Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

“ Seyè, montre nou ki jan pou n priye ”

“ Seyè, montre nou ki jan pou n priye ”

“ Seyè, montre nou ki jan pou n priye ”

“ Youn nan disip li yo di l konsa : ‘ Seyè, montre nou ki jan pou n priye. ’ ” — LIK 11:1.

1. Poukisa youn nan disip Jezi yo te mande l pou l montre yo priye ?

TE GEN yon lè, nan ane 32 epòk nou an, yon disip Jezi t ap suiv li k ap priye. Piske Jezi genlè t ap priye an silans, disip sa a pa t ka tande sa Jezi t ap di Papa l. Toutfwa, lè Jezi fini, disip la di l : “ Seyè, montre nou ki jan pou n priye. ” ​(Lik 11:1). Ki sa k te pouse l mande Jezi sa l mande l la ? Nòmalman, Juif yo te konn priye regilyèman pandan tout vi yo e sa te fè pati adorasyon yo. Ekriti ebrayik yo, tankou liv Sòm yo ak lòt liv ankò, gen yon pakèt priyè ladan yo. Donk, disip la pa t mande Jezi pou l montre l yon bagay li pa t konn anyen de li, oubyen yon bagay li pa t janm fè. Sandout, li te abitye ak priyè pou lafòm chèf relijye nan jidayis yo te konn fè. Men la a, li t ap suiv Jezi k ap priye, e siman li te rann li kont te gen yon gwo diferans ant fason Jezi te priye ak fason rabi yo te konn priye, yo menm ki te konn priye yon fason pou yo te ka parèt pi sen pase lòt moun. — Matye 6:5-8.

2. a) Ki sa k montre Jezi pa t vle pou nou repete priyè modèl la mo pou mo ? b) Poukisa nou ta renmen konnen ki jan pou nou priye ?

2 Anviwon 18 mwa anvan sa, nan Sèmon sou montay la, Jezi te bay disip li yo yon priyè modèl yo t ap ka baze priyè yo sou li (Matye 6:9-13). Sanble disip sa a pa t la nan moman sa a. Se sa k fè, jantiman, Jezi repete aspè esansyèl ki gen nan priyè modèl la. N ap remake Jezi pa t repete priyè a mo pou mo, sa montre li pa t bay yon priyè pou yon moun resite pakè (Lik 11:1-4). Nou menm tou, menm jan ak disip sa a yo pa site non l lan, nou ta renmen aprann ki jan pou nou priye dekwa pou priyè nou yo fè nou vin pi pwòch Jewova. Kidonk, annou egzamine priyè modèl la okonplè, selon jan apot Matye rapòte l la. Li gen ladan l sèt demann, twa ladan yo konsène pwogram Bondye genyen, e kat lòt yo konsène bezwen materyèl ak bezwen espirityèl nou yo. Nan atik sa a, n ap egzamine twa premye demann yo.

Yon Papa ki gen lanmou

3, 4. Lè nou rele Jewova “ Papa nou ”, ki sa sa vle di ?

3 Depi nan kòmansman priyè a, Jezi montre priyè nou yo dwe demontre nou gen yon relasyon entim avèk Jewova, e yo dwe demontre nou respekte l anpil tou. Pandan Jezi t ap pale prensipalman ak disip ki te rasanble bò kote l yo sou mòn nan, li te di yo pou yo pale ak Jewova antanke “ Papa nou ki nan syèl la ”. (Matye 6:9.) Selon sa yon biblis di, si Jezi t ap pale yon ebre moun yo te abitye oswa si l t ap pale arameyen, mo li te itilize pou “ Papa ” a te tankou ‘ yon mo timoun piti ’ itilize pou rele papa yo avèk afeksyon. Lè nou pale ak Jewova antanke “ Papa nou ”, sa montre nou gen bon relasyon avè l, e nou fè l konfyans.

