Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova ban nou sa nou bezwen chak jou

Jewova ban nou sa nou bezwen chak jou

Jewova ban nou sa nou bezwen chak jou

“ Sispann trakase tèt nou, paske [...] Papa nou konnen nou bezwen bagay sa yo. ” — LIK 12:29, 30.

1. Ki mwayen Jewova itilize pou l nouri bèt yo ?

ÈSKE sa deja rive ou wè yon ti kit oswa nenpòt lòt ti zwazo k ap beke atè nan yon ti pousyè ? Petèt ou konn mande tèt ou ki sa l jwenn pou l manje atè a ki fè l ap beke konsa. Epoutan, nan Sèmon sou montay la, Jezi montre nou kapab aprann yon leson nan fason Jewova nouri zwazo yo. Men sa l di : “ Obsève zwazo nan syèl la byen. Yo pa ni simen ni rekòlte, ni yo pa ranmase al mete nan magazen. Poutan Papa nou ki nan syèl la nouri yo. Èske nou pa vo plis pase yo ? ” ​(Matye 6:26). Jewova itilize mwayen ki estrawòdinè pou l nouri tout kreyati li yo. — Sòm 104:14, 21 ; 147:9.

2, 3. Piske Jezi te montre nou pou nou priye pou pen kotidyen, ki leson espirityèl nou ka aprann nan sa ?

2 Si se sa, poukisa nan priyè modèl la Jezi mete demann sa a ki di : “ Ban nou pen pou jounen an ” ? (Matye 6:11.) Se paske nou ka aprann plizyè leson espirityèl pwofon nan demann sa a. Premyèman, sa fè n sonje se Jewova ki ban nou tout sa nou bezwen (Sòm 145:15, 16). Lèzòm ka plante, fè jaden, men se Bondye sèl ki ka fè kèlkeswa sa l ye a grandi, kit se espirityèlman, kit se fizikman (1 Korentyen 3:7). Sa nou manje yo ak sa nou bwè yo se Bondye ki fè n kado yo (Travay 14:17). Konsa, lè nou mande l pou li ban nou sa nou bezwen chak jou, sa montre l nou pa konsidere li dwe nou sa. Natirèlman, yon demann konsa pa vle di nou pa oblije travay si nou ka travay. — Efezyen 4:28 ; 2 Tesalonisyen 3:10.

3 Dezyèmman, lè nou mande “ pen pou jounen an ”, sa endike nou pa dwe ap trakase tèt nou twòp pou demen. Men sa Jezi te deklare pi devan : “ Pa janm enkyete pou n ap di : ‘ Sa n ap manje ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap bwè ? ’ oubyen : ‘ Sa n ap mete sou nou ? ’ Paske se dèyè tout bagay sa yo nasyon yo ap fè afre. Paske Papa nou ki nan syèl la konnen nou bezwen tout bagay sa yo. Kidonk, kontinye chèche wayòm nan ak jistis li an premye e y ap ajoute tout lòt bagay sa yo pou nou. Konsa, pa janm enkyete pou demen, paske demen ap gen pwòp enkyetid pa l. ” ​(Matye 6:31-34). Pati nan priyè a kote nou mande pou nou jwenn “ pen pou jounen an ” montre nou ki jan nou ka mennen yon vi senp ak ‘ atachman pou Bondye, si nou konn kontante nou ak sa nou genyen ’. — 1 Timote 6:6-8, nòt anba paj.

