Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Montre w pare pou jou Jewova a

Montre w pare pou jou Jewova a

Montre w pare pou jou Jewova a

“ Se sa k fè, nou menm tou se pou nou montre nou pare, paske se nan yon lè nou pa panse Pitit lòm nan ap vini. ” — MATYE 24:44.

1. Sa k fè nou ta dwe bay jou Jewova a tout atansyon nou ?

SE PRAL yon jou batay, yon jou kòlè, yon jou k ap gen kè kase, yon jou detrès, yon jou fènwa, yon jou dezolasyon. “ Gran jou tèrib Jewova a ” ap vini kanmenm kote sistèm mechan sa a pral detwi menm jan delij la te detwi monn mechan ki te egziste nan epòk Noye a. Wi, li pap pa vini. Toutfwa, “ tout moun ki envoke non Jewova va chape sennesòf ”. (Yowèl 2:30-32 ; Amòs 5:18-20.) Bondye pral detwi ènmi l yo e li pral delivre pèp li a. Pou Sefànya montre jan gen yon mache prese, li di : “ Gran jou Jewova a byen pre. Li byen pre, e l ap prese anpil. ” ​(Sefànya 1:14). Men, ki lè Bondye ap vin egzekite jijman l lan ?

2, 3. Poukisa li endispansab pou nou prepare nou pou jou Jewova a ?

2 Jezi te di : “ Kanta pou jou sa a ak lè sa a, pèsonn pa konnen yo, ni zanj ki nan syèl la ni Pitit la, men se sèlman Papa a ki konnen yo. ” ​(Matye 24:36). Piske nou pa konnen lè a avèk presizyon, li endispansab pou nou koute konsèy nou jwenn nan tèks pou ane 2004 la ak tou kè nou. Li di : “ Kontinye veye [...], se pou nou montre nou pare. ” — Matye 24:42, 44.

3 Jezi te montre se bridsoukou moun ki pare yo pral rasanble pou yo jwenn delivrans yo alòske lòt moun yo pral wè yo abandone. Se sa k fè l te di : “ De mesye ap ansanm nan yon jaden, y ap pran youn, y ap kite lòt la. De fi ap moulen ansanm nan yon moulen, y ap pran youn, y ap kite lòt la. ” ​(Matye 24:40, 41). Lè moman tètchaje sa a rive, kòman sa ap ye pou nou ? Èske n ap pare oubyen èske se yon sipriz sa ap ye pou nou ? Sa depann anpil de dispozisyon nou pran depi kounye a. Pou nou ka montre nou pare pou jou Jewova a, sa mande pou nou evite yon seri de konpòtman ki alamòd jodi a, sa mande pou nou goumen pou nou pa kabicha nan domèn espirityèl e gen fason nou dwe evite viv.

Evite gen yon konpòtman ki vag

4. Ki konpòtman moun ki t ap viv nan epòk Noye yo te genyen ?

4 Annou fè yon ti reflechi sou epòk Noye a. Labib di : “ Grasa lafwa, Noye, apre Bondye fin avèti l konsènan bagay moun potko wè, te demontre li gen krent pou Bondye epi li te konstwi yon lach pou sove moun lakay li. ” ​(Ebre 11:7). Se premye fwa yon lach t ap konstwi. Moun yo pa t ka pa remake l. Mete sou sa, Noye te konn “ preche sa ki jis ”. (2 Pyè 2:5.) Men, ni konstriksyon lach la ni predikasyon Noye a pa t fè moun yo chanje. Sa k te fè sa ? Se paske yo te chita “ ap manje, yo t ap bwè, mesye yo t ap marye e yo t ap marye medam yo ”. Moun Noye t ap preche yo te tèlman okipe nan aktivite yo t ap mennen, plezi te tèlman pran tèt yo, “ yo pa t remake anyen jiskaske delij la [te] vini e l [te] pote yo tout ale ”. — Matye 24:38, 39.

5. Ki konpòtman moun ki t ap viv Sodòm yo te genyen nan epòk Lòt la ?

5 Se menm bagay la ki te pase nan epòk Lòt la tou. Men ki sa Bib la di : “ Yo t ap manje, yo t ap bwè, yo t ap achte, yo t ap vann, yo t ap plante, yo t ap bati. Men jou Lòt soti kite Sodòm nan, gen yon lapli dife ak souf ki tonbe sot nan syèl la e li detwi yo tout. ” ​(Lik 17:28, 29). Zanj yo te avèti Lòt pral gen yon destriksyon k ap vini tousuit. Apre sa, Lòt fè bofis li yo konnen sa k pral rive a, men yo te pran l “ pou yon moun k ap jwe ”. — Jenèz 19:14.

