Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”

“ Sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”

“ Sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ”

“ Frè m yo, men sa m di : ‘ Tan ki rete a vin pi kout. ’ ” — 1 KORENTYEN 7:29.

1, 2. Depi lè w ap viv, ki chanjman ou remake ki fèt nan monn nan ?

DEPI lè w ap viv, ki chanjman ou remake ki fèt nan monn nan ? Èske w ka site kèk ladan yo ? Pa egzanp, gen pwogrè ki fèt nan lamedsin. Grasa rechèch yo fè nan domèn sa a, kantite ane yon moun ka espere viv an mwayèn ogmante, li soti nan mwens pase 50 an nan kòmansman 20yèm syèk la pou l rive plis pase 70 an jodi a nan kèk peyi. Reflechi tou sou itilite yon seri aparèy genyen tankou radyo, televizyon, telefòn selilè ak faks. San n pa bliye pwogrè ki fèt nan edikasyon, nan mwayen transpò ak nan dwa moun, tout bagay sa yo amelyore lavi plizyè milyon moun.

2 Tankou nou ka konstate l, se pa tout chanjman yo ki pwofitab. Nou pa ka fèmen je sou fason kantite krim ki fèt chak jou ap ogmante avèk yon vitès estrawòdinè, jan prensip moral yo ap degrade, jan dwòg ap vale teren, jan kantite divòs k ap fèt ap monte an flèch, jan enflasyon ap galope, ak menas teworis k ap vin pi fò. Lè n gade tout chanjman sa yo, siman w ap dakò ak yon pawòl apot Pòl te di depi byen lontan, li te di : “ Sèn monn sa a, se chanje l ap chanje. ” — 1 Korentyen 7:31.

3. Lè Pòl te ekri “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ” a, ki sa l te vle di ?

3 Nan deklarasyon sa a, Pòl konpare monn nan ak yon sèn teyat. Gen tout kalite aktè ki parèt sou sèn nan, aktè nan divès kalite domèn : domèn politik, domèn relijye ak domèn kiltirèl, e yo tout yo jwe wòl pa yo, apre sa yo kite sèn nan e lòt aktè vin parèt. Se konsa sitiyasyon an ye depi plizyè syèk. Nan tan lontan, yon dinasti te ka pase plizyè dizèn lane ap dirije, pou n pa di syèk, e lè sa a, chanjman yo pa t konn fèt rapid. Men, sa pa konsa kounye a, paske li sifi pou yo asasinen yon gwo dirijan pou bagay yo chavire. Nan tan twouble sa yo, nou pa konnen ki sa demen ap pote.

4. a) Ki pwennvi ekilibre kretyen yo bezwen genyen konsènan evènman k ap pase nan monn nan ? b) Ki de prèv konvenkan nou pral egzamine kounye a ?

4 Si monn nan se yon sèn teyat e lidè yo se aktè, kretyen yo bò kote pa yo se espektatè yo ye. * Sepandan, etandone “ yo pa fè pati monn nan ”, sa fè yo pa trakase tèt yo twòp konsènan ki pèfòmans aktè yo ap genyen oubyen tou konsènan idantite aktè yo (Jan 17:16). Okontrè, avèk enpasyans, y ap tann tout ti siy ki endike yo pyès teyat la rive nan dènye bout li, nan bout ki pi trajik la, paske yo konnen fòk sistèm sa a pase anvan pou Jewova mennen yo nan monn nouvo jis y ap tann depi lontan an. * Annou egzamine de prèv ki montre n ap viv nan tan lafen an e ki montre monn nouvo a prèske rive. N ap egzamine 1) kwonoloji nou jwenn nan Bib la sou kesyon an, 2) sitiyasyon monn nan k ap deteryore. — Matye 24:21 ; 2 Pyè 3:13.

Yon mistè ki resi devwale !

5. Ki sa “ tan ki fikse pou nasyon yo ” ye, e poukisa sa enterese nou ?

Kwonoloji se etid konsènan relasyon ki genyen ant epòk ak evènman. Jezi te pale de yon epòk kote gwo chèf nan monn nan t ap devan sou sèn nan san Wayòm Bondye a pa ta ba yo pwoblèm. Jezi rele peryòd sa a “ tan ki fikse pou nasyon yo ”. (Lik 21:24.) Nan fen “ tan ki fikse ” yo, Wayòm Bondye a ta gen pou l antre an fonksyon, avèk Jezi kòm dirijan lejitim. Pou kòmanse, Jezi ta gen pou l dirije “ nan mitan lènmi [l] yo ”. (Sòm 110:2.) Apre sa, selon Danyèl 2:44, Wayòm nan ap “ krabinen ” tout gouvènman lèzòm yo “ e l ap fini ak yo ”, e li menm l ap rete pou toutan.

