Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Bri yo kouri sou tout tè a ”

“ Bri yo kouri sou tout tè a ”

“ Bri yo kouri sou tout tè a ”

“ Fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. ” — MATYE 28:19.

1, 2. a) Ki misyon Jezi te bay disip li yo ? b) Ki sa k fè kretyen premye syèk yo te anmezi akonpli tout travay sa a ?

YON ti tan anvan Jezi te monte nan syèl la, li te bay disip li yo yon misyon. Men sa l te di yo : “ Fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. ” ​(Matye 28:19). Ala yon kokennchenn travay sa te ye !

2 Reflechi pou w wè ! Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, anviwon 120 disip te resevwa lespri sen e yo te kòmanse akonpli misyon sa a, lè yo di moun yo se Jezi ki Mesi yo t ap tann depi lontan an, Mesi ki pral pèmèt moun sove a (Travay 2:1-36). Men, kòman yon ti gwoup moun konsa t apral fè rive preche “ moun tout nasyon ” ? Si se pou lèzòm, sa t ap enposib, men “ tout bagay posib pou Bondye ”. (Matye 19:26.) Premye kretyen yo te gen soutyen lespri sen Jewova, e yo te wè nesesite pou yo travay san pèdi tan (Zekarya 4:6 ; 2 Timote 4:2). Konsa, nan sèlman kèk dizèn lane, selon deklarasyon apot Pòl, yo te gentan pwoklame bon nouvèl la “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.

3. Ki sa k te anpeche moun wè “ ble ” a, ki reprezante vrè kretyen yo ?

3 Pandan tout premye syèk la, vrè adorasyon an te kontinye gaye kò l. Sepandan, Jezi te pwofetize yon tan t ava rive kote Satan t ap simen “ move zèb ” ki t apral kouvri “ ble ” a, anpalan de vrè kretyen yo, pandan anpil syèk jiskaske epòk rekòt la rive. Apre lanmò apot yo, pwofesi sa a te reyalize. — Matye 13:24-39.

Akwasman an fèt rapid jodi a

4, 5. Apati de 1919, nan ki travay kretyen wen yo te kòmanse angaje yo, e poukisa sa te reprezante yon gwo travay pou yo ?

4 Nan ane 1919, lè a te rive pou ble a, vrè kretyen yo, separe ak move zèb yo. Kretyen wen yo te konnen gwo misyon Jezi te bay la te toujou valab. Yo te gen konviksyon yo t ap viv nan “ dènye jou yo ” e yo te konnen pwofesi Jezi a, pwofesi ki di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(2 Timote 3:1 ; Matye 24:14). Wi, yo te konnen te ret anpil travay ki pou fèt.

5 Sepandan, menm jan ak disip ki t ap viv nan ane 33 epòk nou an, gen yon gwo travay ki t ap tann kretyen wen sa yo. Te gen sèlman kèk milye ladan yo ki t ap viv nan kèk peyi konsa. Kòman yo t ap ka rive preche bon nouvèl la “ sou tout latè ki abite ” ? Lòt bagay ankò, nan epòk Seza yo, latè te gen petèt 300 milyon moun sou li, men li te ogmante rive prèske 2 milya moun apre Premye Gè mondyal la. E pandan tout 20yèm syèk la, popilasyon mondyal la t apral kontinye ogmante rapidman.

6. Pou rive nan ane 1930 yo, ki pwogrè ki te gentan fèt nan pwoklamasyon bon nouvèl la ?

6 Toutfwa, sèvitè wen Jewova yo, menm jan ak frè yo ki t ap viv nan premye syèk la, te kòmanse manyen travay yo te gen devan yo a. Yo te gen yon fwa total nan Jewova e lespri li te avèk yo tou. Se sa k fè, nan mitan ane 1930 yo, te gen anviwon 56 000 pwoklamatè ki t ap pwoklame verite ki nan Bib la nan 115 peyi. Deja, yo te gentan reyalize anpil travay, men, te ret anpil travay toujou ki pou fèt.

