Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Li vin pi ijan pou nou rete veye

Li vin pi ijan pou nou rete veye

Li vin pi ijan pou nou rete veye

“ Donk, kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. ” — Matye 24:42.

1, 2. Ki sa ki montre n ap viv nan konklizyon sistèm de choz sa a ?

MEN sa yon ekriven ki rele Bill Emmott di : “ Pami tout bagay ki enfliyanse ventyèm syèk la, se lagè ki enfliyanse l plis. ” Byenke ekriven sa a admèt kèlkeswa peryòd nan listwa a, te toujou konn gen lagè ak vyolans, men li ajoute : “ Sa k rann ventyèm syèk la diferan, se pa paske gen lagè ak vyolans, men se degre yo fèt la ki fè l diferan. Se premye syèk ki genyen sa nou rele gè mondyal toutbon. [...] E pou byen rann evidans lan, se pa yon sèl gè mondyal ki te genyen, te gen de. ”

2 Jezi Kris te deja predi ap gen lagè ‘ nasyon kont nasyon e wayòm kont wayòm ’. Sepandan, sa a se yon aspè sèlman nan ‘ siy prezans Kris la e ki siy konklizyon sistèm de choz la ’ tou. Nan pwofesi sa a, yon pwofesi ki enpòtan anpil, Jezi te di ap gen gwo grangou, maladi ak tranblemanntè (Matye 24:3, 7, 8 ; Lik 21:6, 7, 10, 11). Nan anpil ka, kalamite sa yo vin touche pi plis kote e yo fè pi gwo dega. Lèzòm fè anpil mechanste, e nou ka wè sa nan atitid yo genyen ni anvè Bondye ni anvè moun parèy yo. Se yon bagay tout moun ka wè : prensip moral yo tonbe an degraba e krim ak vyolans ap ogmante. Lèzòm vin zanmi lajan pase yo zanmi Bondye e se plezi ki okipe lespri yo. Tout bagay sa yo se prèv ki montre se nan yon “ tan ki di ” n ap viv. — 2 Timote 3:1-5.

3. Ki efè “ siy tan yo ” dwe gen sou nou ?

3 Piske sitiyasyon an se pi mal l ap vin pi mal, ki jan ou menm ou wè sa ? Anpil moun rete endiferan e yo tèlman ensansib, evènman deplorab k ap pase yo pa di yo anyen. Ni moun ki gen anpil enfliyans nan monn nan ni moun ki save pa rive disène “ siy tan yo ” e dirijan relijyon yo pa bay bon direksyon nan domèn sa a (Matye 16:1-3). Toutfwa, Jezi te di disip li yo : “ Kontinye veye, paske nou pa konnen ki jou Seyè nou an ap vini. ” ​(Matye 24:42). Nan vèsè sa a, ankourajman Jezi bay, se pa pou nou veye sèlman men pou nou “ kontinye veye ”. Pou nou fè sa, sa mande pou nou rete vijilan. Se vre nou rekonèt se nan dènye jou yo n ap viv, se vre nou rekonèt tan yo di, men rete vijilan mande plis pase sa. Nou bezwen gen konviksyon “ lafen tout bagay vin pi pre ” e se yon konviksyon ki bezwen byen chita lakay nou (1 Pyè 4:7). Se sèlman lè nou gen yon konviksyon konsa n ap montre nou konsyan li ijan pou nou veye. Pakonsekan, kesyon pou nou reflechi sou li a se : ‘ Ki sa ki ka ede nou gen plis konviksyon toujou lafen an pwòch ? ’

4, 5. a) Ki sa k ap ban nou plis konviksyon toujou monn mechan sa a rive nan bout li, e sa k fè sa ? b) Bay youn nan domèn kote epòk Noye a sanble ak epòk prezans Pitit gason lòm nan.