Li ban nou manje espirityèl chak jou

4. Ki evènman nan lavi Jezi ak lavi Izrayelit yo ki souliye tout enpòtans pou nou nouri tèt nou espirityèlman ?

4 Lè nou priye pou nou jwenn pen kotidyen, sa dwe fè nou sonje nou bezwen manje espirityèl tou chak jou. Yon lè, byenke Jezi te grangou anpil apre li te pase anpil jou ap jene, li te reziste devan tantasyon Satan te met devan l pou l te fè wòch tounen pen. Jezi te di l konsa : “ Men sa ki ekri : ‘ Lòm dwe viv, pa ak pen sèlman, men ak tout pawòl ki soti nan bouch Jewova. ’ ” ​(Matye 4:4). Jezi te site yon pawòl pwofèt Moyiz te di Izrayelit yo. Men sa Moyiz te di yo : “ [Jewova] imilye w e li kite w vin grangou, apre sa li ba w lamàn pou w manje, yon manje ni ou menm ni zansèt ou yo pa t konnen, yon fason pou l fè w konnen se pa pen sèlman lòm bezwen pou l viv men li bezwen tout pawòl ki sot nan bouch Jewova pou l viv. ” ​(Detewonòm 8:3). Jewova te bay Izrayelit yo lamàn pou yo manje, men nan fason li te ba yo l la, li te tou ba yo yon ansèyman enpòtan nan domèn espirityèl. Pa egzanp, “ se chak jou pèp la te dwe soti pou l ranmase kantite l ap bezwen pou jounen an ”. Si yo ranmase plis pase sa y ap bezwen pou yon jounen, sa yo pran anplis la ap vin gen move sant e l ap kale vè (Egzòd 16:4, 20). Epoutan, sa pa rive sizyèm jou a lè yo te dwe pran de fwa lavalè pou yo ka jwenn pou yo manje jou Saba a (Egzòd 16:5, 23, 24). Konsa, lamàn nan te grave nan lespri yo nesesite pou yo obeyisan, e li te fè yo sonje lavi yo pa depann de pen sèlman, men de “ tout pawòl ki sot nan bouch Jewova ”.

5. Ki sa Jewova fè pou l ban nou manje espirityèl chak jou ?

5 Nou menm tou se chak jou nou bezwen manje manje espirityèl Jewova ban nou pa mwayen Pitit li a. Se sa k fè, Jezi etabli yon “ esklav fidèl ki prevwayan ” pou bay mezon lafwa a ‘ manje nan moman apwopriye ’. (Matye 24:45.) Esklav fidèl sa a pa sèlman ban nou manje espirityèl ann abondans, tankou pakèt piblikasyon ki pou ede nou etidye Labib, men li ankouraje nou tou pou nou li Labib chak jou (Jozye 1:8 ; Sòm 1:1-3). Menm jan ak Jezi, nou kapab jwenn fòs espirityèl si nou fè efò chak jou pou nou aprann konnen volonte Jewova e pou nou fè l. — Jan 4:34.

Padon pou peche nou yo

6. Pou ki dèt nou dwe mande padon an, e a ki kondisyon Jewova dispoze elimine dèt yo pou nou ?

6 Men lòt demann ki gen nan priyè modèl la : “ Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. ” ​(Matye 6:12). Jezi pa t ap pale la a de lajan yon moun dwe yon lòt moun. Li t ap pale pito de padone youn dwe padone peche lòt. Selon jan Lik rapòte priyè modèl la, men sa nou li : “ Padone peche nou yo, paske nou menm tou nou padone tout moun ki dwe nou. ” ​(Lik 11:4). Donk, lè nou peche, se kòmsi nou gen yon dèt pou Jewova. Men, Bondye nou an ki gen lanmou lakay li tou dispoze pou l “ efase ” oswa elimine dèt sa a depi nou repanti ak tout kè nou, “ nou kase tèt tounen ” e nou mande l padon sou baz lafwa nou genyen nan sakrifis ranson Kris la. — Travay 3:19 ; 10:43 ; 1 Timote 2:5, 6.

7. Poukisa chak jou nou dwe priye pou nou jwenn padon ?

7 Yon lòt bò, nou peche dèske nou pa rive atenn nivo jistis Jewova. Akoz peche nou eritye a, nou tout nou peche an pawòl, ann aksyon ak nan panse nou, e nou peche paske nou pa fè sa nou dwe fè (Eklezyas 7:20 ; Women 3:23 ; Jak 3:2 ; 4:17). Donk, kit nou rann nou kont nou peche, kit nou pa rann nou kont de sa, chak jou lè n ap priye nou bezwen mande padon pou peche nou. — Sòm 19:12 ; 40:12.

8. Ki sa lapriyè pou nou jwenn padon egzije pou nou fè, e ki rezilta n ap jwenn ?

8 Anvan nou priye pou n jwenn padon, nou dwe egzamine tèt nou onètman, nou dwe repanti, e nou dwe konfese peche nou yo, e n ap fè sa sou baz lafwa nan san Kris te vèse pou rachte nou an (1 Jan 1:7-9). Pou nou montre nou sensè nan priyè nou yo, nou dwe kore demann nou fè pou nou jwenn padon an ak ‘ aksyon ki montre nou repanti ’. (Travay 26:20.) Lè nou fè sa, nou mèt kwè Jewova tou prèt pou padone peche nou yo (Sòm 86:5 ; 103:8-14). Ki rezilta n ap jwenn anretou ? Yon bagay ki san parèy : lespri nou ap anpè paske “ lapè Bondye, ki depase tout lide, va pwoteje kè nou ak kapasite mantal nou grasa Kris Jezi ”. (Filipyen 4:7.) Men, priyè modèl Jezi a montre nou lòt bagay toujou nou dwe fè pou nou jwenn padon pou peche nou yo.