4 Lè nou di “ Papa nou ”, nou rekonèt tou nou fè pati yon gwo fanmi ki chaje ak gason ak fi ki rekonèt se Jewova ki bay lavi (Izayi 64:8 ; Travay 17:24, 28). Bondye adopte kretyen ki wen ak lespri yo antanke “ pitit ” li. Se sa k fè, lè kretyen sa yo ap pale ak Bondye, yo ka “ di : ‘ Abba, Papa ! ’ ” ​(Women 8:14, 15). Gen plizyè milyon moun ki vin ap soutni kretyen wen yo fidèlman. Moun sa yo vwe lavi yo bay Jewova e yo batize nan dlo pou yo ka demontre yo te fè ve sa a. Tout “ lòt mouton ” sa yo kapab pwoche bò kote Jewova tou nan non Jezi e yo kapab rele Jewova “ Papa nou ”. (Jan 10:16 ; 14:6.) Nou kapab priye Papa nou ki nan syèl la regilyèman pou nou ba l louwanj, pou nou remèsye l pou tout bon bagay li fè pou nou, e pou nou lage chaj nou yo sou li pandan nou gen konfyans l ap pran swen nou. — Filipyen 4:6, 7 ; 1 Pyè 5:6, 7.

Renmen non Jewova

5. Ki premye demann ki fèt nan priyè modèl la, e poukisa sa apwopriye ?

5 Nan priyè a, se bagay ki pi enpòtan yo ki parèt an premye. Men sa priyè a di : “ Se pou non w sangtifye. ” ​(Matye 6:9). Wi, se sangtifikasyon non Jewova ki dwe gen pi gwo enpòtans pou nou piske nou renmen Jewova e nou rayi wè tout pil akizasyon yo lage sou non l. Lè Satan lage dout sou fason Jewova ap dirije antanke Souvren inivèsèl, se sal li sal non Jewova. Sa te kòmanse depi lè li te rebele kont Jewova Dye e depi lè li te pouse premye mesyedam yo dezobeyi Jewova (Jenèz 3:1-6). Anplis de sa, pandan syèk ki pase yo, yon bann moun ki pretann se reprezantan Bondye yo ye kontinye ap sal non Jewova nan move ansèyman y ap bay ak aksyon ki avilisan y ap fè.

6. Si n ap priye pou non Jewova sangtifye, ki sa nou pap fè ?

6 Lè nou priye pou non Jewova sangtifye, sa montre ki bò nou kanpe nan kesyon souvrènte inivèsèl la, sa montre n ap soutni tennfas dwa li genyen pou l gouvène linivè a. Jewova vle pou se zanj ak moun ki dispoze soumèt anba souvrènte jis li a ki pou abite nan linivè. Piske zanj sa yo ak moun sa yo renmen l e yo renmen tout sa non l reprezante, y ap soumèt yo ak tout volonte yo e y ap fè sa nan lajwa (1 Kwonik 29:10-13 ; Sòm 8:1 ; 148:13). Lanmou nou genyen pou non Jewova, yon non ki sen, ap anpeche nou fè nenpòt bagay ki ka sal non sa a (Ezekyèl 36:20, 21 ; Women 2:21-24). Pou gen lapè nan linivè a, e pou tout kreyati l yo viv anpè tou, fòk non Jewova sangtifye e fòk tout kreyati l yo soumèt anba souvrènte l ak tout kè yo. Se sa k fè, lè nou di nan priyè nou “ se pou non w sangtifye ”, se yon fason nou montre nou gen konfyans pwogram Jewova a ap reyalize pou l ka jwenn louwanj. — Ezekyèl 38:23.

Wayòm n ap priye pou li a

7, 8. a) Ki sa Wayòm Jezi te montre nou priye pou li a ye ? b) Ki sa nou aprann sou Wayòm sa a nan liv Danyèl la ak nan liv Revelasyon an ?

7 Men dezyèm demann ki parèt nan priyè modèl la : “ Se pou wayòm ou an vini. ” ​(Matye 6:10). Demann sa a makònen ak premye a. Mwayen Jewova ap sèvi pou l sangtifye non l se Wayòm mesyanik lan, gouvènman li an ki nan syèl la, e se Jezi Kris, Pitit li a, li etabli legalman kòm Wa ladan l (Sòm 2:1-9). Pwofesi Danyèl la pale de Wayòm mesyanik la tankou “ yon wòch ” ki detache sot nan yon “ mòn ”. (Danyèl 2:34, 35, 44, 45.) Mòn nan reprezante souvrènte inivèsèl Jewova, e Wayòm nan, wòch la, se yon lòt fason Jewova demontre dominasyon inivèsèl li genyen. Selon pwofesi a, wòch la li menm li “ vin tounen yon gwo mòn e li ranpli tout tè a ”, sa montre Wayòm mesyanik la reprezante otorite siprèm Bondye genyen pou l dirije latè.