7. a) Ki lòt gwo travay ki te devan kretyen wen yo ? b) Avèk konkou “ lòt mouton ” yo, nan ki pwen travay rasanbleman an rive jodi a ?

7 Lè sa a, kretyen wen yo, ki t ap travay di, te vin konprann idantite “ gwo foul moun ” ki nan Revelasyon 7:9 la pi byen. Sa te vin fè yo wè yo gen yon gwo travay devan yo, men anmenmtan se te yon garanti yo t apral jwenn èd nan travay la. Yon foul “ lòt mouton ” moun pa konn konbyen yo ye, ki gen esperans terès, t apral rasanble. Yo t apral “ soti nan tout nasyon, nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. (Jan 10:16.) Yo t apral ‘ bay Jewova yon sèvis sakre lajounen kou lannuit ’. (Revelasyon 7:15.) Sa vle di yo t ap gen pou yo patisipe nan travay predikasyon an ak nan travay ansèyman an (Izayi 61:5). Konsa, kretyen wen yo kontan wè jan kantite pwoklamatè yo ogmante toudabò pa dizèn milye e ansuit pa milyon. Nan ane 2003 a, yon nouvo maksimòm 6 429 351 pwoklamatè te patisipe nan travay predikasyon an, e pifò ladan yo se manm gwo foul moun nan yo ye. * Kretyen wen yo rekonesan pou èd yo resevwa a, e lòt mouton yo tou rekonesan pou privilèj yo genyen pou yo soutni frè yo, kretyen wen yo. — Matye 25:34-40.

8. Kòman Temwen Jewova yo te reyaji fas ak gwo difikilte yo te rankontre pandan Dezyèm Gè mondyal la ?

8 Lè klas ble a te vin parèt klè yon lòt fwa ankò, Satan deklannche yon gwo lagè kont li (Revelasyon 12:17). Ki jan Satan te reyaji lè gwo foul la kòmanse parèt ? Li reyaji ak yon vyolans ekstrèm ! Èske nou ka doute se li menm ki te dèyè atak vrè adorasyon an te sibi nan lemonnantye pandan Dezyèm Gè mondyal la ? Nan toule de kan ki t ap goumen yo, kretyen yo te anba gwo presyon. Anpil nan frè ak sè nou yo te sibi eprèv tèrib, genyen ladan yo ki te menm mouri pou lafwa yo. Konsa, yo montre yo gen menm konviksyon ak salmis lan ki te di pawòl sa yo : “ Ann inyon ak Bondye m ap louwe pawòl li. Mwen mete konfyans mwen nan Bondye, mwen pap pè. Ki sa lachè ka fè m ? ” ​(Sòm 56:4 ; Matye 10:28). Lespri Jewova te fòtifye kretyen wen yo ansanm ak lòt mouton yo, sa te fè yo kanpe byen fèm ansanm (2 Korentyen 4:7). Kòm rezilta, “ pawòl Bondye a te kontinye ap pwogrese ”. (Travay 6:7.) An 1939, lè lagè a te eklate, te gen 72 475 kretyen fidèl ki te patisipe nan travay predikasyon an selon rapò yo te jwenn. Men, an 1945, ane lagè a te fini an, yon rapò ki pa t menm konplè montre te gen 156 299 Temwen aktif ki t ap gaye bon nouvèl la. Ala yon defèt Satan sibi !

9. Ki de nouvo lekòl yo te anonse pandan Dezyèm Gè mondyal la ?

9 Li klè, latwoublay ki te gen pandan Dezyèm Gè mondyal la pa t fè sèvitè Bondye yo doute travay predikasyon an t ap akonpli kanmenm. Annefè, nan ane 1943, nan moman lagè a te pi di, yo te anonse de nouvo lekòl. Youn, se sa yo rele kounye a Lekòl ministè teyokratik, ki t apral fèt nan tout kongregasyon yo yon fason pou fòme chak Temwen pou preche e pou fè disip. Lòt lekòl, la se Lekòl biblik Gileyad, ki t apral fòme misyonè ki t ap gen pou y al etann aktivite predikasyon an nan peyi etranje. Konsa, lè dife lagè a resi etenn, vrè kretyen yo te pare pou akonpli plis aktivite.