Pou nou jwenn padon, nou dwe padone lòt moun

9, 10. a) Ki kòmantè Jezi te fè nan priyè modèl la, e ki pwen enpòtan sa fè nou konprann ? b) Ki egzanp Jezi te bay pi devan ki montre jan nou bezwen padone lòt moun ?

9 Yon pwen enteresan n ap note, demann ki di “ efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou ”, se sou demann sa a sèlman nan priyè modèl la Jezi fè yon kòmantè. E lè Jezi fin di priyè a, li ajoute pawòl sa yo : “ Paske si nou padone moun lè yo fè fot, Papa nou ki nan syèl la ap padone nou tou. Tandiske si nou pa padone moun lè yo fè fot, Papa nou pap padone nou nonplis lè nou fè fot. ” ​(Matye 6:14, 15). Donk, Jezi montre klè pou Jewova padone nou, sa depann de dispozisyon nou genyen pou nou padone lòt moun. — Mak 11:25.

10 Nan yon lòt okazyon, Jezi bay yon egzanp ki montre nesesite pou nou padone moun si nou atann pou Jewova padone nou. Li rakonte istwa yon wa ki te efase san grate tèt yon gwo dèt yon esklav te gen pou li. Men lè wa sa a te vin aprann esklav sa a te refize efase yon vyepti dèt yon lòt esklav te gen pou li, wa a te bay esklav sa a yon pinisyon ki sevè. Men pawòl Jezi te di nan fen egzanp lan : “ Se konsa Papa mwen ki nan syèl la ap aji avèk nou tou, si nou chak nou pa padone frè nou ak tout kè nou. ” ​(Matye 18:23-35). Leson an klè : Jewova aksepte padone dèt pou peche nou chak, alòske dèt pa nou yo pi gwo lontan pase nenpòt ki mal yon moun ta fè nou. Sa k pi bèl la, Jewova padone nou chak jou. Kidonk, nou kapab padone fot lòt moun fè pafwa kont nou.

11. Si nou atann pou Jewova padone nou, ki konsèy apot Pòl te bay n ap suiv, e ki rezilta sa ap genyen ?

11 Men sa Pòl ekri : “ Se pou nou aji byen youn ak lòt, se pou nou gen konpasyon ak tandrès, se pou nou youn padone lòt san fòse menm jan Bondye padone nou san fòse grasa Kris. ” ​(Efezyen 4:32). Lè youn padone lòt, sa ankouraje lapè nan mitan kretyen yo. Pi devan, men ki ankourajman Pòl te bay : “ Antanke moun Bondye chwazi, nou menm ki sen, nou menm yo renmen, se pou nou abiye nou avèk tandrès, afeksyon, konpasyon ansanm ak bonte, imilite, dousè ak pasyans. Kontinye sipòte nou youn lòt, e kontinye padone nou youn lòt, san grate tèt, si yon moun gen dekwa pou l plenyen kont yon lòt. Menm jan Jewova padone nou san grate tèt, nou menm tou fè menm jan. Men, apa de tout bagay sa yo, se pou nou abiye nou ak lanmou, paske se yon chenn san fay ki ini nou. ” ​(Kolosyen 3:12-14). Se tout bagay sa yo ki nan priyè Jezi te montre nou an kote l te di : “ Efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou. ”

Pwoteksyon nou ka jwenn lè nou devan tantasyon

12, 13. a) Ki sa anvan dènye demann ki nan priyè modèl la pa ka vle di ? b) Kiyès ki gwo Tantatè a, e lè nou mande pou Bondye pa fè nou tonbe nan tantasyon an, ki sa sa vle di ?

