Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Preche pou nou fè disip

Preche pou nou fè disip

Preche pou nou fè disip

‘ Lè Prisil ak Akila tande Apolòs, yo pran l mennen l avèk yo, e yo esplike l chemen Bondye a avèk plis presizyon toujou. ’ — TRAVAY 18:26.

1. Byenke Apolòs “ te chofe anpil grasa lespri a ”, ki sa li te bezwen ?

PRISIL ak Akila, de kretyen ki marye ansanm ki t ap viv nan premye syèk la, t ap obsève Apolòs ki t ap bay yon diskou nan yon sinagòg nan vil Efèz. Apolòs te kapte atansyon moun ki t ap koute l yo avèk bèl pawòl li t ap di yo e avèk pisans li te genyen pou l konvenk moun. Apolòs te “ chofe anpil grasa lespri a ”, e “ li t ap anseye bagay ki konsène Jezi yo avèk presizyon ”. Men, li te klè ‘ se sèlman batèm Jan an Apolòs te konnen ’. Sa Apolòs t ap preche konsènan Kris la se te verite, men, esplikasyon l yo te manke. Apolòs te bezwen ogmante konesans li sou wòl Jezi Kris jwe nan reyalizasyon pwogram Jewova a. — Travay 18:24-26.

2. Ki travay difisil Prisil ak Akila te aksepte fè ?

2 San ezite, Prisil ak Akila te ofri tèt yo pou ede Apolòs vin yon moun k ap kapab obsève “ tout kòmandman ” Kris bay yo (Matye 28:19, 20). Selon sa ki rapòte, yo te pran Apolòs “ mennen l avèk yo, e yo esplike l chemen Bondye a avèk plis presizyon toujou ”. Sepandan, gen kèk bagay lakay Apolòs ki ta kapab fè kèk kretyen renka pou anseye l. Ki sa yo te ye ? E ki sa nou ka aprann nan efò Prisil ak Akila te fè pou yo pale de Ekriti yo ak Apolòs ? Kòman lè nou egzamine istwa sa a, sa kapab ede nou konsantre efò nou pou nou kòmanse etid biblik ?

Enterese nan moun yo

3. Poukisa fòmasyon Apolòs te genyen an pa t anpeche Prisil ak Akila anseye l ?

3 Apolòs se te yon Juif e sanble li te grandi nan vil Aleksandri. Nan epòk sa a, Aleksandri se te kapital peyi Ejip. Se te yon kote moun fè gwo etid e li te selèb akoz yon gwo bibliyotèk ki te gen nan vil la. Te gen yon pakèt Juif ki t ap viv ladan l, pami yo te gen yon bann save. Dayè, se la yo te fè tradiksyon an grèk Ekriti ann ebre yo ki rele Septant lan. Nou ka konprann sa k fè Apolòs te “ maton nan Ekriti yo ” ! Prisil ak Akila yo menm, se tant yo te konn fè. Èske poutèt Apolòs te konn pale byen an sa te entimide yo ? Non. Avèk amou, yo wè moun nan pito, sa l gen bezwen e yo wè kòman yo ta kapab ede l.

4. Ki kote e ki jan Apolòs te resevwa èd li te bezwen an ?

4 Menmsi Apolòs te yon bon oratè, li te bezwen pou yo anseye l. Èd li te bezwen an, li pa t ap jwenn li nan okenn inivèsite, men se pami manm kongregasyon kretyen yo li t ap jwenn li. Apolòs t apral aprann kèk pwen ki t ap fè l vin gen yon konpreyansyon pi egzak sou dispozisyon Bondye pran pou sove moun. Prisil ak Akila te ‘ pran l mennen l avèk yo, e yo te esplike l chemen Bondye a avèk plis presizyon toujou ’.

5. Ki sa w ka di sou espirityalite Prisil ak Akila ?

5 Prisil ak Akila te djanm espirityèlman e yo te byen anrasinen nan lafwa. Sandout, yo te ‘ toujou pare pou yo defann yo chak fwa yon moun ta mande yo rezon ki fè yo gen espwa ki nan yo a ’, kit moun nan rich, kit li pòv, kit se yon entèlektyèl oswa yon esklav (1 Pyè 3:15). Akila ak madanm li te anmezi pou yo “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. (2 Timote 2:15.) Li klè, mesyedam sa yo te konn etidye Ekriti yo seryezman. Ansèyman yo ki baze sou ‘ pawòl Bondye a, pawòl ki vivan, ki gen pouvwa ’ e ki touche kè a, te fè gwo efè sou Apolòs. — Ebre 4:12.

