Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Se pou nou tout pwoklame glwa Jewova

Se pou nou tout pwoklame glwa Jewova

Se pou nou tout pwoklame glwa Jewova

“ Bay Jewova glwa, rekonèt se li menm ki gen fòs. Bay Jewova glwa ki pou non l. ” — SÒM 96:7, 8.

1, 2. Ki sa k ap bay Jewova louwanj, e ki moun ki jwenn egzòtasyon pou patisipe nan louwanj sa a tou ?

DAVID, pitit gason Jese a, se te yon jèn ti gadyen mouton ki te grandi nan zòn Betleyèm. Nou pa bezwen mande konbyen fwa li dwe te kontanple yon bèl syèl ki chaje ak etwal nan yon nuit byen pezib pandan l ap siveye twoupo papa l yo nan patiraj izole sa yo ! Siman se bèl imaj frapan sa yo ki t ap pase nan tèt David lè li te konpoze bèl chante ki nan Sòm 19 la anba enspirasyon lespri sen Bondye. Men pawòl li te chante : “ Syèl la ap pwoklame laglwa Bondye, e lespas la ap anonse travay men li yo. Sou tout tè a kòd pou l mezire a soti, e jis nan dènye bout tè k ap pwodui a, pawòl li rive. ” — Sòm 19:1, 4.

2 Jou apre jou, nuit apre nuit, san di yon mo, san okenn vwa, syèl estrawòdinè Jewova kreye a ap pwoklame laglwa l. Kreyasyon an pa janm sispann pwoklame laglwa Bondye, e sa fè yon moun santi l piti lè l ap reflechi sou temwayaj kreyasyon an bay an silans, yon temwayaj ki parèt sou “ tout tè a ” pou tout moun k ap viv sou li ka wè. Sepandan, temwayaj kreyasyon an ap bay an silans lan pa sifi. Moun ki fidèl yo jwenn egzòtasyon pou yo patisipe nan temwayaj sa a avèk pawòl nan bouch yo. Yon salmis yo pa site non l te ekri pawòl enspire sa yo pou sèvitè Bondye ki fidèl yo, men sa l di : “ Bay Jewova glwa, rekonèt se li menm ki gen fòs. Bay Jewova glwa ki pou non l. ” ​(Sòm 96:7, 8). Tout moun ki gen bon relasyon ak Jewova kontan aji jan egzòtasyon an mande l la. Men, pou yon moun bay Bondye glwa, ki sa sa enplike ?

3. Ki rezon ki fè moun bay Bondye glwa ?

3 Sa mande plis pase pawòl nan bouch. Izrayelit nan epòk Izayi yo te glorifye Bondye avèk bouch yo, men pifò nan yo te manke senserite. Jewova te sèvi ak Izayi pou l te di pawòl sa yo : “ Pèp sa a vin toupre avèk bouch yo, [...] yo glorifye m ak po bouch yo sèlman, [...] yo voye kè yo byen lwen m. ” ​(Izayi 29:13). Tout louwanj moun sa yo te konn bay yo te san valè. Pou yon louwanj gen valè, li dwe soti nan yon kè ki ranpli ak lanmou pou Jewova e fòk moun nan rekonèt ak tout senserite Jewova gen yon glwa ki san parèy. Se Jewova sèl ki Kreyatè. Se li ki Toupisan, se li ki Jis, se li ki modèl lanmou. Se nan li menm delivrans nou soti, se li menm ki Souvren lejitim e tout kreyati k ap viv nan syèl la ak sou tè a dwe soumèt devan l (Revelasyon 4:11 ; 19:1). Si nou kwè nan bagay sa yo toutbonvre, annou ba l glwa ak tout kè nou.