12 Men anvan dènye demann ki nan priyè modèl Jezi a : “ Pa fè nou tonbe nan tantasyon. ” ​(Matye 6:13). Èske Jezi te vle di pou nou mande Jewova pou l pa tante nou ? Se pa ka sa, paske gade sa Bondye te enspire disip Jak pou l ekri : “ Pèsonn pa fèt pou di, lè l nan eprèv : ‘ Se pase Bondye ap pase m anba eprèv. ’ Paske moun pa ka pase Bondye anba eprèv ak bagay ki mal, e li menm li pa pase pèsonn anba eprèv nan fason sa a. ” ​(Jak 1:13). Anplis de sa, men sa yon salmis te ekri : “ Si se te fot ou t ap chèche, o Ya, o Jewova, kiyès ki t ap ka kanpe ? ” ​(Sòm 130:3). Jewova pa chita ap veye tout ti erè nou fè, ni li pap tante nou ditou pou fè nou peche. Piske se konsa, ki sa pawòl ki nan priyè sa a vle di ?

13 Moun k ap tante nou pou fè nou peche a, pou fè nou pran nan fent li yo e ki menm ap chèche pou l devore nou se Satan Ledyab (Efezyen 6:11, nòt anba paj). Se li ki gwo Tantatè a (1 Tesalonisyen 3:5). Lè nou priye pou Bondye pa fè nou tonbe nan tantasyon, se mande nou mande Jewova pou l pa kite nou tonbe lè nou devan tantasyon. Nou mande l pou li ede nou pou nou pa kite “ Satan twonpe nou ”, pou nou pa viktim anba tantasyon (2 Korentyen 2:11). Nou priye pou nou rete nan “ kachèt Trèwo a ”, pou nou jwenn pwoteksyon espirityèl Jewova ap bay moun ki rekonèt souvrènte Li nan tout sa y ap fè. — Sòm 91:1-3.

14. Ki asirans Pòl ban nou Jewova pap abandone nou depi se Li nou chèche lè nou devan tantasyon ?

14 Si sa nou mande la a nan priyè nou an, se sa nou vle reyèlman, e nou montre sa nan aksyon nou, nou mèt sèten Jewova pap janm abandone nou. Men asirans apot Pòl ban nou : “ Pa gen okenn tantasyon nou rankontre ki pa yon tantasyon moun konn jwenn. Men, Bondye fidèl, e li pap kite nou tante depase sa nou ka sipòte, men ansanm ak tantasyon an l ap ouvri yon chemen pou nou, dekwa pou nou ka andire l. ” — 1 Korentyen 10:13.

“ Delivre nou anba mechan an ”

15. Poukisa kounye a se moman ki pi enpòtan pou nou priye pou nou delivre anba mechan an ?

15 Selon maniskri Ekriti grèk moun ka fè plis konfyans yo, men dènye pawòl ki nan priyè modèl Jezi a : “ Delivre nou anba mechan an. *” ​(Matye 6:13). Jwenn pwoteksyon anba men Dyab la se yon bagay ki enpòtan nan tan lafen an. Satan ak demon l yo ap fè lagè ak rès kretyen wen yo, yo menm “ k ap obsève kòmandman Bondye yo e ki gen kòm travay pou yo bay temwayaj konsènan Jezi ”, e l ap fè lagè tou ak konpayon rès kretyen wen yo, anpalan de manm “ gwo foul moun ” nan (Revelasyon 7:9 ; 12:9, 17). Men egzòtasyon apot Pyè te bay kretyen yo : “ Rete nan bon sans nou, se pou n veyatif. Advèsè nou an, Dyab la, ap sikile tankou yon lyon k ap gwonde, l ap chèche yon moun pou l devore. Men kenbe tèt ak li, etan nou rete solid nan lafwa. ” ​(1 Pyè 5:8, 9). Satan ta renmen fè travay predikasyon an sispann, e l ap itilize akolit li yo sou tè a, keseswa se nan relijyon, nan komès oswa nan politik, l ap itilize yo tout pou entimide nou. Sepandan, si nou rete fèm, Jewova ap delivre nou. Gade sa disip Jak te ekri : “ Soumèt nou devan Bondye, men kenbe tèt ak Dyab la, e l ap kouri kite nou. ” — Jak 4:7.

16. Ki mwayen Jewova gen a dispozisyon l pou l ede sèvitè l ki anba eprèv ?

16 Jewova te pèmèt Pitit li a pase anba tantasyon. Men, apre Jezi te fin sèvi ak Pawòl Bondye a kòm yon pwoteksyon pou l te kenbe tèt ak Dyab la, Jewova te voye zanj pou fòtifye l (Matye 4:1-11). Menm jan an tou, si nou priye Jewova ak lafwa, si nou fè Jewova tounen yon refij pou nou, l ap sèvi ak zanj li yo pou ede nou (Sòm 34:7 ; 91:9-11). Apot Pyè te ekri pawòl sa yo : “ Jewova konnen ki jan pou l delivre moun ki gen atachman pou Bondye yo anba eprèv, men li konnen tou ki jan pou l rezève moun ki pa jis yo pou jou jijman an, pou l ka elimine yo. ” — 2 Pyè 2:9.

