Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Jewova gen lanmou fidèl ann abondans

Jewova gen lanmou fidèl ann abondans

Jewova gen lanmou fidèl ann abondans

“ Jewova [...] gen anpil bonte ki plen lanmou. ” — SÒM 145:8.

1. Jis nan ki pwen Bondye demontre li gen lanmou ?

“ BONDYE se lanmou. ” ​(1 Jan 4:8). Pawòl sa a se yon pawòl ki touchan e anmenmtan ki montre Jewova dirije avèk amou. Wi, menm moun ki pa obeyi l jwenn solèy ak lapli, bagay Bondye bay paske li renmen nou (Matye 5:44, 45) ! Lanmou Jewova gen pou lèzòm fè menm ènmi l ka repanti, yo ka vin jwenn li e yo ka gen lavi (Jan 3:16). Sepandan, talè konsa, Jewova pral elimine mechan ki pa vle chanje yo yon fason pou moun ki renmen l yo ka viv pou toutan nan yon monn tounèf k ap gen jistis. — Sòm 37:9-11, 29 ; 2 Pyè 3:13.

2. Ki aspè patikilye ki gen nan lanmou Jewova demontre pou moun ki vwe tèt yo ba li ?

2 Jewova demontre li renmen sèvitè l yo yon fason ki gen anpil valè e ki dirab. Se ekspresyon “ bonte ki plen lanmou ”, oubyen “ lanmou fidèl ”, ki tradui mo ebre ki rann aspè sa a nou jwenn nan lanmou. Bonte ki plen lanmou Jewova gen lakay li te gen anpil valè nan je David ki te wa ann Izrayèl. Eksperyans David te viv plis medite li te medite sou fason Bondye aji ak lòt moun, sa fè li te ka chante avèk asirans : “ Jewova [...] gen anpil bonte ki plen lanmou [oubyen “ lanmou fidèl ”]. ” — Sòm 145:8.

Ann idantifye moun ki fidèl devan Bondye yo

3, 4. a) Ki jan Sòm 145 ede nou idantifye moun ki fidèl devan Jewova yo ? b) Ki jan moun sa yo “ beni ” Jewova ?

3 Anpalan de Jewova, Ana, manman pwofèt Samyèl, te di : “ Li veye sou pye moun ki fidèl devan l yo. ” ​(1 Samyèl 2:9). “ Moun ki fidèl ” devan Jewova yo, kiyès yo ye ? Wa David bay repons lan. Apre li fin fè lwanj pou bèl kalite Jewova yo, li di : “ Moun ki fidèl devan w yo ap beni w. ” ​(Sòm 145:10). Petèt w ap mande tèt ou ki jan moun ka fè beni Bondye. Yo fè sa lè yo ba l louwanj e lè yo pale an byen de li.

4 Men jan nou ka idantifye moun ki fidèl devan Jewova : yo se moun ki sèvi ak bouch yo pou pale an byen de li. Lè yo nan yon ti pwogram ansanm, oubyen lè yo nan reyinyon, sou ki sijè yo plis pale ? Natirèlman, se sou Wayòm Jewova a ! Moun k ap sèvi Bondye fidèlman yo gen menm santiman ak David, ki te di : “ Y ap pale de glwa w [glwa Jewova] genyen kòm wa, e y ap pale de pisans ou. ” — Sòm 145:11.

5. Ki jan nou fè konnen Jewova ap koute lè moun ki fidèl devan l yo ap pale de li ?

5 Èske Jewova ap koute lè moun ki fidèl devan l yo ap fè lwanj pou li ? Wi, l ap koute sa y ap di. Malaki ekri yon pwofesi ki gen rapò ak jan vrè adorasyon an t ap ye nan epòk nou an, li di : “ Nan epòk sa a moun ki gen lakrentif pou Jewova yo t ap pale youn ak lòt, chak moun ak konpayon li, e Jewova t ap suiv e li t ap koute. E gen yon liv souvni yo te kòmanse ekri devan l pou moun ki krenn Jewova e pou moun k ap panse a non l. ” ​(Malaki 3:16). Sa fè Jewova plezi anpil lè moun ki fidèl devan l yo pale an byen de li, e li pa bliye yo.