10. Ki jan pèp Jewova a te montre l zele pandan ane 2003 a ?

10 Depi lè sa a, se pa ti bèl travay ki fèt ! Tout moun, jèn kou granmoun, paran kou timoun, ata moun enfim, yo tout akonpli e yo kontinye ap akonpli gwo misyon Jezi te bay la (Sòm 148:12, 13 ; Yowèl 2:28, 29). Nan ane 2003 a, chak mwa, te gen an mwayèn 825 185 moun ki te wè nesesite pou yo aji avèk dilijans, yo te pran sèvis pyonye, swa pou yon ti tan swa nètale. Nan menm ane sa a, Temwen Jewova yo te pase 1 234 796 477 èdtan ap pale ak lòt moun konsènan bon nouvèl Wayòm nan. Nou mèt sèten, Jewova pran plezi nan zèl pèp li a demontre.

Nan peyi etranje

11, 12. Ki egzanp ki demontre bèl travay misyonè yo akonpli ?

11 Avèk letan, diplome Gileyad ak diplome Lekòl fòmasyon ministeryèl, yon lekòl ki te parèt annapre, yo te met ansanm pou reyalize yon bèl travay. O Brezil pa egzanp, lè premye misyonè yo te fèk rive nan peyi sa a an 1945, te gen apeprè 400 pwoklamatè. Misyonè sa yo ansanm ak lòt ki te vin vini annapre te travay di ansanm ak frè brezilyen yo ki te trè zele, e Jewova te beni efò yo anpil. Pou nenpòt moun ki sonje epòk sa a, se yon nouvèl enteresan pou l aprann nan ane 2003 a Brezil te anrejistre yon nouvo maksimòm 607 362 pwoklamatè !

12 Ann pran egzanp Japon. Anvan Dezyèm Gè mondyal la, te gen anviwon san pwoklamatè Wayòm nan peyi sa a. Pandan gè a, te gen yon pèsekisyon brital e kantite pwoklamatè a te tèlman bese, lè gè a fini, se sèlman kèk grenn Temwen ki te rete vivan e ki te kenbe djanm nan domèn espirityèl (Pwovèb 14:32). Temwen sa yo, ki te kenbe entegrite yo yon fason estrawòdinè, pa t manke pa kontan lè, pou premye fwa, 13 misyonè ki te fòme nan Lekòl Gileyad te rive an 1949. E antouzyas ak ospitalite frè japonè yo te touche misyonè sa yo imedyatman. Anviwon 50 an apre, nan ane 2003 a, Japon anrejistre yon maksimòm 217 508 pwoklamatè. Jewova reyèlman beni pèp li a anpil nan peyi sa a. Gen lòt rapò menm jan an ki soti nan anpil lòt peyi. Moun sa yo ki te anmezi pou yo preche nan peyi etranje yo pote yon gwo koutmen nan pwopaje bon nouvèl la, sa fè an 2003, bon nouvèl la te preche nan 235 peyi, zile ak tèritwa nan lemonnantye. Sa a se vre, gwo foul moun nan soti nan “ tout nasyon ”.

‘ Yo soti nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ’

13, 14. Ki jan Jewova montre enpòtans pou bon nouvèl la preche nan “ tout lang ” ?

13 Nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, premye mirak yo rapòte ki te fèt apre disip yo te fin resevwa lespri sen, se pale yo te pale an lang devan foul moun ki te rasanble yo. Tout moun ki t ap koute yo siman te pale yon lang entènasyonal, petèt yo te pale grèk. E kòm yo se moun “ ki gen lakrentif pou Bondye ”, petèt yo te ka konprann sèvis nan tanp lan ki t ap fèt ann ebre. Men, lè yo te tande bon nouvèl la nan lang manman yo, asireman sa te plis kapte atansyon yo. — Travay 2:5, 7-12.