6. Ki konpòtman nou dwe evite ?

6 Jezi te di menm jan sa te ye nan epòk Noye a ak nan epòk Lòt la, se menm jan an sa ap ye pandan “ prezans Pitit gason lòm nan ”. (Matye 24:39 ; Lik 17:30.) Anfèt, anpil moun jodi a gen yon konpòtman vag. Nou bezwen fè atansyon pou nou pa wè bagay yo menm jan avèk yo. Pa gen anyen mal pou yon moun manje, pou yon moun bwè, depi li pa depase limit. Se menm bagay pou maryaj, se Bondye ki mete l. Sepandan, si se bagay sa yo sèlman nou bay enpòtans nan lavi nou e sa fè nou neglije aktivite espirityèl nou yo, èske nou kapab di nou pare pou jou tèrib Jewova a ?

7. Ki kesyon trèzenpòtan nou dwe poze tèt nou anvan nou angaje nou nan yon aktivite, e poukisa ?

7 Men sa apot Pòl di : “ Tan ki rete a vin pi kout. Depi kounye la a, se pou moun ki gen madanm fè tankou li pa t genyen. ” ​(1 Korentyen 7:29-31). Se yon tikras tan sèlman ki rete pou nou fin fè travay Bondye konfye nou an, anpalan de predikasyon Wayòm nan (Matye 24:14). Pòl te egzòte menm moun ki marye yo pou yo pa konsakre tout tan yo youn pou lòt opwen pou yo pa ta bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi yo. Nou tou wè mantalite Pòl ankouraje yon moun genyen la a ann opozisyon avèk yon konpòtman ki vag. Jezi te di : “ Kontinye chèche wayòm nan ak jistis [Bondye] an premye. ” ​(Matye 6:33). Lè n ap pran yon desizyon oubyen anvan nou angaje nou nan yon aktivite, li trèzenpòtan pou nou mande tèt nou : “ Èske sa pap anpeche m bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi m ? ”

8. Si aktivite n ap mennen chak jou pran tout tan nou, ki sa nou dwe fè ?

8 E si nou ta rann nou kont aktivite n ap mennen chak jou gentan tèlman pran tan nou, sa fè kesyon espirityèl yo pa gen okenn plas nan vi nou ? Èske nou remake fason n ap viv la pa fin twò diferan ak jan vwazen nou yo ap viv, yo menm ki pa gen konesans egzak sou Bib la e ki pa pwoklamatè Wayòm nan ? Si se sa, sa vle di se yon kesyon nou bezwen priye sou li. Jewova ka ede nou genyen yon mantalite ki kòrèk (Women 15:5 ; Filipyen 3:15). Li ka ede nou bay enterè Wayòm nan priyorite, pou nou fè sa ki dwat, e pou nou fè devwa nou devan l. — Women 12:2 ; 2 Korentyen 13:7.

Goumen pou nou pa kabicha espirityèlman

9. Selon Revelasyon 16:14-16, poukisa li enpòtan pou nou goumen yon fason pou nou pa kabicha nan domèn espirityèl ?

9 Menm pwofesi ki pale de lagè Amagedòn ki pral vini an, “ lagè ki pral fèt nan gran jou Bondye ki Toupisan an ”, menm pwofesi sa a gen yon avètisman ladan l piske li montre gen moun ki ka pa rete je klè. Men sa Jezi Kris, Seyè a, di : “ Gade ! M ap vini tankou yon vòlè. Byennere moun ki rete je klè e ki kite rad li sou li, pou l pa mache toutouni e pou moun pa wè wont li. ” ​(Revelasyon 16:14-16). Rad l ap pale la a gen rapò ak sa ki idantifye nou antanke kretyen, antanke Temwen Jewova. Sa gen ladan l travay n ap fè antanke pwoklamatè Wayòm nan ansanm ak konduit nou. Si nou kite dòmi pran nou espirityèlman, sa ka fè yo retire rad nou sou nou, rad ki idantifye nou kòm kretyen an. Se yon sitiyasyon ki ka fè nou wont e ki gen danje ladan l. Nou dwe goumen pou nou pa kite kabicha pran nou oubyen pou nou pa vin fèb espirityèlman. Ki jan nou ka goumen ak yon tandans konsa ?