6. Ki aktivite ki pèmèt nou idantifye moun ki fidèl devan Jewova yo ?

6 Men yon lòt jan nou ka idantifye moun ki fidèl devan Jewova : yo se moun ki mete kouraj sou yo pou yo pwofite tout okazyon yo jwenn pou yo pale ak moun ki pap adore vrè Bondye a. An reyalite, moun ki fidèl devan Jewova yo “ fè pitit lèzòm yo konnen aksyon estrawòdinè li fè avèk kokenn glwa rèy li a genyen ”. (Sòm 145:12.) Èske w chèche okazyon pou w pale ak moun ki pa kwayan yo de dominasyon Jewova ? Èske w pwofite de tout okazyon sa yo ? Dominasyon sa a diferan ak gouvènman lèzòm yo. Alòske gouvènman sa yo pral disparèt talè konsa, men dominasyon Jewova a la pou toutan (1 Timote 1:17). Li ijan pou moun yo tande pale de dominasyon Jewova a, yon dominasyon ki san fen, e pou yo vin soutni l. Men ki sa David di nan yon chante : “ Rèy ou se yon rèy ki la pou tan endefini, e dominasyon w ap dire jenerasyon apre jenerasyon. ” — Sòm 145:13.

7, 8. Ki sa ki te pase an 1914, e ki prèv nou genyen depi lè sa a, Bondye kòmanse dirije pa mwayen Wayòm Pitit li a ?

7 Depi 1914, vin gen plis rezon toujou pou yo pale de dominasyon Jewova a. Nan ane sa a, Jewova te etabli Wayòm Mesyanik la nan syèl la e li te mete Jezi Kris, Pitit David la, Wa ladan l. La a, Jewova te reyalize pwomès li te fè pou l etabli dominasyon David la byen fèm pou tan endefini. — 2 Samyèl 7:12, 13 ; Lik 1:32, 33.

8 Fason siy prezans Jezi Kris la ap akonpli montre Jewova ap reye pa mwayen Wayòm Pitit li a. Aspè ki pi estrawòdinè nan siy sa a se travay Jezi te predi moun ki fidèl devan Bondye yo ta va fè. Li te di : “ Bon nouvèl sa a konsènan wayòm nan, yo pral preche l sou tout latè ki abite kòm temwayaj pou tout nasyon. Epi apre sa lafen an ap vini. ” ​(Matye 24:3-14). Piske moun ki fidèl devan Bondye yo akonpli pwofesi sa a avèk zèl, sa fè gen plis pase sis milyon moun, gason ansanm ak fi ansanm ak timoun, k ap patisipe nan gwo travay sa a, yon travay ki pap janm refèt ankò. Talè konsa, lafen an ap vini sou tout opozan Wayòm Jewova a. — Revelasyon 11:15, 18.

Byenfè nou jwenn grasa souvrènte Jewova

9, 10. Ki bèl diferans ki genyen ant Jewova ak dirijan ki gen sou tè a ?

9 Si nou se kretyen ki vwe tèt nou bay Jewova, Souvren Seyè a, nou jwenn anpil byenfè nan relasyon nou gen avè l (Sòm 71:5 ; 116:12). Pa egzanp, li ban nou apwobasyon l e nou pwòch avè l espirityèlman paske nou krenn li e nou pratike sa ki dwat (Travay 10:34, 35 ; Jak 4:8). Tandiske, moun k ap dirije yo, yo menm, yo diferan. Ou toujou wè se ak gwo zotobre yo ye tankou wo grade nan lame, biznismann ki gen anpil lajan, gran jwè ak gwo vedèt. Nan yon jounal afriken ki rele Sowetan, gen yon minis nan yon gouvènman ki fè yon deklarasyon sou katye pòv ki gen nan peyi l, li di : “ Mwen konprann sa k fè pifò nan nou refize al nan katye sa yo. Se pa pou anyen. Se paske nou vle bliye si kondisyon sa yo egziste. Piske n ap woule [otomobil] ki byen chè, sa ap fè nou jennen e sa ap fè konsyans nou twouble. ”

10 Se vre, gen dirijan ki gen sousi toutbonvre pou sitwayen peyi l. Men, menm dirijan ki pi konsekan yo pa konnen sitwayen yo byen. Se sa k fè nou ka mande : Èske gen yon dirijan ki tèlman gen sousi pou tout moun l ap dirije yo, lè yo gen pwoblèm, li vin pote yo sekou san pèdi tan ? Wi gen youn. Men sa David di : “ Jewova ap soutni tout moun k ap tonbe, e l ap redrese tout moun ki pliye an de. ” — Sòm 145:14.