4 Annou fè yon ti analiz sou jan kondisyon yo te ye nan epòk Noye a anvan delij la te rive, yon evènman nan listwa ki san parèy. Moun yo te tèlman mechan, sa te fè Jewova “ lapenn nan kè l ” e sa te fè l deklare : “ Mwen pral efase moun mwen te kreye yo sou tout kò tè a. ” ​(Jenèz 6:6, 7). Se egzakteman sa l te fè. Pou Jezi te ka fè yon konparezon ant epòk Noye a ak epòk n ap viv la, li di : “ Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit gason lòm nan ap ye. ” — Matye 24:37.

5 Menm jan Jewova te santi l anrapò ak monn ki te egziste anvan delij la, se menm jan an tou li santi l anrapò ak monn sa a, e li lojik pou nou panse sa. Piske l te detwi yon monn ki pa t gen atachman pou li, anpalan de monn nan epòk Noye a, sa vle di l ap detwi monn mechan sa a ki egziste jodi a kanmenm. Lè nou byen konprann konparezon ki genyen ant epòk Noye a ak epòk n ap viv la, sa dwe ban nou plis konviksyon toujou monn n ap viv ladan l lan rive nan bout li. Donk, ki resanblans ki genyen ant de monn sa yo ? Yo sanble omwen nan senk domèn. Premye domèn nan gen rapò ak avètisman byen klè ki bay sou yon destriksyon ki gen pou vini.

Yo te jwenn avètisman konsènan “ bagay moun potko wè ”

6. Ki sa Jewova te deside fè nan epòk Noye a ?

6 Men ki sa Jewova te deklare nan epòk Noye a : “ Lespri m pap pran pasyans ak lòm nèt ale, piske se chè li ye avantou. Se pou sa kantite jou li yo ap rive nan sanventan. ” ​(Jenèz 6:3). Se yon dekrè Jewova te bay nan ane 2 490 anvan epòk nou an, yon dekrè ki te tou endike tan lafen monn sa a ki pa t gen atachman pou Bondye a te kòmanse. Fè yon ti panse sou siyifikasyon dekrè sa a te genyen nan ka moun ki t ap viv lè sa a ! Sa te vle di nan sèlman 120 an, Jewova t apral “ fè yon delij dlo devide sou tè a pou [l] elimine tout chè ki gen fòs aktif lavi anba syèl la ”. — Jenèz 6:17.

7. a) Ki sa Noye te fè lè Jewova te avèti l li pral fè yon delij ? b) Ki sa nou dwe fè piske yo avèti nou sistèm sa a pral fini ?

7 Noye te jwenn avètisman sou katastwòf ki t apral rive a plizyè dizèn ane alavans e li te sèvi ak tan li te gen devan l lan avèk sajès yon fason pou l ka sove. Men sa apot Pòl di sou sa : “ Apre Bondye fin avèti [Noye] konsènan bagay moun potko wè, [li] te demontre li gen krent pou Bondye epi li te konstwi yon lach pou sove moun lakay li. ” ​(Ebre 11:7). E nou menm, ki sa n ap fè ? Gen anviwon 90 ane ki deja pase depi lè sistèm sa a antre nan dènye jou l yo, yon peryòd ki kòmanse an 1914. Pa gen okenn dout se nan “ tan lafen an ” nou ye (Danyèl 12:4). Ki jan nou dwe reyaji devan avètisman nou jwenn nan ? Labib di : “ Moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” ​(1 Jan 2:17). Sa vle di n ap viv yon moman kote nou bezwen konprann fè volonte Jewova se yon bagay ki ijan anpil.

8, 9. Ki avètisman Jewova bay nan epòk n ap viv la, e ak ki mwayen li sèvi pou l bay avètisman sa yo ?