10. Sa k fè lè nou li Bib la chak jou, sa ka ede nou rete veyatif nan domèn espirityèl ?

10 Se pa ni youn ni de fwa Bib la mete aksan sou nesesite pou nou rete je klè e pou nou rete ak bonsans nou. Pa egzanp, men ki rapèl Evanjil yo fè nou : “ Kontinye veye. ” ​(Matye 24:42 ; 25:13 ; Mak 13:35, 37). “ Se pou nou montre nou pare. ” ​(Matye 24:44). “ Pa sispann veye, pa kite dòmi pran nou. ” ​(Mak 13:33). “ Se pou nou toujou pare. ” ​(Lik 12:40). Apot Pòl, apre li te fin montre jou Jewova a ap vini sanzatann sou monn sa a, li te bay kwayan parèy li yo yon ankourajman, li te di yo: “ Ann pa kite dòmi pran nou, menm jan ak lòt moun yo, men ann rete je klè e ann konsève bonsans nou. ” ​(1 Tesalonisyen 5:6). Nan dènye liv ki nan Bib la, Jezi Kris, etan li nan glwa l, te montre l ap vini bridsoukou, li te di : “ M ap vini byen vit. ” ​(Revelasyon 3:11 ; 22:7, 12, 20). Gen anpil nan pwofèt ebre yo ki te pale de gran jou jijman Jewova a, e ki te bay avètisman konsènan jou sa a (Izayi 2:12, 17 ; Jeremi 30:7 ; Yowèl 2:11 ; Sefànya 3:8). Lè chak jou nou li Labib, Pawòl Bondye a, e lè nou reflechi sou sa nou li yo, se yon bon mwayen pou nou rete veyatif nan domèn espirityèl.

11. Sa k fè, pou nou rete je klè espirityèlman, li esansyèl pou nou etidye Bib la pèsonèlman ?

11 Wi, lè nou etidye Bib la avèk dilijans, kote nou sèvi avèk piblikasyon “ esklav fidèl ki prevwayan an ” bay, se yon remèd ki ka ede nou rete je klè nan domèn espirityèl (Matye 24:45-47). Sepandan, sèl fason pou nou tire pwofi nan etid sa a, se lè nou fè sa yon fason ki pi pwofon chak jou (Ebre 5:14–6:3). Nou bezwen pran manje espirityèl ki solid regilyèman. N ap viv nan yon moman kote li pa toujou fasil pou nou jwenn tan pou fè sa (Efezyen 5:15, 16). Men, sa pa sifi pou se lè nou pa gen anyen n ap fè pou nou li Bib la ansanm ak piblikasyon biblik yo. Li esansyèl pou nou etidye Bib la regilyèman si nou vle “ solid nan lafwa ”, e si nou vle rete je klè. — Tit 1:13.

12. Ki jan reyinyon yo ak kongrè yo ede nou goumen pou nou pa kabicha espirityèlman ?

12 Reyinyon avèk kongrè yo ede nou goumen pou nou pa kabicha espirityèlman. Ki jan sa fèt ? Se pa rapò ak ansèyman nou resevwa ladan yo. Nan rasanbleman sa yo, èske yo pa toujou fè nou sonje jou Jewova a pre ? Reyinyon nou fè chak semèn yo ban nou posiblite tou ‘ pou youn pouse lòt fè bèl aksyon ’. Sa ap ede yon moun rete je klè nan domèn espirityèl. Se pa etonan si nou jwenn kòmandman sa a ki mande pou nou reyini regilyèman, “ vin jwenn nou wè se pwoche jou a ap pwoche ”. — Ebre 10:24, 25.

13. Ki jan ministè a ede nou rete je klè espirityèlman ?

13 Yon lòt bagay ankò ki ede nou rete je klè, se lè nou patisipe nan ministè a ak tout kè nou. Lè nou pale de siy tan yo ak lòt moun e de siyifikasyon yo genyen, se yon mwayen ki ede nou toujou kenbe yo nan tèt nou. Pa gen pi bon mwayen ki ka pèmèt nou fè sa, pa vre ? Lè nou wè moun nou etidye Labib avèk yo ap fè pwogrè, lè nou wè y ap aplike sa yo aprann yo, sa fè nou vin pi konsyan toujou pou nou aji vit. Men sa apot Pyè di : “ Prepare lespri nou pou nou aji, rete nan bonsans nou nèt. ” ​(1 Pyè 1:13). Lè nou “ toujou gen anpil bagay pou nou fè nan travay Seyè a ”, se yon bon remèd ki pou anpeche nou frèt espirityèlman. — 1 Korentyen 15:58.