4. Ki enstriksyon Jezi te bay sou fason pou nou bay Bondye glwa, e ki jan nou ka suiv enstriksyon sa yo ?

4 Jezi Kris anseye nou ki jan pou nou bay Bondye glwa. Men sa l di : “ Men nan ki sa Papa m jwenn glwa, se lè nou kontinye pwodui anpil fwi e nou montre nou se disip mwen. ” ​(Jan 15:8). Ki jan pou nou pwodui anpil fwi ? Premyèman, se lè nou patisipe ak tout nanm nou nan travay predikasyon ‘ bon nouvèl wayòm ’ nan e konsa nou met ansanm ak tout bagay li kreye yo pou nou “ pale ” konsènan “ kalite envizib ” Bondye yo (Matye 24:14 ; Women 1:20). Nan fason sa a, nou tout nou patisipe, dirèkteman oubyen endirèkteman, nan travay fè nouvo disip k ap vin ogmante kantite moun k ap chante louwanj pou Jewova Dye. Dezyèmman, nou kiltive fwi lespri sen an pwodui nan nou menm e nou fè efò pou nou imite bèl kalite Jewova yo (Galat 5:22, 23 ; Efezyen 5:1 ; Kolosyen 3:10). Kòm rezilta, chak jou konduit nou ap bay Bondye glwa.

“ Sou tout tè a ”

5. Esplike ki jan Pòl te ensiste sou responsablite kretyen yo genyen pou yo bay Bondye glwa lè yo pale ak lòt moun de lafwa yo.

5 Nan lèt Pòl te voye bay Women yo, li te ensiste sou responsablite kretyen yo genyen pou yo bay Bondye glwa e y ap fè sa lè yo pale ak lòt moun de lafwa yo. Men tèm prensipal liv Women an : se sèlman moun ki demontre lafwa nan Jezi Kris k ap sove. Nan chapit 10 lèt Pòl la, li montre kòman Izrayelit de nesans nan epòk li a te toujou ap fè efò pou yo atenn yon pozisyon moun jis nan obsève Lalwa Moyiz la, alòske “ Kris se [te] finisman Lalwa ”. Se pou sa Pòl te di pawòl sa yo : “ Si w deklare ‘ pawòl sa a nan bouch ou ’ an piblik, Jezi se Seyè, e si w demontre lafwa nan kè w Bondye te leve l sot nan lanmò, w ap sove. ” Apati de moman sa a, “ pa gen distenksyon ant Juif ak Grèk, piske se menm Seyè a ki sou tèt tout moun, ki rich pou tout moun ki envoke l. Paske ‘ tout moun ki envoke non Jewova ap sove ’ ”. — Women 10:4, 9-13.

6. Ki aplikasyon Pòl fè ak Sòm 19:4 ?

6 Annapre, Pòl fè rezònman lojik sa yo, li mande : “ Ki jan y ap fè envoke sila a yo pa gen lafwa nan li a ? E ki jan y ap fè gen lafwa nan sila a yo pa janm tande pale de li a ? E ki jan yo pral fè tande san pa gen moun k ap preche ? ” ​(Women 10:14). Men sa Pòl di anpalan de Izrayèl : “ Se pa yo tout ki te obeyi bon nouvèl la. ” Poukisa Izrayèl pa t obeyi ? Rezon ki fè yo pa t obeyi se pa paske yo te manke okazyon, men pito paske yo te manke lafwa. Pòl montre sa lè l site Sòm 19:4 e li aplike l sou travay predikasyon kretyen yo ap fè olye pou l ta aplike l sou temwayaj kreyasyon an ap bay an silans. Men sa l di : “ Men wi ! ‘ Sou tout tè a, bri yo kouri, e jis nan dènye bout tè ki abite a, pawòl yo rive. ’ ” ​(Women 10:16, 18). Wi, menm jan kreyasyon ki pa vivan an ap bay Jewova glwa, kretyen premye syèk yo te preche bon nouvèl delivrans lan toupatou, kidonk, yo te bay Bondye louwanj sou “ tout tè a ”. Nan lèt Pòl te ekri Kolosyen yo, li te pale tou kòman bon nouvèl la te gentan gaye anpil kote. Li te di yo te preche bon nouvèl la “ nan tout kreyasyon ki anba syèl la ”. — Kolosyen 1:23.

Yo te zele antanke temwen

7. Selon Jezi, ki responsablite kretyen yo genyen ?

7 Petèt, Pòl te ekri lèt li te voye bay Kolosyen yo 27 an apre lanmò Jezi Kris. Men, kòman fè travay predikasyon an te gentan gaye rive jis nan Kolòs nan ti tan sa a ? Sa te fèt paske kretyen premye syèk yo te zele, e Jewova te beni zèl yo a. Jezi te anonse kòman disip li yo t ap aktif nan travay predikasyon an, men sa l te di : “ Fòk toudabò yo preche bon nouvèl la nan tout nasyon. ” ​(Mak 13:10). Anplis de pwofesi sa a, Jezi te ajoute kòmandman ki nan de dènye vèsè nan Levanjil Matye a, li te di : “ Ale non, epi fè disip pami moun tout nasyon, batize yo nan non Papa a, nan non Pitit la ak nan non lespri sen an. Anseye yo pou yo obsève tout kòmandman mwen ban nou. ” ​(Matye 28:19, 20). Yon ti tan apre Jezi fin monte nan syèl, disip li yo fè sa l te di yo a.