8 Nan epòk n ap viv la, moun k ap etidye Labib ak tout kè yo aprann nan Pawòl Bondye a sistèm sa a kondane pou l detwi. Èske nou kwè sa toutbonvre ? Gade yon deklarasyon Jezi fè byen klè, li di : “ Lè sa a, pral gen yon gwo tribilasyon, pa t janm gen youn konsa depi nan kòmansman lemonn jiska prezan, non, epi pap janm gen youn konsa ankò. ” ​(Matye 24:21). Jezi te di tou l ap vini antanke Jij Bondye nome pou l separe moun yo tankou yon gadyen mouton k ap retire mouton nan mitan kabrit. Moun ki endiy yo “ pral nan destriksyon etènèl, men moun ki jis yo pral nan lavi etènèl. ” — Matye 25:31-33, 46.

9 Jewova sèvi ak “ esklav fidèl ki prevwayan an ” pou l ede pèp li a kenbe avètisman sa a nan tèt li e sa fèt grasa rapèl yo jwenn nan manje espirityèl esklav sa a bay (Matye 24:45-47). Anplis de sa, moun nan tout nasyon, tout tribi, tout lang e tout pèp jwenn envitasyon pou yo ‘ krenn Bondye e pou yo ba l glwa, paske lè pou l fè jijman an rive ’. (Revelasyon 14:6, 7.) Sou tout kò tè a, Temwen Jewova yo preche mesaj Wayòm nan e youn nan pwen enpòtan mesaj sa a gen ladan l se avètisman ki di talè konsa Wayòm Bondye a pral retire pouvwa a nan men lèzòm (Danyèl 2:44). Se pa yon avètisman moun fèt pou pran konsa konsa. Bondye Toupisan an toujou kenbe pawòl li (Izayi 55:10, 11). Li te kenbe pawòl li nan epòk Noye a e l ap kenbe pawòl li nan epòk n ap viv la tou. — 2 Pyè 3:3-7.

Te vin gen pèvèsyon nan yon degre ki san parèy

10. Ki sa nou ka di sou degre pèvèsyon an te ye nan epòk Noye a ?

10 Gen yon dezyèm domèn kote epòk n ap viv la sanble ak epòk Noye a. Jewova te bay premye gason an ak premye fi a lòd pou yo “ ranpli tè a ” ak moun ki menm jan avèk yo. Pou yo fè sa, yo t ap sèvi ak kapasite Jewova ba yo nan domèn seksyèl yon fason ki onorab, nan kad maryaj sèlman (Jenèz 1:28). Nan epòk Noye a, te gen zanj ki te dezobeyi e yo te vin avèk relasyon seksyèl pèvèti pou pouri lèzòm. Yo te vin sou tè a, yo pran fòm kò moun, yo viv nan kay avèk bèl medam e yo te fè pitit, pitit sa yo te mwatye moun, mwatye demon. Yo te rele yo Nefilim (Jenèz 6:2, 4). Labib konpare peche zanj kòwonpi sa yo fè avèk pèvèsyon ki te genyen nan peyi Sodòm ak Gomò (Jid 6, 7). Donk, pèvèsyon te gaye toupatou nan epòk sa a.

11. Ki jan sitiyasyon an ye nan domèn moral ki fè nou di epòk n ap viv la sanble ak epòk Noye a ?

11 E jodi a, ki jan sitiyasyon an ye nan domèn moral ? Nan dènye jou n ap viv yo, se sèks ki domine lavi anpil moun. Pòl pale de moun sa yo avèk presizyon lè l di yo “ pèdi tout bonsans moral ” yo. Anpil moun “ lage kò yo nan konduit deregle pou fè tout kalite salte avèk vorasite ”. (Efezyen 4:19.) Pònografi, sèks ant moun ki pa marye, vyòl sou timoun, sèks ant gason ak gason oswa fi ak fi, se bagay ki kouran. Gen ladan yo ki deja “ resevwa salè total yo merite pou fot yo komèt yo ”. Yo jwenn maladi moun pran nan fè sèks mete sou fanmi ki kraze ak lòt pwoblèm sa fè nan sosyete a. — Women 1:26, 27.