6. Ki lè “ tan ki fikse pou nasyon yo ” te kòmanse, konbyen tan yo te dire e ki lè yo te fini ?

6 Ki lè “ tan ki fikse pou nasyon yo ” te fini, e ki lè Wayòm Bondye a te kòmanse dirije ? Byenke repons lan te ‘ sele pou jiskaske tan lafen an rive ’, kwonoloji Bib la ap ede nou jwenn li (Danyèl 12:9). Kòm “ tan ” sa a t ap pwoche, Jewova te revele repons lan bay yon ti gwoup etidyan Labib. Grasa èd lespri Bondye, yo te rive disène “ tan ki fikse pou nasyon yo ” te kòmanse avèk destriksyon Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, e tan sa yo ta dwe dire 2 520 an. Sa fè yo vin konprann “ tan ki fikse pou nasyon yo ” ta dwe fini nan ane 1914. Yo vin reyalize tou se menm ane 1914 la ki tou sèvi kòmansman lafen sistèm de choz sa a. Antanke etidyan Labib, èske w ka sèvi ak Bib la pou w montre kòman nou fè rive nan ane 1914 la ? *

7. Ki vèsè ki ede nou detèmine ki lè sèt tan liv Danyèl la pale a te kòmanse, konbyen tan yo dire e ki lè yo fini ?

7 N ap jwenn yon endis sou kesyon sa a nan liv Danyèl la. Etandone se ak Neboukadnetsa, wa Babilòn nan, Jewova te sèvi pou l detwi Jerizalèm nan ane 607 anvan epòk nou an, nan kòmansman “ tan fikse yo ”, Jewova te sèvi ak wa sa a pou l revele yon pwen enpòtan : nasyon yo t ap kontinye dirije pandan sèt tan senbolik san Bondye pa entèvni (Ezekyèl 21:26, 27 ; Danyèl 4:16, 23-25). Konbyen tan sèt tan sa yo dire ? Ann amoni ak Revelasyon 11:2, 3 ak Revelasyon 12:6, 14, twa tan edmi dire 1 260 jou. Donk, sèt tan ta dwe dire de fwa plis, sa vle di 2 520 jou. Èske sa rete la ? Non. Jewova te bay pwofèt Ezekyèl, yon pwofèt ki t ap viv nan menm epòk ak Danyèl, yon règ pou entèprete pawòl senbolik. Men règ li te ba li : “ Yon jou pou yon ane, yon jou pou yon ane, se sa mwen ba ou. ” ​(Ezekyèl 4:6). Avèk sa, sèt tan yo vin egal 2 520 an. Lè nou kòmanse nan ane 607 anvan epòk nou an e nou kalkile 2 520 an, sa mennen nou nan ane 1914, e se nan ane sa a tan fikse yo te fini.

Se “ tan lafen an ” vre

8. Ki prèv ou ka bay pou w montre sitiyasyon monn nan vin pi mal depi 1914 ?

8 Evènman k ap pase nan monn nan depi 1914 yo montre konpreyansyon nou genyen ki baze sou kwonoloji Bib la se yon konpreyansyon ki kòrèk. Jezi te anonse nan “ fen sistèm de choz la ”, t ap gen lagè, grangou ak maladi (Matye 24:3-8 ; Revelasyon 6:2-8). E se sa k ap pase vre depi 1914. Apot Pòl te bay lòt enfòmasyon toujou. Li te di atitid moun yo youn anvè lòt t ava deteryore. Jan nou tout wè sa, sa l te di yo tonbe daplon. — 2 Timote 3:1-5.

