Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Pwomès ou ka fè konfyans

Pwomès ou ka fè konfyans

Pwomès ou ka fè konfyans

MIKA, yon pwofèt Bondye, te konnen byen souvan, pwomès se asire pa sèten. Nan epòk li a, yon moun pa t ka toujou kwè menm sa pi bon zanmi l di l. Se poutèt sa Mika te bay avètisman sa a : “ Pa mete fwa nou nan yon konpayon. Pa mete konfyans nou nan yon zanmi entim. Veye bouch ou devan fi ki kouche sou pwatrin ou an. ” — Mika 7:5.

Èske Mika te kite sitiyasyon tris sa a fè l gen dout sou tout pwomès nèt ? Non ! Li te mete yon konfyans total nan pwomès Bondye li a, Jewova. Men sa li te ekri : “ Men pou mwen menm, se Jewova m ap tann. M ap ret tann Bondye delivrans mwen an. ” — Mika 7:7.

Ki sa k fè Mika te gen tout konfyans sa a ? Se paske li te konnen Jewova toujou kenbe pawòl li. Tout bagay Bondye te fè sèman li t ap fè pou zansèt Mika yo te reyalize san mank (Mika 7:20). Fidelite Jewova te deja demontre anvan sa te bay Mika bonjan rezon pou l kwè Jewova t ap kenbe pawòl li alavni.

“ Pa gen yon sèl pawòl [...] ki echwe ”

Pa egzanp, Mika te konnen Jewova te delivre Izrayelit yo anba esklavaj ann Ejip (Mika 7:15). Jozye ki te la lè delivrans sa a te ankouraje Izrayelit parèy li yo pou yo gen lafwa nan tout pwomès Bondye yo. Men, sou ki sa yo t apral baze yo pou yo fè sa ? Jozye te fè yo yon rapèl, li te di yo : “ Nou byen konnen ak tout kè nou e ak tout nanm nou pa gen yon pawòl nan tout bèl pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. Yo tout reyalize pou nou. Pa gen yon sèl pawòl nan yo ki echwe. ” — Jozye 23:14.

Izrayelit yo te konnen Jewova te fè yon seri de bagay estrawòdinè pou yo. Li te reyalize pwomès li te fè Abraram, yon zansèt yo ki te gen lakrentif pou Bondye. Selon pwomès sa a, desandan Abraram yo t ap vin anpil menm jan ak zetwal, e yo t ap pran posesyon peyi Kanaran. Jewova te di Abraram tou desandan l yo t apral pase tray pandan 400 an, men yo t ap tounen Kanaran “ sou katriyèm jenerasyon an ”. Tout bagay sa yo te fèt vre. — Jenèz 15:5-16 ; Egzòd 3:6-8.

Nan epòk Jozèf, pitit Jakòb, yo te byen resevwa Izrayelit yo ann Ejip. Kèk tan apre, Ejipsyen yo te lage Izrayelit yo nan yon esklavaj fewòs. Men, egzakteman jan Bondye te pwomèt la, apati de jou yo te rantre ann Ejip la rive nan katriyèm jenerasyon an, desandan Abraram yo te libere anba esklavaj yo te ye ann Ejip la. *

Pandan 40 ane ki te vin apre yo, Izrayelit yo te jwenn plis prèv toujou ki montre Jewova toujou kenbe pwomès li. Lè Amalekit yo te fè yon sèl atak sou Izrayelit yo san rezon, Bondye te batay pou pèp li e li te pwoteje yo. Li te ba yo tout sa yo te bezwen pandan 40 an yo te fè ap monte desann nan dezè a, e finalman li te ba yo Latè pwomiz pou yo rete. Lè Jozye te egzamine tout sa Jewova te fè pou desandan Abraram yo, avèk asirans li te anmezi pou l di : “ Nan tout bèl pwomès Jewova te fè mezon Izrayèl la, pa gen youn nan yo ki echwe, tout nèt te reyalize. ” — Jozye 21:45.

Chèche gen plis konfyans nan pwomès Bondye yo

Ki sa ou ka fè pou w ogmante lafwa w nan pwomès Bondye yo menm jan ak Mika, menm jan ak Jozye ? Bon, pou w rive gen plis konfyans nan yon moun, ki sa w fè ? Ou chèche konnen moun sa a pi byen. Pa egzanp, lè w gade avèk ki devouman moun sa a ap fè efò pou l reyalize tout pwomès li fè, ou ka wè nan ki pwen li kredib. Ofiramezi w ap aprann konnen moun sa a pi byen, se konsa tou w ap vin fè l plis konfyans. Ou ka fè menm bagay la tou pou w ogmante lafwa w nan pwomès Bondye yo.

Yon fason w ka fè sa se lè w reflechi sou kreyasyon an, lè w reflechi sou lwa ki dirije kreyasyon an. Syantifik yo fè lwa sa yo konfyans, tankou lwa ki dirije fason yon sèl selil devlope epi li miltipliye pou l vin bay plizyè milya selil ki konpoze kò nou. Piske se konsa, dwe gen yon Lejislatè, yon Lejislatè moun ka fè yon konfyans total, ki etabli lwa ki dirije jan de reyaksyon sa yo ak tout lwa ki dirije enèji ki gen nan tout linivè. Se sèten, ou kapab kwè nan pwomès Lejislatè sa a fè, menm jan ou fè lwa ki dirije kreyasyon l lan konfyans. — Sòm 139:14-16 ; Izayi 40:26 ; Ebre 3:4.