12. Poukisa nou bezwen aprann rayi sa ki pa bon ?

12 Nan epòk Noye a, Jewova te fè yon gwo delij e li te tou fini ak monn sa a ki te fè sèks tounen yon pasyon pou li. Nou pa dwe janm bliye epòk n ap viv kounye a sanble tèt koupe ak epòk Noye a. Lè “ gwo tribilasyon an ” rive, ‘ ni fònikatè, ni adiltè, ni gason yo itilize pou aktivite ki pa natirèl, ni gason ki kouche ak gason ’, yo tout ap disparèt sou tè a (Matye 24:21 ; 1 Korentyen 6:9, 10 ; Revelasyon 21:8). Wi, li ijan pou nou aprann rayi sa ki pa bon e pou nou evite sitiyasyon ki ka fè nou tonbe nan imoralite ! — Sòm 97:10 ; 1 Korentyen 6:18.

Latè vin “ ranpli ak vyolans ”

13. Sa k fè tè a te plen ak vyolans nan epòk Noye a ?

13 Pou Bib la pale de yon twazyèm aspè epòk Noye a te genyen, li di : “ Latè te fin pèvèti nan je vrè Bondye a e latè te vin ranpli ak vyolans. ” ​(Jenèz 6:11). Vyolans pa t yon bagay ki te fèk parèt. Kayen, yon pitit Adan, te touye frè l ki te yon nonm jis (Jenèz 4:8). Lamèk te manifeste menm etadespri ak moun nan epòk li a, li te montre sa nan yon powèm li te ekri kote li t ap vante tèt li paske l te touye yon jèn gason sou pretèks li t ap defann tèt li (Jenèz 4:23, 24). Donk, sa ki te diferan nan epòk Noye a se nan degre vyolans lan te ye a. Piske pitit Bondye ki te dezobeyi yo, anpalan de zanj yo, te marye ak fi sou tè a, yo te fè pitit, pitit sa yo te rele Nefilim, e sa te fè vyolans lan vin nan yon degre li pa t janm ye anvan sa. Nefilim yo, se te yon seri de jeyan ki te vyolan e “ yo te konn ap vide moun atè ”. (Jenèz 6:4, nòt anba paj.) Kòm rezilta, tè a te vin “ plen ak vyolans ”. (Jenèz 6:13.) Èske w ka imajine pwoblèm Noye dwe te rankontre pou l leve fanmi l nan yon sitiyasyon konsa ? Epoutan ‘ nan tout jenerasyon moun sa yo, se Noye Jewova te wè ki jis devan l ’. — Jenèz 7:1.

14. Nan ki degre monn nan “ plen ak vyolans ” jodi a ?

14 Anfèt, nan kèlkeswa epòk la, te toujou gen vyolans. Sepandan, menm jan ak epòk Noye a, n ap viv nan yon epòk kote vyolans lan rive nan yon degre li potko janm konsa anvan. Se toutan n ap tande vyolans ki genyen nan fanmi, zak teworis, jenosid, moun ki fizye foul moun san yo pa vrèman gen yon rezon pou sa, san konte kantite san lagè fè koule. Tè a vin chaje ak vyolans ankò. Men, ki rezon ki fè sa ? Ki sa k koz degre vyolans lan monte konsa ? Repons kesyon sa a, montre gen yon lòt domèn ankò ki fè epòk n ap viv la sanble ak epòk Noye a.

15. a) Ki sa ki koz vyolans lan ap monte konsa nan dènye jou yo ? b) Ki sa nou kapab asire nou ki pral rive ?