8, 9. Selon liv Travay la, kòman kretyen yo te obsève kòmandman Jezi te ba yo ?

8 Premye bagay disip fidèl Jezi yo te fè apre yo fin resevwa lespri sen nan Pannkòt ane 33 epòk nou an, se te soti al preche pou yo pale ak foul moun nan Jerizalèm yo “ konsènan bèl bagay Bondye fè yo ”. E predikasyon yo a te trè efikas piske “ anviwon twa mil nanm ” te batize. Disip yo te kontinye bay Bondye louwanj avèk zèl an piblik, e sa te bay bon rezilta. — Travay 2:4, 11, 41, 46, 47.

9 Tousuit, lidè relijye yo te remake aktivite kretyen sa yo. Kòm apot Pyè ak apot Jan te dirèk nan fason yo pale, sa te nui yo, poutèt sa yo te pase de apot yo lòd pou yo sispann preche. Men ki repons apot yo te bay : “ Nou pa kapab sispann pale de bagay nou te wè ak bagay nou te tande. ” Apre sa, yo fè Pyè ak Jan menas epi yo lage yo. Ansuit, Pyè ak Jan tounen al jwenn frè yo, e yo priye Jewova ansanm. Avèk kouraj, men sa yo mande Jewova : “ Bay esklav ou yo posiblite pou yo kontinye pale pawòl ou avèk anpil kran .” — Travay 4:13, 20, 29.

10. Ki kalite opozisyon vrè kretyen yo te kòmanse rankontre, e ki jan yo te reyaji ?

10 Priyè sa a te ann amoni ak volonte Jewova, jan sa te vin parèt klè yon ti tan apre. Yo te arete apot yo e yon zanj te fè yon mirak, li lage yo. Men sa zanj lan te di yo : “ Ale, kanpe nan tanp lan, e kontinye di pèp la tout pawòl ki gen rapò ak lavi sa a. ” ​(Travay 5:18-20). Piske apot yo te obeyi, Jewova te kontinye beni yo. Se sa k fè, “ chak jou, san rete, ni nan tanp lan ni kay an kay, yo te kontinye anseye e yo te kontinye anonse bon nouvèl konsènan Kris la, Jezi ”. (Travay 5:42.) Sa klè, gwo opozisyon pa t ka bloke disip Jezi yo ditou, sa pa t ka fè yo sispann bay Bondye glwa an piblik.

11. Kòman premye kretyen yo te konsidere travay predikasyon an ?

11 Yon ti tan apre, yo arete Etyèn e yo lapide l ak kout wòch jiskaske l mouri. Lanmò sa a te leve yon sèl pèsekisyon nan Jerizalèm, e tout disip yo, eksepte apot yo, te oblije kouri kite Jerizalèm, yo te gaye toupatou. Èske pèsekisyon an te dekouraje yo ? Non. Men sa nou li : “ Moun ki te gaye yo t ap anonse bon nouvèl pawòl la toutpandan yo t ap travèse peyi a. ” ​(Travay 8:1, 4). Se pa t ni youn ni de fwa moun yo te gen okazyon wè zèl disip yo te genyen pou pwoklame laglwa Bondye. Nan Travay chapit 9, yo pale nou de Sol, yon Farizyen ki fèt nan vil Tas, ki t apral Damas pou l al kòmanse pèsekite disip Jezi ki t ap viv nan zòn nan. Pandan l sou wout, li wè Jezi nan yon vizyon e li tou vin avèg. Etan l Damas, Ananyas fè yon mirak, li fè l wè. (Menm Sol sa a, pi devan yo te vin konnen l sou non apot Pòl.) Ki premye bagay Sol te fè ? Men sa istwa a di : “ Menm kote a, li kòmanse preche konsènan Jezi nan sinagòg yo, li t ap di se Moun sa a ki pitit Bondye a. ” — Travay 9:20.