6. Ki jan nou fè konnen Apolòs te apresye èd li te resevwa a ?

6 Apolòs te apresye egzanp anseyan l yo ba li e li te vin pi maton toujou nan fè disip. Li te sèvi ak konesans li yon fason ki efikas nan travay predikasyon bon nouvèl la, espesyalman nan mitan Juif yo. Apolòs te jwe yon wòl eksepsyonèl nan konvenk Juif yo konsènan Kris. Piske li te ‘ pisan nan Ekriti yo ’, li te kapab pwouve Juif yo tout pwofèt nan tan lontan yo t ap ret tann Kris la vini (Travay 18:24, Kingdom Interlinear Translation). Istwa a ajoute Apolòs te vin al Akayi, kote “ li te yon gwo èd pou moun ki te kwè nan bonte Bondye a, bonte moun pa merite a, paske, avèk fòs e an piblik, li te pwouve kòrèkteman Juif yo te antò, e li te demontre sou baz Ekriti yo se te Jezi ki Kris la. ” — Travay 18:27, 28.

Kopye sou lòt anseyan

7. Ki jan Akila ak Prisil te fè vin maton nan anseye moun ?

7 Ki jan Akila ak Prisil te fè vin maton nan anseye moun Pawòl Bondye a ? Anplis de dilijans yo te genyen nan etid pèsonèl yo ak nan asiste reyinyon, relasyon sere yo te genyen ak apot Pòl dwe te ede yo anpil. Pòl te pase 18 mwa lakay Prisil ak Akila nan Korent. Yo te konn travay ansanm nan fè tant e nan repare tant (Travay 18:2, 3). Imajine konvèsasyon pwofon yo dwe te konn genyen sou Ekriti yo. E piske yo t ap frekante Pòl, sa dwe te ede yo amelyore espirityalite yo. Pwovèb 13:20 di : “ Moun k ap mache ak moun ki saj ap vin saj. ” Bon frekantasyon yo te genyen te gen yon bon efè sou abitid espirityèl yo. — 1 Korentyen 15:33.

8. Ki sa Prisil ak Akila te aprann pandan yo t ap obsève Pòl nan ministè li ?

8 Lè Prisil ak Akila t ap obsève Pòl k ap preche Wayòm nan, yo te wè yon bon anseyan devan yo. Liv Travay la deklare Pòl “ te konn bay yon diskou nan sinagòg [nan Korent lan] chak saba e li te konn konvenk ni Juif ni Grèk ”. Annapre, lè Silas ak Timote te vin jwenn li, li te “ kòmanse okipe anpil anpil nan pawòl la, pandan l t ap bay Juif yo temwayaj pou l pwouve se Jezi ki Kris la ”. Lè moun ki fè pati sinagòg la pa t montre yo enterese anpil nan mesaj la, Prisil ak Akila te wè Pòl kite kote l te santre travay predikasyon l lan pou l al yon kote moun yo pi sou sa, nan yon kay ki te tou kole ak sinagòg la. Se la Pòl te anmezi pou l ede Krispis, “ prezidan sinagòg la ”, vin yon disip. Asireman, Prisil ak Akila te obsève efè pozitif sa te genyen sou tèritwa a lè mesye sa a te vin disip la. Istwa a deklare : “ Krispis [...] te vin kwè nan Seyè a, e tout moun lakay li te vin kwè tou. E anpil nan Korentyen yo ki te tande te vin kwayan epi yo te batize. ” — Travay 18:4-8.

9. Ki efè egzanp Pòl te genyen sou Prisil ak Akila ?

9 Menm jan ak Prisil ak Akila, gen lòt pwoklamatè ki te imite egzanp Pòl nan ministè a. Men egzòtasyon apot la te bay kretyen yo : “ Se pou nou imite m, menm jan mwen menm mwen imite Kris. ” ​(1 Korentyen 11:1). Prisil ak Akila te kopye sou Pòl, yo te ede Apolòs konprann ansèyman kretyen yo pi byen toujou. E li menm, bò kote pa l, li te ede lòt moun tou. Pa gen dout, Prisil ak Akila te patisipe nan fè disip nan Wòm, nan Korent ak nan Efèz. — Travay 18:1, 2, 18, 19 ; Women 16:3-5.