11. Ki eprèv moun ki fidèl devan Bondye yo rankontre, e ki kalite èd yo gen a dispozisyon yo ?

11 Moun ki fidèl devan Jewova yo rankontre anpil eprèv e yo konn tonbe nan malè paske yo enpafè e y ap viv nan yon monn ki anba pouvwa Satan, “ mechan an ”. (1 Jan 5:19 ; Sòm 34:19). Gen kretyen ki rankontre pèsekisyon. Genyen ki gen maladi kwonik. Genyen ki andèy. Pafwa, erè moun ki fidèl devan Jewova yo fè ka koz yo “ pliye an de ”, tèlman yo dekouraje. Sepandan kèlkeswa eprèv yo rankontre, Jewova toujou dispoze ba yo chak rekonfò ak fòs yo bezwen nan domèn espirityèl. Jezi Kris, antanke Wa, gen menm sousi a tou pou moun ki fidèl yo. — Sòm 72:12-14.

Nou jwenn manje ki satisfè nou nan bon moman

12, 13. Jis nan ki pwen Jewova bay “ tout kreyati vivan ” yo sa yo bezwen ?

12 Etandone Jewova gen anpil bonte ki plen lanmou, sa fè li bay sèvitè l yo tout sa yo bezwen. Sa gen ladan l manje ki nourisan. Men ki sa Wa David te di : “ Tout moun vire je gade w [Jewova] avèk espwa, e ou ba yo manje pa yo nan moman apwopriye. Ou ouvri men w epi ou satisfè dezi tout kreyati vivan. ” ​(Sòm 145:15, 16). Menm lè malè met pye, Jewova ap toujou fè yon jan pou moun ki fidèl devan l yo jwenn ‘ pen pou jounen an ’. — Lik 11:3 ; 12:29, 30.

13 David di “ tout kreyati vivan ” jwenn satisfaksyon. Bèt yo ladan l tou. Si tè a pa t gen anpil pyebwa, si lanmè a pa t gen anpil plant, ni bèt k ap viv nan lanmè a, ni bèt k ap viv sou tè a, ni zwazo, pa t ap ka jwenn oksijèn pou yo respire e yo pa t ap ka jwenn manje pou yo manje (Sòm 104:14). Sepandan, Jewova mete tout bagay sa yo yon fason pou yo ka jwenn tout sa yo bezwen.

14, 15. Ki jan moun jwenn manje espirityèl jodi a ?

14 Lèzòm diferan avèk bèt, yo gen bezwen nan domèn espirityèl (Matye 5:3). Jewova bay moun ki fidèl yo sa yo bezwen nan domèn sa a yon fason ki estrawòdinè. Anvan Jezi te mouri, li te pwomèt ap gen yon “ esklav fidèl ki prevwayan ” k ap bay disip li yo “ manje ” espirityèl nan “ moman apwopriye ”. (Matye 24:45.) Jodi a, se rès 144 000 wen yo ki konpoze esklav sa a. Jewova sèvi avèk yo toutbonvre pou l bay manje espirityèl ann abondans.

15 Pa egzanp, jodi a, pifò nan pèp Jewova a benefisye yon tradiksyon Labib ki resan e ki egzak nan pwòp lang yo. Èske se pa yon gwo benediksyon Les Saintes Écritures - Traduction du Monde Nouveau a ye ? Se pa sa sèlman, se pa milyon yo kontinye ap pibliye piblikasyon biblik nan plis pase 300 lang. Tout manje espirityèl sa yo se yon benediksyon yo ye pou vrè adoratè Bondye k ap viv sou tout tè a. Men, kiyès ki merite jwenn louwanj pou tout bagay sa yo ? Se Jewova Dye. Grasa bonte ki plen lanmou li genyen ann abondans, yon kalite ki estrawòdinè, li fè l vin posib pou esklav la bay manje “ nan moman apwopriye ”. Dispozisyon sa a fè “ dezi tout kreyati vivan ” ki nan paradi espirityèl ki gen jodi a jwenn satisfaksyon. Anplis, se pa ti kontan sèvitè Jewova yo kontan dèske yo gen espwa talè konsa yo pral viv sou yon tè ki pral gen yon paradi sou li ! — Lik 23:42, 43.

16, 17. a) Ki egzanp ki montre nou jwenn manje espirityèl nan bon moman ? b) Ki sa Sòm 145 di pou montre jan moun ki fidèl devan Jewova yo wè kesyon prensipal Satan te soulve a ?

