ki vin pase yon ti tan nan peyi sa yo, e yo gen libète pou yo adore Jewova. Se ak tout kè nou nou swete pou lè moun sa yo retounen lakay yo, yo kontinye kite limyè laverite a briye menm nan fènwa ki ta parèt tèlman pwès, w a di okenn limyè pa ta ka pèse. — Matye 5:14-16.

“ Woule tout aktivite w sou Jewova ”

14. Ki prèv nou genyen ki montre nou ka konte sou Jewova ?

14 Se vrèman yon soulajman lè nou konnen nou ka fè fas ak enkyetid nou yo e nou ka fè fas ak sa ki sanble pwa lou pou nou. Ki jan ? Men sa David di : “ Woule tout aktivite w sou Jewova, konte sou li, e li menm l ap aji. ” ​(Sòm 37:5). Nan kongregasyon nou yo, nou gen kont prèv ki montre nou ka apiye sou Jewova an tout konfyans (Sòm 55:22). Tout moun ki nan sèvis a plen tan, kit se pyonye, siveyan itineran, misyonè oswa volontè k ap sèvi nan Betèl, yo tout ka sètifye nou ka konte sou Jewova pou pran swen nou. Poukisa nou pa pale ak kèk nan moun sa yo nou konnen, e poukisa nou pa mande yo ki jan Jewova ede yo ? Sandout w ap tande anpil eksperyans ki montre menm nan moman difisil, men Jewova pa janm twò kout. Li toujou bay yon moun sa l bezwen pou l viv. — Sòm 37:25 ; Matye 6:25-34.

15. Ki fason jistis pèp Bondye a briye ?

15 Lè nou mete konfyans nou nan Jewova e nou kwè nan li je fèmen, nou ka fè eksperyans ak pawòl sa yo salmis la di apre sa : “ Sètènman l ap fè jistis ou parèt tankou limyè, e ladwati w tankou gwo midi. ” ​(Sòm 37:6). Antanke Temwen Jewova, byen souvan, yo konn fè nou pase pou sa nou pa ye. Men, Jewova ouvri je moun ki sensè yo pou ede yo rann yo kont se lanmou pou Jewova ak pou pwochen nou ki pouse nou fè travay predikasyon nou an. Anmenmtan, sa parèt klè nou gen yon konduit ki dwat, malgre anpil moun konn fè nou pase pou sa nou pa ye. Jewova fè tout jan pou l soutni nou anba opozisyon ak pèsekisyon. Kòm rezilta, jistis pèp Bondye a ap briye tankou solèy midi. — 1 Pyè 2:12.

‘ Ret an silans epi tann ak tout fòs ’

16, 17. Ann amoni ak Sòm 37:7, kounye a se moman pou nou fè ki bagay, e poukisa ?

16 Men pawòl salmis la di apre sa : “ Ret an silans devan Jewova epi tann li ak tout fòs. Pa eksite kont yon moun ki reyisi nan sa l ap fè, ni kont yon moun k ap reyalize sa l gen nan lide li. ” ​(Sòm 37:7). La a, David ensiste sou nesesite pou nou montre nou pasyan etan n ap tann pou Jewova aji. Menmsi fen sistèm nan poko rive, se pa yon rezon pou nou plenyen. Èske nou pa wè mizèrikòd ak pasyans Jewova depase sa nou te panse oparavan ? Èske kounye a nou pa ka montre nou menm tou, n ap ret tann avèk pasyans etan nou rete okipe nan preche bon nouvèl la anvan lafen an vini (Mak 13:10) ? Se moman kounye a pou n evite aji san reflechi, sa ki ka fè nou pèdi jwa nou ak sekirite espirityèl nou. Se moman kounye a pou nou reziste ak plis fòs toujou kont enfliyans monn Satan an, ki soti pou kòwonp nou. E se moman kounye a pou nou rete pwòp moralman e pou nou pa janm riske pèdi pozisyon nou devan Jewova kòm moun ki jis. Annou kontinye rejte panse imoral e annou evite konpòte nou yon fason ki pa konvnab ak moun ki pa menm sèks avèk nou, oswa menm ak moun ki menm sèks avèk nou. — Kolosyen 3:5.

17 David ban nou konsèy sa a : “ Kite fè kòlè epi sispann fache ak raj. Pa montre w cho sèlman pou w fè mal. Paske malfektè yo yo menm pral disparèt, men moun ki mete espwa yo nan Jewova se yo menm ki pral posede tè a. ” ​(Sòm 37:8, 9). Wi, avèk konfyans, nou ka ret tann moman ki tou pre rive kote Jewova pral elimine tout koripsyon sou tè a e tout moun ki responsab sitiyasyon sa a.