9. Ki remak kèk moun fè konsènan sitiyasyon monn nan depi 1914 ?

9 Men, èske “ sèn monn nan ” chanje anpil vre depi 1914 ? Men ki sa pwofesè Robert Wohl di nan liv Jenerasyon 1914 la (anglè) : “ Moun ki te travèse peryòd lagè a pa janm ka sispann kwè gen yon monn ki fini ann out 1914 e yon lòt te tou kòmanse lè sa a. ” Pou apiye ide sa a, gade sa direktè depatman sikyatrik nan Òganizasyon mondyal lasante, doktè Jorge A. Costa e Silva, te ekri : “ N ap viv nan yon epòk kote chanjman yo fèt rapid, e alafen sa lakòz enkyetid ak strès nan yon nivo nou potko janm wè nan tout listwa limanite. ” Èske se sa w konstate tou ?

10. Ki eklèsisman Bib la bay sou sa ki lakòz kondisyon monn nan vin deteryore konsa depi 1914 ?

10 Ki kriminèl ki dèyè move kondisyon ki nan monn nan ? Revelasyon 12:7-9 ede nou idantifye l, li di : “ Lagè pete nan syèl la : Mikayèl [Jezi Kris] ak zanj li yo batay ak dragon an [Satan Ledyab], e dragon an mete ak zanj li yo pou yo batay, men li pa t pote laviktwa, e pa t gen plas pou yo ankò nan syèl la. Donk, yo pimpe gwo dragon an desann [...], li menm k ap twonpe tout latè ki abite. ” Konsa, se Satan Ledyab ki responsab tout latwoublay sa yo, e mete yo mete l deyò nan syèl la an 1914 vin lakòz “ malè pou latè ak lanmè paske Dyab la desann vin jwenn nou avèk yon gwo kòlè, piske li konnen peryòd tan li rete a kout ”. — Revelasyon 12:10, 12.

Sa ki pral pase nan dènye sèn nan

11. a) Ki metòd Satan itilize pou l twonpe “ tout latè ki abite ” ? b) Ki gwo bagay Satan gen pou l reyalize apot Pòl atire atansyon nou sou li ?

11 Etandone Satan konnen tan l prèske bout, depi 1914, l ap fè kou l konnen, pou l twonpe “ tout latè ki abite ”. Satan, gwo blofè a, rete nan koulis l ap travay, l ap plase gwo chèf sou sèn nan ansanm ak moun k ap vini ak nouvo tandans, pou yo ka vin jwe wòl yo (2 Timote 3:13 ; 1 Jan 5:19). Youn nan objektif li se rive twonpe lèzòm, pou l fè yo konprann yo ka rive jwenn bonjan lapè nan fason l ap dirije a. Nan yon sèten sans, pwopagann li an mache paske, an jeneral, moun yo rete optimis malgre kantite prèv ki montre kondisyon yo se pi mal y ap vin pi mal chak jou. Apot Pòl te predi yon bagay, yon gwo pwopagann Satan ta met deyò yon ti tan anvan sistèm de choz sa a detwi. Men sa Pòl ekri : “ Lè yo va di ‘ Lapè ! Sekirite ! ’ lè sa a gen yon destriksyon k ap tonbe sou yo bridsoukou nan menm moman an menm jan doulè pran yon fi ki ansent. ” — 1 Tesalonisyen 5:3 ; Revelasyon 16:13.

12. Ki efò pou pote lapè ki fèt nan epòk n ap viv la ?

12 Nan ane ki sot pase yo, dirijan politik yo sèvi souvan ak ekspresyon “ lapè, sekirite ” a pou yo pale de plan yo genyen. Yo te menm konsakre ane 1986 kòm Ane entènasyonal pou lapè, byenke ane 1986 la pa t reyisi pote non l. Èske se efò lidè nan monn nan k ap reyalize pwofesi 1 Tesalonisyen 5:3 a, oubyen èske Pòl t ap pale de yon lòt evènman, yon evènman tout monn nan gen pou tande pale de li ?

13. Lè Pòl te predi pawòl “ lapè, sekirite ” a, ak ki sa l te konpare destriksyon k ap vin apre l la, e ki sa sa aprann nou ?

