Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Èske se relijyon ki rasin pwoblèm lèzòm ?

Èske se relijyon ki rasin pwoblèm lèzòm ?

Èske se relijyon ki rasin pwoblèm lèzòm ?

“LÈ RELIJYON yo pa ankouraje konfli, yo aji kòm yon dwòg ki fè konsyans lèzòm vin angoudi e ki ranpli sèvo yo ak yon seri de fo espwa. [...] [Yo] rann lèzòm bouche, yo fè yo kwè nan sipèstisyon, yo ranpli yo ak lahèn e yo lakòz yo toujou ap viv ak kè sote. ” Se yon ansyen misyonè metodis ki ekri pawòl sa a. Apre sa, men ki sa li di : “ Akizasyon sa yo se bagay ki fonde. Gen move relijyon e gen bon relijyon. ” — Fè relijyon pa w (anglè).

Gen moun ki ka di : ‘ Sa se vèni y ap lage sou do relijyon. ’ Men, ki moun ki ka nye sa listwa rapòte ? Yo defini relijyon kòm “ adorasyon yon moun ap bay Bondye oswa yon fòs sinatirèl ”. Poutan, nan yon dimansyon yon moun pa ta kwè, relijyon se yon eleman ki gen yon pase chokan. Nòmalman, li ta dwe eklere nou e li ta dwe motive nou. Men, trè souvan, sa li se konfli li kreye, se prejije ak lahèn li ankouraje. Sa k fè sa ?

Yon “ zanj limyè ” k ap twonpe moun

Dapre Bib la, repons kesyon sa a tou senp. Satan Ledyab, ki prezante tèt li kòm “ zanj limyè ”, reyisi twonpe plizyè milyon moun, li rive fè yo suiv ansèyman pa l olye pou yo suiv ansèyman pa Bondye (2 Korentyen 11:14). Pou apot Jan montre nan ki pwen enfliyans Satan gaye toupatou, li di “ lemonnantye anba pouvwa mechan an ”. (1 Jan 5:19.) Jan te konnen se Satan k ap “ twonpe tout latè ki abite ”. — Revelasyon 12:9.

Ki konsekans sa genyen ? Satan mete divès sistèm relijye sou pye, e sistèm sa yo parèt sen. Wi, yo “ sanblé yo gen piété ”, men se fwi yo pwodui ki montre ki jan de òganizasyon yo ye vre (2 Timote 3:5, Société biblique et des livres religieux d’Haïti ; Matye 7:15-20). Olye pou larelijyon bay èd li pou rezoud pwoblèm lèzòm, lè w byen gade, li vin tounen yon pwoblèm nan mitan tout pwoblèm yo.

Pa kouri rejte sa ki di la a, pou w ta panse sa a se pawòl oswa se yon ide ki derezonab. Pa bliye se sa menm ki twonpri a, se fè moun yo twonpe a pa rann li kont se twonpe yo twonpe l. Se sa apot Pòl ede nou konprann lè li di : “ Bagay nasyon yo ap sakrifye yo, y ap sakrifye yo pou demon, se pa pou Bondye. ” ​(1 Korentyen 10:20). Ou ta gendwa wè moun y ap pale la yo choke pou yo ta panse se demon y ap adore. Pou yo menm, se yon dye oswa plizyè dye ki bon y ap adore. Men, an reyalite, “ fòs espirityèl mechan ki nan zòn selès yo ” twonpe moun sa yo. Se fòs sa yo k ap soutni Satan nan efò l ap fè pou l twonpe lèzòm. — Efezyen 6:12.

Ann egzamine, pa egzanp, ki jan Satan fè pou l twonpe anpil moun ki di yo se kretyen, men ki vag sou sa apot Jan di konsènan enfliyans malveyan demon yo ap egzèse sou monn nan. — 1 Korentyen 10:12.

Ansèyman Jezi yo te soti nan Bondye

Jezi te di : “ Sa m ap anseye a pa soti nan mwen, men li soti nan moun ki voye m nan. ” ​(Jan 7:16). Wi, ansèyman Jezi yo te soti nan Bondye Toupisan an. Se sa k fè, yo te gen anpil fòs, yo te remonte moral moun ki t ap koute yo. Yo pa t konn ‘ fè konsyans lèzòm vin angoudi ni yo pa t konn ranpli sèvo yo ak fo espwa ’. Okontrè, ansèyman Jezi yo te konn libere moun anba fo doktrin ak filozofi lèzòm, filozofi monn nan fè, yon monn ki ‘ nan fènwa mantalman ’ akoz Dyab la k ap twonpe moun. — Efezyen 4:18 ; Matye 15:14 ; Jan 8:31, 32.