10. Ki sa w aprann nan Travay chapit 18 la ki ka ede w nan travay fè disip la ?

10 Ki sa nou ka aprann nan egzamen nou sot fè sou Travay chapit 18 la ? Menm jan sanble Akila ak Prisil te kopye sou Pòl, nou menm tou nou kapab amelyore kapasite nou pou nou fè disip si nou suiv egzanp moun ki bon nan anseye Pawòl Bondye a. Nou kapab frekante moun ki “ okipe anpil anpil nan pawòl la ” e k ap bay lòt moun yon “ temwayaj konplè ”. (Travay 18:5, Kingdom Interlinear Translation.) Nou kapab obsève ki jan yo fè pou yo touche kè moun yo lè yo sèvi ak ladrès ansanm ak kapasite pou konvenk moun nan ansèyman yo. Kalite sa yo kapab ede nou pou nou fè disip. Lòt bagay ankò, lè yon moun ap etidye Labib avèk nou, nou kapab sijere l pou l envite lòt moun nan fanmi l oswa nan vwazinaj li pou yo vin asiste etid la. Oubyen nou kapab mande l tou pou l di nou si l konnen lòt moun nou ta kapab ofri yon etid. — Travay 18:6-8.

Kreye okazyon pou nou fè disip

11. Ki bò nou ka jwenn nouvo disip ?

11 Pòl ansanm ak lòt konpayon kretyen l yo te konn preche kay an kay, nan mache e lè y ap vwayaje, an reyalite yo te konn preche toupatou pou yo te ka fè disip. E nou menm, antanke pwoklamatè zele k ap chèche fè disip, èske nou ka patisipe nan lòt fasèt ki genyen nan ministè a ? Èske nou ka pwofite tout okazyon pou nou chèche moun ki diy e pou nou preche yo ? Ki fason lòt pwoklamatè bon nouvèl la fè pou yo jwenn disip ? Pou kòmanse, annou fè yon ti koudèy sou temwayaj nan telefòn.

12-14. Bay pwòp eksperyans pa w oswa bay youn ki nan paragraf sa yo pou w montre bon rezilta predikasyon nan telefòn genyen.

12 Nan peyi Brezil, yon kretyèn t ap preche kay an kay. N ap rele kretyèn sa a Maria. Nan moman yon jèn dam t ap soti nan yon bilding ki gen plizyè apatman, Maria lonje yon feyè ba li. Maria sèvi ak tit feyè a pou l mande dam nan : “ Èske w ta renmen konn Bib la pi byen ? ” Dam nan reponn li : “Mwen ta byen renmen sa, men pwoblèm nan sèke mwen se pwofesè, tout tan m pase nan fè kou. ” Maria esplike l yo ta gendwa pale sou kèk sijè biblik nan telefòn. Dam nan bay Maria nimewo telefòn li, e nan menm aswè a, li kòmanse yon etid nan telefòn nan bwochi Ki sa Bondye vle nou fè ? * a.

13 Nan peyi Etyopi, pandan yon sè ki nan sèvis a plen tan t ap preche nan telefòn, sè a pantan lè l tande yon gwo eskonbrit pa anba nan telefòn nan pandan l ap pale ak yon mesye. Mesye a mande l pou l rele pita. Lè sè a rele vrèman, mesye a eskize l e li di sè a nan moman l te rele talè a, li te nan yon gwo chirepit ak madanm li. Sè a tou pwofite okazyon an pou l pale de konsèy saj Bib la bay pou rezoud pwoblèm nan fanmi yo. Li pale l de yon liv Temwen Jewova pibliye ki rele Le secret du bonheur familial ki te ede anpil fanmi. Sè a fè mesye a jwenn liv la, epi kèk jou apre, li telefone l ankò. Men sa mesye a di l : “ Liv sa a sove maryaj mwen ! ” Anfèt, mesye a te menm reyini ak fanmi l pou l fè yo konnen bèl bagay li te li nan liv la. Yon etid biblik te kòmanse, e mesye a pa t pran tan pou l asiste reyinyon regilyèman.

14 Nan peyi Dànmak, men sa yon pwoklamatris ki te kòmanse yon etid biblik grasa predikasyon nan telefòn rakonte : “ Siveyan sèvis la te ankouraje m pou m patisipe nan predikasyon nan telefòn. Okòmansman, m pa t sou sa, mwen te di : ‘ Se pa stil mwen. ’ Men yon jou, mwen ranmase kouraj mwen e mwen fè premye nimewo a. Yon dam ki rele Sonja reponn e apre nou fin fè yon ti pale, li dakò resevwa piblikasyon biblik. Yon jou swa, nou te pale sou lakreyasyon, e li te anvi li liv La vie : comment est-elle apparue ? Évolution ou création ? * an. Mwen di l li t ap bon si nou ta rankontre fasafas pou nou diskite sou sijè a. Sonja dakò. Lè m rive lakay li, li te deja pare pou etid la, e depi lè sa a nou fè etid la chak semèn. ” Men ki konklizyon sè nou an tire : “ Mwen gen plizyè ane depi m ap priye pou m jwenn yon etid biblik, men mwen pa t janm panse se nan predikasyon nan telefòn mwen t ap jwenn li. ”

15, 16. Ki eksperyans ou ka rakonte ki montre avantaj ki genyen lè n ap chèche divès fason pou nou kòmanse etid biblik ?