Yo tout te konn preche

12, 13. a) Selon sa plizyè istoryen rapòte, ki sa ki te remakab nan kongregasyon premye kretyen yo ? b) Ki jan liv Travay la ansanm ak pawòl Pòl yo apiye deklarasyon istoryen yo ?

12 Anpil moun admèt nan kongregasyon premye kretyen yo se tout moun nèt ki te konn patisipe nan travay predikasyon an. Men sa Philip Schaff ekri anpalan de kretyen nan epòk sa a : “ Chak kongregasyon te yon sosyete misyonè, e chak kwayan kretyen te yon misyonè. ” ​(History of the Christian Church). Men sa W. S. Williams deklare : “ Dapre tout temwayaj yo, li klè, tout kretyen nan premye Legliz la, sitou sa ki te gen don karismatik yo [don lespri a], tout te konn preche levanjil la. ” ​(The Glorious Ministry of the Laity). Men sa li ajoute : “ Jezi pa t janm gen nan tèt li pou se yon ti gwoup moun, yon klèje sèlman, ki gen privilèj pou l preche .” Menm Sèls, yon lènmi kretyen yo nan lantikite, te ekri pawòl sa yo : “ Moun k ap tonn mouton, kòdonye, moun k ap tannen po bèt, moun ki pi iletre a ak moun ki pi abitan an, se te moun ki te konn preche levanjil la avèk zèl. ”

13 Liv Travay apot yo montre jan deklarasyon sa yo egzak. Nan Pannkòt ane 33 nan epòk nou an, apre disip yo te fin resevwa lespri sen, yo tout, gason kou fi, te pwoklame bèl bagay Bondye fè yo an piblik. Apre pèsekisyon ki te deklannche apre lanmò Etyèn nan, tout kretyen ki te gaye yo te simaye bon nouvèl la toupatou. Apre anviwon 28 an, Pòl te ekri tout kretyen ebre yo yon lèt, se pa sèlman yon ti klèje li te ekri, men sa l te di : “ Pa mwayen li, annou toujou ofri Bondye yon sakrifis louwanj, sa vle di fwi ki sot nan bouch nou ki fè yon deklarasyon piblik pou non li. ” ​(Ebre 13:15). Men sa Pòl te ekri pou l esplike ki jan li konprann travay predikasyon an : “ Si kounye a m ap anonse bon nouvèl la, se pa yon rezon pou m glorifye tèt mwen, paske se yon obligasyon yo fè m. Wi, se malè m si mwen pa t anonse bon nouvèl la ! ” ​(1 Korentyen 9:16). Li klè, tout kretyen fidèl nan premye syèk la te santi menm bagay la tou.

14. Ki relasyon ki genyen ant lafwa ak predikasyon ?

14 Annefè, yon moun ki kretyen toutbon dwe patisipe nan travay predikasyon an paske travay sa a makònen ak lafwa. Men sa Pòl te di : “ Se avèk kè a yon moun demontre lafwa pou lajistis, men se avèk bouch li li fè deklarasyon piblik pou l ka sove. ” ​(Women 10:10). Èske se sèlman yon ti gwoup moun nan kongregasyon an, tankou yon klèje konsa, ki gen pou demontre lafwa e ki gen responsablite pou preche ? * Non, se pa sa ditou ! Se tout vrè kretyen ki pou kiltive yon fwa ki vivan nan Jezi Kris, Seyè a, e se yo tout ki pou santi yo pouse pou yo pale de lafwa yo ak lòt moun. Sinon, lafwa yo mouri (Jak 2:26). Piske tout kretyen fidèl nan premye syèk epòk nou an te demontre lafwa yo nan fason sa a, yo te chante yon gwo chan louwanj pou non Jewova.

15, 16. Bay egzanp ki montre travay predikasyon an te pwogrese malgre pwoblèm ki te genyen.

15 Nan premye syèk la, benediksyon Jewova te bay pèp li te fè gen akwasman malgre pwoblèm ki te genyen anndan kou deyò kongregasyon an. Pa egzanp, Travay chapit 6 pale de yon pwoblèm ki te genyen ant moun ki te konvèti ki pale ebre ak sa ki pale grèk yo. Se apot yo ki te rezoud pwoblèm sa a. Ki rezilta sa te bay ? Men sa nou li : “ Pawòl Bondye a te kontinye ap pwogrese, epi kantite disip yo te kontinye ap miltipliye nan Jerizalèm. Epi yon gwo foul prèt te vin obeyi lafwa a. ” — Travay 6:7.