14 Jodi a tou, travay predikasyon an fèt nan anpil lang. Pwofesi a te di gwo foul moun nan t ap soti non sèlman nan tout nasyon men tou “ nan tout tribi, nan tout pèp e nan tout lang ”. Nan menm sans lan, men sa Jewova te fè Zekarya pwofetize : “ Dizòm ki soti nan tout lang nasyon yo pale pral kenbe, wi, se toutbonvre yo pral kenbe ke wòb yon òm, yon Juif, e y ap di : ‘ Nou vle ale ansanm avèk nou, paske nou tande yo di Bondye ansanm avèk nou. ’ ” ​(Zekarya 8:23). Byenke Temwen Jewova yo pa gen don pou pale an lang, men yo konnen enpòtans ansèyman ki fèt nan lang moun yo pale genyen.

15, 16. Pou misyonè yo ansanm ak lòt moun te ka rive akonpli travay predikasyon an nan lang kote y ap sèvi a , ki gwo travay yo te pran an men ?

15 Se vre jodi a, se apèn kèk lang tankou anglè, fransè ak espayòl yo pi itilize. Sepandan, moun ki kite peyi yo pou y al sèvi nan lòt peyi eseye aprann pale lang peyi sa a yon fason pou yo ka preche moun ki “ nan dispozisyon kòrèk pou lavi etènèl ” yo bon nouvèl la. (Travay 13:48.) Sa kapab difisil. Lè frè ki nan Touvalou yo, yon peyi ki nan Pasifik Sid la, te bezwen piblikasyon nan lang pa yo, youn nan misyonè yo te aksepte pran gwo travay sa a an men. Piske pa t gen diksyonè nan lang sa a, li te kòmanse fè yon lis mo ak mo touvalou yo. Avèk letan, liv Vous pouvez vivre éternellement sur une terre qui deviendra un paradis * a te pibliye nan lang touvalou. Nan peyi Kiraso, lè misyonè yo te rive, pa t gen ni piblikasyon biblik ni diksyonè an papyamento, lang yo pale nan peyi sa a. Te gen anpil dezakò sou fason pou yo ekri lang nan. Malgre tout pwoblèm sa yo, dezan sèlman apre premye misyonè yo te rive, yo te pibliye yon premye feyè biblik nan lang sa a. Jodi a, Toudegad parèt nan 133 lang anmentan ak anglè a e papyamento se youn ladan yo.

16 Nan peyi Namibi, premye misyonè yo pa t ka jwenn okenn Temwen nan peyi sa a pou ede yo tradui. Anplis de sa, nama, youn nan lang yo pale nan peyi sa a, pa t gen mo pou yon seri ide nou itilize souvan, tankou “ pafè ”. Men sa yon misyonè rapòte : “ Pou m te ka tradui, mwen te sitou sèvi ak pwofesè lekòl ki t ap etidye Labib. Kòm yo pa t gen anpil konesans sou laverite, mwen te oblije chita ansanm avèk yo pou m asire m chak fraz yo byen tradui. ” Malgre sa, feyè La vie dans un monde nouveau a te tradui nan kat lang yo pale nan peyi Namibi. E kounye a, Toudegad parèt regilyèman nan lang kwanyama ak nan lang ndonga.

17, 18. Ki gwo travay ki akonpli o Meksik ak nan lòt peyi ankò ?

17 O Meksik, lang prensipal la se espayòl. Sepandan, anvan Espayòl yo te rive nan peyi sa a, te gen anpil lang moun yo te konn pale nan zòn sa a, e yo pale yon bon kantite ladan yo jiska prezan. Kounye a, Temwen Jewova yo pwodui piblikasyon nan sèt lang yo pale o Meksik e yo gen piblikasyon tou nan lang siy meksiken. Pami piblikasyon ki gen dat sou yo, se Ministè Wayòm ki soti an premye nan lang maya, yon lang endyen d Amerik. Annefè, pami 572 530 pwoklamatè Wayòm ki genyen o Meksik, gen plizyè milye Maya, Aztèk ansanm ak lòt endyen ankò ladan yo.