15 Anpil moun ki aplike sijesyon pou yo preche moun kèlkeswa kote yo ye jwenn bon rezilta. Gen yon kretyèn Ozetazini ki pakin machin li toupre yon ti bis nan yon pakin. Lè je dam ki nan ti bis la tonbe nan je sè a, sè a tou kòmanse esplike l kòman travay ansèyman nou an ki baze sou Bib la fonksyone. Dam nan koute, li desann ti bis la e li vin kanpe bò machin sè a. Men sa l di : “ Mwen kontan ou te kanpe la a pou w pale avè m. Sa fè lontan depi m pa janm jwenn piblikasyon nou yo ankò. Lèfini, mwen vle rekòmanse etidye Labib. Èske w vle etidye avè m ? ” Se konsa sè a te kreye yon sitiyasyon favorab pou l te bay bon nouvèl la.

16 Men eksperyans yon sè Ozetazini te fè pandan li t ale nan yon mezon retrèt : Sè a al kote yon responsab nan lokal la epi li di l li ofri tèt li kòm volontè pou l konble bezwen espirityèl rezidan yo. Sè a ajoute li t ap byen kontan kondui yon etid biblik gratis chak semèn avèk tout moun ki ta vle. Responsab la bay sè a pèmisyon pou l vizite chanm rezidan yo. Yon ti tan apre, li te gentan ap fè etid twa fwa pa semèn ak antou 26 ladan yo, e menm gen youn ki asiste reyinyon regilyèman.

17. Ki metòd byen souvan ki konn efikas pou kòmanse etid biblik ?

17 Pou kèk pwoklamatè Wayòm nan, lè yo ofri yon etid biblik dirèkteman, sa bay bon rezilta. Yon maten, yon kongregasyon ki gen 105 pwoklamatè te fè yon efò espesyal pou yo ofri yon etid nan chak kay yo pase. Te gen 86 pwoklamatè ki te soti lè sa a. Apre dezèdtan nan predikasyon, yo te gentan kòmanse 15 etid biblik.

Kontinye chèche moun ki diy

18, 19. Ki kòmandman enpòtan Jezi te bay nou dwe toujou sonje, e pou nou fè sa, ki sa nou dwe detèmine pou nou fè ?

18 Antanke pwoklamatè Wayòm nan, petèt ou ka anvi eseye sijesyon nou mansyone la yo. Kanmenm, li ta bon pou w konsidere koutim kote w ap viv la anvan ou itilize tèl metòd. Men, sa ki pi enpòtan, se pou nou toujou sonje lòd Jezi te bay pou nou chèche moun ki diy yo e pou nou ede yo vin disip. — Matye 10:11 ; 28:19.

19 Pou nou ka rive fè sa, annou “ manyen pawòl verite a kòrèkteman ”. N ap fè sa lè nou byen baze pawòl nou yo sou Ekriti yo yon fason pou nou konvenk lòt moun. Sa ap ede nou touche kè moun ki koute nou yo e sa ap pouse yo aji. Etan n ap konte sou Jewova nan lapriyè, nou kapab patisipe nan ede kèk ladan yo vin disip Jezi Kris. Ala satisfaksyon nou jwenn nan travay sa a ! Kidonk, annou ‘ fè tout posib nou pou nou prezante tèt nou devan Bondye antanke moun li apwouve ’, ki toujou ap onore Jewova antanke pwoklamatè Wayòm ki zele, k ap preche nan objektif pou nou fè disip. — 2 Timote 2:15.

[Nòt anba paj]

^ § 12 Se Temwen Jewova ki pibliye bwochi sa a.

^ § 14 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske nou sonje ?

• Poukisa Apolòs te bezwen yo esplike l chemen Bondye a pi byen toujou ?

• Ki fason Prisil ak Akila te kopye sou apot Pòl ?

• Ki sa w te aprann nan Travay chapit 18 sou aktivite fè disip la ?

• Ki jan w ka kreye okazyon pou w fè disip ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 16]

Prisil ak Akila ‘ te esplike Apolòs chemen Bondye a avèk plis presizyon ’.

[Foto nan paj 18]

Apolòs te vin maton nan fè disip.

[Foto nan paj 19]

Pòl te preche tout kote l pase.

[Foto nan paj 21]

Kreye okazyon pou nou preche.