Yo te idantifye vrè kretyen yo pa senpleman paske yo te di nan bouch yo gen atachman pou Bondye, men paske yo te gen yon fwa ki reflete bèl kalite lespri sen Bondye pwodui lakay yo (Galat 5:22, 23 ; Jak 1:22 ; 2:26). Pami kalite sa yo, sa ki pi remakab la se lanmou, e dayè se kalite sa a ki idantifye vrè krisyanis la, yon kalite ki estrawòdinè. — Jan 13:34, 35.

Sepandan, yon pwen trèzenpòtan nou bezwen konprann, sèke ni Jezi ni apot li yo pa t atann yo kongregasyon kretyen an t ap toujou rete jan l te ye okòmansman an. Yo te konnen apostazi t apral devlope e, pandan yon sèten tan, sa t apral anpeche vrè relijyon an parèt aklè.

Pandan yon tan, vrè relijyon an pa t parèt aklè

Nan yon egzanp Jezi te bay sou ble ak move zèb, li te predi pandan yon sèten tan, moun t ap prèske pa ka distenge vrè relijyon an. Ou mèt li sa l di a pou kò w nan Matye 13:24-30, 36-43. Jezi te simen ble, “ bon semans ” lan, nan yon chan, e ble a reprezante disip fidèl li yo ki te fè pati kongregasyon kretyen an okòmansman. Li te avèti yo gen “ yon ènmi ”, Satan Ledyab, ki t apral simen “ move zèb ” sou ble a, e move zèb la reprezante moun ki di yo se disip Jezi Kris, men, an reyalite, ki rejte ansèyman l yo.

Apre lanmò apot Jezi yo, sa pa t pran lontan pou yon bann moun montre yo se “ move zèb ”. Yo te vin ak yon kantite ansèyman kwochi, ansèyman lèzòm, e yo te bay ansèyman sa yo priyorite sou “ pawòl Jewova ”. (Jeremi 8:8, 9 ; Travay 20:29, 30.) Rezilta ? Sa vin fè gen yon fo krisyanis ki parèt sou sèn monn nan, yon krisyanis kòwonpi. Ki sa k ap dirije fo krisyanis sa a ? Se sa Bib la rele “ san lwa a ”, yon klas klèje k ap benyen nan “ tout kalite twonpri ki enjis ”. (2 Tesalonisyen 2:6-10.) Jezi te predi sitiyasyon sa a ta gen pou l chanje nan ‘ konklizyon sistèm de choz la ’. Kretyen ki konparab ak ble yo, yo ta gen pou rasanble yo ansanm nan linite, tandiske “ move zèb ” yo, yo menm, yo t ava detwi yo pi devan.

Se fo krisyanis la ki responsab “ plizyè syèk kote tout kalite gwo zak sovaj te konn fèt ” e se li menm tou ki lakòz tout fènwa espirityèl sa a ki blayi sou lakretyente depi lè a. Apot Pyè te anonse sitiyasyon sa a ansanm ak tout lòt zak deprave, zak vyolan, moun t apral komèt nan non relijyon, li te predi ‘ akoz [swadizan kretyen] sa yo, moun ta va pale chemen laverite a mal ’. — 2 Pyè 2:1, 2.

“ Yon teyoloji ki ankouraje kòlè ak lahèn ”

Natirèlman, se pa sèlman lakretyente ki fè relijyon gen tout move repitasyon sa a. Panse, pa egzanp, a tout kouran fondamantalis ki egziste pami “ kwayan militan ” yo e ki soti, selon Karen Armstrong, yon ansyen mè, nan “ tradisyon tout gwo relijyon yo ”. Dapre Armstrong, youn nan tès definitif ou ka fè sou yon relijyon, se chèche wè si relijyon sa a fè moun ki ladan l yo “ aji ak konpasyon ”. Ki sa, nan sans sa a, istwa relijyon fondamantalis yo revele ? Men ki sa Armstrong ekri : “ Nenpòt kwayans fondamantalis ou pran, kit se juif, kit se kretyen, kit se mizilman, yo youn pa rive pase tès sa a depi kwayans sa a vin tounen yon teyoloji ki ankouraje kòlè ak lahèn. ” ​(Batay ki fèt pou Bondye : Mouvman fondamantalis la nan Jidayis, Krisyanis ak Islam, anglè). Men, èske se sèlman relijyon “ fondamantalis ” yo ki pa rive pase tès la e ki vini ak “ yon teyoloji ki ankouraje kòlè ak lahèn ” ? Dapre listwa, non, se pa yo menm sèl.

Anfèt, se tout yon anpi fo relijyon Satan mete sou pye, e sa ki karakterize anpi sa a se kòlè, lahèn ak san ki prèske pa janm sispann koule. Bib la pale de anpi sa a kòm “ Gran Babilòn nan, manman [...] tout bagay repiyan k ap fèt sou tè a ”, e li prezante li kòm yon pwostitye ki chita sou do sistèm politik la, yon sistèm ki sanble ak yon bèt sovaj. Yon pwen enteresan pou nou note, sèke yo rann li responsab “ san [...] tout moun yo masakre sou tè a ”. — Revelasyon 17:4-6 ; 18:24.