8 Gen 144 000 moun ki asosye ak Kris nan Wayòm nan. Moun sa yo, “ yo te achte yo nan mitan limanite ” pou dirije antanke wa e prèt ansanm ak Jezi (Revelasyon 5:9, 10 ; 14:1-4 ; 20:6). Danyèl pale de yo antanke “ moun sen ki pou Siprèm nan ” ki gen Kris alatèt yo, e ansanm yo resevwa “ wayòm nan, ak dominasyon an ak grandè wayòm yo ki anba syèl la. [...] Wayòm yo a se yon wayòm ki la pou tan endefini, e tout dominasyon ap sèvi yo e y ap obeyi yo ”. (Danyèl 7:13, 14, 18, 27.) Se sa gouvènman selès Jezi te montre disip li yo priye pou li a ye.

Poukisa nou toujou ap priye pou Wayòm nan vini ?

9. Poukisa li apwopriye pou nou priye pou Wayòm nan vini ?

9 Nan priyè modèl la, Kris anseye nou pou nou priye pou Wayòm Bondye a vini. Akonplisman pwofesi biblik yo endike nou Wayòm mesyanik la etabli nan syèl la an 1914. * Kidonk, èske li toujou apwopriye pou nou priye pou Wayòm sa a “ vini ” ? Sètènman. Paske selon pwofesi Danyèl la, Wayòm mesyanik wòch la senbolize a, li nan wout pou l antre an kolizyon ak gouvènman lèzòm yo, ki gen yon gwo imaj ki senbolize yo. Wòch la gen pou l vin frape imaj la e l ap kraze l fè l tounen poud. Men sa pwofesi Danyèl la di : “ Yo pap pase wayòm nan bay okenn lòt pèp. Li pral krabinen tout wayòm sa yo, e l ap fini ak yo, epi li menm l ap la pou tan endefini. ” — Danyèl 2:44.

10. Poukisa n ap tann ak enpasyans pou Wayòm Bondye a vini ?

10 N ap tann ak enpasyans pou n wè Wayòm Bondye a frape sistèm de choz mechan Satan an, paske konsa l ap tou sangtifye non Jewova, yon non ki sen, e l ap tou detwi tout moun ki opoze ak souvrènte Bondye. Lè n ap priye, se ak tout fòs nou n ap di : “ Se pou wayòm ou an vini ”, e n ap di menm jan ak apot Jan : “ Amèn ! Vini non, Seyè Jezi. ” ​(Revelasyon 22:20). Wi, se pou Jezi vini pou l sangtifye non Jewova, pou l defann dwa Bondye genyen kòm Souvren, yon fason pou pawòl salmis la reyalize, pawòl ki di : “ Pou moun ka konnen, ou menm ki rele Jewova, se ou menm sèl ki Trèwo sou tout tè a. ” — Sòm 83:18.

“ Se pou volonte w fèt ”

11, 12. a) Lè n ap priye pou volonte Bondye “ fèt sou tè a, tankou li fèt nan syèl la ”, se ki bagay n ap mande ? b) Ki lòt siyifikasyon pawòl sa a genyen ?

11 Men yon lòt bagay Jezi te montre disip li yo pou yo mande : “ Se pou volonte w fèt sou tè a, tankou li fèt nan syèl la. ” ​(Matye 6:10). Se akoz volonte Jewova ki fè linivè egziste. Tande pawòl kreyati pisan ki nan syèl la di : “ Ou merite, Jewova, wi, Bondye nou an, pou w resevwa laglwa, ak onè ak pisans, paske se ou ki kreye tout bagay, e se akoz volonte w ki fè yo la, e ki fè yo te kreye. ” ​(Revelasyon 4:11). Jewova gen yon pwogram pou ‘ bagay ki nan syèl la ak bagay ki sou tè a ’. (Efezyen 1:8-10.) Anfèt, lè nou priye pou volonte Bondye fèt, se mande n ap mande Jewova pou l akonpli pwogram li genyen an. Sa montre tou n ap tann ak enpasyans pou volonte Bondye reyalize nan tout linivè.