Evite viv yon fason ki ka mete nou an danje espirityèlman

14. Dapre esplikasyon Jezi bay nan Lik 21:34-36, ki avètisman nou jwenn ladan l anrapò ak fason moun yo an jeneral t ap viv ?

14 Nan gwo pwofesi Jezi te bay sou siy prezans li an, nou jwenn yon lòt avètisman. Li te di : “ Veye kò nou, pou kè nou pa vin lou poutèt nou fè eksè nan manje, eksè nan bwason, e pou kè nou pa vin lou akoz tètchaje ki genyen nan lavi a, e pou jou sa a pa rive bridsoukou sou nou tankou yon pyèj. Wi, l ap vini sou tout moun ki abite sou tout tè a. Donk, pa kite dòmi pran nou. Se pou nou toujou ap fè siplikasyon yon fason pou nou ka reyisi chape anba tout bagay sa yo ki gen pou rive, e pou nou ka reyisi kanpe debou devan Pitit lòm nan. ” ​(Lik 21:34-36). Jezi te esplike avèk yon bèl presizyon fason moun yo an jeneral t apral viv. Li mansyone eksè yo t ap fè nan manje, eksè nan bwason e yo t ap viv yon fason ki t ap fè yo gen plis enkyetid.

15. Sa k fè nou bezwen evite fè eksè nan manje ak nan bwason ?

15 Sa pa ann amoni ak prensip biblik yo pou yon moun manje twòp oubyen pou l bwè twòp, e se yon bagay pou nou evite. Labib di : “ Pinga w al nan mitan moun ki bwè anpil diven, ni nan mitan moun ki aloufa lè y ap manje vyann. ” ​(Pwovèb 23:20). Yon moun pa bezwen rive nan yon pwen kote li manje tankou yon glouton oubyen li bwè pou l sou, pou l santi l malalèz. Depi anvan sa, li ka santi l vle kabicha oubyen li ka santi l lou. Gen yon pwovèb nan Bib la ki di : “ Moun ki parese a montre li anvi anpil bagay pou tèt li, men nanm li pa gen anyen. ” ​(Pwovèb 13:4). Yon moun konsa ta byen renmen fè volonte Bondye, men li vin tèlman neglijan, li pa ka rive fè l.

16. Ki jan nou kapab evite pou enkyetid nou genyen pa rapò ak fanmi nou pa tounen yon pwa lou pou nou ?

16 Kont ki enkyetid Jezi mete nou an gad la a ? Se sousi nou genyen pou tèt nou, pou pran swen fanmi nou ak pou lòt bagay ki ale nan menm sans lan. Li pa bon menm pou nou ta kite bagay sa yo tounen yon pwa lou pou nou ! Men sa Jezi di : “ Kiyès nan nou, lè li enkyete, ki kapab ajoute yon sèl koude sou dire lavi l ? ” Apre sa pou l montre sa pou yo fè, li di : “ Pa janm enkyete pou n ap di : ‘ Sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap mete sou nou ? ’ Paske se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap fè afre. Paske papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. ” Lè nou bay enterè Wayòm nan priyorite nan lavi nou, lè nou gen konfyans Jewova ap ban nou sa nou bezwen, sa ap ede nou gen kontwòl sou enkyetid nou yo e sa ap fè nou rete je klè. — Matye 6:25-34.

17. Ki jan, lè yon moun ap kouri dèyè byen materyèl, sa ka fè l gen plis enkyetid ?

17 Yon lòt bagay ki ka fè yon moun enkyete se lè l ap kouri dèyè byen materyèl. Pa egzanp, gen moun ki rann lavi yo difisil paske yo kwoke djakout yo kote men yo pa ka rive. Gen lòt ki antre nan aktivite yo panse ki ka fè yo rich byen vit oubyen ki al envesti nan biznis ki gen twòp risk. Gen lòt moun tou ki kwè se lè yo fè gwo etid y ap ka rive e sa vin tounen yon pyèj pou yo. Se vre, gen yon nivo etid yon moun bezwen pou l ka jwenn travay. Sepandan, reyalite ki kache dèyè kesyon an sèke, gen moun ki al fè gwo etid e yo fè tèt yo soufri espirityèlman. Èske se pa yon move sitiyasyon pou yon moun twouve l pandan jou Jewova a ap pwoche a ? Bib la bay yon avètisman sou sa, li di : “ Sepandan, moun ki pran rezolisyon pou yo rich tonbe nan tantasyon, nan yon pyèj ak nan anpil anvi ki ensanse e ki nuizib, ki lage moun nan destriksyon e nan dezas. ”— 1 Timote 6:9.

