Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Lagè pran yon lòt fòm

Lagè pran yon lòt fòm

Lagè pran yon lòt fòm

LAGÈ se yon bagay ki te toujou gen anpil vyolans. Li te toujou gache lavi sòlda, e li te toujou fè sivil soufri. Men, nan dènye ane sa yo, lagè pran yon lòt fòm. Nan ki sans ?

Jodi a, se lagè sivil ki pi kouran, sa vle di, lagè ant moun ki sitwayen yon menm peyi men ki nan kan ki opoze youn ak lòt. Souvan, lagè sivil yo dire pi lontan, yo kite moun yo pi twomatize, e yo kraze peyi yo pi plis pase lagè ki fèt ant plizyè nasyon. Men sa yon istoryen espayòl ki rele Julián Casanova di : “ Lagè sivil lakòz anpil zak kriminèl, li lakòz anpil san koule e kòm rezilta gen plizyè santèn moun ki mouri, gen agresyon seksyèl ki fèt, gen moun ki oblije kouri pran egzil, e nan ka ekstrèm yo, sa konn mennen nan yon jenosid. ” Sa a se yon reyalite, lè se vwazinaj ak vwazinaj k ap masakre youn lòt, maleng nan ka pran syèk pou l geri.

Depi apre lagè fwad la, se dezoutwa lagè sèlman ki fèt ant nasyon ak nasyon. Men sa Enstiti nan Stokòlm k ap fè rechèch pou lapè entènasyonal (SIPRI) rapòte : “ Nan tout gwo konfli ame yo te anrejistre soti nan ane 1990 pou rive nan ane 2000, anwetan twa ladan yo, tout lòt yo se te konfli lokal. ”

Se vre, konfli lokal yo ka parèt mwens menasan, e laprès entènasyonal ka pa pale de yo prèske, men konfli sa yo pote lapèn, yo pote soufrans e yo fè dega menm jan ak lòt lagè yo. Gen plizyè milyon moun ki mouri nan konfli sa yo. Pandan de dènye deseni yo, gen anviwon senk milyon moun ki pèdi lavi yo nan sèlman twa peyi lagè fin dechire. Peyi sa yo se Afganistan, Repiblik demokratik Kongo ak Soudan. Nan peyi ki nan zòn yo rele Balkan yo, gwo afwontman etnik lakòz anviwon 250 000 moun pèdi lavi yo e lagè pwolonje geriya yo fè nan peyi Kolonbi gentan voye 100 000 moun anba tè.

Kote britalite ki gen nan lagè sivil parèt pi klè toujou se nan efè li genyen sou timoun. Dapre sa Wo Komisarya Nasyonzini pou refijye yo di, pandan dènye deseni an, plis pase de milyon timoun pèdi lavi yo nan lagè sivil. Gen sis milyon lòt ki blese. Gen yon kantite timoun yo fè vin sòlda, e kantite a pa sispann ogmante. Men sa yon timoun ki sòlda di : “ Yo antrene m. Yo ban m yon zam. Mwen pran dwòg. Mwen touye sivil, anpil sivil. Mwen annik fè lagè [...]. Mwen sèlman obeyi lòd yo ban mwen. Mwen te konnen sa pa bon. Se pa t sa mwen te swete. ”

Nan peyi kote lagè sivil vin fè pati lavi a, anpil timoun grandi san yo pa janm konnen sa yo rele lapè. Timoun sa yo ap viv nan yon monn kote lekòl yo detwi, yon monn kote kan k ap goumen yo prefere fè bouch zam yo pale, olye pou yo chita pale youn ak lòt. Tande sa yon timoun ki gen 14 an ki rele Dunja di : “ Tèlman gen anpil moun ki mouri [...] li pa posib pou tande zwazo k ap chante ankò. Sèl bri w tande se timoun k ap kriye paske yo pèdi manman yo oubyen papa yo oubyen frè yo oubyen sè yo. ”

Ki sa k lakòz ?