“ Nan yon tikras tan ankò ”

18, 19. Ki ankourajman nou jwenn nan Sòm 37:10 ?

18 “ Nan yon tikras tan ankò, mechan an pap la ankò. Wi, w ap gade kote l te ye a, e li pap la. ” ​(Sòm 37:10). Pawòl sa yo vrèman ankouraje nou etan n ap pwoche pi pre fen sistèm sa a, e etan nou rive nan dènye limit endepandans lèzòm parapò ak Jewova, endepandans ki lage yo nan dezas ! Kèlkeswa fòm gouvènman, kèlkeswa fòm otorite lèzòm envante, yo tout echwe yon fason ki lamantab. E kounye a, moman an tou pre rive kote nou pral retounen anba dominasyon pa Bondye a, nan vrè teyokrasi a, Wayòm Jewova a ki nan men Jezi Kris la. Li pral domine sou lemonnantye e li pral elimine tout moun ki opoze ak Wayòm Bondye a. — Danyèl 2:44.

19 Nan monn nouvo k ap anba dominasyon Wayòm Bondye a, ou mèt chèche “ mechan ” kou zepeng ou pap jwenn youn. An reyalite, nenpòt moun ki rebele kont Jewova lè sa a, y ap elimine l san pèdi tan. Nanpwen moun ki atake souvrènte Jewova oswa ki refize soumèt anba otorite l k ap la. Tout vwazen nou yo pral gen menm panse a, y ap anvi fè Jewova plezi. Ala sekirite nou pral genyen lè nou pap bezwen seri, fè fòje, anyen ki pral detwi konfyans ak kè kontan ! — Izayi 65:20 ; Mika 4:4 ; 2 Pyè 3:13.

20, 21. a) “ Moun ki enb ” Sòm 37:11 pale de yo a, kiyès yo ye, e ki kote yo jwenn yon “ abondans lapè ” ? b) Ki benediksyon n ap jwenn pèsonèlman si nou imite Gran David la ?

20 Lè sa a, “ moun ki enb yo yo menm pral posede tè a ”. (Sòm 37:11a.) Men, “ moun ki enb ” sa yo, kiyès yo ye ? Mo yo jwenn pou yo tradui “ enb ” lan, soti nan rasin yon mo ki siyifi “ aflije, imilye ”. Wi, “ moun ki enb yo ” se moun k ap tann Jewova avèk imilite pou l korije tout enjistis yo sibi. “ E vrèmanvre, yo pral pran tout plezi yo nan abondans lapè. ” ​(Sòm 37:11b). Menm kounye a, nou jwenn yon abondans lapè nan paradi espirityèl ki makònen ak vrè kongregasyon an.

21 Menmsi nou poko libere anba pwoblèm k ap aflije nou yo, nou youn ap soutni lòt, e n ap konsole moun ki deprime. Kòm rezilta, vin gen yon bonjan kè kontan pami sèvitè Jewova yo. Frè yo nome kòm bèje yo, yo okipe yo de bezwen espirityèl nou yo avèk amou, e kèk fwa yo menm ede nou fizikman, e sa pèmèt nou andire anba afliksyon n ap sibi paske nou renmen sa ki jis (1 Tesalonisyen 2:7, 11 ; 1 Pyè 5:2, 3). Vrèmanvre, lapè sa a nou posede a se yon bagay ki gen anpil valè ! Epitou nou gen espwa lavi etènèl nan Paradi pezib ki tou pre rive a. Donk, annou imite Gran David la, Kris Jezi, ki te zele pou Jewova e sa te pouse l sèvi l fidèlman jiska lafen (1 Pyè 2:21). Lè nou fè sa, n ap kontinye viv ak kè kontan, toutpandan n ap louwe Bondye nou an Jewova, Sila a nou pran tout plezi nou nan li a.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa yo.

Èske nou ka reponn ?

• Ki leson nou te aprann nan Sòm 37:1, 2 ?

• Ki jan nou ka “ pran tout plezi nou nan Jewova ” ?

• Ki prèv nou genyen nou ka konte sou Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 22]

Kretyen yo ‘ pa anvye moun k ap fè enjistis ’.

[Foto nan paj 23]

“ Fè Jewova konfyans epi fè sa ki byen. ”

[Foto nan paj 24]

Aprann tout sa w kapab sou Jewova, konsa w ap pran tout plezi w nan li.

[Foto nan paj 25]

“ Moun ki enb yo yo menm pral posede tè a. ”