Pa mwayen pwofèt Izayi, yon moun ki t ap viv nan menm epòk ak Mika, Jewova te pran kòm egzanp sezon yo ki ale vini san rete ansanm ak fenomèn sik natirèl dlo, ki se yon mèvèy, pou l montre jan pawòl li kredib. Chak ane lapli tonbe, tè a jwenn yon kantite dlo sa ki pèmèt moun plante e yo rekòlte. Nan sans sa a, men sa Jewova te di : “ Menm jan gwo lapli, ak lanèj, desann sot nan syèl e li pa retounen kote sa a san li pa byen ranpli tè a e fè l pwodui, fè l jèmen, yon fason pou l bay moun k ap simen an semans e pou l bay moun k ap manje a pen, se konsa sa va ye pou pawòl ki sot nan bouch mwen. Li pap retounen vin jwenn mwen san rezilta, men, se sèten, li va fè sa ki fè m plezi, e l ap reyisi san mank nan sa m voye l fè. ” — Izayi. 55:10, 11.

Paradi a : Yon pwomès ki sèten

Lè nou analize kreyasyon an, konfyans nou gen nan Kreyatè a ap ogmante. Men, gen yon lòt bagay nou bezwen fè si nou vle konnen pwomès ki fè pati “ pawòl ki sot nan bouch [li] ” yo. Pou nou konnen pwomès sa yo, yon fason pou nou ka mete konfyans nou nan yo, nou bezwen egzamine sa Ekriti enspire yo di konsènan pwogram Bondye gen pou tè a, ak sa yo di sou fason li aji avèk lèzòm. — 2 Timote 3:14-17.

Pwofèt Mika te mete konfyans li nan pwomès Jewova yo. Liv Bondye enspire ki disponib jodi a pi konplè lontan pase sa Mika te konn itilize a. Ou menm tou ou ka kiltive fwa nan akonplisman pwomès Bondye yo lè w li Bib la e lè w medite sou sa ou li yo. Pwomès sa yo pa konsène desandan Abraram yo sèlman, men yo konsène tout limanite. Men sa Jewova te pwomèt Abraram, yon patriyach ki te gen lakrentif pou li : “ Pa mwayen semans ou, tout nasyon sou tè a pap manke pa beni tèt yo paske w te koute vwa mwen. ” ​(Jenèz 22:18). Pati prensipal “ semans ” Abraram nan, oubyen desandans Abraram nan, se Mesi a, Jezi Kris. — Galat 3:16.

Pa mwayen Jezi Kris, Jewova ap veye pou moun ki obeyisan yo resevwa benediksyon ann abondans. Men, ki sa Bondye te pwomèt l ap fè nan epòk nou an ? Mika 4:1, 2 bay repons lan nan pawòl pwofetik sa yo, li di : “ Men sa ki dwe rive nan dènye pati jou yo, montay mezon Jewova a pral chita byen djanm anlè tèt mòn yo, e l ap monte anlè tèt kolin yo, e ladan l, yon bann pèp ap vini an foul. E anpil nasyon prale e y ap di : ‘ Vini, annou monte nan montay Jewova a, nan mezon Bondye Jakòb la, e l ava enstwi nou nan wout li e nou va mache nan chemen li. ’ ”

Moun ki aprann chemen Jewova yo, yo ‘ fòje epe yo pou fè yo tounen pyès chari, e lans yo, yo fè yo tounen sekatè ’. Tout tandans moun sa yo genyen pou fè lagè disparèt. Talè konsa, tè a pral ranpli ak moun ki dwat, pyès moun pap fè yo pè (Mika 4:3, 4). Wi, Pawòl Bondye a pwomèt, anba dominasyon Wayòm Jezi ap dirije a, Jewova ap retire tout moun k ap toupizi moun sou tè a. — Izayi 11:6-9 ; Danyèl 2:44 ; Revelasyon 11:18.

Menm moun ki te soufri e ki mouri akoz rebelyon lèzòm te fè kont Bondye pral resisite e y ap gen espwa pou yo viv pou toutan sou tè a (Jan 5:28, 29). Satan ak demon l yo, yo menm ki pwovoke mechanste, pap la ankò, e efè peche Adan an pral efase grasa sakrifis Jezi te bay kòm ranson an (Matye 20:28 ; Women 3:23, 24 ; 5:12 ; 6:23 ; Revelasyon 20:1-3). Men, ki jan sitiyasyon an pral ye pou moun ki obeyisan yo ? Pa gen dout, kòm benediksyon, yo pral resevwa lavi etènèl e yo pral jwi yon sante pafè nan yon paradi sou tè a. — Sòm 37:10, 11 ; Lik 23:43 ; Revelasyon 21:3-5.

Ala de bèl pwomès ! Èske w ka kwè nan yo ? Wi, ou kapab kwè nan yo, paske se pa pwomès lèzòm fè, lèzòm ki gendwa gen bon entansyon men ki manke kapasite pou reyalize sa yo pwomèt. Men se pwomès Bondye Toupisan an fè, li menm ki pa ka bay manti, li menm ki “ pa lan anrapò ak pwomès li ”. (2 Pyè 3:9 ; Ebre 6:13-18.) Ou kapab fè tout pwomès ki gen nan Bib la yon konfyans total, paske se “ Jewova, Bondye verite a ” ki fè pwomès sa yo. — Sòm 31:5.

[Nòt anba paj]

^ § 8 Gade nan Étude perspicace des Écritures, tòm 1, paj 977. Se Temwen Jewova ki pibliye l.

[Antrefilè nan paj 5]

“ Pa gen yon pawòl nan tout bèl pawòl Jewova Bondye nou an di nou ki echwe. ”— JOZYE 23:14.

[Foto nan paj 4, 5]

Jewova te kenbe pwomès li te fè Izrayèl yo ni lè yo t ap travèse lanmè Wouj ni nan dezè a.

[Foto nan paj 6]

Jewova te reyalize pwomès li te fè Abraram nan. Semans li an, Jezi Kris, pral pote benediksyon pou limanite.