16 Annou pran yon bèl egzanp manje espirityèl nou jwenn nan bon moman. An 1939, Dezyèm Gè mondyal la te kòmanse ann Ewòp. Nan menm ane a, La Tour de Garde 1ye novanm ann anglè (janvye 1940 an fransè) te gen yon atik ladan l ki te gen tit “ Netralite ”. Piske pwen yo te prezante yo te byen klè, Temwen Jewova ki sou tout tè a te wè nesesite pou yo net, pou yo pa mele ditou nan aktivite nasyon k ap goumen pandan sizan konfli sa a te dire a. Sa te fè, nan toule de kan ki t ap goumen yo, gouvènman yo te pase kòlè yo sou sèvitè Jewova yo. Sepandan, malgre moun fidèl sa yo te anba entèdiksyon ak pèsekisyon, yo te kontinye preche bon nouvèl Wayòm nan. Kòm benediksyon, ant 1939 ak 1946, yo te anrejistre yon kokenn ogmantasyon 157 pousan. Anplis de sa, bèl egzanp entegrite yo te bay toutpandan gè a t ap kontinye pèmèt yon seri de moun idantifye vrè relijyon an. — Izayi 2:2-4.

17 Se pa sèlman nan bon moman Jewova bay manje espirityèl la, men li bay yon manje ki konsistan tou. Pandan nasyon yo te antre fon nan batay pandan Dezyèm Gè mondyal la, Jewova te ede sèvitè l yo konsantre atansyon yo sou yon bagay ki pi enpòtan pase pwòp delivrans yo. Li te ede yo konprann kesyon prensipal la se kesyon ki gen rapò avèk dwa l genyen antanke Souvren e se yon kesyon ki konsène tout linivè a. Èske vrèman nou pa santi nou satisfè lè nou konnen chak Temwen Jewova jwe ti wòl pa l nan jistifikasyon souvrènte Jewova, e pou montre Satan se yon mantè (Pwovèb 27:11) ? Satan akize Jewova e li jete diskredi sou fason li dirije. Men, moun ki fidèl devan Jewova yo pa fè menm jan ak Satan. Okontrè, se devan tout moun y ap kontinye fè deklarasyon sa a : “ Jewova jis nan tout sa l fè. ” — Sòm 145:17.

18. Bay yon egzanp resan sou manje espirityèl konsistan nou jwenn nan bon moman.

18 Liv Approchez-vous de Jéhovah a se yon lòt egzanp manje espirityèl konsistan nou jwenn nan bon moman. Se yon liv ki te parèt nan plizyè santèn kongrè distri ki te fèt pandan ane 2002-2003 a, kongrè ki te gen tèm “ Moun ki zele nan preche Wayòm nan ”. Se “ esklav fidèl ki prevwayan an ” ki fè liv sa a e se Temwen Jewova yo ki pibliye l. Liv sa a plis pale sou bèl kalite Jewova genyen tankou sa Sòm 145 mansyone yo. Nou pa gen dout sou sa, bèl liv sa a jwe yon gran wòl pou ede moun ki fidèl devan Jewova yo vin gen yon relasyon ki pi entim avè l toujou.

Yon moman pou nou vin pi pwòch Jewova

19. Ki moman ki trèzenpòtan k ap vanse sou nou e ki sa pou nou fè lè sa a ?

19 Talè konsa, kesyon souvrènte Jewova a pral antre nan yon etap ki trèzenpòtan. Tankou jan sa te predi nan Ezekyèl 38, Satan pral fin jwe wòl li antanke “ Gòg, ki sot nan peyi Magòg ”. Li pral atake pèp Jewova a tout kote sou tè a. Li pral met tout fòs li deyò pou l ka kraze fidelite sèvitè Jewova yo. Se pi gwo moman kote adoratè Jewova yo pral bezwen rele Jewova ak tout kè yo, wi, y ap bezwen rele l osekou byen fò. Lakrentif yo gen pou Bondye, respè yo gen pou li, lanmou yo gen pou li, èske tout bagay sa yo pap sèvi anyen ? Wi, y ap itil. Anfèt, men youn nan deklarasyon nou jwenn nan Sòm 145 : “ Jewova pre tout moun ki envoke l, wi, tout moun ki envoke l avèk verite. L ap reyalize dezi moun ki krenn li. L ap tande rèl yo fè pou mande l sekou, e l ap delivre yo. Jewova ap pwoteje tout moun ki renmen l yo, men li pral aneyanti tout mechan yo. ” — Sòm 145:18-20.