13 Etandone pwofesi ki nan Bib la, gendelè se apre yo fin akonpli oubyen se pandan yo kòmanse akonpli pou yon moun rive konprann yo nèt, n ap bezwen ret gade pou n wè. Men, Pòl fè yon bèl konparezon, li konpare destriksyon bridsoukou k ap vini apre yo di “ lapè, sekirite ” a ak tranche yon fi ansent genyen. Pandan anviwon nèf mwa, yon fi ki ansent santi tibebe a ap devlope nan vant li ofiramezi. Li ka santi kè tibebe a k ap bat, mouvman tibebe a nan vant li, oswa li ka menm santi tibebe a k ap ba l kout pye. Siy yo vin pi fò de jou an jou, jiskaske yon jou li santi yon sèl doulè ki montre l evènman li t ap tann nan rive, tibebe l pote a pral fèt. Donk, kèlkeswa fason pwofesi ki pale sou kri “ lapè, sekirite ” a ta akonpli, l ap debouche sou yon evènman k ap rive bridsoukou e k ap fè moun soufri, yon evènman, toutfwa, k ap pote lajwa apre sa. Evènman sa a se destriksyon mechan yo ak kòmansman yon monn nouvo.

14. Ki evènman ki gen pou dewoule youn apre lòt, e ki jan sa ap fini ?

14 Destriksyon k ap vini an ap yon evènman estrawòdinè pou kretyen yo, menmsi se espektatè yo ye. Pou kòmanse, wa latè yo (eleman politik òganizasyon Satan an) pral atake moun k ap soutni Gran Babilòn nan (pati relijye a) e wa yo ap detwi yo (Revelasyon 17:1, 15-18). Apre sa, pral gen yon sèl chanjman moun pa t atann : wayòm Satan an pral vin divize kont li menm, yon bò ap atake yon lòt bò, e Satan pap ka fè anyen pou anpeche sa rive (Matye 12:25, 26). Se Jewova k ap mete nan kè wa latè yo “ pou yo egzekite panse li ”, sa vle di, pou yo efase advèsè relijye li yo sou tè a. Apre yo fin detwi tout fo relijyon, Jezi Kris pral dirije lame li genyen nan syèl la pou yo venk konplètman rès sa k rete nan òganizasyon Satan an, nou vle pale de eleman politik ak eleman komèsyal li a. Alafen, yo pral mete Satan yon kote pou l pa nui moun. Se lè sa a y ap fèmen rido, e pyès teyat long sa a pral fini. — Revelasyon 16:14-16 ; 19:11-21 ; 20:1-3.

15, 16. Lè nou sonje “ tan ki rete a vin pi kout ”, ki efè sa ta dwe genyen sou lavi nou ?

15 Ki lè tout bagay sa yo ap fèt ? Nou pa konnen ni ki jou, ni ki lè (Matye 24:36). Men, yon bagay nou konnen, sèke “ tan ki rete a vin pi kout ”. (1 Korentyen 7:29.) Se sa k fè, li endispansab pou nou byen sèvi ak tan ki rete a. Kòman n ap fè sa ? Nou dwe fè jan apot Pòl esplike l la, nou dwe ‘ rachte moman apwopriye a ’ pou nou bay bagay ki pi enpòtan yo priyorite sou sa ki pa enpòtan yo, e pou nou fè chak jou konte pou nou. Pou ki rezon nou dwe fè sa ? “ Paske jou yo makawon .” Si n ap ‘ chèche konprann volonte Jewova ’ pou nou, nou pap gaspiye ti tan enpòtan ki rete a. — Efezyen 5:15-17 ; 1 Pyè 4:1-4.

16 Piske nou konnen se konsa tout sistèm de choz sa a gen pou l fini, ki efè sa ta dwe genyen sou nou chak pèsonèlman ? Apot Pyè te ekri yon pawòl ki kapab itil nou, li te di : “ Piske tout bagay sa yo gen pou fonn konsa, ki jan de moun nou dwe ye nan konduit ki sen ak nan aksyon ki montre nou gen atachman pou Bondye ! ” ​(2 Pyè 3:11). Wi, ki jan de moun nou dwe ye ! Selon konsèy saj Pyè bay la, nou bezwen 1) veye sou konduit nou pou nou asire nou li sen e nou bezwen 2) asire nou zèl nou genyen nan sèvis Jewova toujou reflete lanmou pwofon nou genyen pou li.