15 Lè Wayòm mesyanik Bondye a te tabli nan syèl la an 1914, Jezi Kris, antanke Wa yo bay twòn nan, te fè yon aksyon istorik. Li te mete Satan Ledyab ansanm ak tout demon l yo deyò nan syèl la. Li lage yo anba nan vwazinaj tè a (Revelasyon 12:9-12). Anvan delij la te fèt, zanj dezobeyisan yo te chwazi kite plas yo nan syèl la. Sepandan, nan epòk n ap viv la, se mete yo te mete yo deyò nan syèl la. Mete sou sa, yo pa ka pran fòm kò moun ankò pou vin pran plezi lachè. Poutèt sa, yo vin nève, yo ankòlè e yo pè kondanasyon yo pral sibi a. Kounye a, yo enfliyanse yon seri de moun ak yon seri de òganizasyon, yo fè yo fè yon seri de vye krim nan yon degre ki pi wo pase jan sa te ye nan epòk Noye a. Nan epòk Noye a, lè zanj dezobeyisan sa yo ansanm ak pitit yo te plen tè a ak mechanste, Jewova te detwi monn ki te egziste a. Nou mèt sèten se egzakteman menm bagay la Jewova ap fè nan epòk n ap viv la (Sòm 37:10). Toutfwa, moun ki rete veyatif jodi a konnen delivrans lan byen pre.

Yo preche mesaj la

16, 17. Bay katriyèm domèn kote epòk n ap viv la sanble ak epòk Noye a.

16 Katriyèm domèn kote epòk n ap viv la sanble ak monn ki te egziste anvan delij la gen rapò ak travay Jewova te konfye Noye a. Noye te konstwi yon kokenn lach. Anplis, li ‘ te konn preche ’ moun yo (2 Pyè 2:5). Ki mesaj li t ap preche ? Natirèlman, li t ap mande moun yo pou yo repanti e li t ap avèti yo pral gen yon destriksyon. Selon sa Jezi di, moun nan epòk Noye yo “ pa t remake anyen jiskaske delij la vini e l pote yo tout ale ”. — Matye 24:38, 39.

17 Menm jan an tou jodi a, Temwen Jewova yo fè travay Bondye ba yo a, yo preche avèk zèl e yo pwoklame mesaj Wayòm nan nan lemonnantye. Prèske nan tout rejyon sou tè a, moun yo ka tande mesaj Wayòm nan oubyen yo ka li l nan pwòp lang yo. Yo pibliye plis pase 25 000 000 Toudegad, yon peryodik k ap anonse Wayòm Jewova a, nan plis pase 140 lang. Wi, yo preche bon nouvèl Wayòm Bondye a “ sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon ”. Lè travay sa a va fin fèt jan Bondye vle l la, lafen an ap vini kanmenm. — Matye 24:14.

18. Ki konparezon nou ka fè ant reyaksyon anpil moun genyen devan predikasyon nou an ak reyaksyon moun yo te genyen nan epòk Noye a ?

18 Lè nou konsidere jan monn ki te egziste anvan delij la te fini ni nan domèn espirityèl ni nan domèn moral, li vin pa difisil pou nou konprann rezon ki fè enkredil yo t ap pase Noye ansanm ak fanmi l nan betiz e rezon ki fè yo te konn joure yo. Sa pa t anpeche lafen an te vini kanmenm. Menm jan an tou, nan dènye jou sa yo, gen anpil ‘ mokè ki vini ak mokri ’. Sepandan, Bib la di “ jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè ”. (2 Pyè 3:3, 4, 10.) L ap vini nan lè ki fikse a. Li pap anreta (Abakouk 2:3). Èske li pa saj pou nou ret veyatif ?

Se kèk grenn moun ki te sove

19, 20. Ki konparezon nou ka fè ant delij la ak destriksyon sistèm sa a ?

19 Domèn ki fè epòk Noye a sanble ak epòk n ap viv la pa rete sèlman nan mechanste moun nan de epòk yo fè, ni sa pa konsène destriksyon yo sèlman. Menm jan te gen moun ki te chape lè delij la, se menm jan an tou pral gen moun k ap chape lè sistèm sa a pral detwi. Moun ki te chape yo se moun ki te gen imilite e ki pa t mennen vi yo menm jan ak tout lòt moun yo. Yo te koute avètisman Bondye bay yo e yo pa t pran pa ak monn mechan ki te egziste nan epòk yo a. Bib la di : “ Noye te jwenn favè nan je Jewova. [...] Li te montre l san defo pami moun ki t ap viv nan epòk sa a. ” ​(Jenèz 6:8, 9). Se yon fanmi sèlman ki te sove nan tout moun nèt ki te gen sou tè a, wi, se sèlman ‘ kèk grenn moun, sa vle di uit nanm antou, ki te transpòte sennesòf nan mitan dlo a ’. (1 Pyè 3:20.) Jewova te bay moun sa yo yon lòd, li te di yo : “ Se pou nou fè pitit, se pou nou vin anpil, se pou nou ranpli tè a. ” — Jenèz 9:1.