18 Sa pa gen lontan, gen plizyè milye moun k ap kouri kite peyi yo pou y al nan peyi etranje antanke refijye. Gen lòt menm se pou rezon ekonomik yo kite peyi yo. E kòm rezilta, kounye a, pou premye fwa, anpil peyi gen tèritwa ki gen bonkou moun ki pale lang etranje. Temwen Jewova yo byen jere sitiyasyon sa a. Pa egzanp, ann Itali, gen kongregasyon ak gwoup nan 22 lang apa italyen. E pou ede frè yo preche moun ki pale yon lang etranje, yo deja fè anpil klas pou anseye 16 lang, pami yo te gen klas ki te anseye lang siy italyen. Nan anpil lòt peyi, Temwen Jewova yo fè menm efò a pou yo atenn anpil imigran. Wi, grasa Jewova, gwo foul moun nan ap soti nan anpil anpil lang.

“ Sou tout tè a ”

19, 20. Ki pawòl Pòl te di ki akonpli yon fason estrawòdinè jodi a ? Esplike.

19 Men pawòl apot Pòl te ekri nan premye syèk la : “ Yo te tande, pa vre ? Men wi ! ‘ Sou tout tè a, bri yo kouri, e jis nan dènye bout tè ki abite a, pawòl yo rive. ’ ” ​(Women 10:18). Si depi nan premye syèk la sa te gentan fèt, alewè pou jodi a ! Gen plizyè milyon moun, petèt pi plis moun pase nenpòt lòt lè nan listwa, k ap di pawòl sa yo : “ Se tout tan mwen vle beni Jewova. Louwanj li ap toujou nan bouch mwen. ” — Sòm 34:1.

20 Anplis de sa, travay la pa ralanti. Kantite pwoklamatè yo kontinye ap ogmante. Yo pase plis tan toujou ap preche. Yo retounen vizite plizyè milyon moun e yo dirije plizyè santèn milye etid biblik. E lòt moun kontinye montre yo enterese. Ane pase, te gen yon nouvo maksimòm 16 097 622 moun ki te asiste Memoryal lanmò Jezi. Donk li klè, gen anpil travay ki ret pou fèt toujou. Annou kontinye rete fèm, annou kontinye rete entèg menm jan ak frè nou yo ki te andire gwo pèsekisyon. Annou montre nou zele menm jan ak tout frè nou yo ki, depi an 1919, ap bay tout yo menm nan sèvis Jewova. Se pou nou tout kontinye chante menm pawòl ak salmis la ki te di : “ Se pou tout sa k ap respire louwe Ya. Louwe Ya ! ” — Sòm 150:6.

[Nòt anba paj]

^ § 7 Gade rapò ane ki sot pase a ki nan paj 28 rive nan paj 31 peryodik sa a.

^ § 15 Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Èske w ka esplike ?

• Nan ki travay frè yo te kòmanse angaje yo apati de 1919, e poukisa travay sa a te yon gwo travay pou yo ?

• Ki moun ki te rasanble pou vin soutni travay predikasyon an ?

• Ki travay misyonè ansanm ak lòt moun k ap sèvi nan peyi etranje rive akonpli ?

• Ki prèv ou ka bay pou w montre Jewova beni travay pèp li a ap fè jodi a ?

[Kesyon]

[Tablo nan paj 28-31]

RAPÒ MONDYAL SOU AKTIVITE TEMWEN JEWOVA YO — ANE SÈVIS 2003

(Gade peryodik la)

[Foto nan paj 25, 26]

Gwo boulvèsman ki te gen nan Dezyèm Gè mondyal la pa t fè kretyen yo doute travay predikasyon bon nouvèl la t ap fèt.

[Liy kredi]

Eksplozyon : Foto U.S. Navy. Lòt foto yo : Foto U.S. Coast Guard

[Foto nan paj 27, 32]

Gwo foul moun nan ta dwe soti nan tout tribi e nan tout lang.