17. Ki pyèj Satan kretyen yo dwe toujou ap veye ?

17 Si nou renmen Bondye toutbon, sa ap anpeche nou vin zanmi monn sa a poutèt bèl bagay li gen ladan l. Lè nou sonje sa k ap pare tann sistèm de choz sa a, sa t ap reprezante yon danje pou nou si nou ta vin renmen fason moun ap viv ladan l, jan se plezi sèlman y ap chèche, menmsi fason y ap viv la parèt bèl. Byenke n ap viv nan monn nan, n ap travay nan monn nan, men nou dwe koute konsèy ki di pou nou pa sèvi ak monn nan nèt (1 Korentyen 7:31). Anfèt, nou dwe fè tout posib nou pou monn sa a pa twonpe nou ak pwopagann li yo. Se pa yon monn k ap janm rive jwenn solisyon pou pwoblèm li yo. Li pap ka rete la nètale. Sa k fè nou sèten de sa nou di a konsa ? Se paske se Pawòl Bondye enspire a ki di sa : “ Se pase monn nan ap pase, dezi li tou, men moun ki fè volonte Bondye ap rete pou toutan. ” — 1 Jan 2:17.

Pi bon bagay la dèyè

18, 19. Ki chanjman ou ta anvi wè ki fèt nan monn nouvo a, e poukisa ou pap regrèt ou te tann tout tann sa a ?

18 Talè konsa, Jewova pral fèmen rido sou Satan ak akolit li yo. Apre sa, grasa benediksyon Bondye, moun ki fidèl k ap chape nan destriksyon sistèm sa a pral kòmanse travay pou chanje dekò “ sèn ” nan pou mete lòt dekò k ap rete pou toutan yo menm. Lagè pap la ankò pou gate sèn nan paske Bondye pral fè “ lagè sispann jis nan dènye bout tè a ”. (Sòm 46:9.) Olye pou gen rate manje, “ pral gen abondans manje angren sou tè a, [...] se pral debòdman ”. (Sòm 72:16.) Fini zafè prizon, pòs polis, maladi seksyèl trapan, gwo dilè dwòg, moun k ap divòse, enstitisyon k ap fè fayit, san n pa bliye teworis. — Sòm 37:29 ; Izayi 33:24 ; Revelasyon 21:3-5.

19 Yo pral vide tonm souvni yo, e plizyè milya moun ap resisite, sa ap fè vin gen plis aktè k ap monte sou sèn nan. Nou pa bezwen mande jan kè moun pral kontan lè moun ki nan plizyè jenerasyon pral reyini, lè moun yo pral anbrase moun yo renmen, moun yo pa t wè depi lontan paske yo te mouri ! Alafen, tout moun nèt pral sèvi Jewova (Revelasyon 5:13). Lè tout dekò a fin chanje nèt, rido a pral ouvè sou yon paradi ki pral kouvri tout tè a. Kòman w ap santi w etan w ap viv yon sèn konsa ? Nou sèten w ap anvi repete pawòl sa yo : ‘ Mwen pa regrèt mwen te tann tout tan sa a ! ’

[Nòt anba paj]

^ § 4 Nan yon lòt kontèks, Pòl te pale de kretyen wen yo e li te di yo se yon “ sèn teyat devan ni monn nan, ni zanj yo, ni lèzòm ”. — 1 Korentyen 4:9.

^ § 4 Pa egzanp, si nou vle jwenn plis enfòmasyon konsènan idantite “ wa Nò ” Danyèl 11:40, 44, 45 pale de li a, gade nan liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel !, paj 280-1.

^ § 6 Se Labib menm ki montre Jerizalèm te tonbe 70 an anvan Juif yo te retounen soti ann egzil nan ane 537 anvan epòk nou an (Jeremi 25:11, 12 ; Danyèl 9:1-3). Pou nou jwenn plis detay sou “ tan ki fikse pou nasyon yo ”, gade nan liv Comment raisonner à partir des Écritures, paj 86-8. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

Ki repons nou ta bay ?

• Kòman pawòl apot Pòl la ki di “ sèn monn sa a, se chanje l ap chanje ” a reyalize jodi a ?

• Kòman kwonoloji Bib la endike nou ki lè “ tan ki fikse pou nasyon yo ” fini ?

• Kòman chanjman ki pase nan monn nan konfime se nan ane 1914 “ tan lafen an ” kòmanse ?

• Piske nou konnen “ tan ki rete a vin pi kout ”, ki efè sa dwe genyen sou nou ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 30]

Mistè a resi devwale !