Se pa tout moun ki twonpe

Sepandan, listwa pwouve se pa tout moun ki twonpe. Dapre sa Melvyn Bragg rakonte, menm nan peryòd ki te pi sonm nan listwa, “ te toujou gen bon moun, moun k ap fè sa ki byen, alòske pifò moun ki nan antouraj yo te mechan ”. Vrè kretyen yo te kontinye “ adore [Bondye] avèk lespri ak laverite ”. (Jan 4:21-24.) Yo pa t mele nan sistèm relijye monn nan, yon sistèm ki aji antanke pwostitye k ap “ bay pisans militè yo jarèt ”. Yo pa t nan okenn kowoperasyon Legliz ak Leta, paske listwa montre yon relasyon konsa sanble “ plis ak yon kontra Satan fè pase pou l ta yon kontra Jezi Nazarèt fè ”. — De mil an — dezyèm milenè : soti nan kretyente epòk Mwayennaj la pou rive nan krisyanis mondyal la (anglè).

Ann vin pi pre nan epòk nou an. Anpil moun remake nan ki pwen Temwen Jewova yo gen bon enfliyans. Pou yo ka pa kite relijyon detenn sou yo, yo baze kwayans yo ak aksyon yo sèlman sou Labib, Pawòl Bondye enspire a (2 Timote 3:16, 17). Menm jan ak kretyen premye syèk yo, yo suiv kòmandman Jezi a, yo “ pa fè pati monn nan ”. (Jan 15:17-19 ; 17:14-16.) Ann Almay, pa egzanp, nan epòk Nazi yo, yo te refize fè konpwomi pou yo ta vyole prensip kretyen yo, e se sa k fè yo pa t akseptab dapre ideyoloji Nazi yo. Hitler te rayi yo pou sa. Gen yon liv lekòl ki di : “ Temwen Jewova yo [...] suiv ansèyman nou jwenn nan Bib la ki mande pou moun pa pran zam pou kèlkeswa rezon an. Se sa k fè yo te refize sèvi nan lame e yo pa t dakò pou yo gen okenn rapò ak Nazi yo. Pou SS yo pini yo, yo te konn mete tout yon fanmi Temwen Jewova nan prizon. ” ​(Almay : 1918-1945, anglè). Wi, gen plizyè santèn Temwen Jewova ann Almay ki pèdi lavi yo anba pèsekisyon Nazi yo.

Natirèlman, gen lòt moun nan divès kalite relijyon ki te gen kouraj pou yo aksepte soufri pou sa yo kwè. Men, Temwen Jewova yo, yo menm, yo te soufri antanke relijyon ki gen inite. Wi, pifò nan yo te rete fèm, yo te suiv prensip biblik ki mande pou yo ‘ obeyi Bondye kòm chèf pase pou yo obeyi lèzòm ’. — Travay 5:29 ; Mak 12:17.

Ki sa ki rasin pwoblèm nan ?

Donk, li pa fin toutafè vre pou nou di se relijyon ki rasin tout pwoblèm lèzòm. Sa ki alabaz pwoblèm limanite, se fo relijyon yo. Toutfwa, pwojè Bondye se pou talè konsa li retire tout fo relijyon (Revelasyon 17:16, 17 ; 18:21). Men ki sa li mande tout moun ki renmen jistis e ki renmen sa ki dwat : “ Soti ladan l [sa vle di soti nan Gran Babilòn nan, anpi mondyal fo relijyon an], pèp mwen, si nou pa vle patisipe avèk li nan peche l yo, e si nou pa vle resevwa pa nou nan flewo l yo. Paske peche l yo monte pil sou pil jis nan syèl la, e Bondye sonje zak enjistis li yo. ” ​(Revelasyon 18:4, 5). Wi, yon relijyon ki ‘ ankouraje konfli, ki fè konsyans lèzòm vin angoudi, ki ranpli sèvo yo ak yon seri de fo espwa, ki rann yo bouche, ki fè yo kwè nan sipèstisyon, ki ranpli yo ak lahèn e ki lakòz yo toujou ap viv ak kè sote ’, se yon relijyon ki ofanse Bondye anpil.

Antretan, Bondye ap rasanble moun ki renmen laverite yo nan relijyon ki pwòp la. Se relijyon ki rete kole ak prensip Kreyatè a e ki suiv ansèyman li bay, li menm ki gen lanmou, ki jis e ki gen konpasyon (Mika 4:1, 2 ; Sefànya 3:8, 9 ; Matye 13:30). Ou menm tou ou ka pami moun y ap rasanble yo. Si w ta vle gen plis enfòmasyon sou fason ou ka idantifye relijyon ki pwòp la, pa ezite ekri moun ki pibliye jounal sa a oswa fè nenpòt Temwen Jewova ede w.

[Foto nan paj 6]

Tout kalite moun jwenn lajwa nan relijyon ki pwòp la.