Ki sa ki alimante dife lagè sivil atwòs sa yo ? Gen yon pakèt bagay ki ka lakòz, tankou : Lahèn etnik, lahèn ant tribi, kwayans diferan, enjistis ak kriz politik. Yon lòt koz fondamantal se anbisyon, anbisyon pou pouvwa ak anbisyon pou lajan. Se lidè politik yo, pi souvan pa anbisyon, ki ankouraje lahèn lakay moun yo ki lakòz konfli yo pa ka fini. Nan yon rapò SIPRI te pibliye, li esplike anpil moun ki patisipe nan konfli ame se “ avantaj pèsonèl yo y ap defann ”. Men sa nou jwenn ankò nan rapò sa a : “ Anbisyon manifeste plizyè fason, soti sou militè ak lidè politik k ap fè gwo komès dyaman rive sou jèn timoun ki, ak zam nan men yo, ap mache kase kay moun nan ti bouk. ”

Yon lòt bagay ki koz masak ankò se jan li fasil pou moun posede zam ak yon ti monnen. Chak ane, yo touye anviwon 500 000 moun ak zam yo swadizan rele zam lejè, e pifò nan moun sa yo se fi ak timoun. Nan yon peyi Afrik, yon moun ka achte yon fizi daso AK-47 pou menm pri ak yon poul. Sa fè mal lè yon moun ap gade jan kèk zòn vin chaje ak fizi menm jan l chaje ak poul. Yo estime kounye a gen 500 milyon zam lejè nan lemonnantye, sa ki reprezante 1 zam pou chak 12 moun.

Èske lagè sivil atwòs ap vin tounen pi gwo karakteristik 21yèm syèk la ? Èske yo ka rive mete yon fren nan gè sivil ? Èske finalman moun ap sispann touye moun ? Atik ki vin apre a pral pale sou kesyon sa yo.

[Kare nan paj 4]

Konsekans lagè sivil yo trajik anpil

Nan lagè sivil atwòs kote yo pa sèvi ak zam espesyalize, 90 pousan moun ki viktim yo se sivil, se pa konbatan. Men sa yon espè sou efè konfli ame fè sou timoun, yon espè ki rele Graça Machel k ap travay nan biwo sekretè jeneral Nasyonzini an fè remake : “ Li klè, nan konfli ame yo, de jou an jou, timoun yo plis vin tounen sib, yo pa viktim pa aksidan. ”

Vyòl vin tounen yon taktik militè. Nan kèk zòn lagè fin dechire, rebèl yo vyole prèske chak jèn fi adolesan yo jwenn nan vilaj yo anvayi a. Objektif yo, se rive simen panik oswa detwi inite ki gen nan mitan fanmi yo.

Grangou ak maladi se konsekans lagè pote imedyatman. Depi gen lagè sivil, pa gen anpil plantasyon, pa gen anpil rekòt. Si gen sèvis medikal k ap fonksyone, pa gen anpil, e se yon tikras nan èd entènasyonal yo ki rive jwenn moun ki nan nesesite toutbonvre yo. Yon ankèt ki te fèt sou lagè sivil ann Afrik montre 20 pousan nan moun ki viktim yo mouri anba maladi e 78 pousan ladan yo mouri anba grangou. Se sèlman 2 pousan nan moun yo ki mouri dirèkteman nan lagè.

An mwayèn, chak 22 minit gen yon moun ki pèdi yon ponyèt li oswa yon pye l oubyen ki pèdi lavi l paske l al pile yon min. Yo estime, gen ant 60 ak 70 milyon min ki gaye nan anviwon 60 peyi.

Gen anpil moun ki oblije kouri kite kay yo. Nan lemonnantye kounye a, gen anviwon 50 milyon refijye ak moun ki oblije kouri kite peyi yo, e mwatye nan moun sa yo se timoun.

[Liy kredi pou foto nan paj 2]

SOU PO A : Foto tigason an : Chris Hondros/Getty Images

[Liy kredi pou foto nan paj 3]

Foto a : Chris Hondros/Getty Images