Talè konsa, nou pral delivre nèt

17. Nan priyè modèl Jezi ban nou an, kòman li tou plase chak bagay nan plas yo ?

17 Nan priyè modèl la, Jezi plase chak bagay nan plas yo. Sa ki ta dwe priyorite nou, se sangtifikasyon non Jewova, yon non ki gran e ki sen. Piske se ak Wayòm mesyanik lan Jewova ap sèvi pou l reyalize sa, nou priye pou Wayòm nan vin detwi tout wayòm oubyen tout gouvènman enpafè lèzòm yo, e pou l asire l volonte Bondye ap fèt sou tè a konplètman, menm jan sa deja fèt nan syèl la. Pou nou kapab viv etènèlman nan yon paradi sou tè a, fòk non Jewova sangtifye e fòk tout kreyati nan linivè a rekonèt li se yon Souvren ki jis. Lè nou fin priye pou tout bagay enpòtan sa yo, nou kapab priye pou sa nou bezwen chak jou, pou padon peche nou yo, pou nou jwenn delivrans devan tantasyon ak riz mechan an, Satan Ledyab.

18, 19. Ki jan priyè modèl Jezi a ede nou rete vijilan e ki jan li ede nou kenbe esperans nou “ fèm, jiska lafen ” ?

18 Moman pou nou delivre nèt anba mechan an ak sistèm de choz kòwonpi li an vin pi pre. Satan byen konnen “ peryòd tan li rete a kout ”, se nan ti tan sa a pou l pase ‘ gwo kòlè l ’ la sou tè a, sitou sou sèvitè fidèl Jewova yo (Revelasyon 12:12, 17). Nan siy ki konsène “ fen sistèm de choz la ”, yon siy ki gen plizyè aspè, Jezi te predi t ap gen evènman estrawòdinè, e gen ladan yo ki poko rive toujou (Matye 24:3, 29-31). Ofiramezi n ap wè bagay sa yo ap rive, se espwa nou genyen pou nou delivre a k ap vin pi klè. Men sa Jezi te di : “ Lè bagay sa yo kòmanse rive, kanpe dwat epi leve tèt nou, paske delivrans nou ap pwoche. ” — Lik 21:25-28.

19 Byenke Jezi pa t di anpil pawòl nan priyè modèl la, men li ban nou yon bonjan gid kanta sa pou nou di nan priyè nou etandone lafen an ap pwoche. Jiskaske lafen an rive, se pou nou gen konfyans Jewova ap toujou ban nou tout sa nou bezwen chak jou, ni nan domèn espirityèl ni nan domèn materyèl. Si nou rete vijilan nan lapriyè, sa ap ede nou “ kenbe konfyans nou genyen depi o kòmansman an fèm, jiska lafen ”. — Ebre 3:14 ; 1 Pyè 4:7.

[Nòt anba paj]

^ § 15 Gen lòt vèsyon Labib, tankou vèsyon kreyòl ki rele Bib la, ki fini priyè Seyè a avèk sa yo rele yon doksoloji (yon pawòl louwanj pou bay Bondye glwa), li di : “Paske, se pou ou tout otorite, tout pouvwa ak tout lwanj, depi tout tan ak pou tout tan. Amèn ”. Sepandan, dapre liv ki rele Kòmantè biblik Jérôme nan (anglè), “ doksoloji a [...] pa nan okenn [maniskri] moun ka fè plis konfyans yo. ”

[Revizyon]

• Ki sa nou konprann nan demann pou nou jwenn “ pen pou jounen an ” ?

• Esplike demann ki di “ efase dèt nou yo, menm jan nou menm tou nou efase dèt moun ki dwe nou ”.

• Lè nou mande Jewova pou l pa fè nou tonbe nan tantasyon, ki sa sa vle di ?

• Poukisa nou bezwen priye Jewova pou l “ delivre nou anba mechan an ” ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 25]

Si nou vle jwenn padon, nou dwe padone lòt moun.

[Liy kredi pou foto nan paj 23]

Lydekker