12 Lè nou fè priyè sa a, nou demontre volonte nou genyen pou nou konfòme vi nou ak volonte Jewova. Men sa Jezi te deklare : “ Manje pa m se fè volonte sila a ki voye m nan e pou m fin fè travay li nèt. ” ​(Jan 4:34). Antanke kretyen ki vwe lavi nou bay Bondye, se tout plezi nou pou nou fè volonte Bondye, menm jan ak Jezi. Piske nou renmen Jewova ak Pitit li a, sa pouse nou pou nou pa viv ‘ pou dezi lèzòm ankò, men pou nou viv pou volonte Bondye ’. (1 Pyè 4:1, 2 ; 2 Korentyen 5:14, 15.) N ap fè gwo efò pou nou evite fè tout bagay nou konnen ki kontrè ak volonte Jewova (1 Tesalonisyen 4:3-5). Lè nou rachte tan pou nou li Bib la e pou nou etidye l, nou montre n ap “ kontinye chèche konprann sa volonte Jewova ye ” e volonte Jewova se pou nou patisipe avèk zèl nan predikasyon ‘ bon nouvèl wayòm nan ’. — Efezyen 5:15-17 ; Matye 24:14.

Volonte Jewova fèt nan syèl la

13. Ki jan volonte Bondye t ap akonpli byen lontan anvan Satan te antre an rebelyon ?

13 Volonte Jewova t ap fèt nan syèl la byen lontan anvan youn nan pitit li yo, yon espri, te antre an rebelyon e li vin tounen Satan. Liv Pwovèb la dekri premye Pitit Bondye a antanke lasajès an pèsòn. Liv sa a esplike sèl Pitit Jewova fè a “ t ap rejwi devan l tout tan ”, depi yon kantite tan moun pa ka konte, li kontan pou l fè volonte Papa l. Apre sa, li vin tounen “ yon ouvriye abil ” pou Jewova nan kreyasyon tout bagay ki ‘ nan syèl la e ki sou tè a, bagay ki vizib ak bagay ki envizib ’. (Pwovèb 8:22-31 ; Kolosyen 1:15-17.) Jewova te itilize Jezi tou antanke Pawòl li, sa vle di Pòtpawòl li. — Jan 1:1-3.

14. Ki sa nou aprann nan Sòm 103 konsènan fason zanj yo ap akonpli volonte Jewova nan syèl la ?

14 Gen yon salmis ki montre souvrènte Jewova anlè tout bagay, e foul zanj yo koute enstriksyon ak kòmandman Jewova bay. Men sa nou li : “ Se Jewova menm ki tabli twòn li nan syèl la byen fèm, e l ap domine antanke wa sou tout bagay. Beni Jewova, o nou menm zanj li yo, ki gen yon fòs estrawòdinè, k ap akonpli pawòl li, lè nou koute vwa pawòl li a. Beni Jewova, nou tout ame li yo, nou menm minis li yo, k ap fè volonte l. Beni Jewova, nou menm bagay li fè yo, tout kote anba dominasyon l lan [oubyen “ souvrènte ”, nòt anba paj]. ” — Sòm 103:19-22.

15. Piske yo bay Jezi otorite Wayòm nan, ki jan sa te pèmèt volonte Bondye fèt nan syèl la ?

15 Apre Satan te fin rebele, li te toujou konn al nan syèl la, jan liv Jòb la montre sa (Jòb 1:6-12; 2:1-7). Men, liv Revelasyon an te pwofetize gen yon lè ki t ap rive kote yo t ap mete Satan ansanm ak demon l yo deyò nan syèl la. Moman sa a sanble te rive yon ti tan apre Jezi Kris te resevwa pouvwa a nan Wayòm nan an 1914. Depi lè a, pa gen okenn plas pou rebèl sa yo nan syèl la ankò. Yo oblije rete nan vwazinaj latè (Revelasyon 12:7-12). Konsa moun pa tande okenn diskisyon nan syèl la ankò sou souvrènte Jewova, men se sèlman vwa k ap louwe “ Timouton an ”, anpalan de Kris Jezi, e vwa sa yo ap bay Jewova louwanj nan soumisyon (Revelasyon 4:9-11). Volonte Jewova reyèlman ap akonpli nan syèl la.