18. Ki kapasite nou bezwen devlope lakay nou pou nou ka evite viv yon fason ki montre nou bay byen materyèl anpil enpòtans ?

18 Pou yon moun evite viv yon fason ki montre li bay byen materyèl anpil enpòtans, yon bagay ki esansyèl pou l fè, se devlope kapasite pou l distenge byen ak mal lè l ap pran desizyon. Pou l devlope kapasite sa a lakay li, li bezwen manje gwo manje espirityèl regilyèman, ‘ manje ki fèt pou moun ki gen matirite ’ e li bezwen ‘ sèvi ak klèvwayans ’ li (Ebre 5:13, 14). Lè nou “ verifye bagay ki pi enpòtan ” nan fason nou chwazi sa n ap bay priyorite, sa ede nou evite pran move desizyon. — Filipyen 1:10.

19. Si nou rann nou kont nou pa prèske gen tan pou aktivite espirityèl, ki sa nou dwe fè ?

19 Si fason n ap viv la montre nou bay byen materyèl anpil enpòtans, sa ka bouche je nou, sa ka fè nou pa prèske gen tan pou aktivite espirityèl e petèt nou ka pa gen tan menm pou sa. Ki analiz nou bezwen fè sou tèt nou dekwa pou fason n ap viv la pa tounen yon pyèj pou nou ? Nou bezwen egzamine nan lapriyè pou nou wè nan ki pwen nou ka rann lavi nou pi senp e ki jan nou ka fè sa. Men sa Salomon, yon wa Izrayèl, te di : “ Somèy moun k ap sèvi a dous, kit sa l manje a piti oswa l anpil. Men abondans moun ki rich la pa kite l dòmi. ” ​(Eklezyas 5:12). Èske, pou nou pran swen byen nou pa menm bezwen, sa mande anpil tan ak anpil travay ? Tank nou posede plis byen, se tank nou bezwen pase plis tan ap pran swen yo, se tank nou bezwen peye plis asirans, e se plis bagay nou oblije pwoteje. Èske sa pa t ap nan avantaj nou pou nou rann lavi nou pi senp e pou nou debarase nou de kèk bagay nou posede ?

Fè tout sa nou kapab pou nou montre nou pare

20, 21. a) Ki asirans apot Pyè bay konsènan jou Jewova a ? b) Pou nou montre nou pare pou jou Jewova a, ki aksyon nou dwe kontinye fè ?

20 Lafen an te rive sou monn Noye a e se menm bagay la k ap rive sistèm sa a tou. Apot Pyè ban nou yon asirans, li di : “ Jou Jewova a ap vini tankou yon vòlè, e nan jou sa a syèl la pral pase nan yon bri ki tankou yon kout siflèt, men, bagay ki vin cho anpil anpil yo pral fonn, e tè a ak sa y ap fè sou li yo pral parèt aklè. ” Ni syèl senbolik la, anpalan de gouvènman mechan yo, ni tè senbolik la, anpalan de tout moun ki lwen Bondye yo, pap chape anba gwo kòlè Bondye a. Anmenmtan, Pyè di ki jan nou ka montre nou pare pou jou sa a. Li deklare : “ Piske tout bagay sa yo gen pou fonn konsa, ki jan de moun nou dwe ye nan konduit ki sen ak nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye, pandan n ap tann e pandan nou toujou gen prezans jou Jewova a nan lespri nou ! ” — 2 Pyè 3:10-12.

21 Pami bagay pou nou fè ki montre nou gen atachman pou Bondye, genyen asiste reyinyon regilyèman ak preche bon nouvèl la. Pandan n ap tann gran jou Jewova a avèk pasyans, annou fè bagay sa yo ak tout kè nou, wi ak yon kè ki gen atachman pou li. Annou “ fè tout posib nou pou finalman li jwenn nou san tach, san defo e nan lapè ”. — 2 Pyè 3:14.

Èske nou sonje ?

• Sa k fè nou bezwen montre nou pare pou jou Jewova a ?

• Si aktivite n ap mennen nan lavi a vin tounen prensipal sousi nou, ki sa nou dwe fè ?

• Ki sa k ap ede nou goumen pou nou pa kabicha espirityèlman ?

• Ki fason nou dwe evite viv, e ki jan nou ka evite viv fason sa a ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 15]

Moun ki t ap viv nan epòk Noye a pa t remake jijman ki t apral rive sou yo a. E ou menm ?

[Foto nan paj 17]

Èske w ka rann lavi w senp yon fason pou w ka gen plis tan pou aktivite espirityèl ?