16 Annapre, pwoblèm politik te vin devlope ant wa Jide a, Ewòd Agripa, ansanm ak pèp nan Ti ak Sidon. Moun ki t ap viv nan vil sa yo, avèk flatri, yo te pwopoze lapè, e kòm repons, Ewòd te fè yon diskou pou pèp la. Foul moun yo tonbe rele : “ Sa a se vwa yon dye, se pa vwa yon nonm ! ” Menm kote a, zanj Jewova frape Ewòd Agripa, e li mouri “ paske li pa t bay Bondye glwa ”. (Travay 12:20-23.) Ala yon chòk moun ki met espwa yo nan dirijan imen yo te pran (Sòm 146:3, 4) ! Kretyen yo yo menm te kontinye bay Jewova glwa. Kòm rezilta, malgre sitiyasyon politik enstab sa yo, “ pawòl Jewova a te kontinye ap pwogrese e li te kontinye ap gaye ”. — Travay 12:24.

Nan premye syèk la e jodi a

17. Nan premye syèk la, ki bagay yon kantite moun ki pa t sispann ogmante te met ansanm pou yo fè ?

17 Se vre, se moun ki zele, moun ki aktif nan fè louwanj pou Jewova ki te fòme kongregasyon kretyen nan premye syèk la. Tout kretyen ki fidèl te konn patisipe nan gaye bon nouvèl la. Jan Jezi te di l la, lè yo rankontre yon moun ki aksepte koute yo, yo anseye l pou l obeyi tout bagay Jezi te kòmande yo (Matye 28:19, 20). Kòm rezilta, kongregasyon an te vin pwogrese, e plis moun toujou te mete ansanm pou chante louwanj pou Jewova menm jan ak wa David. Yo tout yo repete pawòl enspire sa yo : “ Mwen louwe w, o Jewova Bondye m nan, ak tout kè m, e m ap glorifye non w pou tan endefini, paske bonte ki plen lanmou w genyen an gran pou mwen. ” — Sòm 86:12, 13.

18. a) Ki diferans ki genyen ant kongregasyon premye kretyen yo ak lakretyente ki egziste jodi a ? b) Ki sa nou pral wè nan atik ki vin apre a ?

18 Se sa k fè, pwofesè teyoloji Allison A. Trites te di yon pawòl ki mande reflechi. Pandan l t ap fè konparezon ant lakretyente nan tan modèn nan ak krisyanis nan premye syèk la, men sa li di : “ Jodi a, akwasman ki fèt nan legliz yo se akwasman byolojik (se pitit moun nan legliz la ki vin manm legliz la) oubyen se akwasman ki fèt lè gen transfè (se lè manm yon relijyon ki fèk vin abite nan yon zòn vin mache nan legliz ki fè pati relijyon l lan kote li vin abite a). Sepandan, nan liv Travay la, se konvèti moun yo te konvèti ki te fè gen akwasman, paske lè sa a, legliz te fèk kòmanse travay li t ap fè a. ” Èske sa vle di vrè krisyanis la pa pwogrese ankò nan fason Jezi te di sa te dwe fèt la ? Non. Egzakteman menm jan ak kretyen nan premye syèk la, vrè kretyen yo jodi a zele tou nan bay Bondye louwanj an piblik. Nou pral wè sa nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 14 Mo “ klèje ” a vini de mo Grèk klêros, ki vle di prensipalman “ lo ” oswa “ eritaj ”. Nan 1 Pyè 5:2, 3, klêros aplike pou tout “ twoupo Bondye a ” antanke eritaj Bondye.

Èske w ka esplike ?

• Ki fason nou bay Bondye glwa ?

• Ki aplikasyon Pòl fè ak Sòm 19:4 ?

• Ki relasyon ki genyen ant lafwa ak predikasyon ?

• Ki sa tout moun remake konsènan kongregasyon premye kretyen yo 

[Kesyon]

[Foto nan paj 19, 20]

Syèl la toujou ap temwaye glwa Jewova.

[Liy kredi]

Grasa otorizasyon Anglo-Australian Observatory. Se David Malin ki fè foto sa a

[Foto nan paj 21]

Travay predikasyon an makònen ak lapriyè.