20 Pawòl Bondye a ban nou asirans gen yon “ gwo foul moun ” k ap “ soti anba gwo tribilasyon an ”. (Revelasyon 7:9, 14.) Konbyen moun k ap nan gwo foul moun sa a ? Men sa Jezi te di : “ Pòt la etwat, epi chemen ki mennen nan lavi a jennen, e moun ki jwenn li yo pa anpil. ” ​(Matye 7:13, 14). An konparezon ak plizyè milya moun k ap viv sou tè a kounye a, moun k ap chape anba gwo tribilasyon an ap yon ti ponyen. Men, yo kapab byen gen menm privilèj avèk moun ki te chape anba delij dlo a. Petèt, pandan yon sèten tan, y ap kapab fè pitit e pitit sa yo ap vin fè pati sosyete tounèf k ap gen sou tè a. — Izayi 65:23.

“ Kontinye veye ”

21, 22. a) Ki pwofi w tire nan egzamen nou sot fè sou epòk delij la ? b) Ki vèsè k ap sèvi kòm tèks pou ane 2004 la e poukisa nou bezwen koute avètisman nou jwenn ladan l lan ?

21 Menmsi anpil tan ki pase depi delij la te fèt la ta ka fè l sanble li pa gen rapò ak epòk n ap viv la, men nou jwenn yon avètisman ladan l ki klè, yon avètisman nou pa ka fèmen je sou li (Women 15:4). Resanblans ki genyen ant epòk Noye a ak epòk n ap viv la ta dwe fè nou pi konsyan toujou de siyifikasyon evènman k ap pase yo genyen. E sa ta dwe fè nou toujou gen nan lespri nou se sanzatann Jezi ap vin egzekite jijman sou mechan yo.

22 Jodi a, Jezi Kris ap dirije yon kokenn travay konstriksyon nan domèn espirityèl. Gen yon lach senbolik ki egziste, se paradi espirityèl la, e li la pou pèmèt vrè adoratè yo jwenn pwoteksyon e pou yo ka sove (2 Korentyen 12:3, 4). Pou nou ka sove anba gwo tribilasyon an, nou dwe rete anndan paradi sa a. Pa deyò paradi espirityèl la, nou jwenn monn Satan an ki tou prèt pou l devore nenpòt moun ki kite kabicha pran l nan sans espirityèl. Li trèzenpòtan pou nou “ kontinye veye ” e pou nou montre nou pare pou jou Jewova a. — Matye 24:42, 44.

Èske nou sonje ?

• Ki avètisman Jezi te bay ki gen rapò ak moman l ap vini an ?

• Ak ki sa Jezi te konpare epòk prezans li an ?

• Nan ki domèn epòk n ap viv la sanble ak epòk Noye a ?

• Ki efè resanblans ki genyen ant epòk Noye ak epòk n ap viv la dwe genyen sou jan nou ta dwe konprann tan an ijan ?

[Kesyon]

[Antrefilè nan paj 12]

Tèks pou ane 2004 la se : “ Kontinye veye [...], se pou nou montre nou pare. ” — Matye 24:42, 44.

[Foto nan paj 9]

Noye te koute avètisman Bondye a. Èske nou fè menm jan an tou ?

[Foto nan paj 10]

“ Menm jan jou Noye yo te ye a, se konsa prezans Pitit gason lòm nan ap ye. ”