20. Ki jan sa ki di nan Sòm 145:18-20 an pral reyalize talè konsa ?

20 Se yon bagay ki pral bay frison lè nou santi jan Jewova bò kote nou, jan l ap sove nou lè li pral aneyanti mechan yo ! Nan gwo moman sa a, ki toupre kounye a, se sèlman “ moun ki envoke l avèk verite ” l ap koute. Li pap okipe ipokrit yo. Pawòl Bondye a montre byen klè sa pa janm itil yon mechan anyen pou l tann se nan dènye moman an pou l ap envoke non Jewova. — Pwovèb 1:28, 29 ; Mika 3:4 ; Lik 13:24, 25.

21. Ki jan moun ki fidèl devan Jewova yo montre se tout plezi yo pou yo itilize non l ?

21 Nou nan moman kote li pi ijan pou moun ki krenn Jewova yo “ envoke l avèk verite ”. Se tout plezi moun ki fidèl devan l yo pou yo itilize non l lè y ap priye l e lè y ap patisipe nan reyinyon. Yo sèvi ak non l tou nan konvèsasyon yo. Epitou, se avèk kouraj yo pwoklame non Jewova nan predikasyon. — Women 10:10, 13-15.

22. Sa k fè li enpòtan pou nou reziste anba tandans ak anvi ki nan monn nan ?

22 Pou nou kapab kontinye gen yon relasyon ki entim avèk Jewova Dye, li enpòtan tou pou nou kontinye reziste anba yon seri de bagay ki ka detwi espirityalite nou. Se kapab materyalis, detant ki pa kòrèk, se kapab tandans pou yon moun pa padone lòt moun oubyen pou l endiferan devan moun ki nan nesesite (1 Jan 2:15-17 ; 3:15-17). Si yon moun pa chanje nan domèn sa yo, sa ka fè l tonbe nan peche grav e sa ka fè l pèdi apwobasyon Jewova (1 Jan 2:1, 2 ; 3:6). Si nou kenbe nan tèt nou sèl kondisyon pou Jewova kontinye demontre bonte ki plen lanmou li, oswa lanmou fidèl li, nan fason li aji avèk nou se si nou rete fidèl, sa ap montre nou gen sajès. — 2 Samyèl 22:26.

23. Ki kalite bèl avni k ap tann tout moun ki fidèl devan Jewova yo ?

23 Piske se konsa, annou kite lespri nou santre sou kalite bèl avni k ap tann moun ki fidèl devan Jewova yo. Lè nou fè sa, n ap gen bèl privilèj pou nou pami moun k ap egzalte Jewova, k ap beni l e k ap ba l louwanj “ tout lajounen ” e “ pou toutan ”. (Sòm 145:1, 2.) Se sa k fè, annou ‘ rete la nan lanmou Bondye, pou je nou fikse sou lavi etènèl la ’. (Jid 20, 21.) Toutpandan n ap kontinye tire pwofi nan bèl kalite Papa nou ki nan syèl la genyen yo, e ladan yo gen bonte ki plen lanmou li demontre nan fason li aji avèk moun ki renmen l, annou bat pou nou toujou panse menm jan ak David. Men ki sa l te di nan fen Sòm 145 : “ Bouch mwen ap fè louwanj pou Jewova, e se pou tout chè beni non li ki sen pou tan endefini, wi, pou toutan. ”

Ki repons nou ta bay ?

• Ki jan Sòm 145 ede nou idantifye moun ki fidèl devan Bondye yo ?

• Kòman Jewova “ satisfè dezi tout kreyati vivan ” ?

• Poukisa nou bezwen vin pi pwòch Jewova ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 13]

Se tout plezi moun ki fidèl devan Bondye yo pou yo pale de aksyon estrawòdinè li fè.

[Foto nan paj 14]

Avèk kouraj, sèvitè Jewova yo ede lòt moun gen konesans sou glwa Jewova genyen kòm Wa.

[Foto nan paj 15]

Jewova bay “ tout kreyati vivan ” yo manje.

[Liy kredi]

Bèt yo : Parque de la Naturaleza de Cabárceno

[Foto nan paj 16]

Moun ki fidèl devan Jewova yo, ki chèche èd li nan lapriyè, li ba yo fòs e li dirije yo.