Volonte Jewova pou tè a

16. Ki jan priyè modèl la kontredi ansèyman lakretyente bay konsènan sa ki rezève pou lèzòm ?

16 Legliz nan lakretyente yo retire latè nan pwogram Bondye, yo pretann tout moun ki bon pral nan syèl. Men, Jezi te anseye nou pou nou di nan priyè nou : “ Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a tou, tankou li fèt nan syèl la. ” ​(Matye 6:10). Pou di yon moun ta ka imajine se volonte Jewova k ap akonpli sou tè sa a jodi a, yon tè ki ranpli ak vyolans, enjistis, maladi ak lanmò ? Se pa volonte Jewova sa ! Donk, nou dwe priye ak tout kè nou pou volonte Bondye fèt sou tè a, jan apot Pyè te ekri sa a. Men sa l di : “ N ap tann, selon pwomès li a, syèl tounèf [Wayòm mesyanik Kris ap dirije a] ak yon tè tounèf [yon sosyete ki gen moun ki jis] kote jistis pral blayi. ” — 2 Pyè 3:13.

17. Pou ki rezon Jewova te kreye tè a ?

17 Jewova te gen yon rezon ki fè l te kreye tè a. Men ki sa li te enspire pwofèt Izayi pou l ekri : “ Men sa Jewova, Kreyatè syèl la di, Li menm vrè Bondye a, Li menm ki te bay tè a fòm e ki te fè l la, Li menm, Moun ki te etabli l solidman an, ki pa t kreye l tou senpleman pou granmesi, ki te ba l fòm pou moun abite : ‘ Mwen se Jewova e nanpwen lòt. ’ ” ​(Izayi 45:18). Apre sa, li te mete de premye mesyedam yo nan yon bèl paradi, e li te ba yo kòmandman sa yo : “ Se pou nou fè pitit, e se pou nou vin anpil. Se pou nou ranpli tè a, e se pou n domine sou li. ” ​(Jenèz 1:27, 28 ; 2:15). Li klè, dapre pwogram Jewova, Kreyatè a, se pou tè a gen moun sou li, moun pafè, moun jis, ki soumèt anba souvrènte l ak kè kontan e pou moun sa yo viv pou toutan nan Paradi Kris pwomèt la. — Sòm 37:11, 29 ; Lik 23:43.

18, 19. a) Ki sa ki dwe fèt anvan pou volonte Bondye rive fèt konplètman sou tè a ? b) Ki lòt aspè nan priyè modèl Jezi a nou pral egzamine nan atik ki vin apre a ?

18 Volonte Jewova pou tè a pap janm ka reyalize konplètman toutotan tè a gen moun ki pa vle soumèt anba souvrènte l. Se sa k fè, Bondye pral sèvi ak espri pisan Kris ap dirije yo pou l “ fini ak moun k ap fin depafini tè a ”. Tout sistèm de choz mechan Satan an, ki gen ladan l fo relijyon, yon sistèm politik kòwonpi, yon sistèm komèsyal ki chita sou malonètete ak avidite, met sou sistèm militè k ap kraze brize a, yo tout pral disparèt pou toutan (Revelasyon 11:18 ; 18:21 ; 19:1, 2, 11-18). Souvrènte Jewova pral jistifye e non Jewova pral sangtifye. Se pou tout bagay sa yo nou priye lè nou di : “ Papa nou ki nan syèl la, se pou non w sangtifye. Se pou wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a tou, tankou li fèt nan syèl la. ” — Matye 6:9, 10.

19 Men, nan priyè modèl la, Jezi montre nou kapab priye pou bezwen pèsonèl nou tou. Se aspè sa yo nan enstriksyon li te bay yo nou pral egzamine nan atik ki vin apre a.

[Nòt anba paj]

^ § 9 Gade chapit 6 liv Prêtons attention à la prophétie de Daniel ! la. Se Temwen Jewova ki pibliye liv sa a.

[Revizyon]

• Poukisa li apwopriye pou nou rele Jewova “ Papa nou ” ?

• Poukisa sa gen yon enpòtans fondamantal pou nou priye pou sangtifikasyon non Jewova ?

• Poukisa nou priye pou Wayòm Bondye a vini ?

• Lè nou priye pou volonte Bondye fèt sou tè a tankou li fèt nan syèl la, ki sa sa vle di ?

[Kesyon]

[Foto nan paj 19]

Priyè Jezi yo pa t sanble ditou ak priyè Farizyen yo, yo menm ki te konn priye yon fason pou yo parèt pi sen pase lòt moun.

[Foto nan paj 20]

Kretyen yo priye pou Wayòm Bondye a vini, pou non l sangtifye e pou volonte l fèt.